Marasa
Marasa
Nan tout seremoni yo salye lwa Marasa touswit aprè yo fin salye Papa legba.
Men se diferan lakay kèk vodouyizan, gen se papa loko yo salye aprè Legba.
Menm lè yo se yo se enèji ti moun, lè yo fè wonga avèk lwa yo, li cho anpil, travay ou mache rapid.
Jan yo di l' nan Pwovèb la, pa kite Marasa kenbe w', paske si w' kite sa rive w'ap mare.
Se pou sa li enpòtan lè w'ap fè yon sèvis pou lwa bitasyon (lwa danti), se yo pou w bay manje anvan paske yo renmen manje anpil.
Ou dwe sèvi bien ak yo.
Comentarios
Publicar un comentario