Enpòtans poud blan

 *Enpòtans poud blan*


Poud la senbolize eleman tè. 


Gen anpil poud se ak ajil yo fèt. 


Nou itilize poud blan an mòd salitasyon pou lwa yo. 


Lè n'ap resevwa yon lwa nou toujou mete poud blan nan gode dlo nou pral resevwa lwa a. Poud la se yon fason pou di lwa a bienvini, ou lakay ou, nou kontan wè w. 


Nou konn sèvi ak poud la tou kòm farin pou nou trase vèvè lwa yo. 


Nou itilize l tou pou nou pirifye dlo pou nou sakre mouchwa, wouze anba tonèl yo. 


Nou itilize l tou pou nou salye jouk lwa yo pou nou montre yo nou konn enpòtans yo. 


Se pa sèl lwa mètrès yo ak gede yo ki itilize poud blan, poud la jeneral, se tout espri ki konnen l'.


Depann de regleman lakou a se pa tout lwa k'ap dakò pou simen poud blan sou yo. Men yo itilize l pou fè wonga. 


Yo itilize poud blan an tou pou fè beny. 


Poud blan se yon eleman doub fasad li ye, ou ka itilize l ni nan bon ni nan move gre a tou. 


Yo itilize l nan espedisyon. 


Lwa brav, marasa, mètrès yo, sèvi avè l anpil. 


Yo mete l' nan bwat Ogatwa. 


Yo mete l' nan laye Marasa. 


Gen lwa nan lwa Boumba yo ak kèk lwa zaka tou ki pa dakò yo voye poud sou yo, yo sèvi avè l pou fè degre ak lè y'ap beni rezon bay yon moun.


Poud la se yon bagay pwisan pou Mètrès Èzili Freda, li fè tout koze ak poud li. 


Poud la se yon gwo zafè pou lwa Rada yo. 


Levè de mò yo itilize poud blan anpil tou, ann kite pati sa la...


Gen moun ki konn met poud blan sou yo pou pwoteksyon. Poud pa monte sou poud aprann sa...


Yo konn monte mouchwa ak poud blan, Tankou mouchwa sosyete yo prapare pou moun pa pran nan kout poud, kout pyès, elatriye...


Nan Vodou poud la jwe yon wòl trè pwisan e enpòtan.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka