Pou dosye ki bloke
OU MENM YO FILL POU OU NAN BIDEN, DOSYEW LA AP TRENNEN,YO PA JANM RELEW, MEN SA POUW FÈ👇👇👇👇.
Yon asyèt blan.
Lwil maskreti.
Koton.
Yon papye tenbre.
Wap fè ti lanp sa à midi
Wap ekri demand ou an nan papye an epi wap ekri non 3 mò nan fanmi w pou yo al debloke dosye an. W'ap mete asyèt lan sou papye sa epi mete lwil maskreti pandan wap pale kozew epi fè 3 mèch sou non 3 mò sa yo epi limen lanp ou Wa remesye m. Jete 3 gout kleren sou non bitasyon nou yo.
Se mò ki regle afè vwayaj paske se yo ki vwayaje deja.
Fé sa dosye w ap toujou an premye tout kote nan nenpòt bagay la. Kélkeswa kote w pwal depoze yon dosye, yon cv, dosye w p'ap ka jete ni pase anba.
Anpil fwa se nou ki retade dosye nou ann pran egzanp ou gen pou w al depoze yon cv yon kote men sa nou gen abitid fè jodia w'al prepare foto, poz demen ou al nan ciber ou monte dosye a poz toujou, apre demen w al deyè sétifika de bòn vi e mès ou depozel la toujou, kategorikman w'ap fè sa konsa ou trennen dosye w depi nan men w ou bay aksè ak move espri ki antoure w yo jwenn mwayen pou blokew.
Ebyen fé sa jan m di w la w'a banm rezilta
Wap deside ou prepare tout afè w nan yon sél jou ou pran yon jou pou sa, men jou ki plus propis la se jeudi.
Ou fè tout afè w pré wap achte yon egwi san machande, w'ap pirifye egwi a dabò, w ap bezwen yon fil nenpot koulé wap file egwi w.
Limen yon balénn blan sou konsantrasyon w w'ap pran egwi a wap pike 7 ti tou nan dosyew la nan dénye twou a konsantre w di pawol oupale an sót ke ou jwenn yon repons pozitif, se ou ki konn pouki ou pwal depoze l si se anbasad si se pou travay ou apresa rale egwi a pa deyé ak tout fil la.
Sou konsantrasyon w apresa pa kite l dòmi lakay ou al depoze l kote w pwal depozel la.
M garantiw dosyew la paka pase anba ni al nan pou bél🔥🔥🔥.
Comentarios
Publicar un comentario