Mapyang
[18/2, 2:55 p.m.] null: Mapyang se yon melanj Dantor ak Je rouj. Couleur Mapyang se bleu e rouj, gen kote se rouj e nwa. Li manje tout sa Dantor manje, li bwè likid rouj kochon, li manje kochon, li bwè rum , divin rouj etc.. eviter mete pwav nan rum ba li poul ka rete sou dimension. Siw vlel rete frèt bal ti kafel, lap bwè. Jou li se menm jou ak Dantor, Mardi ak samedi
[18/2, 2:57 p.m.] null: kòman ou ka invoke/interpeller Mapyang
Formul sa bon pou debutan yo, pou zanfan yo, oumenm ki pa vle yo baw grad malfektèz etc... mkonn sam di a. Siw se yon twòp pou tè deja ki konn kijan pouw monte gwo lanp ou fè gwo mèch ou, ki pa nan rans ak moun devan afèw menmjan avèm, sa pa pou ou. Wap bezwen yon balèn rouj, yon boutèy, Florida, yon divin rouj, yon pake bazilik. lè wap trase balèn nan, fè sur kew trase l sorti anba pou monter( trase balèn nan se ak zong ou, kòmsi w grafonyen l sorti anba pou monte. mkonnen plen moun ki pral mande mtou reponn, mkonnen se timoun nou ye 😂) wap depoze yo tout sou tab la epi wap kite boutèy diven an bouche. Wap pran Florida a wap vide bazilik sou li epi wap wouze ni balèn nan ni mouchwa a men fòk se yon mouchwa ki batize pou Mapyang. mwen te montre kijan pou batize mouchwa lwa deja. Pa mete ajenou, kanpe pouw pale ak Mapyang. Mete fanm/gason sou ou se petro. Manmanm konn tèlman konsantre li tranble. Di Erzulie Mapyang map relew aswè a, papa legba oumenm ki nan baryè a mwen mandew pasaj, rele bitasyon bò manman w mande yo pasaj, rele bitasyon bò papaw mande yo pasaj epi fè 4 fasad salye linivè, mwen te montre nou sa deja. Si se vanjans wap mande rale ponya Mapyang ou kenbel di. si se yon demand wap fè wap mande byenfè, travay, etc.. leve balèn nan anlè epi pale kozew ak madanm nan. mete fanm sou ou. se oumenm ki konn kisaw bezwen nan menl alor saw pral di depan de oumenm.Gen moun lwa a konn tou monte yo aprè demand lan. Lèw fini dil divin sa se yon kado. lèm jwenn sam mandew la map debouchel men pou kounya mpoko ba oul. Lèw jwenn saw bezwen an ou supoze debouchel epi vide 3 gout atè, achte 2 mete sou tab la. poze kesyon yo
depi w ka rele Mapyang ou gentan pa timoun ankò. Gen konesans pa fè de ou yon malfektè men li fè de ou yon konnen alor ou sortir nan inyorans. Ou malfecteur sèlman siw fè malfezan. Malfektè sorti nan mo mal ki vle di yon moun ki pran plezil nan fè sa ki mal. Se vre gwo lwa sayo ou ka rele yo pouw fè le mal e yap fèl siw fè demand lan byen. Tout moun ki diw le contraire se manti. Se pa bay manti sou do lwa yo fè yo pase pou sa ke yo pa ye ke lwa yo ap chache men se pito kisaw itilize konesans kew genyen pouw fè avèl. Ou ka relel pou tire revanj men konsa tou ou ka relel pou pwoteje pitit ou, pou pwoteje fanmiw kont fòs malefik e lè yo sou dimansyon djab se lè sa yo bay repons pi vit. Plus dimansyon l pi wo se plus pouvwa li genyen. Se sak fèw remake ke nan vodou wap remake se lwa cho ke moun yo plus enterese. Se yo menm ki bay bon jan lajan bon kòb ki pou fèw milyonè ki pou fèw grannèg, se kòb pouw degajew non, kòb pouw gran nèg pouw gran fanm. Mapyang se Jistis ak lajan ak lavi miyò li plus bay. Li pi vit poul reponn ou si se bagay sayo ou mandel
Comentarios
Publicar un comentario