Madmwazèl chalòt
Mwen konn wè plizyè Ougan ki resevwa mademoiselle Charlotte pou Freda men mpa janm di anyen. depi yon fwa mtal nan yon dans ak manmanm mwen te wè manbo a fè yon bagay, li pa byen fèl mwen korijel manmanm pasem yo n sabò devan tout moun. depi lè sa mpa janm fè sa ankò. lè sa mpot ko gen lespri. Dwpiw tande fransè ap tonbe se pa Freda. Moun kap di yo pa nan blan yo pa konn vodou. Grann Brigitte pa yon fanm nwa aprann sa jodia. Gede Nibo pa yon nwa se pitit adoptif Bawon ak Brigitte. Se bawon ki nwa. Tipis lakwa pa yon nwa. Ou kwè nou konn vodou mezanmi? Tout sibi dlo yo pa nwa. tout moun ki wè yo souvan di se moun rouj yo ye. Gen moun ki konn fè anpil tan anba dlo lè yo vini yo di blan yo ye. siw antre nan vodou pou nwa wap fè kè. Gen anpil antité se blan yo ye.
Mademoiselle Charlotte
Se pa yon lwa ki popilè menm nan kominote vodou a akoz de resanblans li ak Freda. anpil moun souvan konfonn li pou Freda. 80% ougan ak manbo Ayisyen fè erreur sa yo panse se Freda. Siw wèl pale fransè se pa Freda se Mademoiselle Charlotte. Lèl antre nan tèt yon moun se fransè sèlman li pale e se fransè pouw pale avèl tou poul konprann. Li pa fè enteresant ak zuzu menmjan ak Filomiz ak Freda ni li pa cho dèyè gason menmjan ak lwa sayo. Li just poze l tankou yon jeune fille très sage. Li renmen menmsa Freda renmen se rezon sa ki fè yo konfonn li pou Freda. Li souvan parèt nan seremoni ki fèt pou Freda men yo pa konnenl yo panse se menm Freda yo resevwa l menmjan ak Freda. Non se pa yon dimansyon nan escort Erzulie. Se yon antite endepandan.
Mademoiselle Charlotte se yon lwa nan Vodou Ayisyen ki trè espesyal. yo pa telman pale de li,Li pa soti nan ras lwa Afriken yo, men li se yon lwa blan lwa kreyòl oswa lwa kolonyal.
1.Orijin li
Yo kwè Mademoiselle Charlotte se lespri yon fanm blan franse oswa kreyòl ki te viv an Ayiti pandan epòk kolonyal la.
Li te konvèti oswa vin sèvi nan Vodou pa respè pou mistik la.
2.Karaktè li
Li gen anpil distenksyon, li renmen bagay ki pwòp, ki byen òdone.
Li se lwa fyète, klas, ak etikèt.
Li pale franse oswa kreyòl franse e li pa renmen move lang, bri oswa dezòd.
3.Ki sa li renmen
Li renmen rad elegant, parfum, flè sofistike, diven blan, ak manje ki byen prepare.
Yo sèvi l sou drap blan oswa vèt pal, ak chandèl blan.
4.Fonksyon li
Li pote benediksyon, pwoteksyon, e li ka ede w gen plis valè oswa respe nan sosyete.
Li se yon lwa ki ka fasilmen w si ou pa montre l respè.
5. Konsèy
Si ou vle sèvi Mademoiselle Charlotte, ou dwe toujou prezante tèt ou ak respè ak netwayaj.
Pa janm fose l antre nan rityèl dezòdone oswa rasin.
Comentarios
Publicar un comentario