Loko
*Loko a se yon non fanmi yon seri antite ki gwoupe sou bannyè sila a*:
▪︎Papa Loko Atidan.
▪︎Adanyi Loko.
▪︎Loko Adanyiko.
▪︎Atidanyi Ibo Loko.
▪︎Aloko.
▪︎papa Loko Azamblo Gidi.
▪︎Loko Atisou.
▪︎Loko Davi.
▪︎Ibo Loko.
▪︎Negrès Loko.
▪︎Loko Danwezo.
▪︎Azagon Loko.
▪︎Ati Wèdo Loko.
▪︎Atiwe Dan Loko.
▪︎papa loko Atisou Pongwe ou Poungwe.
▪︎Loko Basiye.
▪︎Loko Bazile…. elatriye…
Depi nou pale Loko nou pale sou prensip pyebwa, vejetasyon ak Mèt Hounfò.
Se prensip mal Manbo Ayizan.
Pale sou Loko se pale tou sou bwa sèk ou pyebwa Se ki pèsonifye Legba Se.
Jideyo women yo rele Je-Se.
Tradisyon Jwif san melany lan rele l Sephirot ou pye bwa sefiwotik.
Se pou rezon sa a se Legba Se vodouyizan rele avan. E touswit apre Legba Ati- Bon.
Paske se yo 2 a ki fè lyezon ant anwo ak anba visevèsa. Se senbòl potomitan an. Se yo menm ki lò dlo fent jete a, mache sou li pou transfòme ka ou matyè hounsi yo.
Se mas enèji libere hounsi yo k ap fasilite selebride, sele pa monte ou adonbre moun ki nan espas la.
Comentarios
Publicar un comentario