Sakrifis bèt pou Bosou

 kòman pouw bay Bossou manje

map mande kijan tout lwa sayo se chouchoute yap chouchoute moun lakay mwen tandiske mwen remake anpil moun ap di yap fè yo monte kalvè.  Bay lwa yo manje byen, sispann pran ougan tèt mato. pouw bay yon lwa tankou Bossou manje, Bossou twa Corn dwe vini avan poul manifeste poul fè sa lap fè a. Si lap monter bèf la li dwe montel pou kont li san pyès moun pa edel. men se pa Bossou twa Corn kap pase animal la a l'infinitif paske Bossou 3 Corn pa sou dimansyon poul fè sakrifis . Bossou 3 Corn sou dimansyon poul fè interaction ak humain. wap wè yon force ki antre sou moun ki gen lwa a, Se Belekou ki antre poul vin fè sakrifis la. Nen pòt moun li ye a nenpòt gwosè moun nan depi Belekou sou li li supoze fè sakrifis la pou kont li.  Li supoze kenbe bèf la li pase l à l'infinitif san pyèsd moun pa edel e li pa dwe pran plus ke 5 mns paske Belekou pa dwe fè anpil tan sou yon moun. aprè 5 mns Belekou prale, Bossou 7 Corns ap antre lap bwè kont likid rouj li epil prale, Bossou twa Corn ap kontinye pou juskaske li ale. Siw wè scenario sa pa pase konsa konnen ou pran nan fo. Pa bliye se pa sa ki seremoni an sèlman.  mwen just esplike pati sakrifis la. siw wè yo kenbe bèf la yo menm ki pasel a l'infinitif, yo fè manje yo avèl pou lwa a konnen se ti fèt ou ou tap fè. pwoblèm nan pap rezoud

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka