Leson

 Ti jan petwo vodouivi senkretiz rele l jan batis

Ou jwenn lwa jan tout kote nan dlo nan dife nan dlo anba tè.


Lwa ti jan fe pati skot lwa fawo yo. Lwa ti jan spesyalize l nan fe spedisyon anpil anpil. Papa ti jan petwo c don petwo 


Pami lwa ki nan skot jan u jwe 


▪︎Jan fawo

▪︎Jan simon britis

▪︎Jan zonbi 

▪︎Jan danto

▪︎Jan petwo

▪︎Jam brage

▪︎Jan bazil 


Anpil nan skot lwa jan yo manje kochon. Men jan fawo manje mouton.


Le wap touye mouton jan fawo depil kriye anterel 


Lwa ti jan petwo sanble ak kouzen zaka anpil fok u konn lwa pou idantifyel li fimen menm jan e li gen chapo. Gen kote yo salye tijan yo asawo 


Koule ti jan c jon ak wouj 

Ble ak jon

Jon ak vet

Gen lot kote c kaki ak wouj ou jon sa pral depan de regleman kote a


Lwa ti jan petwo fe tretman anpil anpil li konn bolet li byen 


Li yon moun dwew li pa vle peyew u k voye ti jan al touche pou u.


Ti jan petwo byen ak ezili danto anpil gen moun ki di c kouzen ak kouzin yo ye.


Ti jan gen yon sel madanm c marinet pye sech

C sel fanm ki k kalmel lel fache

Lwa ti jan ak marinet renmen dife anpil 


Jan zonbi ak jan simon britisc lwa gede yo ye yo manje tout bagay.


Ti jan bwe rhum oubyen kleren blan sa pral depan de regleman w.


Ti jan renmen bay maleng.Èzili Freda 


Badè miwa zanye

Èzili Freda gen yon tan y a bezwen nou

Manman lanmou 

3 mare 4 nan men nou wi 


Mètrès nou pa men m tande bleng sou bleng non 

Batiman nou pa lwen Chavire sou dlo 

Nou konnen w pap kite nou neye 


Bleng sou bleng Mètrès 

Se katouch k ap pran lavi 

Èzili o 

Nou kriye, nou rele nou pa gen vwa ankò 


Mètrès kote w ye 

Kote w ye manman 

Ou pa wè nou nan dlo 

O Mètrès pase lakay nou 


Èzili Freda fanm Dawonmen 

Men nou nan men w 


Èzili o 

Achade Lwa nou 

Nou pa manje anana, ni fimen sigarèt 

Kijan lajan nou fè manke


Ago 

Agosi

AgolaÈzili Freda. 


Èzili FREDA Dahomen : prensès Wida. vrè non wida se Glèwè ou byen Glèhouè. 


Wayòm Feda se yon lòt non pou Wayòm Wida. 


Freda vle di prens oubyen prensès Kòm Wayòm Freda te vin sou kontwòl Kadya Bossou. Wida (Glèhouè) vin fè pati de peyi Dahomen. 


Ann Ayiti, nou sonje Èzili kòm yon prensès nan peyi Dahomen. Se pou sa nou rele l Èzili freda Dahomen. 


Fi lan Ginen, sitou prensès yo te konn dekore kò yo ak bijou ki fèt an fè, an lò ki fè nou rele prensès Ezili bleng sou bleng. 


Èzili Freda se patwon afeksyon, Afeksyon tèlman enpòtan, sa sou reskonsabilite yon Lwa. 


Prensès Èzili Freda rich. Rich nou di li rich la se pou montre afeksyon se richès, Afeksyon se lakòl ki kenbe yon sosyete ansanm, Se Afeksyon ki fè moun konn viv. Depi nan Ginen, nou konn viv, Se konn viv ki te pèmèt Afriken viv ansanm lan diferan nanchon yo. 


Pèp Nanchon Mayombe gen yon pwovèb ki di tout bon bagay sot nan kè, Se Afeksyon ki sot nan kè n ki fè dyaspora a voye men bay moun lakay. 


Se konn viv, se Afeksyon yonn pou lòt, ki fè moun al kase fèy pou sove lavi pitit, yon fanmi, yon vwazen, yon etranje. 


Pawòl tankou ” depi lan Ginen Nèg rayi Nèg ” se pa pawòl ki chita sou verite. Se pawòl ki sòti lan degou moun gen pou dega ki te fèt an Afrik nan epòk komès moun kòm esklav la.


Vrèman vre, gen mechan ak arivis nan tout peyi, sou tout kontinan, pami tout pèp. Men pa ta ka gen kwayans nan Èzili si depi nan Ginen moun pa t renmen lòt tou.


Yon kapitèn abò a te konn chire vyann pou yo pataje chak ti fil vyann nan dekwa pou yo tout te ka jwenn ti kal. Konn viv se prensip enpòtan kay eritye Ginen.


Jan Èzili renmen, konsa l jalou Pou Sèvitè l, jalou li jalou a montre kijan lè moun renmen yo konn vle moun yo renmen an pou yo menm sèl, Dèske moun damou konn trayi konfyans lòt, nan desen vèvè Èzili, konn gen yon kouto k ap pike yon kè. 


Vèvè fèt konsa, espre pou montre trèt pa sot lwen, Se de pre kouto ponyade. Konn gen desen kè ak kouto sou tonm moun nanchon Mayonbe.


Lapèn ki konn gen nan renmen se bagay moun lòt nasyon remake tou. 


Italyen yo gen yon espri yo rele Kipid. Li se patwon Afeksyon, yo desinen l kòm yon moun k ap tire yon flèch nan kè moun ki damou.


Gen kote nan Dahomen yo rele Èzili, Minona . Minona a vle di manman. Non Èzili a, se non yon letan Dahomen. Gen yon rivyè ki gen menm non an tou nan Nijerya. 


Nan de peyi sa yo, moun pwononse Èzili, kòm Azili. Sa nòmal, paske se abitid a pran plas e tankou nan chache ak chèche.


Manman se moun ki konn neglije tèt yo pou pran swen pitit. Nou ka separe Afeksyon Manman gen pou pitit ak Afeksyon moun damou gen pou lòt dekwa pou n ka konprann de bagay sa yo pi byen.


Souvan, Èzili Freda reprezante Afeksyon ant moun damou. 


Èzili DANTÒ reprezante Afeksyon manman gen pou pitit. Gen yon kalite pòtre Èzili ki popilè se foto yon manman k ap bay pitit li tete. 


Gen mòd estati sa yo ann Afrik ki montre manman k ap soutni tete yo ak 2 men pou alete pitit yo.


De men yo montre se ak tout kè manman pran swen pitit.Pa di ou pa t' konnen. 


Si w bezwen fè yon maji pou fanm ak gason se ak Danmbala wèdo, freda, Fawo Dantò pou fè Rit petwo. 


Rit petwo koulè wouj, dife, dans rapid, Sèvis rit petwo souvan antame ak dife "Dan petwo" se chèf rit petwo a. 


Non lwa petwo yo souvan an kreyol. 


Rit petwo kreye 14 dawou 1791 nan seremoni bwa kay imann se Duty boukman ki kreye rit petwo a. 


Tanbou pewo bat avek men. 


Kek lwa ki nan tit petwo: 


▪︎Azongon loko

▪︎Bakoulou baka

▪︎Bossou 3 kòn

▪︎Brize montay

▪︎Brize

▪︎Dam lave

▪︎Danbala wedo Djenke

▪︎Disponya lode

▪︎Gougoune danyon

▪︎Gran bea medji

▪︎Grann bòt

▪︎Grann ezili

▪︎Jean petwo

▪︎Jan ti bwa kento

▪︎Kafou Guidi guidi

▪︎Legba bwa

▪︎Lenglessou basen san

▪︎Lenglessou danman

▪︎Lenglessou guè

▪︎Kafou twa

▪︎Laye bwa

▪︎Lenglesou pyè

▪︎Mayi lwuiz boumba (manbo)

▪︎Manbo adelayi gwo tete

▪︎Manbo dayila

▪︎Manman yonyon

▪︎Marasa bwa

▪︎Marasa lafrik guinen

▪︎Gran bwa ile (mèt)

▪︎Lòvana metrès

▪︎Meransyèl mètrès

▪︎Mouche pyè

▪︎Ogou je wouj

▪︎Pyè danyon

▪︎Pyè makajou

▪︎Simbi afriken

▪︎Simbi ampola

▪︎Simbi DHlo

▪︎Ti jan dantò

▪︎Ti jean petwo

▪︎Zaka kwesi manyan

▪︎Zazi mazwa

▪︎Zile mpenba

▪︎Zinga bwa

▪︎Ezili dantò

▪︎Kabwatyel.21 nanchon pa kòd fanmi

Se 21 tribi kote nou soti sou kontinan Kama a.


401 Lwa a se teorèm ansyen Ati Max Beauvoir te vin ak li. 


Wi moun pa ka konn kantite Lwa ki genyen se vre nou dakò. 

Paske gen Lwa se sèlman nan yon sèl Bitasyon w ap jwenn li, ou p ap jwenn li okenn kote ankò. 


Men kounya sa w dwe konprann

Lè Max Beauvoir te di 401 Lwa a

Li vle pale de 400 Prensip ki genyenn Anndan Vodou an.


Ekzanp lè w di Ogou, sa se yon Lwa. Men! Grenn Lwa sa ki se Ogou an, Gen plizyè fasèt lakay li : Ogou Feray, Badagri, Shango, Bazaka, Osany… 


Tout sa yo se diferan fasèt anndan Ogou an, diferant manifestasyon. 


Menm jan pou Èzili… Dantò, Freda, Mapyang… Tout sa yo se diferan fasèt anndan Èzili an.


Se la, aprè rechèch li, Ati Max Beauvoir pral vin di nan panteyon an genyen 401 Lwa. 400 an se 400 prensip diferan li dekouvri ki genyen nan panteyon an, 1 an se pou enfini, li mete 1 an parapò ak Lwa gad yo, sa nou menm nou kreye yo. 


Men malgre sa kelkeswa Lwa gad ou deside kreye a, l ap soti anndan youn nan prensip sa yo kanmenm! 


Ayibobo!Lis Kèk Erzulie mwen konnen. 


♡Erzulie DANTOR.        

♡Erzulie Mapiann.

♡ÈZILI Boran.

♡ÈZILI Towo.

♡Erzulie yeux rouj.

♡Erzulie frize.

♡ERZULIE koukou.

♡Erzulie baliann.

♡Erzulie Seneka.

♡Erzulie kè nwè.

♡Erzulie Freda rada dahomey.

♡Erzulie la Belle Venus.

♡Erzulie Madan laweh.

◇Erzulie n’zandò.

◇ERZULI 7 kôut kouto.

♡Èzili Guinen. 

♡Èzili Gouetò.

♡Èzili la flambo. (Gen Dambala la flambo, gen Aida la flambo, gen Èzili la Flambo tou).

♡Èzili Modongue.

♡Èzili Petro.

♡Èzili Sinigal.

♡Èzili Wangol.

♡Èzili Balyann.

♡Èzili Katawoulo. 

♡ Èzili Kenwa.

♡Èzili Pyè. 


Si ou konnen lòt toujou mete l nan kòmantè.Kisa ti chodyè 3 pye Mètrès Dantò a 👑🍍🌿🐝🗡 an senbolize ou vle di ?


Èzili Dantò di Madan Lenba pou moun Latibonit, Boran pou moun nan nò.

Li se 1 Rèn nan eskòt lwa Petwo (Gad) ki gen Dantò, Manbo Nansi, Mapiang, Balyann, Severin, Marinèt...


Koulè prensipal li se ble ak wouj, gen dimansyon li pote jòn solèy, ble syèl ak ble maren ak wouj e nwa.


Sou regleman petwo ou gad li manje kochon, sou regleman Mètrès fran li manje kabrit.

Depi w ap pale de panteyon lwa Dantò yo pami objè rityèl nou wè se ti chodyè 3 pye ak ponya, diven wouj, anana, florida.


An nou rete sou koze ti chodyè 3 pye an, kisa li senbolize ou reprezante ?

Nan chanm Èzili Dantò a travè chante sa mwen te fini pa aprann siyifikasyon senbolis chodyè 3 pye an.


Nan Tradisyon Vodou an Ayiti senbolis chodyè 3 pye reprezante Manman chodyè yo te konn kwit manje pou tout moun manje ak 3 wòch dife, ki se youn nan premye fason zansèt nou yo te konn kwit manje.Panteyon vodou ayisyen. 


Pantewon vodou ayisyen se yon melanj de plizyè tribi afriken ki te soti an afrik ak koutim, mès, epi kwayans yo ki vinn jwenn ak taïnos ki te sou tè a, ki te gen pwòp kilti ak mès yo. 


Se sa ki fè panteyon vodou ayisyen an vin gen 21 rit ou nachon ladan l. Se yon panteyon ki rich. 


Chak rit sa yo gen fason yo jwe se sa ki fè divèsite vodou, se sa ki fè vodou a pratike diferant fason nan rejyon peyi a. 


21 rit yo se: 


▪︎dawomen.

▪︎rada.

▪︎petwo.

▪︎nago.

▪︎matinik.

▪︎Djouba.

▪︎sinika.

▪︎kaplaou-kanga.

▪︎manding.

▪︎kongo- fran.

▪︎simbi.

▪︎makaya.

▪︎boumba mazwa.

▪︎kongo savann.

▪︎moundong-mousayi.

▪︎kita.

▪︎Zandò.

▪︎Ibo.

▪︎Guede- banda.

▪︎Anmin.

▪︎Makanda-bizango. 


De rit nou plis tande nan vodou ayisyen se Rada ak Petwo, se de rit ki fè pilye vodou ayisyen an. 


☆Rit rada: se espri ansyen pli souvan se espri ki viv nan dlo se espri sa yo fè referans rele "lwa blan", yo rele yo konsa pou fason ak koulè prensipal rit sa ki se "blan" men ki pa fè referans ak lwa blan ki di yo pa lwa ayisyen. 


☆Petwo: se yon pakèt lwa trè fougue, lwa ki trè cho ki sèvi ak dife se yon rit ki danjere souvan "lwa sa yo rele lwa kreyòl". 


Rit sa kreye 14 dawout 1791 nan seremoni bwa kayiman" koulè rit sa se

wouj. 


Enpòtan.


☆Rit: se kote yon lwa soti, ak fason lwa sa danse. 


☆Skòt: se ansanm ki nan yon fanmi lwa. 


Nb: lwa ka nan menm eskòt li pa danse sou menm rit. 


Egz: eskòt lwa Èzili a, Èzili dantò a Èzili Freda freda. 


▪︎Ezili Dantò danse sou rit petwo.

▪︎Ezili Freda sou rit rada. 


Lè w nan koze dans ou pa di w'ap fè dans rada, Ou di wap fè dans Dawomen ou dans petwo.📌 Jou yo ak lwa yo 


Lendi

♆♆

Guéede 


Madi

♆♆

Èzili Dantò 


Mèkredi

♆♆

Ogou 


Jedi

♆♆

Freda; Dambala 


Vendredi

♆♆

Guede 


Samdi

♆♆

BaronLOAS PYÈ


1PYÈ DAMBALAH.

2 PAPA PYÈ.

3 PYÈ FERE.

4 PYÈ ALEMAN.

5 MANBO ANAIZE.

6 PYÈ EZILI PYÈ.

7 ADYE HOUN PYÈ.

8 FILOMIZ PYE.

9 MOUCHE PYÈ.

10 HOUNDILE JEAN PYÈ.

11 KOUGWE.

12 AYI GWETO.

13 ANWE ZO.

14 FaRO DANTÒ.

15 MAHOU.

16 NANNAN BOUKAN.

17 KEBYESOU DANGLEH.

18 MANBO ADELAYI GRO TETE.

14 METRES LOVANA.

15 LENGLESOU PYÈ.Lanp Èzili Dantò. 


KIJAN POU FÈ LAMP POU DANTÒ? 


Anpil nan nou toujou ap fè LANP men yo toujou San repons, kijan nou dwe monte yon lanp pou MÈTRÈS DANTÒ. 


1) Nou dwe gen koton avèk tout grenn se nou Ki dwe netwaye koton nou, pandan n ap netwaye l, nou dwe pale sa nou Bezwen, nou dwe esplike l pwoblèm nou, paske nou konnen BONDYE KONESANS la renmen poze l sou pye koton. 


2) Nou dwe achte TI CHODYÈ nou sou demand nou, pa voye moun achte l pou nou, e pa itilize chodyè nou pou nou fè lòt travay, li dwè espesyalman pou 

MÈTRÈS la, ougan/manbo yo achte lòt chodyè pou n travay.


Chak Premye madi nan yon mwa, nou dwe pase tè nan TI CHODYÈ nou, e nou dwe lavè TICHODYÈ nou, n ap mete savon lave nan tòchon, se pa twal non, foubi TI CHODYÈ nou sou demand nou, rense l ak dlo cho sou demand nou. Siye l ak Fèy BANNANN oubyen avèk mouchwa MÈTRÈS la, si w remake lè w rele l li pa reponn rapid, siye l ak TCHYE rad ou, ou TCHYE chemiz ou, men fòk yo trè trè pwòp. 


Ou dwe mete grès kochon oubyen lwil maskreti pi, si se yon bagay cho wap mande l wap pile pwav toro ak pwav ginen mete ladan l, w ap mete 3 piman peyi ladan tou, kèlkeswa Sa w ap fè a ou dwe fè l sou menm demand lan, se pawòl Ki fè maji, W ap jete dlo nan pa 

pòt la, wap Mande papa legba pasaj, w ap limen limyè temwen w pou l ka gide w kote espri yo ap Alèz, men fòk ou byen gade si pa gen kourandè kap bouje flam nan, Si w poko konn trase vèvè, w ap fè yon sèk pou w Chita ak 

lanp ou.


Fè priyè envokasyon MÈTRÈS la pou w Koze ak MÈTRÈS la, pa 

voye l plizyè kote.Liminasyon jou jedi sou dimansyon èzili

Freda dawonmen. 


Sou koze liminasyon an fas a Èzili Freda Dawomen an. 


Jou jedi sa kapab edew jwenn bon jan koneksyon ak lwa ginen nou yo ke nou eritye sou 3 bitasyon yo. 


Bò manman, bò papa e bitasyon nesans yo. 


Li bon nan jou sa pou se asyèt ou bòl blan oubyen kwi pou nou itilize pou nou fè liminasyon 7 mèch nou. 


Jou jedi, sonje koze planèt jipitè a ki sa li pote, abondans, richès épi lanmou, proteksyon.

Anpil nan nou souvan ap chache bagay konsa. 


Sonje nou pral aji fas a eskòt Rada yo, eskòt sa yo dou, yo blan, yo san tach. 


Ebyen ou menm ou sipoze pwòpte kò ou ak kè ou dabò e mete ou an blan e menm pwòpte tout milye nou pral liminen an.


Konnen sa, rèn Rada, se mètres Èzili Freda. Nou dwe konpòte nou an karakteristik rèn nan. 


Pou mete w pwòp yon senp pirifikasyon fas solèy la se bon. Sonje pou nou prezante sa nap fè a fas ak nouvo lalin nan. 


Sou koze liminasyon yo, toujou chache byen metrize 4 fòs ki nan nati yo. La aaa li enpòtan pou nou sansibilize papa legba. 


Èske nou wè ki gwosè lwa sa ye svp ?

Wi papa Legba se gwo lwa tout bon vre. 


Ebyen papa legba se gwo lwa, li ka konekte nou sou dimansyon atisou loko a, ki ka oriante nou vè papa legba, dambala, pou nou ka gen konesans pou nou wè ki wout pou nou fè pou nou ale nan bitasyon an. (ok sa se yon bèl edikasyon). 


Si dambala moutre nou wout pou nou pase ebyen ogou Badagri déjà akonpanye ou ak rèn Freda dekwa pou nou al règle afè nou . 


Lè n'ap liminen fas a gran rèn sa, Se pou nou konnen lwa èzili sa, gen gwo pouvwa ebyen lè w angaje ou dwe fè apèl ak li .Èzili mapiang 


Jou samdi li parèt sou ou an dife. Regleman Cho kou dife.

Nan ti chodyè 3 pye a . 


Lwa èzili Mapyang lan chaje bonté lakay li. 


Fanm nan anpèdisyon ou vini devan lwa sa bagay sa fini. 


Fanm nan fè pitit la lougawou sòti pou manje li, ebyen ale kote bawon nan yon jou samdi pran regleman tè devan bawon épi kite yon kouto nèf devan bawon sou non mapiang sa, ebyen Kèlkeswa jan sa ye lougawou sa pral vòmi san san rete pou jiskaske Souf li koupe. 


Aprè ale devan mèt gran bwa sou non Baliang nan kase fèy nan gran bwa benyen timoun sa se fini. 


Sonje mande gran bwa, marasa bwa, e Simbi Makaya, pwoteje timoun sa depi menm moman wap kase féy la souple. 


Nou toujou nan bonté lwa Èzili Mapiang nan. 


Fanm nan ap nwi kò li nan relasyon an li pa vle chita poul fè elevasyon timoun yo ebyen se fini ak granmoun sa. 


Nèg la fè timoun yo paske li pa ka itilize manman ankò li pa okipe ti moun nan, remèt sa bay gran fanm souple. 


Ou fè bisnis la li ka pa bay antre nan jou avan yo men souple depi mapiang ladann li déjà konnen ki sa pou Di e fè fas ak ayizan, kouzen zaka e Dantò pou sa mache byen. 


Fi a ansent men chaje pèsekisyon ou gen gwo dout nan akouchman, ebyen ok remèt sa bay mètrès Èzili Mapiang. 


Bonté lwa sa anpil men mwen pa vle tèks la twò long nou oblije kanpe la.Nan eskòt lwa zili ki soti dawomen gen Èzili tankou: 


Èzili Dantò.

Èzili Boran.

Èzili 7 kout kouto. 

Èzili mapyang.

Èzili Balyang.

Èzili je wouj. 


Yo se Petwo 


Grann Èzili 

Èzili Freda.

Manbo Filomiz

Manbo lovana

Anayiz

Tout sa yo se RadaKèk lwa ki bay pwen cho: Marinèt pye sèch, Danmbala laflambo, Bosou, Lenglensou, Agawou. 


Lwa ogou yo plis bay gad.


Lwa ki bay pwen frèt yo se: Tijan Dantò, kouzen zaka.


Lè w mete pwen sou ou pa bliye mande ougan non pwen an.


Rezon anpil fwa yo konn ban nou pwen yo nou pa konnen yo pwen sa yo konn fè nou tounen sa n pa ta vle.


3 prensip pwen an se: Swa w gen lajan, swa w mete l sou ou pou malfektè bandi pa fè la dènye sou ou, oubyen pou travay.Lwa reklame ou, men lè w fè virewon, yo di w ou gen yon dantò ak yon ogou epi freda kap fè jalouzi sa rann gason pa ka rete ak ou, tout saw fè pa janm mache, anfen ou regle koze pou dantò ak ogou epi freda. 


Ou achte regleman dantò ak freda ogou mete lakay ou, chak madi, mèkredi, jedi samdi, ou liminen nan pye lwa sa yo bagay yo vin pi mal. 


Ou pa konn sa w dwe fè paske tout saw fè anyen pa mache. 


Men ou bliye marasa. Marasa yo pa janm manje, marasa pa bwè. Wi reyèlman vre tout lwa yo vle ede w vre, men ti lezanj yo bare w pou regleman yo. 


Banm di nou ti moun yo mèt manje 3 fwa nan yon ane yo toujou pa manje . 


Marasa kay ak bwa yo sanse gen menm prensip chak rete sou teritwa yo 


Ebyen konsèy m'ap ba nou tande tout lakou gen marasa yo. Pa janm neglije yo.

Toujou sonje yo nan tout sa n'ap fè. Yo se timoun granmoun. Se yo ki dirije tèt yo. 


Si yo mare ou pèsonn Ougan/Manbo, bòkò, divinò, pa ka lage w. Y'ap lagew lè lide yo di yo. Nou pridan ak lwa sa yo pou yo pa gen problèm ak nou. 


Kèk fwa lè lwa sa yo bloke w lap difisil pou pran responsablite ou. W'ap aji tankou ti bb. Kèk fason ou ka ye lè w gen enèji sa. 


▪︎ou chita atè plat tankou ti bb.

▪︎ou ka wè dlo ap ponpe nan zye moun nan sanl pap janm pale.

▪︎marasa yo se youn nan lwa nou yo nan lakou a ki vrèman itil . 


pafwa yo kon ap fè kèk move travay sou non nou yo parèt yo gate li. 


Yonn nan bagay m'ap di nou kòm sèvitè, moun ki marasa bagay mal pa travèse l fasil sil pa antò. 


Antouka se te yon plezi pou m te pale nou de lwa sa yo ki gen anpil enpòtans nan vodou men nou toujou bliye yo paske yo se ti moun nou souvan di yo pa ka fè anyen pou nou.Kenbe lwa yo pwòp, se kenbe lavi ou nan lòd.

Lè ou netwaye altè w ak lanmou, ou ap netwaye lespri w tou.

Chak dlo ou vide, chak lansan ou limen, se yon siy respè e devosyon.


Fè kè w vin dous tankou siwo myèl,

pou lwa yo santi bon sant ou lè yo pwoche.

Paske lwa yo renmen limyè, yo renmen lòd, yo renmen dousè.


Pa janm kite move vibrasyon ni salte kouvri enèji w.

Kenbe espas ou pwòp, kenbe tèt ou klè,

epi lwa yo va toujou rete bò kote w,

ap ban ou fòs, lanmou, ak benediksyon san fen. 💫


Bilolo tout Moun

Bon EnejiDjò Legba


Pa pouvwa legba gran chimen, legba avadra, legba atibon, mèt kafou, mèt granbwa, vye vye legba.

Legba katawoulo, legba kay, legba gwèto ouvè wout banm pase pou m ale regle zafè mwen nan non legba kolboso, legba zankliyan, legba fèy, kite pawol mwen pase rive jwenn .........

Antre pawòl la nan lespri li, 

Fè li konprann mwen.

Pa pouvwa 21 pwen kafou, 21 pwen simityè mwen komande............................

Ak 21 balèn ki se 21 nanchon vodou a ki depoze sou vèvè sa.

Gras pou ou papa legba demand mwen akòde.


Ayibobo.Legba 


Janm te di nou an lwa sa w ap jwenn li sou tout dimansyon yo ak rit yo.


- Ati-bon legba.

- Legba katawoulo.

- Vye legba.

- Legba jan petro.

- Legba chango.

- Orisha legba.

- Legba nago.

- Legba wansiyon.

-Legba zèklè.

- Legba nibo.

- Legba ibo.

- Legba kongo. 

- Legba mapou.

- Legba zankliyan.

- Legba bwa.

- Legba baryè.

- Legba bitasyon. 

- Legba avadra.

- Legba pye kase.

- Legba kay.

- Atig-Dan-Yi-Bo-loko. 


Pou m site sa yo sèlman, nan chak rit ak dimasyon sa yo non lwa chanje epi dimansyon l, regleman l, atribisyon l, ak sèvis li koule mouchwa li chanje.Djò legba 


Pa pouvwa mèt gran chemen, legba atibon, legba zan kliyan, legba kay, legba flewonde, legba zòkòlòsò, vye vye legba, paren legba, legba oumgan Ican, legba kris, legba map mandew ouvè baryè pou mw pou pale ak bitasyonm ak bitasyon bò manmanm bitasyon bò papam pemet lwa ki mache ak mw vit vizitem asistem e pwotejem kont fos enfenal.


Ago.

Agosi.

Agola.Atibon legba 


Li se pasaj monn vizib ak monn envizib, li c 6 zyem pitit danbala ak ayida wedo c nan li danbala mete tout konplezans li. Legba ki siyifi"fils du gran coeur" sans li c lanmou ekilib jistis li c gadyen tout baryè tout potay tout wout li c mèt gran chemen, li mache nan tout 4 eleman yo.


-Lè li devan pòtay li rele atibon legba ki c kote pozitif li.

Lè li nan fafou c mèt kafou c kote enfenal li.Kijan ka liminen legba atibon?


Plase 3 balèn anndan kay ou an fom triyang.


-Agoch legba.           

-Adwat ayizan vèlèkètè.

-Nan mitan loko atisou.


Wap pran yon gode dlo (mete florida poud bebe bazilik).


Yon balèn limen nan menm fok u pwòp pou fè 4 eleman yo. Fòk lespriw dispoze, fòk pa nan relasyon seksyèl yon jou avan yon jou aprè e fòk ou pa nan fè kolè.Djò legba 


Pa pouvwa mèt gran chemen, legba atibon, legba zan kliyan, legba kay, legba flewonde, legba zòkòlòsò, vye vye legba, paren legba, legba oumgan Ican, legba kris, legba map mandew ouvè baryè pou mw pou pale ak bitasyonm ak bitasyon bò manmanm bitasyon bò papam pemet lwa ki mache ak mw vit vizitem asistem e pwotejem kont fos enfenal.


Ago.

Agosi.

Agola.Legba


Maten an m vle fè yon ti bat bouch sou lwa legba, si m ta mande nou kisa lwa legba ye n ap sèlman di m li la pou l ouvri baryè bay pasaj ak lòt lwa yo.


Èske se lwa legba ki toujou Mèt kalfou a?


An nou ale gade ansanm a kesyon sa yo e pou nou wè kèk lòt gwo koze de papa nou legba atibon. 


Lwa sa jwe yon gwo wòl nan vodou a e nan vi anpil nan nou menm kap viv sou ti bout tè sa.


▪︎Ki wòl li? 

▪︎Ki enpòtans li?

▪︎Ki regleman l?


Nan vodou an nan kesyon seremoni premye lwa pou adrese li se mèt atibon legba.


Mwen byen di w si se lajounen se legba, si se lannwit w ap fè l sou dimansyon kalfou. Yo chak vibre sou frekans pa yo.


Nan kèlkeswa rit la, kèlkeswa lwa nan nenpòt eskòt la, ou pa ka jwenn okenn lwa san w pa mande legba pasaj sof Grann Aloumandja ki pa bezwen pasaj Legba. 


Eske w deja wè gwosè wòl espri sa jwe nan vodou a?


Yo plis atribiye mèt kalfou kòm espri enfènal, li pwoteje e li fè gwo tretman tou li pa sèlman la pou bay pasaj.


Lwa sa ki rele legba li pote non sa se sou dimansyon solèy la ki vle di li rele legba lajounen men li se kalfou lannwit.


Konprann byen li sou rit petwo e ni rada. 


Li se yon ansyen lwa se pou tèt sa nou rele li lwa danti sou bitasyon yo. 


Li kòmande nan 4 fasad oubyen 4 kwen mond lan. 


Lwa sa si w ta rive pi lwen wap wè l se yon dye.


Regleman legba


Lwa sa sèvi ak monchwa blan rouj oubyen nwa depan sou rit li ye a.


Lwa sa fimen anpil tabak e bwè kleren.Esplikasyon premye dimansyon : Kafou Legba espas liminasyon.


Kafou : Pou salye kafou ou ale nan yon kafou 3 ou kafou 4 ki pre lakay oubyen devan pòt kay la, ou lage 3 gout kleren nan non mèt kafou ou mande l pasaj pou

liminasyon ou pral fè a ou mande l pou l bay pasaj ak tout espri ki pral ede w nan liminasyon an e bloke tout espri ki ka kontrarye liminasyon an. 


Legba : Balèn ki nan kote goch pòt la se Atibon legba (pou pasaj).


Balèn ki nan kote dwat pòt la se Ayizan velekete (pou pirifikasyon).


Twazyèm balèn ki anba nan mitan se Loko Atyasou (pou pwoteksyon).Skot lwa legba


▪︎Avadra boa.

▪︎Legba atibon.

▪︎Legba katawoule.

▪︎Legba G pete.

▪︎Legba kay.

▪︎Legba bwa.

▪︎Vye vye legba.

▪︎Legba gran chemen.

▪︎Met kafou.


Se pami kèk lwa legba.Esplikasyon premye dimansyon : Kafou Legba espas liminasyon.


▪︎Kafou : Pou salye kafou ou ale nan yon kafou 3 ou kafou 4 ki pre lakay oubyen devan pòt kay la, ou lage 3 gout kleren nan non mèt kafou ou mandel pasaj pou liminasyon ou pral fè a ou mandel poul bay pasaj ak tout espri ki pral edew nan liminasyon an e bloke tout espri ki ka kontrarye liminasyon an. 


▪︎Legba : Balèn ki nan kote goch pòt la se Atibon legba (pou pasaj).

-Balèn ki nan kote dwat pòt la se Ayizan velekete (pou pirifikasyon).

-Twazyèm balèn ki anba nan mitan se Loko Atisou (pou pwoteksyon).Yon ti koze sou legba ak mèt kafou. 


Legba se 6eme pitit dambalah. Se Yon pitit dambalah fè konfyans anpil, se sa k fè dambalah ba li kle a. Nenpòt seremoni w'ap fè ou dwe pase pa legba, li twouve l devant pòt ak devan baryè. Wòl li se bay pasaj ak tout lwa w'ap rele pou antre Nan seremoni an, oubyen li kapab bloke tout vye espri ke ou pa asepte antre. Si ou ap fè Yon seremoni ou pa adrese legba, lwa yo ap bloke yo pap ka antre. 


Mèt kafou, se toujou legba men sou dimansyon enfènal, dimansyon kafou li, yo rele li gede mèki tou. Se toujou menm wòl li genyen ak legba m'en yo chak Nan pozisyon pa yo. Lè w'ap fè yon seremoni ou sipoze Al nan kafou a paske pa gen anyen ki pa pase pa kafou, tout moun pase Nan kafou, tout lwa pase Nan kafou, pou yo pa bloke ou dwe ale nan kafou a. Menm kafou sa lè Yon moun ap touye yon lòt moun se Nan kafou a pou l vin fè apèl ak nanm lan, se sa k fè gen Yon pwovèb ki di: si kafou pa bay, simityè pa ka jwenn. Si ou konnen Yon moun pral fè w mal ou kapab Al bloke l nan kafou a, e se Nan kafou a pou remèt tout sa k pa bon yo, ou pa wè gen de beny se nan kafou pou w pran l, ranvwa yo sitou se nan kafou.


Ayibobo tout moun.Priyè pou jwenn limyè nan bitasyon w


Wap bezwen yon balèn pou fè sa avan men m ou dòmi.


Nan non legba ATIBON mwen ouvè pòt Bitasyon manman m ak papa m. 

Mwen salye tout lwa ki nan bitasyon manman m ak tout sila yo ki nan bitasyon papa m espesyalman ; Mèt Kalfou, Damballah, Marassa, Freda, La Sirène, LaBalèn Ogou, Kouzen Zaka, Azaka Mede, Dantor, Baron, Gede. etc map mande nou mete nan mwen abondans ; lanmou, tolerans, mizèrikòd ak sajès, fèm konnen jistis, lapè ak pwosperite vide sou mw bonjan respè pou mwen pou lwa inivèsèl yo ak pou moun ki antoure m.


Nan nom baron Samedi, Bawon Simityè ak mèt GEDE NIBO ak tout lwa ki nan eskòt Gede yo mwen salye nanm tout mò ki nan bitasyon bò manman ak bitasyon bò papa'm mwen transmèt nou limyè.


Mwen komande n nan non pi gran espri ke bondye lavi a ki gen tout puisans lan te kreye pou nou founi m bonjan direksyon pou m akonpli misyon m sou tè a map mande ak tout mò, lwa ki nan bitasyon manmanm ak papa m pou yo kanpe goumen ak tout fòs envizib kou vizib ki vle goumen avèm, m'ap mande n pou nou kraze tout sa ki fèt deja pou bloke m sou plan sosyal, ekonomi ak espirityèl kraze tout konplo kèlke swa kotel te fèt, kèlke swa moun ki te fèl nan Bondye lavi a. 👍👍👍


AGO-

AGOSSI-

AGOLALwa marasa, laye marasa. 


Koze marasa yo nan vodou a preske menm jan avèk Legba yo paske tout seremoni kòmanse pa manje marasa, menm si pap gen manje aprè w fin mande Legba pasaj se marasa pou w rele touswit aprè. 


Marasa fè pati pi gro lwa yo ki nan vodou a, si Lwa marasa Kenbe w pyès lòt lwa paka lage w, depi lwa marasa yo pa manje sèvis la gate, yon moun ki marasa pa pran nan nenpòt ti maji epi yo fèt ak tout Don yo pou yo fè maji. Lwa marasa manje tout manje bouch manje, tout manje timoun renmen, yo bwè kola, akasan, kafe, likè san kleren, chokola, labouyi etc… 


Yon laye marasa ka ede w rezoud anpil pwoblèm, lè w al nan bitasyon w ou fè yon laye marasa tout lwa yo nèt ap vin tande w e regle sa w vin regle a, tout sa w ap fè si w bezwen l pase byen fè yon laye marasa li te mèt yon beny chans.Pou adrese w ak papa Legba pou mande l pasaj ak direksyon.


Limen balèn blan oubyen lanp lwil sent. Nenpòt ki jou.


Sèvi siwo kann. Kwi aran sèl san piman.


Pa pouvwa legba gran chimen, legba avadra, legba atibon.

Mèt kafou, mèt granbwa.

Vye vye legba.

legba katawoulo, legba kay, legba gwèto

Ouvè wout ban m pase pou m al regle zafè mwen.

Nan non legba kolboso, legba zankliyan, legba fèy.

Kite pawòl mwen pase rive jwenn ……….

Antre pawòl la nan lespri li,

Fè li konprann mwen.

Pa pouvwa 21 pwen kafou, 21 pwen simityè

Mwen komande ………………………

Ak 21 balèn ki se 21 nanchon Vodou a

Ki depoze sou vèvè sa

Gras pou ou papa legba

Demand mwen akòde.

AyiboboPou adrese w ak papa Legba pou mande l pasaj ak direksyon.


Limen balèn blan oubyen lanp lwil sent. Nenpòt ki jou.


Sèvi siwo kann. Kwi aran sèl san piman.


Pa pouvwa legba gran chimen, legba avadra, legba atibon.

Mèt kafou, mèt granbwa.

Vye vye legba.

legba katawoulo, legba kay, legba gwèto

Ouvè wout ban m pase pou m al regle zafè mwen.

Nan non legba kolboso, legba zankliyan, legba fèy.

Kite pawòl mwen pase rive jwenn ……….

Antre pawòl la nan lespri li,

Fè li konprann mwen.

Pa pouvwa 21 pwen kafou, 21 pwen simityè

Mwen komande ………………………

Ak 21 balèn ki se 21 nanchon Vodou a

Ki depoze sou vèvè sa

Gras pou ou papa legba

Demand mwen akòde.

AyiboboSa se yon vèvè Legba, lè nou bezwen legba nou ka trase l, pa bliye bòne l' pou vye enèji pa antre nan espas la. Bòn nan se ti kwa yo nou wè ladan l lan.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Leson

Lwa Petro

Sortir votre potentiel