Desonnen mò
Lèw Desounen yon mò, ou separe lespri ak angajman li te genyen sou tè a,ou detache li se byen materyèl,ou edel retire nanm nan ak lespri a nan prizon kò fizik la.Ou libere nan m sa poul pa ret devan bawon kòm yon vadra kote nenpòt malfektè ka itilizel kont fanmi an oubyen yon lòt moun,li ede moun nan pa tounen zonbi oswa rete Yon dominasyon ou pèsekisyon nan fanmi an
NB: Gen mò si'w pa desonnenl li pap jwenn repo,li ka vin vin gros danje oswa chemen fè nwa pou fanmi oubyen pitit li.Li pap ka pwoteje fanmiy li kont oken danje ni ede fanmi sa avanse.
Lè wap desonnen Gad sa son fason pou moun nan ale devan jij natirèl li san okenn problem
Si wap fè evèn nan oubyen wap bay gad yo manje
Aprè 9 jou priyè evèn nan
Se 3 gad ki pi enpòtan nan kèk zòn latibonit
1- Gad kongo
2- Gad simbi andezo
3- Gad anminan
3 krich
Youn abiye anblan
Youn an wouj
Lot la an ble wouj e blan
3 poul
Yon poul jòn pou gad kongo
Yon poul blan
Pou simbi andezo
Yon kòk frize pou
Anminan
Poul frize a limenm lap krit pou fè sa
Comentarios
Publicar un comentario