Papa Loko
Papa Loko
Premye Ougan.
Li se fondatè fonksyon Ougan an. Se li ki ba moun dwa sèvi, ki “ouvri pòt inisyasyon”.
Mèt Baton ak Ason.
Baton li se senbòl otorite.
Ason (kaskavel nan men Ougan ak Manbo) pase anba benediksyon li.
Gadyen Regleman.
Pa gen sèvis Vodou san Papa Loko. Li kenbe disiplinn, li mete lòd nan sèvis.
Mèt Fèy
Loko se mèt fèy, tout remèd ak sekre natirèl pase nan men li.
Papa Loko senbòl li se baton, ason.
Comentarios
Publicar un comentario