Dimansyon lwa

 Dernier kesyon map reponn pou jodia 

Lè yo di dimansyon kisa yo vle di? 

yon fanmi lwa oubyen yon eskòt lwa se yon sèl espri ki divize an plizyè par dimansyon. pouw konprann pi byen nap ranplase dimansyon par volume. sou chak volume li ye li se yon lòt espri konplètman. Yon Espri ka dedouble triple multiplier en des centaines oubyen no limit antité e sou chak antite sayo li sou yon lòt vibration. li gendwa pi cho li gendwa pi frèt. menm espri sa ka itilize yonn nan antite sayo pou fè yon maryaj ak yon lòt espri poul ka gen yon vertu kel pat genyen. Egzanp: Normalman Erzulie ta supoze yon espri de l'amour ki tap regle koze fanm ak gason koze maryaj, fwaye familial etc.. men se pa sa sèlman pitit li yo bezwen. Moun ap atake yo yap potel plent pou ènmi yo. Erzulie fè alyans ak Ogou poul vin Dantor poul ka domine eleman dife poul ka goumen pou pitit li yo. Se sak fè nap wè Dantor se yon espri ki terib menmjan ak tout espri gason yo. se akoz de maryaj li ak Ogou ki se yon espri de guerre. Gen moun ki panse lè yo di maryaj antre lwa yo se koze fanm ak nèg kap regle. non se yon exchange energy. Erzulie fè alyans ak Agwe pou eleman dlo poul ka gen vertu chans ak byenfè ak prosperité paske pitit li yo ap mandel sa, li tou marye ak Damballah tou poul ka fè gerizon li vin Freda. Li fè alyans ak bakoulou baka poul ka bay gwo lajan ak richess li vin Je rouj se sak fè li bwè san menmjan ak bakoulou baka sou dimansyon sa e li terib anpil. Li pa batay ak moun li just bay pèn de mort ni li pa padone sou dimansyon sa. Li fè anpil lòt Alyans tankou Balyann se yon alyans li fè ak gran bwa, Erzulie towo se yon alyans ak Bossou 7 corn etc..  Erzulie se yon espri fanm ki fèl ka fè tout alyans sayo konpare ak espri masculin yo. Erzulie ka gen pwòp religion pal paske li fè tout bagay. Pa bliye tout se yon sèl grenn espri a ki se Erzulie. se kòmsi se yon pye bwa ki gen plizè branch, chak branch yo ap regle yon bagay men pye bwa a rele Erzulie. poze kesyon siw manke konprann

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka