Minokan
*Minokan*
*Ki sa ki Minokan?*
Minokan se youn nan pi gwo fèt espirityèl nan vodou a ki selebre nan mwa Janvye, se yon fèt ki regroupe tout panteyon Lwa yo ( divinite yo) an menm tan se fèt tout ougan, Manbo.
*Poukisa se fèt ougan Manbo osi?*
Paske chak ougan, Manbo gen yon Lwa ki se mèt tèt li ki sòti nan yon panteyon osi.
Nan menm mwa janvye sa a se fèt eskòt Loko ...
Pa bliye Papa Loko di jou a la, jou Lèwa (Minokan) se lè Ougan, Manbo mache.
Tout vodouyizan tande pale de Minokan, nou tout wè l sou fòm yon vèvè, men an verite se pa yon vèvè menm jan ak tout lòt vèvè endividyèl yo, ki represante chak fanmi yon Loa.
Minokan se sant wayòm Bagi (Bagidi) fòmé pa yon sèk espirityèl, enèjetik, miltidimansyonèl ansestral ke tout vèvè yo fòmé fè yon sèl, se la tout konesans ak desizyon chita.
Kote Lwa yo (divinite yo) pran desizyon anvè nou menm senp mòtel, kiyès ki pou ougan, Manbo, Rèn chanpwèl, Maman Uyò, Laplas, Pòdrapo, ounsi.
Depi yo pa rele'w a Minokan kòm yon éli, yon reklame, yon sèvité ou pa kapab okipe okenn plas enpòtan nan vodou, paske moun pa bay moun konesans vodou, se yon don diven miltidimansyonèl li ye.
Gen plizyè wayòm nan mond vodou, chak wayòm yo bay yon konesans diferan, men depi yo pa fè apel ak ou, ou pap jwenn konesans sa yo, se pou sa nan vodou gen 4 règ lè ou se vodouyizan ou dwe aplike. humilité, sagesse, respect, disiplin.
Comentarios
Publicar un comentario