Rit kongo
Nachon ou rit.
Nachon an se fòm danse lwa ak fòm fonksyònman lwa a.
Ki diferan de fanmi ou eskòt lwa.
Eskòt ou fanmi lwa se tout ki ansanm nan fanmi.
Egzanp eskòt ogou:Ogou badagri, Ogou feray.
Yo se menm eskòt lwa e yo danse ak fonksyone su menm rit.
21 rit ki fòme panteyon vodou ayisyen an.
1: Dawomen.
2: Petro.
3: Nago.
4: Ibo.
5: Sinika.
6:Rada.
7: Guede-banda.
8: Kongo fran.
9: Taïno.
10: Makaya.
11: Kongo savann.
12: Anmin.
13: Manding.
14: Simbi.
15: matinik djouba.
16: Kita.
17: zandò.
18: boumba-maswa.
19: Kaplaou-kanga.
20: Moundong-mouzay.
21: makanda bizango.
Nb: gen anpil nan rit sa yo ki melanje yonn ak lòt.
Rit nou plis jwenn isit.
▪︎Petro.
▪︎Rada.
▪︎Dawomen.
▪︎Kita.
▪︎Kongo.
Rit kongo.
Espri Kongo Nou jwenn:
▪︎Kongo fran
▪︎Kongo petwo.
▪︎kongo danpetwo
▪︎San bliye Kongo Savann.
Rit Kongo se yon bèl rit ki fè w danse. Li se yon rit kote Maji ak dans mele.
Dans nan rit Kongo se Maji. Kongo danse kòm si l ap pile Pile tè Pile Fèy. Kongo danse ak Fòs.
Poukisa paske fòs Kongo chita nan vant ak nan pati seksyèl nou.
Kongo sèvi ak Dlo.
Konsa nou Simbi Lawouze. Kongo sèvi ak dife pou chofe e remanbre Kongo konsa nou jwenn Andezo, Simbi Makaya, Makaya Boumba. Rit Kongo sèvi anpil ak fèy si pa gen forè pa gen Lwa Kongo.
Comentarios
Publicar un comentario