Enfeksyon vajinal
🛑Enfeksyon nan #bouboun🛑
Anpil fwa medam yo achte nenpòt medikaman pou trete enfeksyon nan bouboun men yo pa konn ki tip enfeksyon yo genyen paske yo pa al wè pèsonèl sante yo pou sa e sa konn koz enfeksyon an dejenere:
👉Pataje ! Pataje pou enfòme yon lòt fanm
🌐 Vajinit se yon enflamasyon ki kapab enfektyez ou non:
Gen plizyè bagay ou santi lè w gen vajinit pami yo :
-Ekoulman.
-Grate.
-Plak wouj nan Bouboun ou.
Ect
🛞Men genyen 3 tip Vajinit ki pi frekan :
Vajinit ki koze pa bakteri (Gardnerella vaginalis).
-Vajinit ki koze pa candida albicans ki se yon chanpinyon.
-Vajinit ki koze pa trikomonas ki se yon parazit.
1-Vajinit bakteryèn.
Sentòm ak siy :
-Ekoulman gen koulè vèt -gri oubyen jòn
-Move sant sitou sant pwason pouri sitou aprè w fin fè bagay oubyen padan w gen règ.
-Bouboun ou ka anfle, li wouj, wap grate.
-Li pa ka transmèt donk ou pa ka bay patnè w la.
2-Vajinit ki koze pa chanpinyon(candida albicans).
-Ekoulman blanch byen pwès tankou lèt kaye.
-Grate andedan kou deyò.
-Doulè pandan wap fè bagay(Dyspareunie).
-Bouboun nan anfle.
-Doulè pandan wap pipi ,li boule(Dysurie).
-Li pa ka transmèt.
3-Vajinit a trikomonas.
-Ou ka bay patnè w li.
-Ekoulman jòn,vèt.
-sant pwason.
-Doulè pandan e aprè w fin fè bagay.
-Doulè pandan wap pipi.
- Si w gade vulve la wap wè li gen menm aspè a 🍓 frèz
- li wouj.
Gason yo menm si yo ta enfekte yo ka pa santi sa men konsa tou yo ka prezante sentom sa :
-Ekoulman nan irèt.
-li ka ap bay pij.
-Doulè pandan lap pipi.
-Anvi al pipi tanzantan epi pa anpil(Pollakiurie).
Konsa tou li ka debouche sou yon enflamasyon nan prostat(prostatite) nan irèt( urétrite) nan vesi(cystite).
Comentarios
Publicar un comentario