💀 Bawon Samdi

📌 Idantite li

Bawon Samdi se yon lwa (lespri) nan Vodou Ayisyen ki fè pati fanmi Gede yo. Li konsidere kòm chèf fanmi Gede a, ki se gwoup lwa ki asosye ak lanmò, zansèt, ak renouvèlman lavi.

Nan Vodou, lwa yo pa “bondye”, men yo se entèmedyè ant moun ak Bondye (Bondye/Gran Met la).

👑 Fonksyon ak Wòl li

Bawon Samdi gen plizyè fonksyon enpòtan:

1. Mèt lanmò

Li kontwole pasaj ant lavi ak lanmò

Li konsidere kòm premye lespri ki resevwa nanm moun ki fèk mouri

Li “ouvè” ak “fèmen” pòt lanmò

2. Gadyen simityè

Li se mèt simityè (espas kote moun antere)

Chak simityè gen yon kwa santral ki senbolize prezans li

3. Pwoteksyon lavi

Nan tradisyon an, yo konsidere li kòm yon lwa ki ka:

Retade lanmò

Pwoteje moun kont lanmò twò bonè

4. Gerizon

Li asosye ak geri maladi, sitou:

Maladi grav

Maladi ki konsidere kòm espirityèl

5. Jistis espirityèl

Li ka pini moun ki fè mechanste

Li kenbe yon fòm balans ant byen ak mal

🎩 Aparans li (Reprezantasyon)

Nan seremoni ak atizay Vodou, yo reprezante li konsa:

Chapo silenn nwa

Linèt nwa

Kostim nwa (pafwa ak blan)

Figi ki ka make tankou zo bwa tèt

Nen ak koton (tankou kadav nan tradisyon antèman)

👉 Aparans sa a montre lyen li ak lanmò ak mond zansèt yo.

😈 Konpòtman ak Karaktè

Bawon Samdi gen yon karaktè espesyal:

Li konn pale fò ak dirèk

Li gen imè (li renmen fè blag)

Li ka itilize langaj brit oswa pwovokan

Li danse anpil pandan seremoni

👉 Sa pa vle di li pa serye; nan Vodou, sa montre:

lanmò pa sèlman tristès, li gen yon aspè lavi ladan tou

🥃 Ofrann ak Preferans

Nan sèvis Vodou, yo ofri li bagay sa yo:

Ròm (tafya), souvan ak piman ladan

Sigar oswa tabak

Manje ki gen anpil epis

Koulè nwa ak vyolèt nan dekorasyon

👉 Ofrann yo fèt pou:

Onore li

Mande pwoteksyon oswa favè

⚰️ Relasyon li ak lòt lwa

Fanmi li

Li se mari Maman Brigitte

Ansanm, yo reprezante otorite sou lanmò ak simityè

Nan Gede yo

Li se chèf tout Gede yo

Gen lòt lwa nan menm fanmi an tankou:

Bawon Lakwa

Bawon Simityè

👉 Gede yo an jeneral:

Reprezante lespri moun ki mouri

Lyen dirèk ak zansèt

🌑 Senbòl li

Senbòl prensipal li yo se:

Kwa simityè

Zo bwa tèt

Koulè nwa ak vyolèt

Tè simityè

👉 Senbòl sa yo montre:

Lanmò

Pouvwa sou pasaj ant de mond yo

📿 Plas li nan Vodou

Nan Vodou Ayisyen:

Lanmò pa konsidere kòm fen total

Se yon pasaj nan yon lòt eta

Bawon Samdi jwe wòl kle nan pasaj sa a

Li se yon lwa ki:

Enpòtan anpil

Respekte anpil

Epi yo pa konsidere li kòm move lespri

⚖️ Konklizyon

Bawon Samdi se yon lwa ki:

Kontwole lanmò

Pwoteje lavi

Kenbe balans ant mond vivan ak mond zansèt yo

Li gen yon nati:

Pafwa sevè

Men li gen yon dimansyon imè ak lavi ladan6 GWO DÈT KI MACHE AK YON MOUN TOUT LAVI L NÈT.


1. Dèt Fanmi (Dèt Linyon San)

Sa se dèt manman, papa, grann, zansèt yo te fè ak espri yo.

Lè pact oswa kontra pa respekte,

tout desandan yo soufri konsekans la,

paske dèt la pase pa linyon familial la.

Dèt sa yo pa disparèt, yo ap tann yon moun ki va leve pou regle yo.


2. Dèt Egregò (Dèt Espirityèl Kolektif)

Lè ou rantre nan yon òd, yon gwoup, oswa yon egregò epi ou resevwa fòs, èd, pwoteksyon, grad, classe inisyasyon …

ou antre nan yon dèt enèjetik.

Si ou soti san respekte regleman oswa san remèt,

egregò a lajan pa bliye.

Ou ap peye l yon fason oswa yon lòt, nan lavi ou oswa nan chemen ou.


3. Dèt Trètman (Dèt Rekonesans)

Lè moun trete ou , ede ou, defann ou, fè pasaj pou ou,

epi ou chwazi pa remèsye, pa onore, oswa ou trayi men ki te ede w la …

ou antre nan dèt trètman.

E depi rekonesans pa fèt,lajan pa bay 

lavi menm vin chèche remèt balans lan.


4. Dèt Kredi (Dèt Materyèl)

Lè ou achte bagay moun kredi, 

epi ou panse ou entelijan paske ou pa peye…

ou antre nan yon dèt materyèl ki tounen blokaj.

Lavi konte tout bagay :

sa ou pran, fòk ou remèt.



5. Dèt Nasyonal (Dèt Pèp ak Dirijan)

Gen dirijan ki antre nan pact, kontra, “epil tounen kama” pou ranfòse pouvwa yo.

Lè yo mare yon dèt konsa,

se pa yo sèlman : se tout pèp la ki pote l.

Dèt nasyonal ouvri pòt malè kolektif, blokaj kolektif,

epi li rete jiskaske pèp la leve pou repare, onore, oswa kraze chenn nan.



6. Dèt Pwòp Wout Ou (Dèt Misyon ak Destin)

Se dèt ki sòti nan misyon ou menm ou te vin ak li.

Lè ou pa respekte wout ou,

lè ou trayi tèt ou,

lè ou neglije don ou,

lè ou kouri dèyè chemen ki pa t pou ou…

ou antre nan dèt kont pwòp destin ou.

Sa kreye reta, sik repete, ak blokaj jiskaske ou retounen sou liy ou.


Prensip pa janm pran anyen gratis!!!


Anyen pa gratis isiba !!!


Peye dèt nou yo!!!


Pa di w pat konnen🔱🔮PART 3 VODOU MAKANDAL 

Pi gwo échec ayiti te bay le mond ak vodou se soti anba esklavaj nou te fè blan ret têt atè 

Men te gen yon mesaj nou pat respekte sete pawol Dantò a 

Ese inik ere issayayah te fè li pat respekte pawol Dantò a 

Men gras à vodou nou aboli esklavaj nan le mond 


Sete pi gwo viktwa ayisyen nan le mond 

Fè tout blan rete fas atè devan nou 

E te gen yon sel chante nan bouch nou 


NOU TOUT SE YOUN OOOOOO

ANYE. O. ANYE. O. 

NOU TOUT SE YOUN O DEVAN BONDYE


Nou te jwenn yon ekilib te gen yon tèt ansanm se sak fè lè fatima pral premye priyè Dantò li abiye an blan epi esklav yo te gen yon sel mo nan bouch yo se swa


 NOU LIB OU BYEN NOU MOURI 


Lè sa ANSANM NOU PI FÒ pral répété 

Sak fè nou te gen pisans sa se paske nou pat kapab ankò nou te bouke wè blan kap fè masisi ak nèg ki VLE révolte yo vyole medam yo touye pitit yo anfin dlo nan je a te tròp sa ki move yo le yo pran yo yo fouye tou yo mete yo epi yo kite tèt yo deyo yo vide siro sou tèt yo jiska fomi touye yo oubyen si yo jwenn chwal mouri yo fel retire trip yo apre apre yo foure esklav la anndanl yo mare chwal la ak tout esklav la jiskake li mouri 


Men batay la pat janm kanpe 


Ginen an te vin ak BoukMan 


BoukMan o nan bwa kayiman nou nonmen nonw nou pa detounenw nan bwa kayiman papa BoukMan nou wè a seAprè mò a fin leve li pral nan tribunal des morts poul juje. sil inosan se swa yo ekspedyel yon lòt kote poul ap viv kòm vivan oubyen yap bay li kòm vivan men si yo pranl kòm vivan li paka sekrè. fòk ou pase avèl devan kay fanmil pou fèl rele men map pase, li ka di sal vle, li ka di se tèl moun ki touyem, men yap bat mwen etc.. men fanmil paka al pranl ni pale ou ka mouri aprè paske Baron ak Brigitte gentan siyenl bay. Siw se fanmi ou vle pranl ou dwe rive avan moun ki touyel la sou direction ougan ki voyew la. tire revanj aprè men depi l gentan siyen bay pa eseye. ou pap ka batay ak BaronCouleur Kalfou se rouj e nwa, bwason prefere li se rum blan mele ak poud nwa. Poud nwa se pou explozif. tout manje ke wap ofri mèt Kalfou supoze couleur nwa oubyen rouj. ou ka ba li pòm rouj ak gato men tout sa wap bali supoze pa pair. egzanp: Si wap pal pòm li supoze 2 oubyen 4 ou byen 6 à continuer men pa bal anyen ki gen grenn lenno tankou 3 , 5, 7 etc.. Men li pap manje yo. Li just renmen gade yo. Kalfou se san sèlman li bwè kòm manje. Gen moun ki pral diw Kafou se Legba lèl lannwit. Se pa vrè, Kalfou se Kalfou Legba se Legba. Se menmjan ak Dantor ak Freda. Yo se menm fanmi, Se menm espri a ki divize an 2 chak sou dimansyon pa yo. Ou paka di Legba se Kalfou ni ou paka di Kalfou se Legba. Mwen te esplike dimansyon trè trè byen. Empereur NicolasMèt Kalfou fè gerizon pou maladi mistik. Souvan moun yo mennen bay mèt Kalfou se moun ke yo voye gwo maladi tankou gwo nanm sou yo. nanm nan pa sortir vrèman yo mete yon gad mèt Kalfou sou li pou kontwolel. ak frèt cach li kale zonbi a zonbi a peur li epi li mete zonbi a anba kontwòl li poul pa dirije moun nan men nanm nan toujou sou li. Gen anpil gad Kalfou. Gen Kalfou 1, Kalfou 2, Kalfou 3 , Kalfou 4 , Kalfou kengendeng, Kalfou gidi gidi, 21 pwen Kafou, Simitye Boumba, Laye bwa, poum site sayo sèlmanpremye reine Dantor 

Nou sou rit kalfou fòk nou salye tout reine yo. konpare ak lòt platform yo mpa janm montre aspè sa akoz de zanfan yo kap antre men timoun pa antre nan jandam. Dantor se premier reine sanpwèl la, Dantor se limenm ki reine bizango a, se limenm ki manbo dada. sou rit sa Dantor pa manmi Dantor ou konnen an, li terib pi mal ke Marinette.Se pa san rezon nou wè ni Bakoulou baka, ni bawon kriminèl, ni Marinette, ni gwo jab roz anfè, tout respekte pitit Dantor. Dantor se djab tou, se yon no limit. Menmjan se sou dimansyon ou servir lòt gwo djab yo, se sou dimansyon tou pouw seevir Dantor. Siw servil sou dimansyon sanpwèl oubyen bizango ou makanda, lap terib anpil. map tou aprann ou ke tout lwa ou wè ki gen mouchwa rouj yo pa gen limit. Chak moun servir avèk yo sou dimansyon pa yo. Se oumenm ki pou konnen kisaw vle ki dimansyon w vle. yon djab gendwa nan yon bitasyon li pa konsome animal rezone tandiske nan yon lòt bitasyon lap lage ti poulèt poul ak ti kòk atè. En resume, lwaw se pou ou se oumenm ki konnen kisaw vle itilize l poul fè. Oui siw gen yon lwa Dantor ou ka itilizel nan nenpòt gwo sosyete konsa tou ou ka just itilizel kòm gad pou pwoteje w pou goumen pou oumenm ak fanmi w. poze kesyon yoTab tounant

Lèw gen lwa sa se yon metye ou genyen. ou ka fè djòb ki pi difisil nan vodou a ki se rele lwa, rele mort, rele les saints, ni les vivants. Siw bezwen konnen kijan yon moun paw te mouri, ou ka al relel. nenpòt kote moun nan ye papa Loko a pral chachel mennen ba ou. si moun nan mare oubyen anchene lap parèt konsa. Li pq faux se 100% verité e sa biblik. li 1 Samuel 28: 6 à continuer wap wè ke wa Saul te fè yo rele yon manbo ki konn fè tab tounant pou rele prophet Samuel pou li ki te gentan mouri e prophet la te parèt tout bon. Alor moun legliz yo nou pa bezwen vin tire voye la. gen pouvwa nan vodou. Se yonn nan pi bèl pati ki nan vodou. se yonn nan pi bon lwa kew ta genyen. Se yon lwa ke moun achte anpil anpil. se yon lwa ki koute chè. se yon lwa ki konn mennen batay nan fanmi ki menm konn koz lanmò. Se kòmsi se yon degré ou genyeb nan medecineNan Vodou gen plizyè nivo pou moun ki antre nan sèvis lwa yo. Men diferans ki genyen ant Dawezo ak Manbo:

1️⃣ Manbo

Se prètès Vodou a.

Li kapab dirije tout seremoni nan peristil la.

Li sèvi ak Lwa yo, fè konsiltasyon, geri espirityèl, ak lòt sèvis.

Li gen otorite sou disip yo.

2️⃣ Dawezo

Se yon fanm ki deja inisye epi ki konn sèvis yo, men li pa toujou chèf peristil la.

Li ede Manbo oswa Houngan pandan seremoni yo.

Li konn chante, prepare sèvis, epi ede lè lwa yo ap desann.

📌 An rezime:

Manbo = prètès ki dirije.

Dawezo = fanm inisye ki ede nan sèvis yo.

🖊️ Dieuma lakou djab andèyNan relijyon Vodou a, Dawezo (yo ekri l tou Dawèzo) se yon manbo oswa yon fanm ki deja inisye nèt nan Vodou. 🕯️

Sa Dawezo ye

Dawezo se yon fanm ki pase tout etap inisyasyon yo.

Li konn tout seremoni, lwa yo, ak sèvis espirityèl yo.

Li ka ede Lwa yo desann nan seremoni.

Li ka travay ansanm ak yon Houngan oswa yon Manbo.

Wòl li nan peristil la

Yon Dawezo ka:

Dirije chante ak dans seremoni yo 🎶

Prepare bagay sakre yo (tankou ofrann ak sèvis)

Gade disip ki fèk antre nan Vodou

Sèvi lwa yo pandan seremoni

📌 Anpil fwa, yon Dawezo se yon fanm ki gen gwo eksperyans nan sèvis lwa yo.

✅  

🖊️ Dieuma lakou djab andèyLOKO ATISOU ak LOKO DÉ

LOKO ATISOU 

   Daprè tradisyon oral yo, se li ki premye Wougan nan listwa, gadyen tout konesans sou fèy ak remèd ki gen sou tè a. Gen lòt Vodouvi ki di se AYIZAN VÈLÈKÈTÈ ki te premye manbo, men wadèlyon pap rantre nan deba sa.

   ATISOU reprezante sajès ki poze, otorite moral, ak jistis ki dwat. Se li ki kenbe kle ounfò a; kote l pase, manti pa ka kanpe. Li se rasin konesans lan.


   LOKO DE (Loco Dé)

Yo rele l Loko Dézako tou. Si Atisou se konesans ki poze a, Loko Dé se bra k ap aji a. Li gen je nan de bò, li wè nan lonbraj kou nan limyè. Li se fòs ki vwayaje a, sa ki rann jistis san pèdi tan epi ki pwoteje kont move je.


      🕯️Yon ti pale sou senbolis Vèvè a

Liy vèrtikal yo reprezante pye bwa repozwa yo kote lespri a poze pou l pale ak moun. Pwen ki nan mitan liy yo se "pwen" pouvwa yo ki montre kijan enèji a ap sikile ant sajès Atisou ak aksyon Loko Dé.


📝BYEN NOTE: sa @VodouAtlant di yo ka diferan de espeyans oubyen reyalite pa ou ak LOKO selon BITASYON ou.

VODOU se yon Miltivè se pa yon Arèn konpetisyon.

🖼️Liminasyon ak brav Gede


Pou fè demand ak brav.


Wap bezwen pirifye w ak espas la.


Wap fè kafe dous kafe anmè.


Wap fè yon lanp ak piman bouk, mèch koton, ak lwil doliv. 


W'ap mete boutèy piman brav la akote lanp lan.


w'ap bezwen kleren balen gode dlo.


Kòm resipyan, ou ka itilize nenpòt nan veso sa yo.


▪︎Ou ka itilize yon tèt mò.

▪︎Yon asyèt blan. 

▪︎Yon lanp tèt gridap. 

▪︎Yon kwiy. 

▪︎

Yon kanari tou, paske espri gede yo se Enèji ki vibre sou eleman tè.

Ekri demand ou mete l' anndan lanp lan.


Toujou sonje chofe resipyan an ak florida ou kleren avan ou monte lanp lan

 

Prepare lespri w mete w annòd epi pale avè l mande l sa w bezwen an.


Lanp sa li pa monte lajounen.


Li gen lè li pou monte l, li gen jou l tou.Lanp Dantò:

Grès kochon, Lwil maskreti, Diven Wouj, 7 piman bouk wouj, Vi Dajan prespite wouj, 3 Kalite Pwav manje 

mete Lwil kochon an, limen Mèch koton an, mete Lwil maskreti a, 3 kalite pwav la, Piman epi poud prespite a, fè lanp lan Kat fasad

Apre sa jete 3 de gout diven, fè rekòmandasyon w

              Dieuma lakou djab andèyjodia Mwen pral pale nou de monte feray


nan Hinche lakay mwen m konn wè plizyè ougan oubyen manbo ap monte feray

pa kiryozite m prale edew konprann kèk bagay 


Feray se yon pens ougan ak manbo yo itilize swa nan mitan lakou a oubyen sou kote lakou a

sa pral depan de kite yon jwenn espas


Lèw joule feray ou oubyen plase feray la 

li gen plizyè aspè


1- pou malfèktè paka jwe ak lakou a

2- pou Lakou oubyen pwen an ka mache

3- pou tretman ka fèt pi fasil

4- ou byen espedisyon travay lakou ka rive pi vit tou


gen moun ki plase Feray ak 

yon ze 

yon kok ki batay genyen nan gagè deja

sèl, pwav, siwo kann, kouto, kiyè fouchèt

papye tenmbwe ekri..bwapen...

tout manje bouch manje

diri ak pwa kole


gen neg nan akayè ki mete chyen 

chat...

m pakonn ki rezon non mezanmi


tout sam dila yo sim map monte yon feray pou yon moun lè mal fè sèvis bay lwa manje pou yon moun si lakou a pat gen jouk feray la menm

majorite sam sot site la yo m sèvi ak pifò


Yon chante

pouvwa nan dòmiw ye

papa reveyew

nan dòmiw ye nou pral reveyeKelkeswa fason nou ta bloke a

Ebyen fè béni sa janm pral di nou an wap debloke 


Nou menm tou ki gen move mazanza yo ta fè Kont nou ebyen béni sa ap gate tout bagay korekteman .


Nou menm ki souvan di lavi a alanvè pou nou ebyen kote tout sa nou fè Kont nou nan lavi sa rezon sa fèl janm di nou an .

    Nou menm ki souvan vle ede nou ebyen patage e like pòs nou yo .

Mw toujou gen yn sèl nimero telefon pou mw pale ak nou sou kelkeswa sa nou ta vle konnen oubyen fè kom travay Mistik.


       Non enkredian nap bezwen yo.


Yn ponyen fèy gade sa 

Yn bèl pat lalwa 

Demi galon dlo lanmè (achte lajan kontan)

9 ou 7 moson chabon 

7 ou 9 moso sitron 

Fanm 7 gason 9 pou sitron an nap koupe sitron an an 2 pati bouda pou fanm pati tèt la pou gason fanm 7 gason 9.


                       Pou prépare li 


Yn jou mèkredi oubyen vandredi 

Nap louvri yn senp seremoni limen balèn jeté dlo ak kleren mande pasaj devan 4 fasad yo épi fè demand nou .

    

Melange tout bagay yo ansanm nan yn resipyan ki fèt pou sa yn maten pandan solèy la ap leve lè nou fin prépare li kite li pran yn bon tan solèy apre nou benyen ak li .

Aplike bon prensip pou nap fè a songe tout regleman wap fè nan fason sa li nòmal pou nou peye kalfou korekteman.

     

   Awochenago pou tout frèm ak sèm yo.[19/3, 7:28 p.m.] +509 41 54 2860: WAP ACHTE YON BYÈ PRESTIJ WAP VIDE ENPE NAN YON TASS METE 3 GRO GRENN SÈL LADANL METE 3 PRIZ SANN DIFE PRIJE 3 BOUT SITRON LADANL PILE YON GRENN LAY VYOLÈT LADANL BRASEL BWÈ 

REPETE KOU SA 3 FWA SUIVI. 

LIMEN BALÈN OU VIBRE BITASYON W

EPI LAPÈ FRÈM.🌞🪷🌾🕊️🎋🦅

[19/3, 7:51 p.m.] +509 41 54 2860: Pou nanm

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka