Gad

 Sa nou dwe konnen sou afè Gad.


▪︎Eske w kapab retire yon gad sou ou? 


Repons: Non, ou pa ka retire yon gad sou ou, ou kapab kalme l sou ou si w santi li twò cho, konsa tou ou kapab fè l pi cho tou si w santi li twò kalm sou ou. 


▪︎Èske w kapab afredi yon gad sou ou ? 


Wi, ou kapab Afredi yon gad sou ou si e sèlman si moun ki te ba w li an toujou vivan. 


Si moun sa pa vivan fason w kapab fè sa w ap bezwen moun ki pi ansyen nan fanmi an li kapab fè sa pou ou tou nan kad yon seremoni k ap dire 21 jou nan bitasyon an. 


Pou afredi gad la w ap bezwen yon gode dlo chak jou a midi m ap gentan fin ba nou plis detay sou sa. 


▪︎Kijan w ap fè konnen ke w gen yon gad sou ou? 


Meyè fason an w ap santi w toujou kontrarye. 


Li kapab fè w ap plede bliye oubyen li fè w remake tout bagay k ap rive w. 


Lòt fason ankò li kapab fè w vin sèch sou pye, li kapab fè ponyèt ou ap plede tranble epi w santi w gen yon bagay k ap mache ladan l, li kapab fè  w pa janm kapab sonje rèv ou, konsa tou li kapab plede monte w nan dòmi sitou lè w angaje. 


NB: Se plis gad ki monte moun nan dòmi li pa fasil se lwa. 


Lè l fè w sèch la pa etone w si w ale yon kote yo di w se nanm ou gen sou ou. 


Li ka fè yon lè w gwo, yon lè w piti ougan oubyen manbo ki pa wè byen an pap wè si se yon gad ou genyen l ap wè se yon nanm. 


Lè l fè w konsa ou mèt ale lopital yo voye w ale fè pakèt egzamen yo pap janm wè sa w genyen. 


Li kapab fè w enève rapid tou nenpòt ti bagay ou ta goumen, e lè w ap goumen w ap sou kriye, e ou pap dakò pèsòn vin separe w pandan w ap goumen, ou santi w gen yon fòs e mande Bondye si moun sa ta ba w yon kou ou pa jwenn li pou remèt li l ayayyyy ou ka menm pèse po w ou bwè san. 


Èske lè w mouri gad la toujou egziste ? wi ou non. 


Wi lè w mouri gad la toujou egziste. Li pral jwenn yon moun ki pwòch ou sa depan de nivo espirityèl moun sa li pral nan rèv li. 


Konsa tou moun sa ki pi pwòch ou an kapab toujou santi prezans ou bò kote l li kapab menm panse se mò a yo lage dèyè l. Se fòs gad la ki akonpaye moun sa. 


Anpil fwa nou konn genyon moun ki pral travèse nou wè moun sa ap site non yon moun anpil avan l ale, gen granmoun ki konn menm di li bezwen wè prezans tèl moun e toutotan moun sa pa vini li pap mouri, moun sa konn ap sòti lwen pou l vini, kou moun sa vini ou wè malad la mouri. 


Anpil fwa lè n wè moun nan ap site non yon moun nou konn di se moun sa ki manje entèl wi pafwa se pa vre se fòs gad ki nan moun sa ki bezwen wè prezans moun nan.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka