4 fasad

 soryante 4 fasad

nou te pwomèt ou nou tap montrew kijan pouw sorienter oubyen fè au nom du Père an gran moun oubyen salye linivè. Wap just bezwen yon gode dlo yon balèn blan. Wap kòmanse bò solèy leve ki se à l'es pouw salye tout antite ki sou eleman lè yo. wap leve balèn nan ak gode dlo a wap kwaze ponyèt ou pandan 2 menw anlè, ou ka bese tèt ou oubyen fè jenouflexion. nou konn sak jesöu se lèw bese jenouw kòmsiw pral mete ajenou men ou pa mete ajenou sa rele koubem ba. 2) wap vire sou bò lwès bò solèy leve wap fè menm bagay la wap salye tout espri ki sou eleman dlo, 3em) wap vire sou bò Sud wap fè menm bagay la pouw salye antite ki sou eleman dife menmjan, 4em) wap prezante Nord pouw salye espri ki sou eleman tè. pa bliye fè jenouflexion epi bese tèt ou. Si nou gen kesyon pozem. Mpa vle okenn pitit mwen di yo pa konn ti bagay sa ki se fundamental vodou. Ou ka fèl chak jou avanw pati kite kay la. ou ka fèl avanw fè yon rout ki danjere. Msonje manmanm te konn fèm fèl chak ane nan premye jou lekòl la. Alor se oumenm ki pou konnen kilè li nesesè pouw fè au nom du père an granmoun. pa bliye pran nòt


*4 fasad*


Premye bagay yon Vodouyizan dwe konnen, Kòman yo liminen.


Nou sipoze vibre 4 eleman yo ki se:


▪︎Dlo.

▪︎Dife.

▪︎Tè.

▪︎Van.


Tè a nou deja Sou li, se sou li n'ap mache, nou Bezwen Yon pot dlo, Yon Balèn, Yon Bouji selon rit ou ye a, Ou siyale Balèn ou, ou limen balen ou. 


Ou prezante l 4 Fasad avèk balèn ou limen, pot dlo ou nan men w.


Ou kòmanse nan Lès kote solèy la leve ou fè Ès, Lwès, Nò, Sid.


Ou sipoze jete Yon gout dlo atè nan chak Fasad ou fè yo epi ou adrese w ak fòs ak espri ki relye chak Fasad yo.


Chak Fasad yo genyen Yon gadyen, Yon eskòt lwa.


Lè nou pran kote Solèy la leve a Li reprezante van, donk espri ki relye nan van an se la yo ye a Lès.


A Lwès se eleman dlo se la ou jwenn espri dlo yo.


Nò se eleman Tè, se la ou jwenn espri ki nan Tè yo.


Sid Eleman dife se la Ou jwenn espri ki genyen nan dife yo.


▪︎Dife-Ogou

▪︎Dlo Agwe aroyo

▪︎Tè Dantò

▪︎Van loko 


Apresa ou depoze balèn atè a ak pot dlo a. Balèn nan limen li reprezante Legba, Legba Atibon, paske ou dwe evoke li lè w fè 4 fasad yo.


Ou di pa Pouvwa papá Legba Atibon nan

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka