Enpòtans sèl nan vodou

 *Enpòtans Sèl nan koze mistik*. 


Sèl ou ka fè tout bagay ak li, tankou sa k pozitif ak sa k negatif. Gen Sèl fen, gen gwo Sèl, yo chak la pou yon ka espesifik, tout rityèl wap fè ou sipoze gen Sèl nan espas la sa vle di se li kap bay gou ak rityèl la, Sèl pa mache san siwo myèl oubien siwo kann. 


Sèl se la vi se lanmou, yon moun ki sou foure yon grenn sèl nan poch li ak yon moso chabon epi l ap gen kontwòl tèt li. 


Kenbe Sèl nou wo Sèl la jwe yon gro wòl nan mistik, Ou itilize l pou retire negativite lakay ou.


Yo benyen avèk li pou pirifye kò w. Ou kapab mete l nan kwen kay ou pou retire ond negatif.


Ou ka mete l nan pòch ou tou. 


Yo fè ben-y ak li tou tankou lè moun yo ap fè tretman. Si yon moun fè sezisman ou ka pile l ak ti luil doliv bay moun nan bwè l ap fon 

San an.


Pou m fini Sèl la Pou retire tout ond negatif nèt.


E li la Pou pirifye w tou Pa gen ti maji, ni gwo maji pou Sèl la, Li enseparab ou fè manje ak li tou.


5 bagay ou ka fè a sel


1. Mete sel lan 4 kwen chanm lakay ou kitel fe 2 jou pou pi plis apre sa nou bale li pou pirifye eneji kay ou 

2. ⁠Mete 3 ponyen sel lan dlo wap benyen pou chanje eneji kòw 

3. ⁠Fe yon ronn sel alantou tet ou yon baleine pou proteje tet ou 

4. ⁠Lave menw ak sel apre yon rankont yon kont yon vye sansasyon ou ka santi apre nenpot situation 

5. ⁠Mete sel anba kabann ou siw vle domi pezib 



Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka