Dantò ak freda

 1- DANTÒ/FREDA


"Genyen yon pakèt moun, paske divizyon fin anfle tout pati nan tchè yo, yo vle mete divizyon sa yo lakay LWA yo tou".

Anvan menm nou raple w kisa LWA yo ye, Kite n di w ke AZILI, non sa a sòti nan peyi BENEN, dayè genyen yon LAK MISTIK ki pote menm non an, nou kapab konprann pakou non sila a pou jouk li rive jwenn nou pa bò isit AYITI...pa defòmasyon lengwistik, nou di ÈZILI.

Kòm mwen renmen presizyon mwen pote l pou nou.

Lè w pale de AZILI, ou pale de LANMOU, FANM AK MANMAN, pa bliye LANMOU genyen plizyè fasèt...

Si n pran pa egzanp LOA DANTÒ AK FREDA.

LOA vle di espri, yon espri se yon enèji, se yon vibrasyon kosmik, se yon fòs kosmik...

DANTÒ ak FREDA fè pati de menm fanmi LWA, menm eskòt LWA a ki se AZILI ( lanmou ).

DANTÒ ak FREDA se 2 fasèt lakay AZILI.
Se menm enèji an.

DANTÒ se fòs kouraj yon fanm, sitou yon manman, se yon manman ki prèt pou l fè nenpòt sakrifis pou byennèt tchovi li...

FREDA se Kote estetik lakay yon fanm
Se elegans, se souplès, abiye tankou pan, freda se lè fanm degouden kole ak tout pi bèl flè nan lanati...

Sispann rantre divizyon nou yo nan mitan PRENSIP KOSMIK yo.

"Dimansyon lespwi w, se dimansyon lwa w".

Si lespri w deja nouri divizyon, lè lwa makonnen w, se divizyon k ap parèt...

Comentarios

Entradas populares de este blog

Leson

Lwa Petro

Sortir votre potentiel