Papa Loko
Papa Loko
Loko le messager du temps et des saisons.
Lwa Dawomen ( Rada) ki senbolize ou manifeste a travè 2 bèt jeneralman.
Papiyon ki mache sou Prensip Loko nouvèl etanke mesaje ant mond fizik ke n ap viv lan e mond espri yo ke zye Fizik nou pa pèmèt nou wè.
Koulèv etan ke anblèm syans medikal ki gen rapò ak fèy, tèm fèy dezinye tout sa ki nan Nati an ki natirèl, ke nou ka itilize pou geri oubyen tiye, pa tiye pou detwi men pou pwoteje e defann kominote an jan valè moral Vodou an anseye sa, koulèv nan anpil Tradisyon itilize nan Kad eksperimantasyon ak obsèvasyon syantifik Fèy nan Bwa, istwa oral Vodou anseye nou avan devlopman medsin lè yon Moun malad yo itilize koulèv lan pou revele yo ki fèy nan Bwa ki ka geri ou soulaje Moun sa....
Nan Tradisyon Vodou Dawomen an Loko dezinye kòm 1 Ougan paske li se yon prensip ki koresponn ak konesans fèy nan Bwa, menm jan ak Simbi Makaya nan Kongo an. Paske yon Ougan se yon Moun ki gen konesans fèy nan Bwa pou Geri.... Adèp pou Moun ki sèvi lwa sa pote non Lokosi nan Peyi Benin kominote mayi yo, mo si an vle di Fanm nan Lang fon kidonk Yon Lokosi se Fanm Loko pa nan sans Fanm ak Gason, men li pito dezinye ou se Tanp ou veso ki pèmèt espri an manifeste.
Si n ap pran chante Vodou yo kòm referans eleman primòdyal ki asosye ak Loko se lè, van nan Yon nivo ki ka pote non tanpèt.
Van se yon eleman ki asosye ak dife paske san lè dife an paka pran vi, e pèmèt vag lanmè yo manifeste ki fè de lanmè yon èt etènèl, paske nan Vodou tout sa ki nan Nati an konsyan.
Si n ap fè analoji epòk ki lye ak van se prentan ki kòmanse nan Lannuit 20 mas pou Louvri 21... koulè yo asosye ak sezon sa se Jòn paske jeneralman yon fèy ki mi pote koulè Jòn, e se fèy 🥀🍂ki mi ke van an Ka pote ki se manifestasyon pensip Loko, e koulè vèt pou fèy ki mi, daprè obsèvasyon pa m se pou sa Loko pote koulè vè ak Jòn.
Yo rele Loko Nèg Mayifado, Nèg Ziblogi Nèg Van Nèg tanpèt.
🎶🎵Anye o Lokosi an wanganizè eee 🎵 Ziblogi Wanganizè Loko
Loko
Papa loko ! Azonglo Loko, loko Atissou , loko Mayifade se anpil nan non nou konn tande pou lwa loko.
Chak non sa yo ba li yon aspè nan panteyon vodou a, yon manifestasyon, ak enpòtans selon lakou kote y ap venere lwa sa a.
Papa loko, lwa van an, van an menm, selon kèk sèvitè se lwa ki responsab sekrè tradisyon vodou a.
Anndan kèk rit anndan vodou a yo konn rele li granmèt loko, mèt loko,tèlman yo vle leve pouvwa gwo lwa sa a
Koulè li se jòn ak vèt.
Anndan rit asogwe a yo salye li apre yo fin ak marasa yo, men gen kote ou ka wè yo salye l jou k apre e se pandan y ap salye li menm ak Manbo Ayizan velekete yo fè kèk jès senbolik pou raple fratènite ki ta dwe ini moun ki di yo se vodouyizan yo.
Loko gen yon dimansyon istorik tou, kote yo konn asimile filozofi papa loko a ak filozofi liberatè jan jak Desalin.
Si DESALIN LIBERE de esklavaj enben papa loko ta libere de inyorans nan kesyon espirityalite vodou a
Loko dewade, azonglo loko dewade, anperè Desalin, loko Dewade......
Papa loko se yon konnen, nan lejand vodou a, se mèt pi gwo sekrè yo
Yo konn rele li Gabriyèl Loko, e lò sa a yo sèmante ke pa ka gen houngan ki konnen koze pase loko
Pa gen houngan pase w.....
Loko responsab, tradisyon an, sekrè rit yo.
Nan anpil hounfò yo fete loko 6 janvye, konsa tou w ap jwenn lòt kote ki fè gwo Michan fèt pou loko nan mitan mwa Mas. Men ou kapab chwazi venere lwa loko chak jou, lè w vle, pa gen dat ou pa ka fè fèt pou Kèlkeswa lwa w menm si dat m site la yo parèt inivèsèl de yon lakou a yon lòt, men chak lakou sèvi jan yo abitye, selon fòmasyon yo, e sa pa bay pwoblèm.
Loko egzije pridans nan pasasyon konesans anndan vodou a, se pou sa loko chante li di li pa houngan pwonmennen ki kote y ap jwenn li pou atake li, se yon langaj senbolik ki pa literal.
Papa loko se pigwo houngan peyi a, bonswa papa loko gwo lwa nou, gwo houngan nou !
Comentarios
Publicar un comentario