Reklamasyon Lwa

 Reklamasyon lwa. 


Poukisa lwa kapab reklame w? 


Kòm m toujou di nou chak gen yon misyon diferan sou ti bout tè sa, yon lwa kapab chwazi w pou plizyè misyon konsa tou li ka chwazi w pou yon sèl misyon. 


Gen anpil moun depi yo tande lwa reklame yo yo pa gen 2 panse ke vin ougan ou manbo, lwa pa chwazi w sèlman pou vin ougan oubyen manbo, lwa kapab chwazi w pou vin yon senp sèvitè, gen moun lwa chwazi pou akouche moun, gen moun pou rale moun sa nou rele medsen fèy la, gen moun se pou pwòpte lakou a. 


Pou konn misyon w vre se atravè rèv ou pral fè tankou w kapab wè w ap rale moun, konsa tou w ap trete moun, ou kapab wè w ap bale lakou a, ou ka wè w ap jete dlo, w ap liminen.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka