Rit makaya

 Rit MAKAYA 


Makaya senbolize fèy. Se te yon esklav ki te rele makaya ki te antre an rebelyon kont kolon yo ki te deside pou kreye yon sosyete sekrèt nu rele " chanpwèl. 


Yo te toujou reyini chak swa nan kafou, nan rak bwa, pou veye kolon k'ap pase, swa pou ba yo kout lè, yo te konn al konpoze pwazon alèd de plant pou konbat kolon an. 


Sosyete a te gen tout modèl esklav ladan l, swa esklav ki konn kay kolon an.


Misye ta pral mouri trajik yo antere l vide siwo sou li se sa k fè li vin tounen gad pou pèmèt peyi a libere.


Sosyete sekrèt soti leswa ak bwa dife ap chante ak tanbou.


Yo pot yon sèkèy ki rele "madoulè" ki senbolize lanmò, yo te di yo pa pè lanmò pou yo jwenn libète .


Peryòd apre fèt mò rive jiska 25 desanm se peryòd makaya se peryòd sa anpil lakou al kase fèy nan bwa sou non gran bwa ak gad makaya pou benyen tchovi yo. 


Bagay sa pa fèt ankò afè moun al benyen, koutim yo finn ale.


Vodouivi pa nan nwèl nou nan makaya.


Men kèk lwa ki nan rit makaya:


▪︎Ezili mapyang

▪︎Kafou kat chemen

▪︎Loko atisou

▪︎Simbi maza

▪︎Simbi makaya

▪︎Simbi twa ile

▪︎Simbi yampaka

▪︎Zaka krib

▪︎Zaka pannan etc... 


Se nan peryòd sa yo tou profite bay gad manje renouvle angajman etc...

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka