Feray
jodia Mwen pral pale nou de monte feray
nan Hinche lakay mwen m konn wè plizyè ougan oubyen manbo ap monte feray
pa kiryozite m prale edew konprann kèk bagay
Feray se yon pens ougan ak manbo yo itilize swa nan mitan lakou a oubyen sou kote lakou a
sa pral depan de kite yon jwenn espas
Lèw joule feray ou oubyen plase feray la
li gen plizyè aspè
1- pou malfèktè paka jwe ak lakou a
2- pou Lakou oubyen pwen an ka mache
3- pou tretman ka fèt pi fasil
4- ou byen espedisyon travay lakou ka rive pi vit tou
gen moun ki plase Feray ak
yon ze
yon kok ki batay genyen nan gagè deja
sèl, pwav, siwo kann, kouto, kiyè fouchèt
papye tenmbwe ekri..bwapen...
tout manje bouch manje
diri ak pwa kole
gen neg nan akayè ki mete chyen
chat...
m pakonn ki rezon non mezanmi
tout sam dila yo sim map monte yon feray pou yon moun lè mal fè sèvis bay lwa manje pou yon moun si lakou a pat gen jouk feray la menm
majorite sam sot site la yo m sèvi ak pifò
Yon chante
pouvwa nan dòmiw ye
papa reveyew
nan dòmiw ye nou pral reveye
Comentarios
Publicar un comentario