Remèd pou lafyèv

 Dòz Natirèl pou Ede Trete Epidemi "Fyèv" la ak Sove Lavi Malad yo.


Men pa bliye li enpòtan pou n ale lopital pou yon dyagnostik klè e detaye pandan n ap swiv tretman natirèl.


ENGREDYAN:

– 5 fèy ekaliptis (eucalyptus / eucalipto) + 3 branch Ti Bonm (mant) + 2 ti bout jenjanm (pile ou graje) + 1 ponyen fèy ak flè Doliv + 3 branch sitwonèl (mare yo an ne) + 1 wonn sitwon + 1 bò Zoranj Si (prije ak tout po a, lage l ladan l) + 3 branch pèsi + 3 branch ten + 3 Fèy lougawou + 1 bout lalwa + 5 ti branch fèy Dèyè Do + 3 klis Kanèl + 3 grenn Pwav + 7 klou Jiwòf.


EKSTRA (Si w jwenn ajoute): 1 ti branch (5) fèy Lila (nim) + 2 branch womaren.


ENSTRIKSYON | METÒD PREPARASYON:


1) Mete yon dlo bouyi,

2) pile/graje jenjanm nan, ak tout kanèl la +pwav la, mete yo nan dlo k ap bouyi sou dife a,

3) Aprè sa, kite yo fè yon ti bouyi pou 3-5 minit;

4) Ajoute chak fèy yo yonn aprè lòt nan dlo dekoksyon an (te a); mare branch sitwonèl yo an ne tankou lasèt soulye.

5) Epi pandan te a ap bouyi, koupe ti moso lalwa, retire pikan ki arebò l yo epi answit ajoute l ladan te a.

6) Lese te a bouyi pou 7- 10 minit. Pa depase 15 minit.

7) Retire l sou dife vide nan tas ou veso, pa pran ma yo.


POZOLOJI: Jan pou w bwè te a

Bwè 3 tas chak jou pou granmoun; 2 tas pou timoun ki gen plis pase 5 lane.

Prekosyon: -Fanm ansent ak sila k ap bay bebe tete pa dwe bwè dòz sa. Si 2-3 jou pase fyèv sa pa tonbe ale wè doktè w oswa kontakte nou rapid vit.


– Si w p ajwenn tout plant yo, ou ka ne konpoze dòz la ak sa w jwenn yo, li efikas anpil.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Leson

Lwa Petro

Sortir votre potentiel