Giyon

 Ann fè yon ti koze sou beny devenn.


¿kile w pran nan Giyon?


Ou pran nan giyon plizyè fason.

-Nan bay moun akolad.

-Nan bay lanmen. 

-Nan met rad ak moun. 

-Nan fe sèks ak moun. 

Ak divès lòt fason sila nou site la yo pi frekan


kisa Giyon ye? 

Giyon se yon "fluide negatif" yon sòt de enèji negatif malkontrent ki anpeche evolisyonw sou yon plan ke sou yon lot.


Li pa obligatwa pou se yon moun ki baw li.

Ou kapab giyonnen pwop tèt ou, yon paran kapab giyonnen pwòp pitit li nan atire vye bagay sou li.


Tankou: siw leve chak jou wap di lavi a pa ofri w anyen.

Yon manman ki gen yon pitit kap di timoun sa li pap janm anyen nan lavi li, gen pi gwo devenn nan sa, lè sa , se sèl manman w oubyen papa w ki ka fè yon bagay pou ou.


Anpil fwa nou mache kay Yon konnen pou fè beny pou nou epi konnen an mandew kot paranw?


se yon fason poul di w chache wout kay ou, se la blokaj ou soti. Epi si w pa debrouya nan lavi wap santiw giyonnen.


kijanw ka retire Giyon? 


-Nan Bonjan Beny fèy ke lanati ofri kont "fluide negatif" sila yo 


-Ak nan fe sèks tou.

 Men mpa konseye nou pwen sila, paske saw pa vle pou ou , ou pa ka al lagel sou yon lòt


kisa Giyon ka fèw?


-Li ka enpeche yon progresyon lakay ou sou plan materyèl 

-Konsa tou li ka provoke kèk maladi lakay ou

-Li ka Rann ou fèb espirityèlman 


Poukisa yo Giyonnen moun?


-Anpil moun fèl pa mechanste.

-Konsa tou gen moun kifèl inosamman koz li pran ladan li transmèt li san ke li pa konnen.


Ou giyonnen paske w manke aktif nan Vi kourant, byen ke "fluide negatif" la tout kote epi nan tout bagay rete a ou menm ki pou kanalizew epi monte baryè pwoteksyon mistik ou pou sa pa rive sou ou, ou byen pi lwen

Se sak fè laplipa moun ki nan mistik chak yon peryod nan ane a yo fè yo ben pou wete giyon nan lavi yo.


Pa bliye li enpòtan nan Mistik fòk nou toujou benyen ak tout sa Bondye lavi a te mete la pou nou, paske Benyen ak fèy epi lòt se netwaye kò fizik ak kò espirityèl ou.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Leson

Lwa Petro

Sortir votre potentiel