Enpòtans pilon nan vodou
*Enpòtans pilon nan vodou Ayisyen an*.
Non Vanyan pilon, se Makaya.
Ou ka monte yon gad ak yon pilon.
Lè ou gen yon pilon lakay ou li reprezante la rèn mè.
Lè ou se yon moun k'ap fè mistik ou dwe gen pilon lakay ou.
Gen de fwa ou gade anwo ou gade anba, ou pa wè sa pou fè, ou ka achte yon pilon pou fè lanp.
Avan ou fè lanp lan nan pilon an w'ap pile ladan l avan a midi pil, pile pale koze w, chak kout pilon se tankou se fwape w'ap fwape nan pòt la w'ap mande pou yo ouvri pou ou.
Nan yon pilon ou ka monte lanp giyon, lanp deblokaj, lanp pou travay.
Nan yon pilon ou ka fè yon ti moun ki mal pou pale pale.
Ak yon pilon ou ka mare fanmi w pou l rete ini, se sèl si yo pa konn manje anyen ki pile nan pilon.
Ou ka monte gad ak yon pilon.
Ou ka fè yon moun k'ap anmède w kite w trankil ak yon pilon.
Yon ti moun ki twòp pou tè ou ka kalme l ak yon pilon.
Ou ka fè trètman ak yon pilon.
Ou ka pile fèy pou fè beny ak yon pilon.
Nou wè valè Enpòtans yon pilon genyen.
Pilon gen lòt enpòtans mistik ankò, ki se moman Makaya, kote w'ap bezwen pilon ki gen bon jan regleman.
Gen materyo pou fè pilon sa tankou bwa sèd, bwa Acasia, bwa mapou, bwa figye.
Li gen epòk lalin ni pou koupe bwa sa, se la maji linè DG EVA t'ap pale a gen enpòtans li.
Yon moun ki benyen ak fèy ki pile nan pilon sa pa ka pa dedyoke.
Pilon reprezante Makaya.
*Pou monte yon gad ak yon pilon*
W'achte pilon w, a midi tapan yon samdi, ou mete pilon w nan solèy, ou fè l fè 7 jou solèy.
Aprè ou benyen l ak 7 move dlo, 7 move fèy, 7 move poud.
Aprè 7 jou ou benyen l ankò ak 7 bon dlo, 7 bon fèy, 7 bon poud.
Aprè 7 jou ou pafimen l ak lafimen 7 bon fèy.
Tout sa sou regleman w.
Pilon sa ka dòmi nan lakou w kòm yon gad, e ou ka itilize l tou pou pile fèy pou renouvle gad, pou retire djòk, sa pral depann de regleman w te monte l la.
Comentarios
Publicar un comentario