Lanp pou ogou
*Lanp pou Ogou*
Li monte nan chodyè zen.
Pou monte’l, wap bezwen:
▪︎Lwil sitwon
▪︎Lwil kanel
▪︎Lwil doliv
3 lwil sa yo fondamantal:
▪︎Lwil akasya
▪︎Lwil kanel
▪︎Lwil mant
Pran chodyè zen an
Mete 3 fèy simen kontra ladan l.
Mete 2 fèy langlichat.
Mete tout lwil yo.
Simen yon ti poud leman.
Ajoute yon ti prespite wouj.
Woule mech ou, mete’l ladan l.
Limen lanp lan.
Pa bliye fè libasyon.
Pa bliye kanzo veso a.
Epi lanp pa monte nan fè nwa.
Apre sa: Ou ka mete 2 kiyè kwaze sou li.
Oubyen mete manchèt la sou li oswa bò kote l.
Foulaye manchèt la avan, ba l dife nan non jeneral la.
Sèvi’l a bon rhum cho. (ou bwè tou).
Lanp sa ka dire 3-7 jou.
Ou ka monte l mèkredi.
Comentarios
Publicar un comentario