Jouk

 kisa sa vle di lèw jouke yon lwa?


Premier kesyon map reponn pou jounen an.

 

Jouke yon lwa vle di metel nan condition oubyen dimansyon oubyen volum poul servir avèw sèlman janw vle servir avèl la. Nan mitan fanmi yo rele sa vòlè lwa paske lwa sa pap ka fè anyen pou rès fanmi an paskew joukel sou yon dimansyon pouw fè saw vle avèl ak condition ke wap bal sal bezwen paske tout fanmi an te konn fè sèvis pou li men kounya ou pranl pou kont ou.


 Siw te joukel ak bèf, kochon, kabrit fòk ou toujou balil e siw te joukel ak yon animal ki ka pale fòk ou toujou balil, oubyen ti bouk kabrit ap tonbe, ti kòk ap tonbe , ti poulèt poul ap tonbe e m pap pale de bèt. Li pap pran etranje li pap kab. 


 Tout saw te pwomèt wap bali poul mache avèl sèlman fòk ou balil. egzanp: siw te pwomèt seremoni chak ane fòk ou fèl, siw pa fèl wap malad.

 avanw mouri siw pa dejoukel oubyen di pitit ou yo kijan pou yo servir avèl, pouw di yo kisa pou yo fè pou li, lap fè anpil dega


. Yap fè gwo seremoni gagòt bal manje men li pap manje paske seremoni an pa fèt nan condition ke yo te joukel la.


 Se pa joukem diw pa jouke lwa non, wi ou ka joukel men fòk ou konnen trè byen sa wap fè e fòk ou di tout pitit ou kew te jouke tèl lwa nan lakouw e men kijan e kisa pou yo fè si yo vle kenbel e kijan pou yo fè si yo pa vle kenbel

. pa fè erreur gran paran nou te fè. servir lwa pa difisil siw konn regleman


Voodoo Tv

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka