Lwa zaou
Lwa Zaou se yon lwa ki pwòp anpil anpil anpil akoz de karaktè medsinal li.
Pouw fè demand ak lwa Zaou ou supoze pran sanw ou benyen ak bon fèy santibon, siw te ka jwenn fèy sitwonèl, lanni, fèy granbonm, etc.. nou konn fèy santi bon yo.
Pa mete chemen kontra paske chemen kontra plus bon lè wap fè tretman. Sa se yon beny preparation, yon beny netwayaj.
Benyen ak savon ki gen gwo Fragance yo tankou Irish spring yo.
Pran sanw ou benyen, se pa beny gason pa mize nan douch yo non. Pran sanw ou lave dèyèw tout anndan anis ou pouw santiw pur.
Florida se yon bon bagay, se yon kado compagnie sa ki te envante l la fè vodou paske prèske tout lwa yo renmenl
. Nenpòt parfum gason ki santi bon ap bon tou. Mwen menm mwen focus nan Hombre paskem konnen se garanti ke lwa a renmenl.
Sèlman Freda mtoujou fè sur kem gen pompea paskem konnen madanm sa se zuzul ye li pa konn renmen sa lòt renmen. avantaj ou genyen ou pa oblije fè lanp, ou ka fè lanp siw vle men yon balèn rouj oubyen jòn oubyen blan sufi sa pral depan de sou ki rit wap adresel. Mkonnen se rit Petro nou pi renmen alor balèn rouj.
Pa mandel fè moun mal men mandel poul baw justice, bayo sayo merite, au lieu mande malè, mande chase yo lwen w, mande l mare yo kou krab a chak fwa yo gen anvi al fèw mal, mandel fè move tan bare yo, solèy kouche sou yo lè yo vle al fèw mal. mandel toke kòn avèk yo pou ou paske tifòs ou piti.
Se pa demand goumen sèlman pou nou fè, se pou nou mande yo lave miyò. Lwa se menmjan ak Bondye wi se plenyen ba li tout tan wi pou juskaske l tandew.
Dil se limenm ou genyen si lap kitew fè tout viw nan saw ye la sil pap lage kichòy nan menw.
Mwen se yon pòv malere san sekou kap servir yon gwo towo tankou w dim kisa poum fè poum fè kèw kontan pouw ka fè kèw kontan tou.
Ou pap imilye w devan les hommes men ou ka imilye w devan lwaw yo
. Gen moun depi yo fin fè yon demand bay yon lwa yon fwa yo pa jwenn yo tonbe rele anmweey lwa pa reponn tandiske yo pa gen pwoblèm ap monter desann nan pye sen tout jounen juskaske l reponn yo.
Lwa yo se espri yo ye e pa bliye se pa ou sèlman kap mande. Fè demand lan antre 5h pou 9h.
Lwa Zaou pa konn pran lòt form ke fòm moun men toujou fè sur kew mande nenpòt lwa wap adrese pou yo vini sou form ou vle a.
Zanfan yo poze kesyon epi frè ak sè m ki konnen yo edem reponn jan nou konn fèl la
Comentarios
Publicar un comentario