Pafen ak beny kay
BENY KAY ak PAFIM: Nou dwe benyen ak pafimen kay nou sitou si n fenk ale rete ladan l'.
Pwòpte tout vye rakwen kay nou, plant yo ka fè sa. Yo la pou sa. Sitou yon nouvo kay n ap rantre. Fè beny pou kay la, bale wouze ou mope. Fè pafimen anvan w fè beny kay la.
Ou ka melanje engredyan nou site pi ba yo nan yon kivèt dlo pou kwape vye enèji epi byen bòde nouvo espas ou a.
3 Ponyen Bazilik
2 ponyen Amwaz
1 ponyen Simen Kontra
3 branch Sousi
3 branch Pèsi
3 fèy Kalbas
7 fèy Gwo Nèg
7 Fèy Sitwon ou 3 tèt sitwon
3-7 fèy Lougawou / Ayigwe / Chòche
3 branch Wou oswa 3 gout Dlo Wou (Rue | Ruda)
3 ti bout lalwa
2 ti bout Metsiyen
3 dan Lay
7- 21 klou Jiwòf oswa 3 ti priz
3 ou 7 grenn Maskreti
3 ti priz Grenn Wowoli (Sesame)
3 ti priz Asefetida (Plant ou Poud, Ayisyen konn rele l Afetida)
3-5 gout Pafen santi bon (1 ou 3 diferan kalite)
2-3 gout Lwil sent
2-3 gout Kleren blan
1 ti moso tablèt Kanf
1 ti priz Souf
2-3 ti priz Ansan
1-3 galon Dlo (depann gwosè espas w ap pwòpte)
DIPLIS:
Ou ka ajoute ti gout dlo lapli ou lanmè ou dlo ou menm ou beni oswa yon konnen beni. Ou ka soufle non Granmèt la sou li e priye sou li. Tout lòt inisye konnen fason pa yo pou jere zafè yo.
PAFIM:
Ou ka jis boule plizyè kalte ansan ou ka ajoute ti priz souf ak kanf, ak asefetida, sèl. Si w gen youn nan plant ki site pi wo yo an poud ou ka ajoute 3 ladan yo. Ou ka boule fèy bazilik, fèy yon twoke ou nich, grese l ak lwil maskreti, epi itilize ti kleren blan byen fò pou boule yo devan lento ou papòt kay la, sou pa anndan, lese pafim nan (lafimen) an vwayaje atravè tout kay la. Epi lapè wi. Pafim sa ou ka fè menm apre w fin abite nan espas la, sitou lè w gen vye pèsekisyon fòs envizib swa k ap vin peze ou kouche w nan dòmi, ou si espas la ante ak vye nanm revenan.
Epi Lapè!
Si w jwenn majorite engredyan sa yo ou ka pare beny kay sa kanmenm ak mezi sa w jwenn yo depi w gen bazilik, dlo, ti kleren ak pafen ou solid. Chaje lòt beny kay ou ka fè, chaje lòt dòz kèk moun ka bezwen fè, pa ekzanp Mayi Gra, Pafim, Plasman, Sogwe elatriye.
Comentarios
Publicar un comentario