Pou atire chans

 Mesye dam vinn konnen kijan pouw rale chans sou ou atire moun sou nou repouse move ond negatif sou rale tout sak bon sou nou mete moun sou nou.


Avèk ti resèt sa li senp men li bon anpil li efikas anpil, fèl w'ap wé jan sa ap mache. N'a vin dim jan sa ap mache. Men sa w'ap fè krèm po w'ap sévi a Si w se fi w ap ajoute 7 grenn jiròf nan krèm w ap sèvi a, Si w son w gason w'ap mete 9

W'ap sezi wè jan tout bagay ki patka mache pwal mache, relasyon w lan pwal pi dous w'ap vinn jwenn demand an kantite tout move chans ap vole 

M'ap tann nou ak rezilta yo nan kòmantè.

Bón chans.


Pou moun k'ap dim yo pa sèvi ak krèm nan

Men sa n'ap fè ak yon pafen nou mete

Nenpòt pafen depi se avè l ou sévi Si w gen yon pafen prefere li pi bon ankò. L'ap tèlman rale moun sou ou moun ap renmen w, apresye w.

W'ap gen zye fikse sou ou. W'ap apresye nan travay ou.


Depi w nan lari yo paka pa abòde w em garanti w move grenn yo pap ka vinn sou wout ou paske pafen sa li la tou pou repouse move bagay.


W'ap bezwen yon moso kanel, achte bon kanèl medam mesye.

Wap bezyen 4 féy lorye.

Wap bezwen 16 grenn jiróf.

Wap bezwen yon grenn sél.

Wap ajoute tout nan pafen an kite l Fè 3 jou ap tranpe anvan w kòmanse sèvi avè l' mete l nan espas kote w mete rad ou oubyen nan tiwa kote kilot ou ye.

Apre 3 jou a itilize l nan vizaj ou pla men ou déyé zoréy nou.


Al fè l li senp el bon anpil na vinn ban m rezilta.


Bòn chans!!


👇👇👇👇


 SÈLMAN FANM KI GEN CHANS POU RESÉT SA👇👇


 MEN YON FANM KA FE SA POU MARI LI TOU SAN PWOBLEM 🙏🏽.


 - Anyen pa mache pou ou malgre efò ou?


 - Ou ranpli fomilè tout kote men ou pa janm ka jwenn travay.


 -San rezon ou revoke nan travay ou.


 - Gason kite ou san rezon, epi ou pa janm gen yon relasyon serye.


 - Ou gen plizyè ane marye ou men ou sèlman fè foskouch oswa ou pa janm vin ansent men POUTAN ou an Bòn sante👍👍


 - Ou fé komès men anyen pa mache ankò, tout bagay ap fè bak.


- Ou gen tè, men ou pa menm ka jwenn minimòm pou konstwi menm yon chanm se lwe ou toujou ap lwe.


 Tanpri fanm sove mari w' ak pouvwa sa👎👎👎


  SAW AP BEZWEN:


 -1 egwi koud.


 - Fil a koud nenpòt koulè. 


 -3 grenn pwav ginen.


 - San nan peryòd ou.


   FÉ SA:


 Nan fen mwa a tout medam wè règ NOU.


 Nan premye jou règ ou pral pase zegwi a nan san an.

APRESA sa a, ou mare zegwi a tout san ak fil la.


Lé w Fini ou manje ak dan 3 grenn pwav yo.


 Epi ou fè tout ve ou:<<pwoteksyon, dezanvoutman, retou nan afeksyon, bezwen finansyé elatriye.>> sou atachman sa a.


  ITILIZE:


 Preparasyon sa a se yon pwoteksyon potel SOU ou

 Li dwe rete sou ou chak jou. kèlkeswa kote ou ale li ta dwe rete sou ou nan valiz ou oswa sou ou.


 NB:


 Si ou se yon madanm marye epi se mari w ki fè tout bagay lè sa a, ou fè li epi ou ba li. Men si ou travay e mari w travay tou lè sa a ou fè de ou bay tonton an yonn epi ou kenbe yonn pou tèt ou.


Comentarios

Entradas populares de este blog

Leson

Lwa Petro

Sortir votre potentiel