Ason
Sa nou dwe konnen.
Gen plizyè enstriman/objè sakré pou rele lwa: Gen moun ki rele ak ason, gen moun se klòch, genyen se tchacha, genyen se joukoujou, genyen se ‘’koletadan’’ elatriye….
Enstriman joukou- joukou pou pi kout joukoujou se yon enstriman ki fèt ak 4 kalbas.
Se toujou ak kalbas kouran an li fèt. Li rele tou ‘’kase kan mèt solèy’’.
Manch li rele sèch menm jan ak potomitan an.
Non manch lan se Ati Wedo ou Atiwe Dan e mo fòmil pou reveye Se: ‘’Ati Dan Ibo Loko’’ ki vle di pyebwa prensip, pyebwa konesans, pyebwa byen ak mal, poto mitan andann peristil.
Li se tou enèji ou lwa ki anime pyebwa sa a.
Ati Loko: nannan lavi ou pyebwa Loko ou Woko.
Dan: koulèv ou tout zansèt pèp Dan nan, Ibo, vèb ou mo ki kreye a.
An Afrik manch Joukoujou a rele Ati-Voudoun.
Moun nan divèz kwen an Ayiti di se enstriman Bazou, Wa Wangòl.
Wa a mache ak Bazou Mennen,
Nòk Loufyatou Ganga,
Bazou Asatò enpi Michò Bazile Kongo ou Assatò ou Azintò Micho To-Kpo.
Yo di Gran Sid se pòtay kongo yo men nan Plèn Gonayiv Nan Soukri se basyon Kongo, yon Kongo wayal, Kongo Brazzaville Zaire.
Se dlo ki senbòl kongo. ‘’Pretan lorèy ak Jakomèl’’.
Comentarios
Publicar un comentario