Enpòtan

 Marinette Pye chèch

Mythologiquement: Yo di se espri yon ansyen manbo ki te puissant anpil pandan revolution esklavajist la ki tap sakrifye anpil kolon menmjan ak makandal. chak fwa li kenbe yon li kòchel li sakrifye bay yon espri ki renmen sa ki te mache avèl. blan yo te kenbel yo boulel men li pap pran soufrans lan, espri sa li te konn servi a te pranl  se pyel ki te gentan boule se sak fè li paka kanpe sou pye yo relel Marinette pye chèch e li bay serviteur li yo pouvwa pou manipile dife. Gen moun ki konn gen Marinette kap manje dife, kap danse anndan dife yo pa boule. Men istwa a se Mythology.  Mythology se istwa ki paka pwouve ki pase de nouch an bouch men li gen vertu dife a tout bon e li paka kanpe sou pye yo tout bon. Se pa yon espri ki pou amateur ni ougan ak manbo ki poko vrèman masteur. Se yon espri ki difisil,  ki pa renmen obeyi ak pechè latè. Se yon fanm ki konn boule peristil ra pye tè lèl jwenn ak ti amateur ki pa konn sa yap fè. revanj li yo kriminèl anpil, sil pa wè yon moun merite pèn wap mande a wap fòsel li ka baw pèn nan nan plas moun. egzanp ou vle touye yon moun paskew te diw kèk betiz, oubyen li te pran ti bagay minim pou ou. Sa yo pa nan level punition wap mande yo. Li konn nève li boule peristil la. so pa jwe ak fi sa. Li se reine anpil gwo sosyete ke m pa bezwen pale de yo[7/3, 1:30 p.m.] +509 32 20 8913: SIRÈN DYAMAN🩵🤍💎💎💎💎

  Lè n’ap pale de li, n’ap pale de rèn dlo sale a. Se pa sèlman bèlte l ki fè moun pale, men se fòs li genyen pou l rale chans ak klere chemen moun. 


   Non "DYAMAN" sa a pa la pou granmesi. Li reprezante tout richès ki kache anba lanmè a ak klate lespri li bay moun li renmen.


  Nan istwa granmoun lontan yo, yo toujou di SIRÈN nan se vwa lanmè a. Ak glas li nan men l, li wè sa je pa ka wè. Li se fòs, li se konesans, epi li se youn nan pi bèl moso nan eritaj kiltirèl nou. Yon eritaj nou dwe fyè de li, depi nan chante nou rive nan atizana nou.


   E ou menm, ki sa yo te konn di w de SIRÈN DYAMAN? Eske w kwè nan istwa "al anba dlo" yo toujou? Ann pale nan kòmantè yo!

[7/3, 2:47 p.m.] +509 32 20 8913: Bosou Twa Kòn (yo rele l tou Bosou 3 kòn) se yon lwa ki soti nan fanmi Petro nan Vodou ayisyen. Yo wè li kòm yon lwa ki gen fòs, kouraj, ak agresivite, li souvan asosye ak enèji yon towo bèf sovaj.


 Non “twa kòn” nan fè referans ak fòs li ak imaj mistik li genyen.

👩‍🦰 Madanm Bosou 3 kòn

Nan anpil tradisyon Vodou, yo souvan di madanm li se:

Ezili Dantò

Paske Ezili Dantò se yon lwa Petro tou, ki gen karaktè fò, pwoteksyon, ak jalouzi. Yo di enèji li mache byen ak Bosou, paske toude gen yon nati ki cho ak pwisan.


🍽️ Sa Bosou renmen manje

Yo konn ofri li bagay ki gen fòs, tankou:

vyann bèf oswa vyann kabrit oubyen vyann kouchon djanman (chon wouj)

mayi griye oswa mayi moulen diri blan sòs vyann

bannann bouyi oswa griye

pwa nwa

🍹 Sa li renmen bwè

kleren (tafya) diven wouj, Ronm 

pafwa yo mete piman oswa poud ladan pou fè bwason an vin “cho”, paske Bosou se lwa Petro.


🔴 Lòt bagay ki asosye ak li

koulè li souvan wouj ak nwa

li gen rapò ak fòs, batay, ak pwoteksyon

nan vèvè li, yo konn mete twa kòn pou reprezante pouvwa li.

✅ 


CHANTE BOSOU 3KÒN

Lèm pase a m tande kanno eee

Lèm retounen m tande djab la ap begle(bis) 

Yabosou se nèg nan mòn ooo 

Kadjabosou se nèg nan mòn ooo 

Papa pale nèg yo pou mwen


Yon provèb 

Yo rayi bòkòa men yo renmen pwenl


🖊️WADÈLYON🐆👑[10/3, 5:35 a.m.] +1 (904) 497-7524: Avadra Gran Chimen 

Se dimansyon Legba ki nan rout oubyen chemen ki se 3em dimansyon Legba aprè Legba Lakou, Legba Lento, ak Legba nan Baryè. Li pote non Avadra ki vle di san abri, san kay paske se nan Gran chemen li rete. Li jwe yon ròl enpòtan paske san limenm ou paka antre an connection ak Kalfou lè wap fè wanga paske se kafou ki pou baw passage pouw fè nenpòt Wanga dèyè yon moun. Couleur li se rouj e nwa, li bwè anpil rum, gen lakou ki ba li gri e nwa. Li manje tout sa Legba nan baryè manje. Yo renmen ranje kola, sirèt, maïs griye, pistach griye bò rout la pou li. Siw konn fè zòn provens yo wap wè sa anpil. jou li se Mercredi.

[10/3, 8:06 p.m.] +509 32 20 8913: NB : se sou rit sa nap jwenn pifò gad yo paske gad yo se enèji cho yo ye

Koulè tradisyonèl lwa Petwo yo se wouj, e nou jwenn anpil nan lwa ki souRit petwo a se sou zile a li pran nesans. 

Banm site kèk non ladan yo

1.AZANGON LOKO 

2.BAKOULOU BAKA 

3.BOSOU TWA KÒN 

4.BRIZ MONTANY 

5 - BRIZE 

6 DAM LAVE 

7.DAMBALA WEDO DJENKE 

8.DISPONYA LODE 

9. EZILI BOHAN 

10.GOUGOUN DANYON 

11. GRAN BWA MEDJI 

12.GRANN BOT 

13.GRANN EZILI 

14.JAN PETRO 

15.JATIBWA KENTO 

16.JENERAL BRIZE 

17.KABWATYE 

18.KAFOU GDI GHIDI 

19.KAFOU TWA 

20 LAYE BWA 

21 LEGBA BWA 

22.LENGLENSOU BASEN SAN 

23 LENGLENSOU DANMAN 24.LENGLENSOU GWE 

25.LENGLENSOU PYE 

26. MAHILWEIZ BOUMBA ( manze) 

27. MAMBO ADELAYID GWO TETE 

28. MAMBO DAYILA 

29. MANMAN YANGAN 

30. MARASA BWA 

31. MARASA LAFRIK GINEN 

32. GRAN BWA ILE ( MET ) 

33.LOVANA ( METRES ) 

34. MERANSYEL ( METRES ) 

35.PYE ( MOUCHE ) 

36.OGOL JE WOUJ 

37. PYE BRIZ 

38. PYE DANTO 

39. PYÉ DANYON 

40. PYE MARAJOU 

41.SIMBI AFRIKEN 

42.SIMBI AMPOLA 

43.SIMBI DHLO 

44. TIJAN DANTO 

45.TI JAN PETRO 

46. ZAKA KWESI MANYAN 

47. ZAZI MAZWA 

48.ZILE MPEMBA 

49. ZINGA BWA 

50. JANBE MALE 

51. MARINÈT PYE SÈCH 

52. EZILI JE WOUJ 

53. MANZÈ GABRIEL 

Apv Ann_pale_vodou_ 

POUM SITE SA YO SELMAN NAN VODOU WA SAMEDI SE JOU LWA CHO

 SE JOU KOTE ENÈJI PETWO YO VIBRE

[11/3, 6:28 a.m.] +509 32 20 8913: LWA OGOU 


Nan Vodou haïtien,

 fanmi Ogou senbolize fòs, lagè, kouraj, travay, jistis, ak pouvwa.

An rezime:

Yo reprezante lespri gèrye ak kapasite pou goumen pou sa ki dwat.

Yo pote pwoteksyon kont lènmi vizib ak envizib.

Yo senbolize detèminasyon ak kapasite pou leve lè lavi frape w.

Yo gen rapò ak fè ak dife, sa vle di konstriksyon, destriksyon, ak transfòmasyon.

Yo konekte ak otorite ak lidèchip, espesyalman nan zafè politik ak batay pou libète.


Ogou

Ogou se youn nan lwa ki pi enpòtan nan Vodou ayisyen.

Kilès Ogou ye?

Ogou se lwa:

dife

lagè

travay

fòs

kouraj

pouvwa ak politik

Li reprezante enèji konba, detèminasyon, pwoteksyon ak jistis.

Senbòl Ogou

manchèt

epe

Ponya

dife

wonm 

Ogou ak istwa Ayiti


Ogou te bay fòs nan moman Revolisyon ayisyen an (1791).

Li senbolize lespri zansèt yo ki te goumen pou libète.


Ogou gen plizyè fòm , tankou:


Ogou Feray – yon gwo gèrye, pwoteksyon

Ogou Badagri – pi sevè, disiplin

Ogou Balendjo -- asosye ak dife enteryè

[11/3, 7:08 a.m.] +509 32 20 8913: Nan Vodou ayisyen an, nou jwenn kat eleman ki se pilye Vodou a, kote chak eleman gen yon enèji ki ka akonpaye lespri, zansèt, ak lwa pandan sèvis espirityèl yo.



🌊 1. DLO – Sous lavi ak mistè

Nan Vodou, dlo se orijin lavi. Li pote memwa, emosyon, ak konesans mistik.

Lwa ki souvan asosye ak dlo:

La Sirèn

Agwe Tawoyo

Simbi Dlo

Erzulie Freda

Wòl dlo nan sèvis vodou:

Pirifikasyon espirityèl (benyen, lave tèt).

Batèm oswa inisyasyon.

Ofri pou lwa dlo yo (pafen, flè, chanpay, glas).

Kominikasyon ak mond mistik.

Nan tradisyon an, lanmè, rivyè, sous dlo, ak lapli chak gen enèji pa yo. Se poutèt sa anpil sèvis fèt toupre dlo.


🔥 2. DIFE – Fòs aksyon ak transformasyon

Dife se enèji ki chanje bagay yo. Li ka kreye, pirifye, oswa detwi.

Lwa ki souvan asosye ak dife:

Ogou Feray

Ezili Dantò

Ti Jean Petro

Nan sèvis vodou:

Bouji limen pou rele lwa yo.

Ansan boule pou netwaye espas espirityèl la.

Dife ka sèvi pou pwoteksyon ak pou retire move enèji.

Gen lwa tankou Petwo yo ki gen enèji dife pi fò. Yo reprezante pouvwa, kouraj, revolisyon, ak batay.



🌍 3. TÈ – Rasin, memwa, ak zansèt

Nan Vodou, tè se manman tout bagay. Li kenbe memwa zansèt yo ak sekrè lavi ak lanmò.

Lwa ki asosye ak tè:

Baron Samedi

Maman Brigitte

Azaka Mede

Gran Bwa

Wòl tè nan rityèl:

Simityè se kote anpil rityèl fèt.

Tè sèvi pou trase vèvè (senbòl sakre lwa yo).

Plant, rasin, ak fèy soti nan tè pou medsin ak rityèl.

Nan Vodou, yo di:

➡️ Se sou tè lwa yo desann.


🌬️ 4. LÈ – Souf lavi ak kominikasyon

Lè se enèji ki fè mouvman. Se li ki pote vwa, mizik, ak vibrasyon espirityèl.

Lwa ki souvan asosye ak lè:

Agawou

Sobo

Bade

Guédé L’Orage

Yo tout gen rapò ak:

van 🌬️

loraj ⚡

tanpèt 🌩️

mouvman syèl la.


🔮 Ekilib 4 eleman yo nan Vodou

Nan tradisyon an, yo kwè tout bagay fèt ak melanj eleman sa yo.

Dlo → emosyon, fanm, mistè

Dife → aksyon, kouraj, volonte

Tè → rasin, zansèt, estabilite

Lè → panse, pawòl, lespri

Se poutèt sa nan anpil sèvis vodou ou jwenn ansanm:

bouji 🔥

dlo oswa tafya 🌊

tè oswa vèvè 🌍

ansan ak lafimen 🌬️

tanbou 🥁

Yo tout sèvi pou ouvri chemen ant moun, lwa, ak zansèt.


✅ An rezime:

Nan Vodou, 4 eleman yo se tankou kat poto linivè espirityèl la. Yo ede moun konprann lavi, lanmò, lanmou, ak relasyon ak lwa yo.

[11/3, 7:27 a.m.] +509 32 20 8913: LWA OGOU 


Nan Vodou haïtien,

 fanmi Ogou senbolize fòs, lagè, kouraj, travay, jistis, ak pouvwa.

An rezime:

Yo reprezante lespri gèrye ak kapasite pou goumen pou sa ki dwat.

Yo pote pwoteksyon kont lènmi vizib ak envizib.

Yo senbolize detèminasyon ak kapasite pou leve lè lavi frape w.

Yo gen rapò ak fè ak dife, sa vle di konstriksyon, destriksyon, ak transfòmasyon.

Yo konekte ak otorite ak lidèchip, espesyalman nan zafè politik ak batay pou libète.


Ogou

Ogou se youn nan lwa ki pi enpòtan nan Vodou ayisyen.

Kilès Ogou ye?

Ogou se lwa:

dife

lagè

travay

fòs

kouraj

pouvwa ak politik

Li reprezante enèji konba, detèminasyon, pwoteksyon ak jistis.

Senbòl Ogou

manchèt

epe

Ponya

dife

wonm 

Ogou ak istwa Ayiti


Ogou te bay fòs nan moman Revolisyon ayisyen an (1791).

Li senbolize lespri zansèt yo ki te goumen pou libète.


Ogou gen plizyè fòm , tankou:


Ogou Feray – yon gwo gèrye, pwoteksyon

Ogou Badagri – pi sevè, disiplin

Ogou Balendjo -- asosye ak dife enteryè

[12/3, 7:44 a.m.] +509 32 20 8913: *Spiritualité*


Moun paka pran lwaw pa konn gen lwa pou kont li 


Lwa se yon énergie liye 

Donk yon énergie k vibre plis ke yon milyon moun ansan'm


Lé énergie sa chevauche yon moun oubyen adombre yon moun

Se yon fle nan énergie à ki sou moun nan


Oubyen nou k dil tou se yon partikil nan espri a ki vibre moun nan


Koz yon espri plus puissant ke yon loraj yon moun pap k sipote force yon espri

 

But se vre yon moun paka pran lwaw men gen kote anba kek tonel gen malfektè ki ka gatew en mezi li ka giyonenw  

Li k koupe kontak énergie à ave'w men se patout moun yo kafè sa,


Lwa se tankou yon t moun nenpot moun k dirije'l ak langaj mistik


*Relem dieuma lakou djab andèy

[12/3, 2:54 p.m.] +509 32 20 8913: Ogou Badagri


Li se papa Ogou Feray. 


Papa Ogou Badagri se Obatala. 


Badagri se non yon vil kotyè ke nou jwenn Nijerya. 


Ogou Badagri se yon lwa Nago.


Li se chèf tout Ogou yo. 


Badagri siyifi asasen an Yoruba. 


Li gen alyans ak Èzili Freda. 


Diferans ki genyen ant Ogou Balendjo ak Ogou Badagri


Badagri se chèf tout Ogou ki soti nan dlo, li se vibre sou eleman dlo. 


Feray se chèf tout Ogou ki eleman fè yo. 


Badagri se yon lwa woule m' de bò. Sa vle di lè lwa sa ap manifèste lè ou wè li ri se fache li fache, lè w wè li move se kontan li kontan. 


Li se yon espri ki trèt.


Li mache ak Ogou Balendjo, Ogou Batala, Ogou Balenmi, Ogou Badjoman Oba. 


Gen anpil fwa yon moun konn gen Badagri lwa a konn chanje nan tèt moun nan an Feray. 


Konsa tou li konn vini an Feray epi li chanje an Badagri, oubyen an lòt Ogou. 


Se chante yo ki pral fè w konnen ki Ogou ki la.


Paske Ogou Badagri mache ak 7 frè, Oba, Obi, Olisha, Doutou, Pyewo, ak Omiba.


Senkretis konnen l' sou non sen Jak Majè. 


Li sèvi ak mouchwa wouj ou blan. 


Li bwè wonm. 


Rad li kòm yon jeneral, se yon kostim kaki ak zepòlèt.


Li pote bag lò ak pyè wouj. 


Li manje kòk wouj, diri ak pwa wouj. 


Li jalou anpil, anpil, gen kwayans ki fè konprann si yon fiy gen alyans ak Badagri ou pa rèspèkte jou l', mari w ap bouke pran so kabann. Paske l' pa jwe. 


Nan anpil Bitasyon w'ap jwenn 2 cheval, yon blan pou Badagri, lòt la koulè wouj pou reprezante Feray. 


Li sèvi ak koulin, sab.


Li sèvi ak rèv dò, Florida. 


Li se yon konbatan, li ede w konbat pwoblèm, imilyasyon. 


Li reponn fanm pi fasil ke gason. 


Li se yon politisyen. 


Li se yon òm politik. 


Pou remèsye l' se yon kòk Wouj.


Pou Envokasyon l' wap bezwen balèn wouj, oubyen ou ka fè lanp pou li ak lwil Akasia.


Gen kote yo venere l' jou Mèkrèdi, gen lòt kote tou se kou jedi. 


Mo sakre l' se Awochenago.

[13/3, 5:31 a.m.] +509 32 20 8913: Kouzen zaka 




Enèji Kouzen Zaka vibre sou kat eleman yo( 🌬️🔥🌊🌑)


Azaka Mede••• Latè🌑

Azaka Toner•••Dife🔥

azaka Krib••• van🌬️

Azaka Gweli••• dlo🌊




Chaje djakout kouzen an depann de chak bitasyon. 

Men nap eseye baw kek bgy ou ka mete nan djakout la: 

• yon mouchwa vè pou w mare nan djakout la

• Pen

•kasav

•bonbon siwo

•wowoli

•yon pake bwa pen

•diri (tou piti) 

•mayi( tou piti) 

•yon pake tabak

•yon pip

• balèn.



Li sé lwa ki fè pati lanati a é li jwé yon gran wol nan Vodou a

 

San lwa sa , lwa yo pap manjé sé gras ak lwa sa ki fè yo kapab bay tout lwa yo nèt manjé

Sé sak ki fè yo rélé li minis Zaka ou Azaka Médé paské li jwé you gro ròl nan Vodou wa


Lwa sa sé yon lwa ki fè anpil bagay 

Li fè komès byen, li fè ou travay byen

Nan vodou wa li maché ak anpil lòt lwa ki sé:

Ayizan

Dantor

Agawou 

Gédé...


Chak lakou sèvi lwa sa diféran é yo monté djakout li diféran sélon règléman lakou wa 

Lwa Azaka manjé tout sa ki soti nan latè 


Li renmen manjé Tchaka anpil sitou ak afriba(vyann salé ak pié ak andan bèt sa

[13/3, 5:42 a.m.] +509 32 20 8913: Ougan: Se yon prèt Vodou. Wòl prensipal li se dirije seremoni, sèvi lwa yo, epi ede moun nan kominote a jwenn gerizon oswa konsèy. Yon ougan sèvi lwa yo ak "men dwat", sa vle di li konsantre plis sou sa ki pozitif ak byennèt.



Bòkò: Yo konsidere li tankou yon sòsye. Yo di yon bòkò sèvi ak "de men yo", sa vle di li ka fè ni sa ki byen, ni sa ki mal (majinoir). Souvan, yon bòkò ap travay pou lajan epi li ka fè kontra ak lespri pou moun ki bezwen sèvis li, menm si sèvis sa a ka fè lòt moun mal.

                      

              Dieuma lakou djab andèy[9/3, 10:01 p.m.] +1 (904) 497-7524: *Resèt pou Pwoteksyon, Entèlijans, ak Chans*


*• Pwoteksyon pou Timoun*


Pou manman ak madanm nou yo: Jan nou ka wè nan imaj ki anwo a, lè nou fini prepare repa aswè a (tô oubyen pasta pou kèk moun), ajoute dlo ladan l epi kite l jis nan maten.

Pran abitid lave pitit nou yo ak dlo sa a (ou ka chofe l). Li efikas anpil kont maji.


*• Entèlijans*


Medam, pran abitid bay pitit nou yo gratin tô a; y ap tèlman entelijan. Eseye l epi n ap wè.


*• Chans*


Mesye dam, si nou gen yon randevou ki vrèman enpòtan (entèvyou, egzamen, oubyen nenpòt lòt reyinyon), nan demen maten, byen bonè, san nou pa pale ak pèsonn (asire nou nou pa pale), rense tèt nou ak dlo sa a pandan n ap fè volonte nou yo. Nenpòt moun ki lave tèt li regilyèman ak dlo sa a nan maten ap toujou wè chans ak souri! 😁


Moun ki te gen chans viv nan vilaj la konnen sa m ap pale a.


NB: Vin pataje eksperyans ou pita.

Li poko fini.

[10/3, 5:35 a.m.] +1 (904) 497-7524: Avadra Gran Chimen 

Se dimansyon Legba ki nan rout oubyen chemen ki se 3em dimansyon Legba aprè Legba Lakou, Legba Lento, ak Legba nan Baryè. Li pote non Avadra ki vle di san abri, san kay paske se nan Gran chemen li rete. Li jwe yon ròl enpòtan paske san limenm ou paka antre an connection ak Kalfou lè wap fè wanga paske se kafou ki pou baw passage pouw fè nenpòt Wanga dèyè yon moun. Couleur li se rouj e nwa, li bwè anpil rum, gen lakou ki ba li gri e nwa. Li manje tout sa Legba nan baryè manje. Yo renmen ranje kola, sirèt, maïs griye, pistach griye bò rout la pou li. Siw konn fè zòn provens yo wap wè sa anpil. jou li se Mercredi.

[10/3, 5:36 a.m.] +1 (904) 497-7524: Vye vye Legba 

Se dimansyon Legba ki plus granmoun. Souvan lèl manifeste li paka kenbe kòl dutou dutou li bezwen yon moun kenbel epi fòk ou ba li baton l ak cigar li poul fimen. ou ka bal kafe ki nwa anpil, ou ka mete sirèt pou li tou, rum ki fò anpil. couleur li se nwa e rouj menmjan ak tout lòt dimansyon Legba yo.[8/3, 4:48 p.m.] +1 (904) 497-7524: *Kèk ti konesans ginen pouw konnen*



*Lè wp soti oubyn lèw pral on kote*

*Oubyn nenpot okazyon*

*Toujou pase ti poud blan ( poud bebe) sou ou*


*Lèw gen poud sou ou*  

*Lp difisil pou pran nan poud*

*Koz se pa tout poud ki ka moute poud*


( _*M pa diw pap pran poud non men lap fisil pou pran nan li)*_ 



*Lè wap deplase*

*Toujou déplace ak pye goch ou avan*

*Pou proteksyon oubyn pou epanyew kèk malè*


*Lè yo flache w lannwit*



*Lè wp antre antre pa Do epi kite rad yo deyò*



*Lè wp mache lannwit pa janm vire gade deyè*


*Menm si anpil nan nou gen abitid sa*



*Pa janm bay moun lanmen ak men goch*


*Lè wal kay moun lè yo baw chèz🪑pa tou kouri chita fon ti déplace chèz la avan. ( li mèt se 2 cm)*


*Lè wp mache ak on moun pa janm kite moun pase nan mitan nou*


*Lè wap pran lanmen nan men moun toujou peze gro🦶 zotèy goch atè a*



*Lè wal wè on moun ki malad kay bòkò pa janm chita sou kabann moun nan kouche a*



*Pinn gaw janm bat kò nan vodou , pa janm moutre ou trò konnen pase tout moun*


*Fran ( vrè) Ginen pa mache ak moun ki bat kò yo plus renmen sekrè , bay ki discret*





                                                                                 #: VODOUYIZAN AN AKSYON

[8/3, 4:50 p.m.] +1 (904) 497-7524: Gad


☆Kèk lwa kreyòl e Gad ki pi popilè. 


▪︎Simbi Makaya.

▪︎Gran bwa Lilèt.

▪︎Djab kriminèl. 

▪︎Lenglensou basen san.

▪︎Lenmba Zaou.

▪︎Marinèt pye sèch.

▪︎Èzili mapyang.

▪︎Ti jan pye sèch.

▪︎Wa maj yo.

▪︎Ouangòl.

▪︎Amin.

▪︎Danwezo.

▪︎Rèn kongo.

▪︎Jean Baptiste Vixamar Legrand.


Apre sa nou gen kèk lwa tankou Loas Simbi yo ki sou regleman Gad tankou. 


▪︎Simbi Anpaka paka.

▪︎Simbi Anpaka Malo. 

▪︎Simbi Anpaka.

▪︎Simbi Loaka.

▪︎Simbi Makaya. 

▪︎Simbi Andezo.

▪︎Simbi Afriken.

▪︎Simbi Maza. 

▪︎Simbi Kita.

▪︎Simbi Dlo. 

▪︎Simbi 3 ile.

▪︎Simbi Anpola. 

▪︎Simbi fèy.


☆Nou gen kèk Gad kafou tankou. 


▪︎21 Pwen kafou Laye Bwa.

▪︎Simetyè Houndile.

▪︎Kafou 4 chemen. 

▪︎Simetyè Boumba. 

▪︎Kafou 3. 

▪︎Kafou Gidi gidi.

▪︎Mèt Kafou Kengendeng.

▪︎Kafou toro bann.


▪︎yo tout sou dimansyon Pwen e Gad alafwa.


▪︎Simbi Kita. 


Pami non kèk Gad ki Anrejistre nou genyen: 


▪︎Gad Anminan.

▪︎Gad Kandelo.

▪︎San Sekou.

▪︎Kriminèl.

▪︎Twa île.

▪︎Toro Dichèn 

▪︎Adogan.

▪︎Woz anfè.

▪︎Sanyile.

▪︎Nou gen Dagwe. 

▪︎Amesiyòl ki sou dimansyon Gad e alafwa Lwa.

▪︎Djab andèy ki sou dimansyon Pwen alafwa. 

▪︎Gran Bwa Medji.

▪︎Mèt Gran Bwa ile ki sou dimansyon Lwa alafwa. 

▪︎Grann Madoudou Kedji.

▪︎Jak tibwa Kento ki sou dimansyon pwen tou. 

▪︎Dam lave.

▪︎Grann Zingga.

-Manbo Layide.[26/2, 9:32 a.m.] +509 32 20 8913: Enpòtans Lave men nan Vodou 


Èske nou te konnen lave men nan vodou ayisyèn nan: vle di anpil bagay pou nou?


Lave men se senbòl netwayaj, pite, e li se yon rityèl de pirifikasyon tou, kote nou retire tout kalte enèji negatif ki nan men an. 


Pa bliye nan bay lanmen, nan touche lòt objè fizik nou ranmanse anpil bagay ki pa fin bon pou kò nou ak sante nou, ki ka pwodui anpil gwo maladi. Elatriye. 


Isit an ayiti nou konn tande yo konn ap di nan sosyete a, a men entèl lave wi, oubyen yo lave men entèl. 


Kisa bagay sa vle di? 


Ebyen fraz sa gen anpil sans ladan l. Lè yo di yon moun sa, li vle di yon moun lajan pase nan men l vit, vit, li pap ka kenbe kòb nan men l, lajan pa rete, li depanse san kontwòl. 


Konsa tou li konn vle di yon moun ki pa manyen lajan souvan tou. Yo itilize fraz sa pou moutre ke moun sa pa konn jere lajan. Lajan pase nan men l lit lit tankou dlo elatriye. 


Lè nou ap fè sèvis nan vodou, nou tout lave men anvan tout bagay kòmanse. Se jis pou nou te ka pirifye tèt nou devan lwa yo, nati a. Se konsa pou n al pale avèk fòs kosmik yo san okenn salte. 


Pa bliye dlo se yon gwo fòs li ye pou nou nan vodou a dlo se lavi, nou fèt ladan l e n ap retounen nan li ki se sous enèjetik nou. E fèy yo vle di anpil bagay tou, se nan tè a yo sòti yo gen lavi nan yo tou. 


Se youn nan rezon w ap toujou jwenn nan tout seremoni vodou k ap fèt nan sosyete a, w ap jwenn yon moun nan baryè a kanpe avèk yon gode blan nan men l epi yon kivèt emaye plen fèy ladan l l ap vide sou men ou anvan ou rantre nan espas tanp la (peristil). 


Se jis pou lave men ou, retire salte nan yo, epi pou nou pirifye ou, lòt fasèt li genyen ladan l ankò se fasèt ijyenik la (sanitè) sa vle di nou pap kite okenn viris bakteri ki enpi rantre andedan tanp lan konsa konsa pou vin deranje moun k ap penetre espas sa.


Paske chak bagay yon vodouvi fè li gen rezon ak sans li. 


Jan de ben-y sa yo konn sèvi kòm pirifikasyon tou lakay nou nan fanmi an pou n sèvi ok. Paske gen fèy nan bwa pou tout kalte mikwòb ki nan men nou, nou itilize yo pou n fè prevansyon. 


Dlo pou lave men an se yon ben-y li ye tou. Ben-y sa yo konn fèt avèk bon dlo ki pwòp, fèy nan bwa, pafen ak lwil ki fèt pou sa.


Gen kote yo konn bay savon lave san sèvi pou lave men yo selon regleman lakou oubyen kay la. 


Koze lave men an se vodou ayisyèn an ki vini avèk li nan sosyete a byen avan se pa jounen jodi a bagay sa la nan peyi a. Se youn nan rezon nou gen yon langaj ki di konsa (nou lave men nou byen pwòp pou manje avèk tout granmoun, ti moun ki respekte prensip la) sa vle di kesyon sanitè a nou ba l anpil valè nan sosyete a (vodou) , se pa lòksidan k ap vin aprann nou kijan pou n lave men nou, y ap di nou lave men nou pou n pa pran nan kolera ak kowonaviris, sou baz se yo ki vin moutre nou kijan sa fèt ak pwodui chimik.


Ebyen lòksidan nou te konn regleman sa byen anvan ou tande nan mond lan. Paske depi ou se vodouvi ou ye ou dwe konn sa deja, li se prensip # 1 an pou nou. 


Vodouyizan yo konn sa k rele pwòpte, se sa k fè nou toujou fè moun yo lave men yo avan yo fè kwakseswa a nan sèvis la. Nou pap manje anyen san lave nan men moun. Se avèk bagay ki pwòp ki pur nou sèvi anndan mod de vi sa kise vodou. 


Epi tou lè nou di, nou lave men nou nan yon dosye sa vle di nou inosan nan sa k ap fèt la, nou sòti pwòp ladan l. Nou pa sal ladan l. 


Map konkli pou m di nou koze lave men an, se nou ki vini avèk li anvan tout lòt sèk sa yo k ap vin di lave men an, si pèp ayisyen an t ap swiv regleman (prensip) vodou a gen dè bagay se pa zòt ki t ap vin aprann nou kijan pou fè sa jodi a nan peyi a. Bagay la pa tap janm rive la. 


Sonje se pa sèlman men nou ke nou lave nan vodou a, nou lave kò nou, pye nou, tèt nou, kay nou, biznis nou, nou lave ti moun yo. Paske nou pa sèvi ak bagay ki sal. Nan Vodou a , nou sèvi ak tout sa ki pwòp e ki santi bon nou menm vodouvi. 


Nou lave men nou chak jou, trè souvan pandan yon jounen. 

Paske lave men se regleman pa nou li ye. 


Pandan ou fin li mesaj sa sonje lave men ou byen pwòp dlo ak fèy.

[27/2, 10:32 a.m.] +509 32 20 8913: Kouzen zaka



Ki lòt non lwa kouzen ou jwenn ?

Nan ki fanmi lwa li soti?

Ki koulè li pi renmen?

Ki jou yo sèvi li?

Ki senbòl oswa vèvè ki reprezante li?

Ect.....


Orijin ak Fanmi li

Li fè pati nanchon Rada, ki se lwa ki jeneralman dous, kalm, epi ansyen.

Yo konsidere l tankou yon kouzen tout moun, se poutèt sa yo rele l “Kouzen”.


Gen moun ki di li soti nan tradisyon Lafrik (Dahomey/Benin), men li vin pran fòs espesyal nan lavi riral Ayiti.

🌽 Senbòl ak Sa li Reprezante

🌱 Travay latè & agrikilti

💪 Onètete ak travay di

🧺 Abondans ki soti nan swe fwon

👨🏾‍🌾 Respè pou peyizan ak moun andeyò

Li montre ke richès pa sèlman lajan, men se manje, tè, ak diyite.



👕 Aparans li lè li “desann”

Lè Zaka pran yon moun:

Li mache tankou yon peyizan.

Li mete rad karo, chapo pay.

Li pote yon ti sak (yo rele l “makout”).

Li konn mande manje tankou mayi griye, pistach, bannann.

Li pale anpil, pafwa li fè blag.


Dieuma lakou djab andèy[27/2, 6:32 p.m.] +509 36 22 4587: Pou pote chans ak pwoteksyon anndan lakay ou:


W ap bezwen 21 grenn alimèt tèt wouj.

21 grenn wowoli 

7 grenn sèl.


Mete tout nan yon bwat alimèt mare l nan fetay kay la.

[27/2, 6:32 p.m.] +509 36 22 4587: Enpòtans fèy Lorye


Si w gen yon bagay enpòtan pou w regle nan demen maten, li bon pou w dòmi avèk fèy lorye anba zorye w. Lè w fè sa li mete tout enèji pozitif ki anndan w an bran l, konsa yo ka vin gide w nan dòmi. Moutre w chemen an ede w pran bon desizyon. Se yon boustè pou entwisyon w.


Si w anvi konn kisa yon moun ki nan antouraj ou panse de ou, ke se fanm zanmi ou menaj. Pran fèy lorye a kenbe l nan men dwat ou site non moun sa twa fwa, epi mete l anba zorye w al dòmi. Y ap vin di w ekzakteman sa w sipoze konnen an nan rèv ou.

[27/2, 6:32 p.m.] +509 36 22 4587: Fèy lorye. 


Pou w fè biznis ou mache, mete fèy lorye nan tiwa biwo bifèt oubyen kontwa ou. Simen fè w yo tout alantou biznis lan.


Mache ak fèy lorye nan pòch ou, mete 3 fèy nan bous ou. Sa elwanye negativite sou ou, epi l atire lajan anpil. Lè w gen fèy sa sou ou malfektè ki vin sonde w ap panse w gen gwo pwen wi podyab 😆😆.


Si w swete yon bagay reyalize nan vi w pi vit posib, ekri l sou yon fèy lorye epi boule l.[27/2, 6:43 p.m.] +509 36 22 4587: ▪︎PALMIS : Senbòl fyète, lajwa, ekilib, libète ak byennèt...repozwa Ayizan Velekete.


▪︎MONBEN BATA : Senbòl elegans, afektye e an menm tan nayif. Repozwa gwo lwa, yo souvan mare fanm ak gason ladan l. Kilòt ou kalson yo toujou jouke ladan l...e se menm Monben ki ka bay solisyon an ankò.


▪︎SIWÈL : Bèlte, pirifikasyon, tandrès. Se repozwa MÈTRÈS ÈZILI FREDA...kase makaya l pou beny sou non FREDA.


▪︎KAYIMIT : Senbòl etwal, imòtalite, rezistans. Gwo van pa fè grenn kayimit pè. Nou dwe rete djougan menm jan ak grenn kayimit devan move moman.

[27/2, 7:30 p.m.] +509 36 22 4587: ▪︎kOKOYE : Senbòl klèvwayans, pirifikasyon, lapè enteryè, bonte, detant. Fri kokoye se meyè fri pou fè lavaj tèt.


▪︎MANG : Senbòl lanmou, sajès ak fòtin...li toujou bon pou w plante l nan mitan lakou w, si w ap mache nan lannwit epi move zè bare ta bare w, si w jwenn yon pye mango rantre anba l, ou tou jwenn lapè.


▪︎ZABOKA : Senbòl sante, bote, pwisans seksyèl, repozwa PAPA DANMBALA.


▪︎ZORANJ : Senbòl kominikasyon, pwisans, vitalite, pwoteksyon. Li rekòmande pou toujou ansanse andedan kay ou ak li.

[27/2, 7:30 p.m.] +509 36 22 4587: ▪︎KOTON : Senbòl lapè, sajès, byennèt, senbòl maskilen ak feminen sakre. Chak ou koupe yon pye koton se tankou w te tchwe yon moun.


▪︎BANANN : Senbòl fanmi, eritaj familyal, rasanbleman. Manje sou fèy bannann se bagay sakre nan tradisyon nou.

[27/2, 7:30 p.m.] +509 36 22 4587: ▪︎KANPÈCH : Solidite, rezistans, Koryasite.


▪︎BWATCHENN : Senbòl tonnè, grandè, otorite. Repozwa AGAWOU


▪︎KAJOU : Senbòl reparasyon, bote, souplès, fanm.


▪︎BENZOLIV : Senbòl vitalite, fòs, tenasite, pirifikasyon...li difisil pou anpeche benzoliv releve. Nou ka fè referans ak benzoliv lè TOUSEN LOUVÈTI te di : "rasin nou anpil, e yo nan fon latè y ap fini pa repouse menm si w ta koupe bwa a".

[28/2, 7:53 a.m.] +509 32 20 8913: Priyè pou Èzili Je Wouj ❤️🕯 (jou Samdi)

Fèl ak on balèn rouj 


Manman Je Wouj,

Fanm dife, fanm jistis,

Mwen rele w nan moman sa a.

Lè enjistis ap monte ,

Lè mechan ap fè konplo pou yo pranm

Pou yo atekem,

Kanpe devan mwen pou protejem 

Atake tout moun kp pesekite m yo manman 

Itilize ponya ou an 

Wouj nan je w se pa rayi,

Se verite,

Se kòlè ki leve pou defann pitit.

Si gen men ki lonje pou frape mwen,

Koupe men sa sou mwen.

Si gen bouch ki leve pou sal non mwen,

Fè lang sa lou tankou chenn.

Manman je rouj,

Banm m fòs pou m kanpe pi fò lè mechan yo dè touye mwen ,

Banm mwen kouraj pou m pa bese tèt devan moun kp pale mal yo,

Banm mwen dife w la pou m chase fènwa ki sou rout mwen.

Nan lajounen, veye sou mwen kont tou atak .

Nan lannwit, mache ak mwen 

Lè mechan yo barem rann mwen envisib devan je yo.

 batay kont tout sa vizib ak envizib kap atekem 


Fè m soti viktorye nan tout sa mechan ap fè dè dom

Paske mwen se pitit ou èlzilie je rouj,


M konnen wp toujou la avèm e ou pap kite pitit ou pa mache pou kont li. ❤️🕯🔥








                                                                                  #: VODOUYIZAN AN AKSYONÈzili Je Wouj



👑 Kiyès li ye?


Se yon aspè ki cho, konbativ, pwotektris nan fanmi Ezili a.


Yo rele li “Je Wouj” paske li senbolize kòlè jistis vyolans ak vijilans manman k ap defann pitit li.


📍 Kote li renmen rete?

Nan rit Petro, kote gen enèji fò, dife, ak sèvis pwoteksyon.


Yo souvan asosye l ak fòs nasyon Kongo nan Vodou.






                                                                                   dieuma lakou djab andèy[3/3, 8:38 a.m.] +509 32 20 8913: pa fe lanp avek dekourajmam paske lwil pa boule pou gran mèsi. rezilta ap tonbe kanmenm

se byen monte lanp ou 

Bon Èzili Dantò

[3/3, 8:39 a.m.] +509 32 20 8913: enpotans kout papye nan Vodou


li enpotan nan tout aktivite Vodou wap fe ou dwe fe Yon kout papye pou adrese ak lwa Bitasyon yo sa ap pemèt ou an kontak direk.


gen plizye rezon Yon moun ka fe 

ou ka Fel le ou ap fe Yon tretman


ou ka Fel le ou ap mare Yon moun swa mennaj ou


ou ka Fel pou rale bitasyon ou


gen lot rezon


ou vle konn fe kout papye ebyen swiv nou



MÈT dieuma lakou djab andèyNan sistèm Vodou ayisyen an, lè yo pale de 121 nasyon ak 401 lwa, se pa yon lis ki ekri youn pa youn tankou yon liv non. Se yon fason senbolik pou montre kantite fòs espirityèl ki egziste ak jan yo òganize yo.

M ap detaye l pou ou klè 



 121 Nasyon nan Vodou

"Nasyon" vle di fanmi oswa gwoup lwa ki soti nan menm rasin espirityèl oswa menm zòn nan Lafrik.



 1. Nanchon Rada

Soti sitou nan Dahomey (Benin)


Lwa yo dous, fre, pote lapè


   Egzanp

Dambala, Ayizan, Erzulie Freda


Yo mache ak enèji dlo, lalin, lasajès.



 2. Nanchon Petwo

Fòme Ayiti apre esklavaj


Lwa cho, rapid, defansè


   Egzanp

 Ezili Dantò, Ogou Feray (fòm Petwo)

Yo mache ak dife, revolisyon, pwoteksyon.



 3. Nanchon Kongo

Soti nan zòn Kongo (Afrik Santral)

Lye ak lanati, lespri dlo, maji rasin

Egzanp: Simbi, Gran Bwa


 4. Nanchon Nago

Soti nan tradisyon Yoruba

Lye ak fòs, batay, disiplin


    Egzanp: 

Ogou Nago

Gen lòt nanchon ankò tankou:

Ibo

Ginen

Wangol

Sen Jan

elatriye…



 121 nasyon vle di gen anpil branch ak sou-branch espirityèl.


 401 Lwa – Kisa sa vle di



Nan Vodou, yo di gen 401 lwa.

Sa pa vle di egzakteman 401 non ekri.

Siyifikasyon mistik li:

400 = kantite san limit (nan tradisyon Afriken)

+1 = Gran Met la, fòs siprèm lan

Kidonk 401 vle di: 👉🏾 Lwa yo pa gen limit. 👉🏾 Fòs espirityèl yo pa konte.



🔢 Ki kote chif sa yo soti?


Chif yo soti nan:

Tradisyon Fon & Yoruba

Senbòl mistik Lafrik

Kwayans ke linivè gen plizyè nivo espirityèl

Nan kilti Yoruba yo, yo konn itilize 200, 400 kòm siy kantite enfini.

 Estrikti Espirityèl la

1 Bondye siprèm (Bondye Granmèt)

Lwa yo se entèmedyè

Yo divize an nasyon

Chak lwa gen:

Veve pa li

Koulè pa li

Manje pa li

Jou pa li

Ritm tanbou pa li

Si ou vle, mwen ka:

Ba ou lis gwo lwa prensipal yo


Oswa eksplike diferans 21 nanchon ak 121 nanchon[9/3, 7:15 p.m.] +509 36 22 4587: Si tout fwa Nou gen yon moun Nou ki Tere nan bitasyonl Nou Vin arive gen yon moun ki malad pa Ale avèl Kay ni bòkò ni manbo al sou tonb SA nan bitasyon pwan yon ponyen fèy Monben bata al sou tou tonb rele non mò 7 fwa epi benyen maladi a latèt o pye epi bal maladi a depoze Limyè sou tonb epi moun sa trete Pou lavi ....

[9/3, 7:15 p.m.] +509 36 22 4587: Fèy lorye. 


Pou w fè biznis ou mache, mete fèy lorye nan tiwa biwo bifèt oubyen kontwa ou. Simen fè w yo tout alantou biznis lan.


Mache ak fèy lorye nan pòch ou, mete 3 fèy nan bous ou. Sa elwanye negativite sou ou, epi l atire lajan anpil. Lè w gen fèy sa sou ou malfektè ki vin sonde w ap panse w gen gwo pwen wi podyab 😆😆.


Si w swete yon bagay reyalize nan vi w pi vit posib, ekri l sou yon fèy lorye epi boule l.

[9/3, 7:15 p.m.] +509 36 22 4587: Resèt enpòtan. 


▪︎Fanm ki pa ka ansent= manje 7 a 21 grenn siwèl pa jou pandan 21 jou, apre sa pran kòs siwèl mare ak sitwonèl bouyi bwè. siw bezwen 2 timoun pran 2 kòs, si se youn yon sèl kos, pa met anpil. 


▪︎Moun ki an pèdisyon= mete 21 Tikal lalwa nan yon diven ak 7 ti moso bwapen bwèl pandan 7 jou maten swè. 


▪︎Moun ki gonfle= bouyi fèy degonfle bwe 2 tas.

[9/3, 7:15 p.m.] +509 36 22 4587: Resèt pou moun men lave. 


Ou remake lajan pa ka rete nan men w e ni li pa antre fasil. 


Malfektè moute lajan oubyen rale lajanw. 


E konsa tou siw te resevwa yon move kòb oubyen move lamen moute ebyen nenpòt jan sa ye menw anvoute ak move enèji. 


Ebyen si men w lave ou pa gen mwayen pou al kay yon konnnen ki pou edew ak sa. 


Men sa w dwe fè. 


Yon lit dlo, bouyi li ansanm ak fèy pèsi a. 


Mete li tyèd avanw sèvi ak li. 


W'ap pran menw lave li fwote sèlman fèy pèsi a, pa kite dlo a tonbe atè, pran yon veso pou konsève dlo a. 


Lè w fini ak li, ou pral jetel swa nan yon lanmè oubyen kalfou, konsa tou nan yn basen dlo. 


Apre w'ap pran sèl ak sitron byen frote men ou. 


Pire ji sitron an byen pire masaye men nou ak sèl la . 


kitel seche ladann. 


Apre pran yon ti florida pase nan menw . 


Prezante 2 menw ak lanati dil ou prè pou resevwa tout sa ki bon an tèm de lajan.

[9/3, 7:15 p.m.] +509 36 22 4587: Siw bezwn jwnn jistis ou avk yon moun kp palew mal toutan wp pran 3 fèy joumou wp ekri nom moun nan sou tou le 3 aprè wp boulel wp simen jijiri sou li pandan lap boule ya aprè pran rès ma yo ale lage yo nan rivière oubyn dlo kouran

[9/3, 7:15 p.m.] +509 36 22 4587: Kont maldyok pou timoun Friksyonel ak konpozisyon sa. 


7moso lalwa 

7 grenn sel lanmè

1 tèt lay violè 

Melanje yo ak luil maskreti 


Epi lapè

[9/3, 7:15 p.m.] +509 36 22 4587: Resèt mistik. 


Pou demare tèt: si ou marye, w ap pipi sou bag maryaj ou yon jou vandredi maten avan solèy leve epi wap limen yon balèn blan wap fè 4 fasad wap pale ak bitasyon w pou yo vin ede w.


Ou ka pran premye kotèks ou lè ou gen peryòd, pase l nan tout figi w, nan tout kò w pou si se ak kotèks ou yo mare w. 


Ou ka pran yon kilòt ou ki byen sal, brile l, pran sann nan mete bouyi, bwè 3 gòje benyen ak rès la. Pou si se ak kilòt ou yo mare w. 


Gen 2 fwa tou ou k'a limen boukan bwapen pou bossou, oubyen fè yon boukan pou kafou mande l pou l ba w pase, janbe boukan an 3 fwa mande pou dife a rechofe w, pou pa fwèt ankò. Gen de fwa se yon kote yo mete w ap glase mofi pou pa wè pou pa tande.

[9/3, 7:15 p.m.] +509 36 22 4587: Resèt pou fwaye. 


Si w bezwen gen lapè nan fwaye w. 


• W ap leve yon jou vandredi oubyen yon jou jedi (lune montante) oubyen (pleine lune), w ap pran fèy kowosòl epi w ap fwote l nan yon kivèt blan, w ap vide siwo kann ladan l, w ap wouze kay la 2 fwa rantre, 1 fwa soti, w ap wouze kay la pandan w ap mande lapè.

[9/3, 7:15 p.m.] +509 36 22 4587: Pou pote chans ak pwoteksyon anndan lakay ou:


W ap bezwen 21 grenn alimèt tèt wouj.

21 grenn wowoli 

7 grenn sèl.


Mete tout nan yon bwat alimèt mare l nan fetay kay la.Bitasyon


Definisyon : Bitasyon se gwo tè oswa gwo domèn kote yon fanmi, sitou nan epòk kolonyal la ak apre endepandans, te konn viv ansanm. Souvan se te tè eritaj fanmi an ki rasanble tout pitit ak pitit pitit yo.


Karakteristik :


Sou bitasyon an, gen plizyè kay, tout fanmi an reyini.


Se yon espas kolektivite ki sèvi kòm sant fanmi ak tradisyon.


Nan anpil ka, se sou bitasyon an yo konn fè sèvis Vodou, fèt fanmi, ak rityèl.



Wòl Bitasyon an :


Kenbe fanmi an ini.


Sèvi kòm baz ekonomik (kiltivasyon, bèt).


Sèvi kòm espas transmisyon konesans, tradisyon, ak memwa kolektif.


Demanbre


Definisyon : Demanbre se lè tè ki te konn fè yon sèl gwo domèn (bitasyon) divize, chak branch fanmi pran yon pati pou kont li. Se yon jan tè a dispatche.


Karakteristik :


Chak manm fanmi vin gen yon moso tè apa.


Lyen kolektif fanmi an souvan vin pi fèb.


Gen mwens espas pou rasanbleman ak gwo seremoni kolektif.



Wòl Demanbre a :


Bay endividi plis libète sou tè pa yo.


Men sou lòt bò, li ka kraze inite fanmi an ak tradisyon ki te mare sou bitasyon an.


Sou plan sosyal, li ka fè "rasin kolektif" yo pèdi fòs.



 Rezime💁‍♂️ :


Bitasyon = inite fanmi kolektif, tè ak lavi ansanm.


Demanbre = tè yo divize, chak moun pran pou kont li, sa fè inite fanmi an vin pi fèb.


*CEMA*Sa nou dwe konnen de Pye atè nan vodou. 


Pye atè nan mond mistik la vle di koneksyon ak manman enèji sa, vle di koneksyon ak sous nou.


Nan pye atè ou konekte ak enèji bitasyonw ak enèji ki antourew.


A note, ou konekte ak ni bon ni move enèji tou lè sa. Men se ou ki pral konn ki enèji ou vle kapte.


Nan tout sèk spirityèl, pye atè gen yon pakèt enpòtans, tè deja se matris mond la tout bagay soti a pati de la tè. Tank ou pi prè li fizikman ou kapab kapte plis enèji ak fòs. 


Pye atè senbolize libète, fòs, pisans, rébelyon, E sak fè lè yon moun antre an kolè li toujou gen tandans frape pye atè e gran moun yo konn di tou pa kite yo frape pye yo atè pou ou.Ogou Badagri


Li se papa Ogou Feray. 


Papa Ogou Badagri se Obatala. 


Badagri se non yon vil kotyè ke nou jwenn Nijerya. 


Ogou Badagri se yon lwa Nago.


Li se chèf tout Ogou yo. 


Badagri siyifi asasen an Yoruba. 


Li gen alyans ak Èzili Freda. 


Diferans ki genyen ant Ogou Balendjo ak Ogou Badagri


Badagri se chèf tout Ogou ki soti nan dlo, li se vibre sou eleman dlo. 


Feray se chèf tout Ogou ki eleman fè yo. 


Badagri se yon lwa woule m' de bò. Sa vle di lè lwa sa ap manifèste lè ou wè li ri se fache li fache, lè w wè li move se kontan li kontan. 


Li se yon espri ki trèt.


Li mache ak Ogou Balendjo, Ogou Batala, Ogou Balenmi, Ogou Badjoman Oba. 


Gen anpil fwa yon moun konn gen Badagri lwa a konn chanje nan tèt moun nan an Feray. 


Konsa tou li konn vini an Feray epi li chanje an Badagri, oubyen an lòt Ogou. 


Se chante yo ki pral fè w konnen ki Ogou ki la.


Paske Ogou Badagri mache ak 7 frè, Oba, Obi, Olisha, Doutou, Pyewo, ak Omiba.


Senkretis konnen l' sou non sen Jak Majè. 


Li sèvi ak mouchwa wouj ou blan. 


Li bwè wonm. 


Rad li kòm yon jeneral, se yon kostim kaki ak zepòlèt.


Li pote bag lò ak pyè wouj. 


Li manje kòk wouj, diri ak pwa wouj. 


Li jalou anpil, anpil, gen kwayans ki fè konprann si yon fiy gen alyans ak Badagri ou pa rèspèkte jou l', mari w ap bouke pran so kabann. Paske l' pa jwe. 


Nan anpil Bitasyon w'ap jwenn 2 cheval, yon blan pou Badagri, lòt la koulè wouj pou reprezante Feray. 


Li sèvi ak koulin, sab.


Li sèvi ak rèv dò, Florida. 


Li se yon konbatan, li ede w konbat pwoblèm, imilyasyon. 


Li reponn fanm pi fasil ke gason. 


Li se yon politisyen. 


Li se yon òm politik. 


Pou remèsye l' se yon kòk Wouj.


Pou Envokasyon l' wap bezwen balèn wouj, oubyen ou ka fè lanp pou li ak lwil Akasia.


Gen kote yo venere l' jou Mèkrèdi, gen lòt kote tou se kou jedi. 


Mo sakre l' se Awochenago.Nan Vodou Ayisyen, Ogou se yon lwa ki reprezante fòs, kouraj, ak gè, li se yon lwa ki souvan asosye ak batay, defans, ak pwoteksyon kominote. Lè w fè rityèl oswa sèvis pou Ogou, kèk eleman tankou manchet, rhum, ak kok gen yon siyifikasyon espesyal. Men yon ti eksplikasyon:


1. Manchet pou Ogou


Manchet se yon ti pen oswa yon ofrann manje ki reprezante respè ak devosyon pou lwa a.


Lè ou remnen tire manchet pandan sèvis, sa senbolize: 


Ofri manje pou ranfòse Ogou


Koneksyon avèk enèji li: manje sa a se yon mwayen pou lwa a resevwa fòs ou ak devosyon ou


Patisipasyon nan rityèl: li montre disiplin, respè, ak rekonesans


2. Rhum pou Ogou


Bwè rhum oswa ofri li Ogou se yon fason pou: 


Fè li kontan, paske rhum se youn nan bwason sakre li renmen


Ranfòse enèji lwa a pandan sèvis


Senbolize fòs ak kouraj, paske Ogou se lwa gè ak aksyon


3. Kòk la pou Ogou


Kòk se yon senbòl fòs, bravou, ak atansyon. Pou Ou ak Ogou, li reprezante: 


Vigilans: tankou kòk ki reveye chak maten, Ogou toujou ap veyew ak pwotejew


Fòs ak brav ou: kòk la montre pouvwa ak determinasyon, menm jan Ogou nan batay


Pwoteksyon: kòk la ka sèvi kòm yon senbòl espirityèl pou chajew ak lwa a pou enèji pwoteksyon


4. Konbinezon nan rityèl la


Lè ou mete ansanm manchet, rhum, ak kòk, sa kreye yon rit fò, kote:


Manchet : Fòs Ame


Rhum = plezi ak ranfòsman enèji


Kòk = fòs, vigilans, ak pwoteksyon


Sa fè Ogou santi li respekte, kontan, epi li plis dispoze pote favè oswa pwoteksyon pou moun ki fè sèvis la avèk kè sensè.Liminasyon Se pi bon bagay ki ka ba nou klète sou rout nou ak lwa bitasyon n yo

Lè nou konnen lwa nan bitasyon nou chwazi pa fè tèt Cho .Tann mèt nou gide nou pa prese pase yo.

Sonje depi lèw tap grandi nan lakou a ki tip liminasyon yo grandèt yo te kon aprann nou ki fason yo te konn montre nou retire grèn koton an kijan yo kon montre nou roule mèch nou oubyen limen mèch nou 

AyiboboAvadra Gran Chimen 

Se dimansyon Legba ki nan rout oubyen chemen ki se 3em dimansyon Legba aprè Legba Lakou, Legba Lento, ak Legba nan Baryè. Li pote non Avadra ki vle di san abri, san kay paske se nan Gran chemen li rete. Li jwe yon ròl enpòtan paske san limenm ou paka antre an connection ak Kalfou lè wap fè wanga paske se kafou ki pou baw passage pouw fè nenpòt Wanga dèyè yon moun. Couleur li se rouj e nwa, li bwè anpil rum, gen lakou ki ba li gri e nwa. Li manje tout sa Legba nan baryè manje. Yo renmen ranje kola, sirèt, maïs griye, pistach griye bò rout la pou li. Siw konn fè zòn provens yo wap wè sa anpil. jou li se Mercredi

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka