Legba

 Sa nou dwe konnen. 


Legba Atibon se youn nan pi gwo medsen fèy. Li pataje menm pye bwa ati a ak papa Loko Ati Dan. 


Se medsiyen beni. 


Bèt li se zandolit, manbrann ki anba gòj zandolit la  e se ak li sanble li pale lò li detire l an fòm sèk pase pou senbolise  son ak Solèy. 


Bèt pou Loko Ati- A-Sou se aganman. 


Legba Ati bon koupe pwen (degre) l sou solèy la e ak pyebwa sa anpil poud kannon ak poud twalèl fèt. 


Se poud pou pirifikasyon nan gwo degré e fòmil pou fè divès kalte poud sòti nan non ati . 


Gen moun ki di Ati soti nan mo aten tou, aten yon mo Fongbe ki sinifi pyebwa, se preske menm mo nan lang KiKongo ki vle di saj: Selon grandèt nan Lakou Souvans Mistik Ati Bien-Aimée te konn rezoud konfli ant de moun anba gwo pye tamarin Ogou e pou yo sèmante li fè yo touche pyebwa (Sodjème).

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka