Demanbre

 KISA “DEMANBRE” VLE DI ?


Anpil moun konn mal itilize mo demanbre a, men ann mete limyè sou vrè sans li 👇🏾


👉 Yon demanbre se yon lakou ki abandone.

Lè tout moun ki te fòme lakou a mouri oswa kite l, epi pa gen pèsonn ki rete pou kontinye lavi lakou a, lwa yo kite lakou a pou yo al jwenn lòt manm fanmi an ki ap viv lòt kote. Lakou sa a vin demanbre.


Egzanp :

Granpapaw te fonde yon lakou, li fè anpil pitit ladan l.

Pitit yo grandi, yo marye, yo al viv lòt kote.

Granpapa ak grann mouri, pa gen moun ki rete nan lakou a ankò.

👉 Lakou sa a vin demanbre.


⚠️ Pa konfonn demanbre ak peristil

Anpil moun itilize mo demanbre a pou peristil oswa pou yon lakou ki gen anpil aktivite.

❌ Sa pa kòrèk.

✔️ Demanbre vle di: yon bagay ki pèdi manm li yo, ki gaye, ki abandone.


📣 Mo a pou kont li esplike tèt li :

Yon bagay ki demanbre se yon bagay ki pèdi manm li yo.


🔁 Pataje pou lòt moun ka konprann tou.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka