Enpòtan
Kelkeswa fason nou ta bloke a
Ebyen fè béni sa janm pral di nou an wap debloke
Nou menm tou ki gen move mazanza yo ta fè Kont nou ebyen béni sa ap gate tout bagay korekteman .
Nou menm ki souvan di lavi a alanvè pou nou ebyen kote tout sa nou fè Kont nou nan lavi sa rezon sa fèl janm di nou an .
Nou menm ki souvan vle ede nou ebyen patage e like pòs nou yo .
Mw toujou gen yn sèl nimero telefon pou mw pale ak nou sou kelkeswa sa nou ta vle konnen oubyen fè kom travay Mistik.
Non enkredian nap bezwen yo.
Yn ponyen fèy gade sa
Yn bèl pat lalwa
Demi galon dlo lanmè (achte lajan kontan)
9 ou 7 moson chabon
7 ou 9 moso sitron
Fanm 7 gason 9 pou sitron an nap koupe sitron an an 2 pati bouda pou fanm pati tèt la pou gason fanm 7 gason 9.
Pou prépare li
Yn jou mèkredi oubyen vandredi
Nap louvri yn senp seremoni limen balèn jeté dlo ak kleren mande pasaj devan 4 fasad yo épi fè demand nou .
Melange tout bagay yo ansanm nan yn resipyan ki fèt pou sa yn maten pandan solèy la ap leve lè nou fin prépare li kite li pran yn bon tan solèy apre nou benyen ak li .
Aplike bon prensip pou nap fè a songe tout regleman wap fè nan fason sa li nòmal pou nou peye kalfou korekteman.
Awochenago pou tout frèm ak sèm yo.
[19/3, 7:28 p.m.] +509 41 54 2860: WAP ACHTE YON BYÈ PRESTIJ WAP VIDE ENPE NAN YON TASS METE 3 GRO GRENN SÈL LADANL METE 3 PRIZ SANN DIFE PRIJE 3 BOUT SITRON LADANL PILE YON GRENN LAY VYOLÈT LADANL BRASEL BWÈ
REPETE KOU SA 3 FWA SUIVI.
LIMEN BALÈN OU VIBRE BITASYON W
EPI LAPÈ FRÈM.🌞🪷🌾🕊️🎋🦅
[19/3, 7:51 p.m.] +509 41 54 2860: Pou nanmBienfè sitwon nan mistik.
☆Pou retire vibrasyon negatif ou akimile pandan jounen an:
Ou ka pran 7 grenn sitwon pije yo nan yon dlo ki kèd pou benyen, de preferans fè l nan aswè.
Ou pral kòmanse debarase w de vag negatif ki akimile pandan tout jounen an.
Sitwon se yon fwi ki rekonèt depi nan antikite pou pirifye. Anplis de pwopriyete fizik li yo ak benefis li yo pou òganis nou an, pouvwa espirityèl sitwon an fè li plis presye toujou.
☆Pou rekonsilye ak Mari/Madanm ou:
Si w gen yon diskisyon ak mari w oswa madanm ou, si w vle jwenn yon rekonsilyasyon rapid, manje yon sòs trè kolan. Lè sa a, bwè ji sitwon epi fè tout sa ki posib yo gen relasyon entim avè l jou sa a epi ou wè metamòfoz li.
☆Pou dòmi nan lapè epi ekate w de movèz lespri:
Ou ka mete 3 sitwon anba kabann ou pou tout tan, tanpri chanje yo lè yo kòmanse fennen.Papa Loko
Papa Loko se youn nan gran lwa rasin nan Rada nan tradisyon Vodou ayisyen. Yo konsidere l kòm lwa pyebwa, fèy, konesans mistik, ak inisyasyon. Pou ou menm ki se medsen fèy, Papa Loko gen yon plas espesyal paske li se mèt sekrè fèy yo.
Wòl li nan Vodou
Mèt Asò (ason): Se li ki bay dwa pou yon moun vin houngan oswa manbo. San benediksyon Papa Loko, pa gen vrè inisyasyon.
Gadyen fèy ak pyebwa sakre: Li konekte ak tout fòs ki nan rasin, branch, ak fèy.
Lwa konesans ak sajès: Li pote disiplin, respè, ak estrikti nan sosyete mistik la.
Pwoteksyon kont maji nwa: Li konn kase move travay lè yo sèvi ak bon fèy ak bon priyè.
Senbòl ak Atribi
Pyebwa mapou (li souvan abite nan gwo pyebwa sakre)
Fèy vèt
Koulè: Vèt ak blan
Jou li: Mèkredi (souvan)
Manje li renmen: Mayi, siwo myèl, tafya klè, manje natirèl
Karaktè Papa Loko
Li pa lwa ki fè bri anpil.
Li kalm, saj, grav.
Li pa renmen dezòd ni mank respè.
Lè w ap travay ak li, fòk ou pwòp nan kò ak nan lespri.
Papa Loko ak Sen Katolik
Nan senkretis katolik, yo konn asosye l ak Saint Joseph, paske toude reprezante:
Pè, pwoteksyon
Travay ak bwa
Disiplin ak responsablite
Papa Loko ak Kabal
Nan yon pèspektiv kabalistik, enèji Papa Loko sanble ak:
Sefira Binah (entèlijans, konpreyansyon pwofon)
Eleman Latè (rasin, estrikti, stabilite)
Li pote konesans ki soti nan tradisyon ansyen, menm jan ak mistè pyebwa lavi a.Èske Saint Jacques se Ogou Feray?
Se yonn nan kesyon mwen wè ki pi popilè sou platform nan. Wi, se yon dimansyon Ogou. Non, se pa Saint Jacques ki anndan legliz katolik la. Saint Jacques ki nan legliz katolik la se Jacques frè Saint Jean ki se te 2 apòt Jezu yo. rezon ki fè yo atribye lwa yo ak Saint yo, se paske sa trase depi nan epòk colonial kote vodou te interdi e yo tap pouse esklav yo pratike Catholicism. Nenpòt esklav yo te jwenn kap pratike vodou, yo te konn touye yo paske lwa yo vrèman pat renmen wè pèp yo ap soufri nan men yon lòt nation tandiske yo gen pouvwa pou libere yo. Lè lwa yo vini yo fache yo move sa te vin kreye revolution esklavajis. pou yo te kab kontinye ap pratik vodou yo te oblije asosye chak grenn lwa ak yon Saint ki sanble avèl. Saint Jacques toujou sou cheval yo bal ogou, Lenglesou toujou ap benyen nan san yo bal Jezu puiske imaj Jezu sou la kwa san ap koule, Marie pote Jezu yo asosyel ak Dantor kòm manman Perpetuel etc.. Saint Jacques ki nan legliz katolik la pa konn desann nan tèt moun, li pa servir ak manchèt, li pa mande rum, li pa asosye ak mouchwa bleu e rouj etc.. Saint Jacques pa Ayisyen an mande tout sa ou konnen yon lwa Ogou konn mande pouw servir li. Lèl vini fòk ou bal rum li, sanble gwo boukan dife, mache mouchwa bleu e rouj sou li, li voye menm chante Ogou Feray konn voye yo. Tout moun ki konn wè kote lwa Ogou ap manifeste ap di pa gen diferans. Se Ogou a 100% . Pa gen okenn dout nan sa, Saint Jacques se Ogou. En resume, Saint Jacques se yon non yo batize yon lwa Ogou men se pa espri Juif ki nan legliz katolik la, se just non an. Pa bliye yon espri pa gen couleur, li ka pran ni form ni couleur li vle. Poze anpil kesyon, bay repons ki long anpil pouw konplete sam di a siw gen bon bèt men pa fè vye comment pou fè zanfan yo nan joure avèw pou yo paka aprann. Empereur NicolasLanp de gras
Ou ka monte l nan yon asyèt blan, zoranj si, kwi, melon oswa chadèk.
W'ap bezwen:
▪︎Koton.
▪︎Lwil nou fè manje a.
▪︎Lwil doliv.
▪︎Ou ka mete 7 bon poud ladan l', si ou vle.
▪︎Flè nan bra, bèl flè.
▪︎Poud jenjanm.
▪︎Poud kanèl.
▪︎Poud miskad.
▪︎21 grenn pwav (nan non 21 nanchon ginen an).
▪︎Poud piman (si ou pa gen poud piman ou ka mete swa 7 piman bouk mi, oubyen 21 piman ti zwazo).
▪︎7 fèy tibonm.
▪︎7 fèy simen kontra.
▪︎Fèy zoranj si.
▪︎Fèy zoranj dous.
▪︎Fèy bazilik.
▪︎3 grenn sèl gwo grenn.
Ou pa oblije jwenn tout, men si ou jwenn tout l'ap bon.
Si se nan yon asyèt oubyen nan kwiy W'ap fè l li bon ou chofe resipyan an avan. Ou vide yon ti kleren oubyen yon ti Florida avan ou ba l dife.
Si se nan asyèt W'ap monte l oubyen si kwiy la laj ou ka fè 3 mèch ladan l.
W'ap ekri non w 3 fwa nan 3 ti moso papye, W'ap depoze yo avan.
W'ap mete yon fèy bazilik sou chak ti moso papye yo, W'ap mete 3 mèch yo sou 3 fèy bazilik yo ki gen non w anba yo a.
Si se nan fwi se yon sèl mèch W'ap ka fè l W'ap mete yon sèl ti papye, yon fèy bazilik, yon mèch.
Apresa W'ap depoze kafe dous, kafe anmè.
W'ap bezwen 3 chandèl, 2 nwa pou mò bitasyon manman/papa, 1 blan pou nesans ou.
W'ap fè yon laye Marasa, pistach griye, mayi griye, kola wouj, kola blan, si ou pa jwenn kola yo ou ka akonpanye l ak yon gode dlo kokoye ole.
W'ap trase yon vèvè ginen W'ap mete laye a o milye, W'ap depoze lanp lan nan tèt vèvè a, direksyon solèy levan, devan lanp lan W'ap limen balèn yo an triyang, gode dlo a ap nan tèt, akote balèn blan an, kafe anmè a ap agoch, kafe dous adwat, selon bitasyon an, nan vèvè ginen an W'ap plase kleren tou pou mò yo.
W'ap mete laye marasa a nan mitan vèvè a.
Ou pral ekri yon lèt nan yon fèy papye tenbre, W'ap depoze sa anba veso ki gen lanp lan.
Pirifye espas ou avan, Pirifye tèt ou.
Lanp sa ka fè 3 jou, 7 jou, 9 jou, elatriye se ou ki pral konnen.
Benyen ak ma yo. Pa bliye fè yon pwomès, pa pwomèt sa ou pa ka konpli.
Mande yo pou yo fè w gras, pou tout bagay jan yo te avan an.ANN FÈ YON TI BAT BOUCH SOU MARASA :
Gen MARASA 2
Gen MARARA 3
MARASA 3 se MARASA RADA. Dèyè MARASA 3 nou jwenn la Sirèn, la Balèn.
Ou jwenn DANMBALA ak AYIDA WEDO. Sobi. Badè. Nap jwenn Badè Zile. Nou jwenn Rèn Dèkot.
Nou jwenn Larèn Zili.
Nou jwenn Ezili Freda Dawome. Freda si, Freda la.
MARASA 2 se MARASA petro
Si wap fè yon dans petro nou paka adeese'w ak MARASA 3.
Nap adrese'n ak MARASA 2.
Lè n soti nan Granchemen .
Nap pran Legba.
Nap pran MARASA 2.
Lè'n nan MARASA Petwo.
Avan nap wè legba Petwo.
- Anpil moun nan VODOU. Yo pale de Legba Atibon. Yo pale de lento
- chak lakou gen yon Legba nou pa konnen
- lè nap antre nan yon lakou fok nou antre ak lonè pou soti ak respè.
- Nou bezwen pwopeje tèt nou lèn prale nan yon serenoni. Nou rive devan legba avan'n antre. Nou leve pye gòch nou.
Nou mete devan epi nou di nan kè'n (Map antre Lyon e map soti Brebi. Oubyen Mouton).
Nap fè VODOU Manbo Fok Gen Mal 🪘Lanp pou Ogou
Li monte nan chodyè zen.
Pou monte’l, wap bezwen:
▪︎Lwil sitwon
▪︎Lwil kanel
▪︎Lwil doliv
3 lwil sa yo fondamantal:
▪︎Lwil akasya
▪︎Lwil kanel
▪︎Lwil mant
Pran chodyè zen an
Mete 3 fèy simen kontra ladan l.
Mete 2 fèy langlichat.
Mete tout lwil yo.
Simen yon ti poud leman.
Ajoute yon ti prespite wouj.
Woule mech ou, mete’l ladan l.
Limen lanp lan.
Pa bliye fè libasyon.
Pa bliye kanzo veso a.
Epi lanp pa monte nan fè nwa.
Apre sa: Ou ka mete 2 kiyè kwaze sou li.
Oubyen mete manchèt la sou li oswa bò kote l.
Foulaye manchèt la avan, ba l dife nan non jeneral la.
Sèvi’l a bon rhum cho. (ou bwè tou).
Lanp sa ka dire 3-7 jou.
Ou ka monte l mèkredi.Liminasyon ak brav Gede
Pou fè demand ak brav.
Wap bezwen pirifye w ak espas la.
Wap fè kafe dous kafe anmè.
Wap fè yon lanp ak piman bouk, mèch koton, ak lwil doliv.
W'ap mete boutèy piman brav la akote lanp lan.
w'ap bezwen kleren balen gode dlo.
Kòm resipyan, ou ka itilize nenpòt nan veso sa yo.
▪︎Ou ka itilize yon tèt mò.
▪︎Yon asyèt blan.
▪︎Yon lanp tèt gridap.
▪︎Yon kwiy.
▪︎
Yon kanari tou, paske espri gede yo se Enèji ki vibre sou eleman tè.
Ekri demand ou mete l' anndan lanp lan.
Toujou sonje chofe resipyan an ak florida ou kleren avan ou monte lanp lan
Prepare lespri w mete w annòd epi pale avè l mande l sa w bezwen an.
Lanp sa li pa monte lajounen.
Li gen lè li pou monte l, li gen jou l tou.Men 7 move fèy ke nou ka itilize pou beny giyon.
1- Bwa Kaka.
2 -Monbin Bata.
3- Pa janbe.
4- Sèd.
5- Manyòk anmè.
6- 3 zòm fò.
7- Ave.
Men kelke fèy nou ka itilize pou fè fumigation pou chase vye bagay.
1- Tabak.
2- 3 pawòl.
3- wou.
4- Zodevan.
Men 7 bon fèy ke nou ka itilize pou yon beny chans.
1- Kapab.
2- Amwaz.
3- Bazilik.
4- Sousi.
5- Zodevan.
6- Rale mennen vini.
7- Vèvenn.
Men kèlke fèy ki ala fwa bon e move sa depann de sou non ou al chache l ou bien kase l la.
1- Kapab.
2- Simen kontra.
3- Koray.
Men kelke fèy nou ka itilize pou nou fè fumigation pou rale bon bagay.
1- Ekaliptis.
2- Zo devan.
3- Vèvenn.
Nap note pou ou ke selman fèy yo pa sufi pouw pran yon beny chans osinon giyon, se tout yon asanblaj produi kap baw bon jan rezilta ke w bezwen an.
Chak moun pran beny ki ale ak degre giyon yo genyen, osinon ki ale ak nivo chans ke yap chèche a. Pa gen yon sèl fomil pou tout moun, chak moun ap pran sa ki ale ak enèji yoTi Pyè se yon lwa nan tradisyon Vodou Ayisyen ki reprezante lanmou, féminité, agrikiltir, ak fè pwogrè nan lavi. Li se youn nan lwa ki pi jèn nan panthéon Vodou a, men li pote anpil enpòtans ak admirasyon pou kapasite li pou kreye ak pou kenbe lavi.
Karaktè Ti Pyè
Ti Pyè souvan reprezante yon jèn, dinamik ak charismatik fanm, ki ap dirije ak inisyativ nan domèn lanmou ak kreyasyon. Li se yon lwa ki gen yon gran kapasite pou ankouraje moun yo nan relasyon yo, epi li bay yon enèji kreyatif ki pèmèt moun yo pouswiv objektif yo nan yon fason sensè ak plen pasyon.
Lanmou ak relasyon
Ti Pyè, kòm yon lwa lanmou, se yon gwo sous enspirasyon pou moun k ap chèche ranfòse relasyon yo, k ap viv yon lanmou ki ranpli ak kè kontan ak konprann. Li se yon lwa ki chèche ede moun yo devlope yon lanmou ki pran rasin nan sajès ak konesans, ki bay yon balans ak yon harmoni nan relasyon. Se li ki pote kè kontan nan lavi moun k ap renmen, ak nan kèk tradisyon, li reprezante yon model pou yon relasyon ki fonde sou respè, jantiyès, ak devouman.
Agrikilti ak Richès
Pami lòt kapasite li, Ti Pyè se yon lwa ki konekte ak agrikilti, bay kè moun k ap travay nan jaden ak nan latè fòs ak pèsistans. Nan anpil ka, li se lwa k ap gide moun k ap travay tè, epi li pote bon rekòt ak abondans. Li se yon lwa k ap soutni kiltivasyon ak kreyasyon, sa ki fè li yon lwa ki gen rapò ak nenpòt inisyativ k ap grandi ak devlope.
Sajès ak Pouswit pwogrè
Pou moun k ap chèche fè pwogrè, Ti Pyè se yon fòs divin ki gide moun yo nan kwasans pèsonèl yo, kit nan aspè espirityèl oswa nan aspè materyèl. Li toujou gen yon enèji jèn, men li gen anpil sajès ki soti nan eksperyans nan lavi. Ti Pyè ankouraje moun yo viv ak pasyon, pran risks, ak grandi malgre defi yo.
Li pote yon bèl mesaj pou moun ki ap chèche fè pwogrè nan lavi, nan relasyon, ak nan karyè yo, e li reprezante yon fòs k ap pouse tout sa ki k ap grandi ak pwogrese nan yon direksyon pozitif.
Konesans ak Kreyativite
Li se yon lwa ki pote enspirasyon pou moun yo kreye, kit se nan atizay, literati, mizik, oswa nenpòt lòt fòm ekspresyon. Ti Pyè se yon lwa k ap toujou ankouraje inisyativ, kreyasyon, ak nouvo ide ki ka fè lavi a pi bèl e pi rich. Li asire ke moun k ap travay sou ide yo ak pwojè yo jwenn yon bonjan rezilta.
Nan jeneral, Ti Pyè se yon lwa ki balanse kè kontan, lanmou, kreyasyon, agrikilti, ak pwogrè, e li ofri yon modèl pou moun k ap chèche amelyore lavi yo nan yon fason natirèl, kreyatif, ak enèjik.⚔️ Fanmi Ogou nan Vodou Ayisyen
Nan tradisyon Vodou, granmoun yo toujou di: Ogou pa yon sèl lwa… se yon fanmi.
Se yon gwo fanmi lespri ki pote fòs, lagè, travay, kouraj, jistis, ak pwoteksyon. Rasin yo soti nan Ginen, men ak tan, atravè listwa ak lavi nan bitasyon yo, plizyè aspè Ogou devlope nan Vodou Ayisyen.
Pami non Ogou yo souvan tande, gen:
• Ogou Dahomey
• Ogou Ashanti
• Ogou Kongo
• Ogou Yoruba
• Ogou Achade
• Ogou Alemàn
• Ogou Badagri
• Ogou Balendjo
• Ogou Batallah
• Ogou Kriminel
• Ogou Fè
• Ogou Feray
• Ogou Mouyé
• Ogou Ossangne
• Ogou Shango
• Ogou Simityè
• Ogou Yeux Rouges
Sa montre jan fanmi Ogou a laj anpil nan Vodou. Men yon bagay enpòtan pou konprann: chak bitasyon, chak lakou, chak sosyete ka gen fason pa yo pou konnen oswa sèvi ak Ogou yo, paske tradisyon Vodou pase anpil nan pawòl granmoun ak nan sèvis.
✨ Kounye a kestyon an pou nou:
Nan bitasyon pa w, ki Ogou ou konn tande yo rele oswa ou konnen nan sèvis?
Ann pataje pou nou wè richès Vodou nou an ansanm. ⚔️Abre este enlace para unirte a mi grupo de WhatsApp: https://chat.whatsapp.com/DfLp2VIc27500BKtV1nXBE?mode=wwc
*Itilite Espirityèl diferan tip de pafen Bien-être yo*
Nan Vodou Ayisyen, se pa sèlman mak pafen an ki konte, men tou esans (sa yo mete ladan l) ak koulè l, paske chak koulè gen yon vibrasyon espirityèl ki asosye ak yon Lwa oubyen yon travay.
Men itilite espirityèl yo pou chak koulè pafen Bien-être ki popilè nan Vodou a.
☆ *Bien-être Lavande (Koulè Ble/Vyolèt Pal)*
Esans Prensipal: Lavand Sauvage.
Koulè Espirityèl: Ble pafwa yon koulè pal.
Itilite Espirityèl: Kalm ak Trankilite, Lavand se yon esans pou mete lapè nan lespri a ak nan yon espas.
Li itil anpil pou mete anba zorye w oubyen nan beny aswè pou asire yon bon somèy, chase move rèv, ak fasilite kominikasyon ak lespri yo pandan somèy.
☆ *Bien-être Rose* (Koulè Woz).
Esans Prensipal: Rose.
Koulè Espirityèl: Woz.
Itilite Espirityèl:
Lanmou ak Liks: Woz se koulè chèf pou Ezili Freda Dahomey (Lwa lanmou, bèlte, ak richès). Pafen sa a sèvi kòm yon ofrann dirèk pou li.
Yo itilize l pou atire lanmou, fè w bèl, fè w seduizan, ak ranfòse relasyon.
Li pote kontantman, jwa lavi a, ak yon santiman byennèt pèsonèl.
Objektif: Atire lanmou, bèlte, liks, ak afeksyon.
☆ *Bien-être Naturelle (Koulè Blan/Transparan* oubyen Jòn Trè Pal).
Esans Prensipal: Esans Natirèl souvan sitwon, flè zoranj, elatriye.
Koulè Espirityèl: Blan oswa Transparan.
Itilite Espirityèl:
Pirifikasyon Jeneral.
Menm jan ak Florida, vèsyon natirèl la souvan gen yon wòl netwayaj ak pirifikasyon jeneral, men avèk yon ton ki pi dous pase Florida.
Yo konn itilize l pou benyen pou netwaye "Aura" a, pou beni nouvo kote, ak pou senbolize pwòpte nan lavi a.
Lwa Asosye: Lwa Rada yo an jeneral, sitou sa ki mande pite ak transparans.
Objektif: Netwayaj, balans, ak renouvèlman enèji.
☆ *Bien-être Verveine* (Koulè Vèt/Jòn Klere).
Esans Prensipal: Vèvèn/Verveine (Citronnelle/Sitwonèl).
Koulè Espirityèl: Vèt pafwa jòn klere.
Itilite Espirityèl:
Lajan ak Pwosperite.
Nan anpil tradisyon, vèt ak esans Sitwonèl asosye ak lajan ak kwasans. Li itilize pou atire richès ak siksè nan biznis.
Akselere Siksè: Sitwonèl (Verveine) gen yon enèji ki rapid. Li itil pou debouche kòz ki bloke siksè ak pou fè bagay yo avanse vit.
Lwa Asosye: Yo ka itilize l pou Azaka Médé (Lwa agrikilti ak travay la) ak Lwa ki gen rapò ak pwosperite.
Objektif: Atire chans, lajan, siksè, ak kwasans.Ou menm k ap pase yon move moman nan lavi w o ki gen yon biznis ki paka mache m pral moutre w kijan w ka moute yon Lanp Kouzen zaka pou afè w ka mache Avèk kouzen se 💯 garanti. Men sa w ap bezwen
Yon melon.
3 balèn (vert, Jaune, bleu).
Yon fèy papye blan.
Yon ti sann dife.
3 wòch pou w ka mete lanp lan chita.
Lwil Doliv ak koton.
W ap fann Melon an epi retire anndan l pou w ka fè lanp la epi ekri demand ou nan fèy papye a ou mete nan lanp la epi mete lanp la chita sou 3 wòch yo tankou se lè moun ap fè manje nan dife bwa mete tikal sann dife a ladan l, Epi w ap limen 3 balèn yo an Triyang lanp la ap vin tonbe nan mitan balèn yo epi pale pawòl ou chita tann Sa w te mande a.
Adrese l ak kouzen zaka.Lanp pou grann brijit.
W'ap bezwen yon lanp tèt gridap, 3 ti priz tè simetyè ladan l, W'ap mete piman ladan l, W'ap mete poud kase tonèl ladan l, lèse m atò, ban m trankil, mete yo sou regleman w.
W'ap limen l', swa yon lendi, swa yon samdi.
Madanm sa se lannwit li mache.
Jete kleren pou li, jete dlo mande legba pasaj.
A kote lanp lan ou ka chache de ti moso bw sèd, mare yo fè yo fè yon kwa, pou reprezante enèji Bawon yo.
Fè demand ou, lanp sa ap dire 3 jou.
Mande l' pou l detwi tout sa ex ou ak zanmi w te fè kont ouLanp pou grann brijit.
W'ap bezwen yon lanp tèt gridap, 3 ti priz tè simetyè ladan l, W'ap mete piman ladan l, W'ap mete poud kase tonèl ladan l, lèse m atò, ban m trankil, mete yo sou regleman w.
W'ap limen l', swa yon lendi, swa yon samdi.
Madanm sa se lannwit li mache.
Jete kleren pou li, jete dlo mande legba pasaj.
A kote lanp lan ou ka chache de ti moso bw sèd, mare yo fè yo fè yon kwa, pou reprezante enèji Bawon yo.
Fè demand ou, lanp sa ap dire 3 jou.
Mande l' pou l detwi tout sa ex ou ak zanmi w te fè kont ou*Lanp delivrans*
Ou ka fè l nan yon anana, oubyen yon pilon.
W'ap bezwen:
▪︎7 bon poud.(rale mennen vini, Leman, chans, viktwa, leman, elatriye).
▪︎Presipite.
▪︎7 bon lwil.
▪︎Yon fèy papye tenbre/pachemen/blan.
▪︎ Lwil doliv.
▪︎ Mèch koton
W'ap siyen l', avèk mo sa yo, ago, agosi, agola.
Lanp sa, ou ka monte l yon jou madi ou samdi a 10h di swa, lune croissante.
Lanp sa ap dire 9 jou.*Lanp Freda*
Lanp pou Mètrès sa, hmmmm. Sa mande fòk ou nan yon eta ki "pur" ak anpil prensip.
Nan yon Asyèt Blan ou bien yon anana: Mete Lwil Jasmen, Lwil Akasya, Lwil Doliv, Lwil de Wòs, 3 degout Dlo, salye 4 fasad, jete 3 gout siwo dòja ou byen anisèt, mwen toujou itilize nenpòt likè dous si m pa gen anisèt/siwo dòja, fè rekomandasyon w, kouche tann repons ou.
Ou ka mete fleur rose nan lanp sou kote liLanp pou pale ak mò:
W'ap limen 3/7 mèch koton nan yon asyèt emaye blan ak lwil doliv.
W'ap depoze yon tas kafe dous, 1 tas kafe anmè bò kote lanp la.
Nan tout lanp, ekri sa ou bezwen an nan yon fèy pachemen vyèj epi mete li nan fon lanp la.
Bilolo ayibobo pou lwa yoLanp de gras.
Ou ka monte l nan yon asyèt blan, zoranj si, kwi, melon oswa chadèk.
W'ap bezwen:
▪︎Koton.
▪︎Lwil nou fè manje a.
▪︎Lwil doliv.
▪︎Ou ka mete 7 bon poud ladan l', si ou vle.
▪︎Flè nan bra, bèl flè.
▪︎Poud jenjanm.
▪︎Poud kanèl.
▪︎Poud miskad.
▪︎21 grenn pwav (nan non 21 nanchon ginen an).
▪︎Poud piman (si ou pa gen poud piman ou ka mete swa 7 piman bouk mi, oubyen 21 piman ti zwazo).
▪︎7 fèy tibonm.
▪︎7 fèy simen kontra.
▪︎Fèy zoranj si.
▪︎Fèy zoranj dous.
▪︎Fèy bazilik.
▪︎3 grenn sèl gwo grenn.
Ou pa oblije jwenn tout, men si ou jwenn tout l'ap bon.
Si se nan yon asyèt oubyen nan kwiy W'ap fè l li bon ou chofe resipyan an avan. Ou vide yon ti kleren oubyen yon ti Florida avan ou ba l dife.
Si se nan asyèt W'ap monte l oubyen si kwiy la laj ou ka fè 3 mèch ladan l.
W'ap ekri non w 3 fwa nan 3 ti moso papye, W'ap depoze yo avan.
W'ap mete yon fèy bazilik sou chak ti moso papye yo, W'ap mete 3 mèch yo sou 3 fèy bazilik yo ki gen non w anba yo a.
Si se nan fwi se yon sèl mèch W'ap ka fè l W'ap mete yon sèl ti papye, yon fèy bazilik, yon mèch.
Apresa W'ap depoze kafe dous, kafe anmè.
W'ap bezwen 3 chandèl, 2 nwa pou mò bitasyon manman/papa, 1 blan pou nesans ou.
W'ap fè yon laye Marasa, pistach griye, mayi griye, kola wouj, kola blan, si ou pa jwenn kola yo ou ka akonpanye l ak yon gode dlo kokoye ole.
W'ap trase yon vèvè ginen W'ap mete laye a o milye, W'ap depoze lanp lan nan tèt vèvè a, direksyon solèy levan, devan lanp lan W'ap limen balèn yo an triyang, gode dlo a ap nan tèt, akote balèn blan an, kafe anmè a ap agoch, kafe dous adwat, selon bitasyon an, nan vèvè ginen an W'ap plase kleren tou pou mò yo.
Ou pral ekri yon lèt nan yon fèy papye tenbre, W'ap depoze sa anba veso ki gen lanp lan.
Pirifye espas ou avan, Pirifye tèt ou.
Lanp sa ka fè 3 jou, 7 jou, 9 jou, elatriye se ou ki pral konnen.
Benyen ak ma yo. Pa bliye fè yon pwomès, pa pwomèt sa ou pa ka konpli.
Mande yo pou yo fè w gras, pou tout bagay jan yo te avan an.
Comentarios
Publicar un comentario