Lwa gran bwa

 Lwa gran bwa.


Wòl li, sa l manje?

Lwa gran bwa ki abite nan bwa. Li se yon lwa nan vodou a ki enpòtan nan vodou a. Lè seremoni gran bwa tout moun pa ka al ladan l. Li la pou geri tou.

Gen

▪︎Gran bwa senp.
▪︎Gran bwa nago.
▪︎Gran bwa yeye.
▪︎Gran bwa zile.
▪︎Mèt gran bwa.

Gran bwa la pou pwoteje forè yo plant yo e li pwoteje moun tou. Li pwoteje moun ki ap vwayaje e li se yon gerisè.

Li vibre sou 2 rit. Petwo ak rada.

Lè fèt li, li fete nan kay sou rit rada, lè l nan raje li sou wout petwo.

Koulè l se blan ak wouj ou byen vèt ak wouj.

Gran bwa pa konn jwe ak moun, pou rele lwa sa, fòk se yon sitiyasyon ki enpòtan anpil, se yon lwa fòk ou gen sajès ak respè. Lè l'ap vin sou ou, ou ka kouri paske lè l'ap vini se yon gason ki vini ak fèy sou li. Lè lwa sa monte yon moun l'al nan gran bwa, pa swiv li si w pa konn regleman kase fèy.

Vèvè li se yon gason ki kanpe ak fèy.

Lè w al nan gran bwa ou al rele li ou dwe mache ak makout ou.

Lè ou ap konsakre wonfò ou badji a lwa gran bwa li la e se li ki inisye wonsi yo.

Ou bay gran bwa manje nan aswè.

Gran bwa ou ka rele l anndan forè a li parèt fizikman sou ou.

Ou rele l nan gran bwa a minwi.

Depi w wè yon makout kwoke nan yon pye bwa konnen se gran bwa, li manje menm jan ak atisou.

Se pa papa loko pou pase pou bay gran bwa manje lwa gran bwa li travay ak loko atisou.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Leson

Lwa Petro

Sortir votre potentiel