Enpòtan

 [23/3, 11:27 p.m.] +509 33 74 5058: jodia Mwen pral pale nou de monte feray


nan Latibonit lakay mwen m konn wè plizyè ougan oubyen manbo ap monte feray

pa kiryozite m prale edew konprann kèk bagay 


Feray se yon pens ougan ak manbo yo itilize swa nan mitan lakou a oubyen sou kote lakou a

sa pral depan de kite yon jwenn espas


Lèw joule feray ou oubyen plase feray la 

li gen plizyè aspè


1- pou malfèktè paka jwe ak lakou a

2- pou Lakou oubyen pwen an ka mache

3- pou tretman ka fèt pi fasil

4- ou byen espedisyon travay lakou ka rive pi vit tou


gen moun ki plase Feray ak 

yon ze 

yon kok ki batay genyen nan gagè deja

sèl, pwav, siwo kann, kouto, kiyè fouchèt

papye tenmbwe ekri..bwapen...

tout manje bouch manje

diri ak pwa kole


gen neg nan akayè ki mete chyen 

chat...

m pakonn ki rezon non mezanmi


tout sam dila yo sim map monte yon feray pou yon moun lè mal fè sèvis bay lwa manje pou yon moun si lakou a pat gen jouk feray la menm

majorite sam sot site la yo m sèvi ak pifò


Yon chante

pouvwa nan dòmiw ye

papa reveyew

nan dòmiw ye nou pral reveye

[23/3, 11:27 p.m.] +509 33 74 5058: Lèw Desounen yon mò, ou separe lespri ak angajman li te genyen sou tè a,ou detache li se byen materyèl,ou edel retire nanm nan ak lespri a nan prizon kò fizik la.Ou libere nan m sa poul pa ret devan bawon kòm yon vadra kote nenpòt malfektè ka itilizel kont fanmi an oubyen yon lòt moun,li ede moun nan pa tounen zonbi oswa rete Yon dominasyon ou pèsekisyon nan fanmi an


NB: Gen mò si'w pa desonnenl li pap jwenn repo,li ka vin vin gros danje oswa chemen fè nwa pou fanmi oubyen pitit li.Li pap ka pwoteje fanmiy li kont oken danje ni ede fanmi sa avanse.


Lè wap desonnen Gad sa son fason pou moun nan ale devan jij natirèl li san okenn problem 


Si wap fè evèn nan oubyen wap bay gad yo manje 

Aprè 9 jou priyè evèn nan 


Se 3 gad ki pi enpòtan nan kèk zòn latibonit 

1- Gad kongo 

2- Gad simbi andezo

3- Gad anminan 


3 krich 

Youn abiye anblan 

Youn an wouj

Lot la an ble wouj e blan


3 poul 

Yon poul jòn pou gad kongo 

Yon poul blan 

Pou simbi andezo

Yon kòk frize pou 

Anminan


Poul frize a limenm lap krit pou fè sa

[23/3, 11:27 p.m.] +509 33 74 5058: Priyè pou Marasa ak Djò

Marasa yo, timoun sakre,

doub benediksyon ki pote limyè nan lavi nou,

nou rele nou jodi a ak respè ak lanmou.

Nou menm ki pote inosan, fòs, ak verite,

vin mache ak nou nan chak pa nou fè,

lè lavi vin lou, lè chimen vin difisil,

ban nou kouraj pou nou kenbe fèm.

Djò, lespri fòs ak pwoteksyon,

ou menm ki leve moun lè yo tonbe,

vin mete dife kouraj nan kè nou,

pou nou pa janm dekouraje devan eprèv.

Marasa yo, pote lajwa ak benediksyon,

louvri pòt chans pou chak moun,

mete lapè nan lespri nou,

mete fòs nan kò nou,

ak limyè nan chimen nou.

Djò, veye sou nou lajounen kou lannuit,

pwoteje nou kont tout move enèji,

fè nou vanyan, fè nou djanm,

pou nou ka avanse san pè.

Ke chak moun ki tande priyè sa

resevwa fòs, kouraj, ak benediksyon,

jodi a, demen, ak pou tout tan.

Ayibobo! 🙏🔥✨

[23/3, 11:28 p.m.] +509 33 74 5058: 🔥 AVADRA GRAN CHEMEN 🔥




🌍 Siyifikasyon non an

Gran Chemen = gwo wout, prensipal direksyon lavi

Reprezante chemen moun ap suiv nan lavi ak nan desten yo


⚖️ Nati ak enèji li

Ouvèti chemen 🚪

Desizyon ak direksyon lavi 🧭

Mouvman ak pwogrè 🚶🏾‍♂️

Dirèk, rapid, pafwa sevè

Pa renmen moun ki:

Pa klè sou sa yo vle

Ap jwe ak espirityalite


🚪 Relasyon li ak Legba

Papa Legba → louvri pòt la (ant mond espirityèl ak mond fizik)

Avadra Gran Chemen → montre ki chemen pou pran apre pòt la louvri

Legba = kle 🔑

Avadra = direksyon sou wout la 🛣️

🔥 Nanchon (rasin espirityèl)

🔴 Petro → fòs, vitès, travay ki mande aksyon

⚫ Kongo → koneksyon ak tè, zansèt, ak chemen lavi

Ka konsidere kòm yon lwa melanje (hybrid) nan kèk sosyete

                                                  *#: VODOUYIZAN AN AKSYON*


🎨 Koulè (pa totalman fiks).                        

Wouj 🔴

Nwa ⚫

Pafwa mawon

🕯️ Ofrann

Bwason

Kleren (tafya) ✔️

Ròm ✔️

Pafwa kafe

Lafimen

Sigarèt ✔️ (pi komen)

Sigar (mwens itilize)

Manje ak gou fò

Piman ✔️. *#: VODOUYIZAN AN AKSYON*

Manje boukannen / cho / sale ✔️

Manje senp

Pen ✔️


Lòt manje senp moun ka pote sou wout

Bagay yo mete sou wout

Pyès lajan ✔️

Ti objè senp

🛣️ Kote yo sèvi li

Kalfou (kwa wout) ✔️

Sou gran chemen ✔️

Devan baryè ✔️. *#: VODOUYIZAN AN AKSYON*



⚙️ Sa li ka fè (domèn aksyon li)

Louvri chemen travay 💼

Retire blokaj nan lavi 🚫

Bay direksyon nan lavi 🧭

Akselere rezilta ⏩


⚠️ Karaktè lwa a

Dirèk

Rapid

Sevè si pa gen respè

Pa renmen: ezitasyon, manti, jwè ak espirityalite


🔑 Leson li pote

Fè chwa klè

Konnen kote w prale

Pa mache san direksyon

Li di: “Chwazi wout ou… epi mache ladan l san pè.”



📌 Ti rezime

Lwa chemen ak direksyon

Travay ak fòs rapid (Petro/Kongo)

Konekte ak kalfou ak desizyon lavi

Konplete travay Legba

[23/3, 11:45 p.m.] +509 33 74 5058: Vodou se prensip, Siw vle amonizew ak lwa yo ou sipoze komanse kiltive sajès.


Pou komanse ou sipoze amonizew ak ou menm an premye apresa antouraj ou, Ou sipoze kreye on bon relasyon ant ou ak lanati.


Ou sipoze medite souvan pouw grandi spirityèlman, lèw ap liminen se pa byen materyel pou wè an premye. 

Materyèl la enpòtan men grandi spirityèlman bon tou, fòk ou fè ekilib nan mitan de bagay sa yo.


Aksepte kew bezwen byen materyel la pouw nouri fizik la, e aksepte ke spirityèlman ou bezwen nouri tou.


Ou sipoze aktif 

Ou sipoze tande plis gade plis e pale mwens, aprann sa chak mo kap sot nan bouch aw konte, yo gen gwo enpòtans ak gwo efè se sak fè menm siw ap pale mwens pale sa ki enpòtan pou pale.


Vodou se pa selman pale de ogou de dantò bitasyon eksetera, vodou se lanati se 4 fos yo, se mwen se ou vodou wa vlope nou li nan chak ti detay.

Fason ou konprann on moun, fason ou ede on moun, fason ou toujou prè pou moun, lanmou ke ou bay plant yo, sous dlo yo, soley la, ake van.

tout se vodou vodou pa chita sel

[24/3, 2:39 p.m.] +509 33 74 5058: Ponya Dantor a pa la pou fèw mal ni pou fèw peur. Mwen vle nou konprann vodou a 100%. Lè Dantor ap manifeste ak ponya se pou pwouve kapasite li genyen poul itilize ponya poul defann ou men se pa poul fèw peur. Lèl vini ou dwe bal ponyal poul fè antrènmanl. se yon demonstration de sa l ka fè ak ponya sa poul defann ou. Se nan avantaj ou. Se yon gad pwotektris li ye. Èske w ta vle pou moun kap siveyew la se yon mòlòlò? Siw tap pran yon sekirite èske se yon moun dousman ou tap pran oubyen yon moun ki mabyal? Sil te dousman ou pa tap relel lèw an danje

[24/3, 2:39 p.m.] +509 33 74 5058: Reset pou makanda paka touche pitit ou 

Men ou ou ka fèl pou ou 

Reset sa se kay bòkò selman yap baw li 


Moun kp leve timoun yo 

Moun ki gen timoun nou pa anvi lougawou manje oubyn fè l mal

                                                  *#:VODOUYIZAN AN AKSYON*


Wap ht on divin sou non timoun nan 


(Lè machann nan baw li wp di nan kèw 

M ht divin sa sou non..........)




Wa ht on ti divin 



Wap al kot yo vann bay maji yo 



Wp ht 

 1 

*SENT GAD* 


avek


  1 *DIMILOMME*


( on ti papye yo chak ye)

 


Wap boule yo nan on ti asyèt blan wap mete sann papye a nan boutey divin an


Epi wap bay timoun nan Bwè l li sèl li

Sou demande ou 

                                           #: VODOUYIZAN AN AKSYON 

Fèl ak on balen rouj oubyn ble

Madi( balen ble)

 samedi, mekredi (balen rouj) 


Youn nan jou sa yo 


(Di apati de jodia m plase on gad sou ...........

Pou malfektè , pou chanpwèl, pou lougawou paka retire on plim sou Do............)


Yo pral di 

Ou met djab sou timoun nan lè yo wè yo paka manje l

[24/3, 2:39 p.m.] +509 33 74 5058: Vodou se prensip, Siw vle amonizew ak lwa yo ou sipoze komanse kiltive sajès.


Pou komanse ou sipoze amonizew ak ou menm an premye apresa antouraj ou, Ou sipoze kreye on bon relasyon ant ou ak lanati.


Ou sipoze medite souvan pouw grandi spirityèlman, lèw ap liminen se pa byen materyel pou wè an premye. 

Materyèl la enpòtan men grandi spirityèlman bon tou, fòk ou fè ekilib nan mitan de bagay sa yo.


Aksepte kew bezwen byen materyel la pouw nouri fizik la, e aksepte ke spirityèlman ou bezwen nouri tou.


Ou sipoze aktif 

Ou sipoze tande plis gade plis e pale mwens, aprann sa chak mo kap sot nan bouch aw konte, yo gen gwo enpòtans ak gwo efè se sak fè menm siw ap pale mwens pale sa ki enpòtan pou pale.


Vodou se pa selman pale de ogou de dantò bitasyon eksetera, vodou se lanati se 4 fos yo, se mwen se ou vodou wa vlope nou li nan chak ti detay.

Fason ou konprann on moun, fason ou ede on moun, fason ou toujou prè pou moun, lanmou ke ou bay plant yo, sous dlo yo, soley la, ake van.

tout se vodou vodou pa chita sel

[24/3, 2:39 p.m.] +509 33 74 5058: DIFERANS ANT CHANDÈL E BALÈN. Gen moun ki menm inyore kisa yon chandèl ye poutan chandèl vini avan balèn. Nan tan lontan, grandèt yo te plis konn itilize chandèl ke balèn paske balèn se yon pwodwi enpòte ke yo vin adopte nan vodou a, bref… ANN ESEYE FÈ DIFERANS LAN; Chandèl se yon pwodwi natirèl ki konpoze de lasi myèl ak koton konparativman ak balèn nan ki gen pwodwi chimik ki pa natirèl ladan l. Daprè ansèyman grandèt yo, demand chandèl rive pi vit ke balèn; Yo souvan itilize chandèl pou fè demand e yo fè lòt regleman avè l. Mo CHANDÈL la se yon konsèp nan vodou latibonit la ki vle di tou: (Konsilte yon espri atravè ougan ou byen manbo). Egzanp: mwen t ale pase yon chandèl kay yon ougan/manbo. ANN FÈ YON DÈNYE TI PALE; Si w ap gade chandèl la w ap wè nan tèt li gen yon ti twou ki gen fòm yon zye, li rele zye chandèl. (Yon lòt fasèt). Tradisyonèlman yo itilize 2 koulè balèn (Nwa ak jòn). Nwa: pou pale ak mò, bòne pèsekisyon e adrese ak espri tankou Bawon, Brav Ganga, Ogou, madan Lenba…, pou w ka jwenn jistis nan men lwa sa yo ki ranpli fonksyon sa yo sa depan de bitasyon w ou regleman lakou w. Jòn ( ki fèt ak lasi myèl la): Li la pou l akòde lwa ak zansèt yo pou n jwenn favè yo ak byenfè yo. YON VRÈ CHANDÈL KONPOZE DE LASI MYÈL AK KOTON. Lasi myèl ak koton pou tèt pa yo gen gwo vèti tankou: Lasi myèl se senbòl pwosperite ak byenèt. Mèch la, yo itilize l pou fè demand ou liminasyon swa; ak lwil dou (oliv) ou byen lwil maskreti, lwil kokoye ou lwil palmis wouj. Yo plis itilize balèn pou mete limyè (klere yon espas). Pa bliye yon vrè chandèl dwe konpoze de lasi myèl ak koton

[24/3, 4:31 p.m.] +509 33 74 5058: Pou debloke dosye w 


Fè lanp sa oswa 


lanp san flanm pi bon, men ou ka itilize bouji)


bouji blan oswa bouji ble (ble = baryè, lwa Legba / Ouvè chemen)


Lwil oliv oswa lwil maskreti


Tij seleri oswa fèy zoranj (pou netwayaj anvan)


1 miwa (senbòl limyè ak klè vizyon)

1 vè dlo

1 moso papye ak non ou ekri, ansanm ak rezon lanp lan (“Pou dosye rezidans mwen mache”)


Yon ti ofrann (flè, dlo, sirèt, osinon 3 pyès kob)


Netwaye kote w ap mete lanp lan ak fèy zoranj, oswa seleri. Pale sou li:


“Mwen netwaye wout sa a pou limyè pase. Mwen ouvè baryè pou pa gen okenn chenn.”


Mete miwa dèyè lanp lan (pou klere wout la), epi mete vè dlo a tou pre.


Ekri sou papye a:

“Mwen limen lanp sa a pou Legba (oswa nenpòt fòs ou sèvi) ouvè chemen pou dosye rezidans mwen.


Mwen mande limyè, vitès, ak deblokaj.”


Mete papye a anba lanp la (oswa anba vè dlo a si w ap sèvi bouji).


Mete lwil sou bouji a (ou ka fè yon senbòl kwa sou li), epi limen l pandan ou di:

Papa Legba, ouvè baryè pou mwen.

Ouvè chemen mwen, klere sa ki fènwa

[25/3, 2:28 a.m.] +509 33 74 5058: Non, ou pap janm transformer san konsantmanw. Moun ki santi yo vle transformer yo konnen nan kisa yo ye. pa gen espri ki gen pouvwa sou ou sanw pa balil oumenm. gen moun ki gen gad la li montel sou dernier dimansyon poul ka fè gwo travay, gwo tretman, poul fè gwo lajan. Moun sa konn anvi vole, li konn anvi bwè dlo rouj, li anvi pouse corn men moun nan konnen sa tap rive l. Moun sayo souvan antre nan sosyete kote yo ka fè sa lib paske a minuit, siw se visiteur yon sosyete yap fè w ale avan minuit paske gen moun ki vini pou tretman, moun sayo yap fè yo ale. a minuit, lè sa moun ap tounen chat, moun ap tounen cochon, moun ap pouse corn men se pa par accident sa rive. moun nan konnen ak kisa li annafè. Pa enkyetew de bagay sayo. Moun ki antre nan secteur sayo renmenl epi se pa fasil ou ka antre. ou paka al enskri konsa. Yo fèw pase règ calamite avan yo resi aksepte w nan mitan alor si se pa yon bagay kew anvi fè pèsonèlman ou pa bezwen enkyetew de sa. Kontinye focus nan vodou nan fasonw vlel la. siw vlel frèt li ka frèt siw vlel tyèd li ka tyèd siw vlel cho li ka pab. Vi spirituel ou nan menw, espri yo pap pran okenn anyen ni mete okenn anyen sanw pa bay lese pase paske ou se yon espri tou. menm espri Jeovah a se konsa li servir tou, depiw pa konvèti ou pa batize li pa konsiderew ou pa bali access

[25/3, 2:57 a.m.] +509 33 74 5058: 🔥🌑 SAMDI — JOU PÈTWO, JOU NETWAYAJ, JOU VERITE 🌑🔥


Jodi a se samdi…

jou pou:

 • bale kay ou 🧹

 • netwaye lakou ou

 • lave tèt ou

 • netwaye enèji w


Paske pwòpte pa sèlman nan kò…

li nan nanm tou.


👁️🔥 Se jou pou pale ak:

 • zansèt yo

 • lwa yo

 • gad yo

 • nanm fanmi yo


Paske samdi cho…

se dife Pètwo k ap soufle verite.


🌑 DANTÒ PA SENP. LI GEN PLIZYÈ DIMANSYON.


Dimansyon vle di:

👉 li pa gen yon sèl figi

👉 li chanje selon kote w jwenn li

👉 li manifeste selon kondisyon ou


🔴 Ou ka jwenn li:

 • kòm Manman pwotektris 🛡️

 • sou ren chanpwèl 🔥

 • nan Makandal 🩸

 • nan Blengenden ⚡

 • nan Bizango 🌪️


👉 Li mache ak plizyè fanmi lwa,

nanchon, baka, zansèt…

selon bitasyon an.


👁️🔥 KESYON AN SE:


Sou ki dimansyon ou menm ou kanpe?

Sou ki fòm ou rele li?


Paske:

👉 Dantò pa parèt menm jan pou tout moun

👉 li mete po selon bezwen ak verite moun nan


🌿 Granmoun yo te konn sa…

se pou sa yo te di:


“tout piti se piti…”


👉 sa vle di:

fòk ou konnen kijan pou pale,

kijan pou antre,

kijan pou respekte.


⚖️ MESAJ LA:


Chemen an pa jwèt.

Fanmi Bilolo nan lakou mande:

 • prensip

 • regleman

 • respè


👁️🔥 EPI SONJE SA:


Yo di se Dantò ki bay tout lòt Ezili yo non…


👉 kestyon an rete louvri:

Eske ou menm… ou te konn sa?


#SamdiPetwo #EziliDanto #Vodou #Spiritualite #Petwo #Makandal #Dizango #Blengenden #Lakou #Zanset #Mystik #Energy #Tradisyon #Ayiti #Konesans

[25/3, 2:57 a.m.] +509 33 74 5058: Lanp Jistis: 

Yon Lanp Jistis kapab monte nan yon ti Chodyè 3 Pye, nan Kalbas, nan Po Krab Blanch, ou byen nan yon Mamit. Sa k enpòtan se nan ki Lye wap monte Lanp lan, ki materyèl ou itilize, ki jan wap fè rekòmandasyon an e ki jan wap ranvwaye Lanp lan, depan de jan w vle jwenn Jistis la.

[25/3, 2:57 a.m.] +509 33 74 5058: Lanp Dantò:

Grès kochon, Lwil maskreti, Diven Wouj, 7 piman bouk wouj, Vi Dajan prespite wouj, 3 Kalite Pwav manje 

mete Lwil kochon an, limen Mèch koton an, mete Lwil maskreti a, 3 kalite pwav la, Piman epi poud prespite a, fè lanp lan Kat fasad

Apre sa jete 3 de gout diven, fè rekòmandasyon w

[25/3, 2:57 a.m.] +509 33 74 5058: Lanp Freda:

Lanp pou Mètrès sa, hmmmm. Sa mande fòk ou nan yon eta ki "pur" ak anpil prensip.

Nan yon Asyèt Blan: Mete Lwil Jasmen, Lwil Akasya, Lwil Doliv, Lwil de Wòs, 3 degout Dlo, salye 4 fasad, jete 3 gout siwo dòja ou byen anisèt, mwen toujou itilize nenpòt likè dous si m pa gen anisèt/siwo dòja, fè rekomandasyon w, kouche tann repons ou

[25/3, 2:57 a.m.] +509 33 74 5058: Inisyasyon pa fè de ou yon ougan ni manbo.


Inisyasyon fè de ou yon moun ki gen yo konesans anplis de lòt moun.


Asonguwe se youn nan echèl vodou an


Asongwe pa fe de ougan ni mambo


U pa k pran nenpòt moun ou bal ason lè w gen ason ou dwe kenbe sekrè vodou a .


Lè w' al kouche kanzo se sou domèn w'ap evolye a ou dwe al chache konesans.


Yon enjenyè kouche kanzo sou lwa agassou,


Si w se yon moun k'ap evolye nan aspè mizikal dj ou mizisyen ou kanzo sou la sirene men senkretis yo kwè nan ste Cécile poutan Cécile Phatima pa sen.


Yon agwonòm ou kanzo sou kouzen Zaka, azaka mede, minis zaka.


Siw se yon kaptèn batiman, ou pèch ou kanzo sou agwe tawoyo, la balèn.


Si w gen lekol ou nan domèn edikasyon w'ap kanzo sou freda


Si w gen restoran u nan afe komes manje u kanzo sou dantò.


Siw nan lame wap kouche kanzo sou ogou bagagri mèt osany oubyen nenpòt lwa nan eskot ogou a.


Siw c lapolis w'ap kanzo sou eskot gedevi ki se chèf politera ,sou eskòt ogou an.


Nb: politera siyifi sekirize vilaj peyi site etc..


Si w se senatè w'al kanzo sou nachon kongo pou w'al fè lalwa.


Siw c depite, prezidan sou nanchon ibo pou wal fe liberasyon ni prezidan tou.


Siw se medsen wap kanzo sou danbala ak gran bwa ak 3 aspè.


Ou nan domèn touris ou kanzo sou mèt kafou


Ou c moun ki nan komes vann nan mache u kanzo sou ayizan vèlèkètè.


kanzo pa fè de yon moun ougan ni mambo,Jounen jodi a koze Ason sa kale yon bann ougan manbo Asongwe ki pa menm ka trete yon poul ki gen lafyèv poutan anpil nan yo panse vodou an chita sou inisiyasyon,anpil nan yo toujou panse yo gen ponyèt pase ougan ni mambo makout yo😂.Se ri m ri moun Asonguwe sa yo

[25/3, 10:23 p.m.] +509 33 74 5058: jodia Mwen pral pale nou de monte feray


nan Hinche lakay mwen m konn wè plizyè ougan oubyen manbo ap monte feray

pa kiryozite m prale edew konprann kèk bagay 


Feray se yon pens ougan ak manbo yo itilize swa nan mitan lakou a oubyen sou kote lakou a

sa pral depan de kite yon jwenn espas


Lèw joule feray ou oubyen plase feray la 

li gen plizyè aspè


1- pou malfèktè paka jwe ak lakou a

2- pou Lakou oubyen pwen an ka mache

3- pou tretman ka fèt pi fasil

4- ou byen espedisyon travay lakou ka rive pi vit tou


gen moun ki plase Feray ak 

yon ze 

yon kok ki batay genyen nan gagè deja

sèl, pwav, siwo kann, kouto, kiyè fouchèt

papye tenmbwe ekri..bwapen...

tout manje bouch manje

diri ak pwa kole


gen neg nan akayè ki mete chyen 

chat...

m pakonn ki rezon non mezanmi


tout sam dila yo sim map monte yon feray pou yon moun lè mal fè sèvis bay lwa manje pou yon moun si lakou a pat gen jouk feray la menm

majorite sam sot site la yo m sèvi ak pifò


Yon chante

pouvwa nan dòmiw ye

papa reveyew

nan dòmiw ye nou pral reveye

[26/3, 7:58 a.m.] +509 33 74 5058: Danbala ak Ayida Wedo


Danbala Wèdo (oswa Danbala) se youn nan lwa ki pi ansyen ak sakre nan panteyon Vodou Ayisyen. Li reprezante sajès, lespri kreyatè, lavi, ak linite. Danbala se yon lwa serpan (sèpan), li souvan asosye ak glwa, lapè, silans, ak respè. Li pa pale, li sifle oswa li flite dlo kòm kominikasyon.


Karakteristik Danbala:


Senbol: Sèpan, kòd, chenn, dlo.


Koulè: Blan (pafwa avèk vèt oswa ajan).


Ofrann: Dlo klè, diven blan, ze peyi, farin frans, lèt, rale.


Jou: Dimanch.


Karaktè: Dou, pasifik, pwòp. Li pa renmen konfli ni bagay sal.


Domèn: espri kreyasyon, lespri nanm. Li reprezante kòmansman lavi, menm jan ak kòd òmbrikal.



Ayida Wedo se madanm Danbala, li se lwa koulèv, lanmou divin, ak balans. Yo rele li "Rèn lakansyèl" paske li pote koulè, limyè ak linite. Se li ki pote balans emosyonèl ak espirityèl bay Danbala. Yo travay ansanm tankou yin ak yang.

[26/3, 7:58 a.m.] +509 33 74 5058: Lè Ezili Freda rankontre Agwe Tawoyo se syèl la ki marye ak lanmè. Nan inyon sakre sa a tandrès ak liks Freda jwenn anbriye nan bra solid Agwe mèt dlo a ki pote richès ak sekirite. 


Se yon maryaj kote lanmou fleri nan mitan estabilite kote chak vag lanmè pote benediksyon pou moun k ap chèche yon lavi ki dous ki an sekirite epi ki plen pwosperite.   



                  Dieuma lakou djab andèy

[26/3, 8:10 a.m.] +509 33 74 5058: Ezili Freda, manman lanmou ak limyè, leve nan kè mwen jodi a.

Ou se sous dousè, sous bote, sous tout rèv ki pa janm mouri.

Ban mwen fòs pou m mache ak diyite, menm lè mond lan vin frèt.

Freda, ou ki pote lò nan nanm moun, klere chemen mwen ak favè w.

Pa kite tristès bare kè mwen, men fè li vin jaden flè k ap fleri.

Mwen envoke enèji w pou m atire lanmou, respè, ak abondans.

Se pa sèlman bèl rad ou pote, men se fòs lespri ou ki fè ou gran.

Aprann mwen renmen tèt mwen san limit, menm jan ou renmen bote lavi.

Chak dlo nan je m, transfòme l an benediksyon ak richès espirityèl.

Freda, ou ki konn soufri, montre m kijan pou m rete dous malgre doulè.

Fè prezans mwen vin tankou parfen ki atire bon bagay.

Louvri pòt opòtinite yo devan mwen ak gras ou ki pa janm fini.

Ban mwen sajès pou m chwazi sa ki bon pou nanm mwen.

Mwen mache ak fyète paske mwen pote limyè ou andedan mwen.

Ezili Freda, se ou ki gide kè mwen, se ou ki leve desten mwen. ✨

[26/3, 8:10 a.m.] +509 33 74 5058: Freda si Freda la pou chak Moun ki leve sou proteksyon Freda Maten an bon Devosyon

[26/3, 8:11 a.m.] +509 33 74 5058: Jodi a, zetwal yo envite nou jwenn yon balans ant relasyon nou, anbisyon nou, ak refleksyon pèsonèl nou. Kit se pou konvenk, avanse nan yon pwojè, oswa jis pran swen tèt nou, chak siy ap gen opòtinite pou revele tèt li epi renouvle tèt li.

[27/3, 7:10 p.m.] +509 33 74 5058: SIW GEN YON MALFEKTÈ K'AP PÈSEKITEW : 


Veye kote li pase, pran pousyè plat pye li,ale nan yon pye mapou, pran yon manchèt ou koulin fè kòmsi w'ap dekale deyè pye mapou a ,lè ou fin dekale li vide pousyè plat pye misye. Jan ou wè bouda mapou a gwo a se konsa pye malfektè a pral gwo, ou menm sèl ki pou trete li.


Tretman: ou prale nan pye mapou a, w'ap pran 3 fèy fè te bay misye bwè e benyen li.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka