La fyèv tifoyid

 Lafyèv tifoyid pa dwe ap touye Ayisyen toujou nan peyi a. Limyè a la pou ede pwoteje ak pwolonje lavi. #Medikaplant te pwomèt nou zentrenn ebyen men kichòy pou n trete pèp nou an. Remèd fèy Ayisyen pa nan rans ak vye maladi. Se konnen ki konnen epi se konnen ki fè. 


ENGREDYAN: 3 pye Lalo ak tout rasin (lòt non l genyen: Jute leaves | Saluyot | Corchorus olitorius) + 1 ponyen fèy Ametye (Lamitye | Cuscuta americana L) + 1 ponyen fèy Bannan Poban mi + 1 Zoranj Si mi  + 3 fèy Metsiyen mi (Jatropha curcas L.). 


ENSTRIKSYON: W ap bouyi l, kite l bouyi monte pandan 3 fwa, toujou peze li desann pandan 3 fwa sa yo. Mete l nan yon tas epi ajoute de-twa grenn sèl nan tas la. Bwè l epi bwè rès la mete dlo ladan li pou fè tizann (san w pa bwè lòt dlo menm pandan tout jounen an sof li menm). Fè sa pandan 15 jou. W a ban m rezilta depi sou 1-3 jou se pou w elimine sa blanch. 


Nou mèt ale teste pouvwa dòz sa, se yon fòmil Medikaplant ki soti nan fondas Medsin Tradisyonèl Ayisyen an. Vin temwanye anba pòs la. Si w ta wè moun sa pa kanpe depi sou yon semèn se pa lafyèv tifoyid li genyen. Tounen sou do pye n.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Leson

Lwa Petro

Sortir votre potentiel