Leson
Men non Kelke Lwa Grann Nan diferan Nanchon nan vodou a.
Grann Alouba.
Grann Tèsi Freda.
Grann Silibo Vavoun.
Grann Tenayiz.
Grann Zakasia ki Nan eskòt Zaka yo.
Grann Adelayid ( Petwo).
Grann Èzili (Petwo).
Grann Èzili Toro (Petwo)
Grann Aloumandja (Nago).
Grann Batala majik (Nago).
Grann Batala Neji (Nago/Osany).
Grann Adja (Fanmi Bosou).
Grann Ayizan.
Grann Bosou Konblanmen.
Grann Bosin.
Grann Zin.
Grann Atyasou Youngòdò.
Grann Filomiz (ki Nan eskòt Fawo).
Grann Bòt.
Grann Adanyi Kodan.
Grann Adanyi Wèdo.
Grann Bazil (li Nan fanmi Danje/ Jozèf danje ou jwenn Grann plis Nan zone Ansavo.
Grann Brijit.
Gtann Pele (Gedevi).
Grann Ibo Lele (Sud).
Divizyon Kongo
Grann Gènge.
Grann Tcheleka.
Grann Nzinga.
Grann Zimba.
Gran Matoundou Meji.
Grann Yaya Mpoungwe.Monte djakout kouzen.
Pou m kòmanse m ap di nou gen diferans ant chaje djakout kouzen e bay kouzen manje.
Ou dwe chaje djakout kouzen chak ane, ou ka fè l chak premye me pou biznis oubyen mache, li enpòtan lè w ap chaje djakout kouzen pou monte l sou 3e degre, sa vle di w ap fè manje pou li e w ap monte lanp pou li.
Men kisa w ap bezwen:
-Wap bezwen yon djakout nèf.
- Yon chapo pay.
-Wap bezwen yon pake bwa pen.
-Wap bezwen yon pip.
-Wap bezwen yon pake tabak.
-Wap bezwen yon bouji blan oubyen vè.
-Wap bezwen Bonbon siwo.
-Wap bezwen pen.
- Yon ponyen diri.
- Yon ponyen mayi.
- Yon ponyen pitimi.
- Yon ponyen pwa.
- Pistach griye.
- Mayi griye.
- Wowoli.
- Yon kouto digo.
- Chanmchanm.
- Tabak an poud.
- Yon boutèy tranpe.
Wap mete pake bwa pen an nan djakout la, aprè sa w ap mete pake tabak la, w ap mete pip la, wap rache pen an w ap mete nan djakout la, w ap rache Bonbon siwo a w ap mete tout ladan l.
Pa mete alimèt nan djakout la si se nan biznis ou w ap mete l, rezon depi w mete alimèt espri a pral fimen tout kote l pase li pap vle travay ba ou, w ap di l m pa mete alimèt nan djakout la se ou menm ki pou travay pou achte alimèt ou.
Pa mete kleren nan boutèy la tou si se pou biznis w ap monte l, w ap di l menm bagay la m pa mete kleren w ap degaje w travay pou achte kleren w.
Aprè w ap lage kèk lajan monnen nan djakout la, w ap di l, tout lajan monnen pou ou tout lajan papye pou mwen, w ap kenbe mo w avè l chak fwa w sot vann toujou lage ti monnen nan djakout la.
W ap mare yon mouchwa ble nan djakout la ki reprezante mètrès Dantò ki se Manman latè, aprè sa wap mare yon mouchwa blan ki reprezante Ayizan velekete ki se fanm k ap la pou ale nan mache paske lè gason an fin travay fòk li genyon fanm djanm dèyè l ki pou ale vann danre yo.
Vodou a trè senp ou pa bezwen anpil lajan pou pratike l, pa okipe okenn moun k ap voye w ale achte pil bagay byen chè, gen moun ki konn menm ale prete lajan pou fè gwo dans bay lwa manje, se lwa ki pou travay pou l manje, lwa yo pa visye yo pap mande san ke yo pa bay, gen moun tout sa lwa ba l li gaspiye yo li pa janm fè anyen pou lwa aprè sa lè lwa fè l mechanste li mache di lwa mechan.Petwo
Se yon rit ki pran nesans 14 dawou 1791 nan seremoni bwakayiman se Dutty Boukman ki kreye rit sa.
Chef rit sa se dan petwo.
Souvan lwa petwo se lwa ki vyolan anpil lwa sa yo souvan se avèk dife yo sèvi.
Koulè tradisyonèl lwa Petwo yo se wouj.
Kèk lwa Petwo.
▪︎ Azangon Loro.
▪︎Bakoulou Baka.
▪︎Bosou twa Kòn.
▪︎Briz Montay.
▪︎Brize.
▪︎Dam Lave.
▪︎Dambala Wèdo Djenke.
▪︎Disponya Lode.
▪︎Èzili Boran.
▪︎Gougoun Danyon.
▪︎Gran Bwa Medji.
▪︎Grann Bot.
▪︎Grann Èzili.
▪︎Jan Petro.
▪︎Jan Tibwa Kento.
▪︎Jeneral Brize.
▪︎Kabwatye.
▪︎Kafou Gdi Ghidi.
▪︎Kafou Twa.
▪︎Laye Bwa.
▪︎Legba Bwa.
▪︎Lenglesou Basen san.
▪︎Lenglesou Danman.
▪︎Lenglesou Gwe.
▪︎Lenglesou Pyè.
▪︎Mahilweiz Boumba (manzè).
▪︎Manbo Adelayid Gwo Tete.
▪︎Manbo Dayila.
▪︎Manman Yangan.
▪︎Marasa bwa.
▪︎Marasa Lafrik ginen.
▪︎Gran Bwa Ile (Mèt).
▪︎Lovana. (Mètrès).
▪︎Meransyèl (Mètrès).
▪︎Pyè (Mouche).
▪︎Ogou Je Wouj.
▪︎Pyè Briz.
▪︎Pyè Dantò.
▪︎Pyè Danyon.
▪︎Pyè Marajou.
▪︎Simbi Afriken.
▪︎Simbi Ampola.
▪︎Simbi Dhlo.
▪︎Ti Jan Dantò.
▪︎Ti Jan Petro.
▪︎Zaka Kwesi Manyan.
▪︎Zazi Mazwa.
▪︎Zile Mpemba.
▪︎Zinga Bwa.
▪︎Janbe Malè.Rit rada
Rit sentetik (tankou makaya) karakterize pa lapriyè "Djò".
Rit rada jwe ak 3 tanbou "manman tanbou di hountò boula kata"
Yo kouvri yo ak po "bêf" yo bat yo ak ti bwa.
Lwa sa yo souvan di lwa "blan"esansyèlman sevi ak libasyon dlo.
Pami lwa ki nan rit rada yo plis k 100 map site kek
▪︎Danyi
▪︎Adjehoun
▪︎Agaou bêt sansan
▪︎Agaou konble
▪︎Agaou tonè
▪︎Agaou wemen/yemen
▪︎Agasou selele
▪︎Ayigbwa
▪︎Ayizan Gweto
▪︎Ayizan vélékété
▪︎Belekou Djòdjó
▪︎Bosou kenlendjo
▪︎Danbala wedo
▪︎Djobolo bosou
▪︎Dosou loko
▪︎Loko atisou
▪︎Ezili pyê
▪︎Philomiz pyê
▪︎La sirène (manbo)
▪︎Marasa dosou
▪︎Marasa elou
▪︎Marasa jimo
▪︎Legba sanyan
▪︎Legba ti yanyan
▪︎Legba avadra bora
▪︎Gran ayizan
▪︎Grann tesi freda
▪︎Grann silibo vavoun
▪︎Klemezin klemey
▪︎Legba kay
▪︎Legba katawoulo
▪︎Legba kolokoso
▪︎Met agwe woyo
▪︎Papa jimo
▪︎Pye aleman
▪︎Pyê Danbarra
▪︎Vye legba
▪︎Wa loko alade
▪︎Legba chouket
▪︎Madmazel chalot
▪︎Tenayiz(dam).
Pa bliye gen lwa ki sou plizyè rit, gen m' site la ki Petro ki Rada.Èzili Freda
Èzili freda fè pati lwa Dawome yo, e li sòti nan fanmi Èzili yo.
Li sou rit rada.
Li se patwòn Afeksyon ak lanmou.
Li jalou anpil.
Li reprezante sou fòm yon bèl jèn fi wouj.
Li renmen bijou anpil anpil e li zizi.
Li gen anpil richès.
Li trete sèvitè li byen depi w mache sou prensip li.
Li pa sèvi kote ki sal.
Li renmen flè.
Jou yo venere l se jou jedi.
Li manje gato woz
Diri blan
Pwason woz.
Koulè li se woz e blan.
Pafen li renmen se Byennèt e florida.
Li bwè diven blan.
Pye bwa li repoze se pye siwèl.
Lè l manifeste sou yon moun l ap fè lè epi l ap fè zizi dwèt li yo paka kole.
Pou monte lanp pou li w ap bezwen luil de woz oubyen balèn woz.
Sa se yon ti rezime de Mètrès Èzili Freda.Pou'w antre an kontak dirèk ak Dantò ki di Madan Lenba.
Pou'w pale ak li w'ap bezwen yon ti chodyè 3 pye, lwil maskriti, grès kochon, yon diven wouj, 7 piman bouk si se yon bagay prese prese w'ap mande'l ki vle di yon bagay ki cho w'ap mande'l, poud presipite wouj, 3 kalite pwav (pwav towo, pwav ginen, pwav manje ki vle di pwav yo konn fè manje-a).
W'ap pran ti chodyè-a avan'w sèvi ak li w'ap lave'l ak tè ki vle di w'ap foubi'l ak tè apresa rense'l ak dlo tyèd ke'w pran ti florida ou ajoute ladanl, apresa w’ap siye chodyè a ak yon ke wòb-ou oswa pwent chemiz ou/mayo'w ou oswa yon mouchwa ke'w te gen pou metrès la deja..
W'ap pran ti chodyè sa-a w'ap vide lwil kochon an apresa ou ajoute lwil maskreti-a apresa mete 3 kalite pwav yo apresa mete 7 piman yo apresa mete presipite wouj la, w'ap fè yon mèch koton ak le pouce ak le majeur ou (pa kite index ou touche ak mèch la) epi w'ap mete'l chita nan mitan chodyè-a ... apresa limen'l prezante'l 4 fasad epi apresa depoze'l atè vide 3 gout diven atè epi chita fè demand ou pale ak mètrès la, konsantre'w sou sa w'ap fè a libere lespri'w de tout vye panse negatif.
N.B.- Pa bliye avan'w fè travay sa ou dwe benyen ak dlo lanmè oswa si'w pa gen dlo lanmè ou pran dlo ou ajoute sèl san sèvi ladan'l pou'w kapab pirifye'w epi netwaye kay ou byen pwòp vide florida nan kay la fè kay la santi bon, si'w pa gen florida sèvi ak bazilik epi chanje dra sou kabann lan se swa dra a koulè blan oswa koulè mètrès la renmen an...
Si’w byen fè'l ou kapab tou wè metres la je klè.Ase souvan nou tande pale de 4 gran fòs kosmok yo, Van + dlo+ tè+ dife.
Ebyen dlo presizeman dlo sale se mèt agwe ki mèt li, mèt agwe se patron tout pechè nan lanmè ak tout kapitèn bato.
Se yon gwo lwa ki gen anpil sekrè, se lwa lè l bezwen li voye chache w oubyen rale nou vin jwenn li kote l'ap dirige. Li gen bò kote li la sirène la balène e tou mètrèz èzili freda se yon lwa li pasyone de li anpil.
Nou souvan fè rèv sa, Kote nou wè nou sou yon ti bato oubyen kannòt nou wè 2 ou 3 Moun akonpanye nou.
Sa konn rive nan vwayaj sa nou konn remake nou desann kannòt la nou sou dlo a n'ap mache konsa tou nou konn wè tou n'ap desann anba dlo al jwenn mèt la.
Rèv sa yo kalifye anpil bèl bagay pou nou ak mèt agwe awoyo.
Tou konnen sa, Lwa sa pa mache al kote pyès moun lè w bezwen li w'al jwenn li dabò. Lwa sa pa moute nenpòt moun tou men Moun li mache ak yo li souvan pale ak yo klèman nan sòmèy yo.
Lwa sa pou ta rele l yon kote pou li parèt fòk kote sa gen dlo lanmè menm pou l' ka rete. Ebyen pou konprann byen, Gade byen lè yon gede moute yon Moun si pa gen kleren piman li pap ka rete.
Lè w'ap ofri lwa sa yon ofrann li pa konplike e lè w Pral pote ofrann nan ba li fòk ou pridan pa ale pou kont nou kontantman li ka ralew desann ak tout ofrann nan san nou pat prépare pou nou te mize deyò.
Ofrann agwe ofri nan yon bak oubyen kwi ki dwe fèt menm jan ak yon ti kannòt.
Lwa sa manje viann mouton ki byen fri sèk nan bak sa, li renmen fri tankou Mango, anana, mandarin, zoranj, chadèk ki dous.
Toujou met nan bak la gato bonbon siwo, tablèt pistache, e kokoye.
Mete sigarèt ak chanpay nan bak la toujou ka gen yon whisky paske ogou batagri se bwa dwat li paske bato mèt agwe a ogou batagri abò li ap sekirize bato sa.
Sou tab nou sèvi ak agwè a, Nou dwe mete bwason, likè, chanpay, bon pafen tankou Florida ak ponpeia.
Sou tab sa dwe gen yon gran po lanbi ki pentire an blé e blan.
Koulè ki atire lwa sa, Se blan ble ak vèt.
Defwa ou wè nan dòmi sounami tout Moun ap kouri pou dlo pa pran yo lanmè a moute byen wo.
Veye kò nou lè sa espedisyon fèt kont nou.
Ou ka wè lanmè a moute li antre lakay nou pran tout Sa nou posede laaaaaa se detounen yo travay pou yo detounen ou
Vèye kò nou.Kèk lwa kreyòl e Gad ki pi popilè.
▪︎Simbi Makaya.
▪︎Gran bwa Lilèt ou Djab kriminèl.
▪︎Lenglensou basen san.
▪︎Lenmba Zaou.
▪︎Marinèt pye sèch.
▪︎Èzili mapyang.
▪︎Ti jan pye sèch.
▪︎Wa maj yo.
▪︎Ouangòl.
▪︎Amin.
▪︎Danwezo.
▪︎Rèn kongo.
▪︎Jean Baptiste Vixamar Legrand.Si m pale de Marinèt pye sèch m pa pale de Ti jan se lave men siye atè.
TI JAN PETRO.
Mwa jen se mwa ti jan Petro, TI Jan Petro se yon antite nan panteyon vodou an.
Lwa Ti Jan se yon Lwa gèrye, se yon lwa cho, se lwa nan rit petro, Li sou Gede tou. Li asiste Papa gede Nibo. Li renmen abiye li an nwa, yon rad nwa byen long (poul santi li Wa), yon chapo nwa ak mouchwa mov nan koul. (Selon lakou a)
pi souvan lè w reve Ti Jan petro se yon ti bout tonton nwè, do touni, ak yon ti bout pantalon sou li, pye a tè ak yon baton ki gen flam pou l klere chimen l, li konn parèt sou fòm yon koulèv vèt ak dife k ap soti nan bouch li, li renmen mache lannwit plis ke lajounnen, li toujou sou chemin an, li konn akonpanye ak Dantò, ak marinèt pye chèch, ak Avadra,li konn dèyè Chwal feray lan, li konn ak ponya nan menl tou.
Saint Jean ak Ti Jan Petro se 2 bagay diferan, paske Saint Jean se pou egregò oksidan bouwo a, Ti Jan se nan Panteyon vodou Ayisyen dafrik lan. Menm jan mwen konn toujou di nou an, espri yo pa gen fòm se jis se sous enèji yo ye, se ou ki resipyan enèji an, se fòm ou ba li an, li pran, sa vle si ou se yon wongatè ou pa prepare lespri w ase, oubyen ou prepare lespri ou selon oksidan an, lwa yo ap pran fòm espri ou, ou ka toujou wè St Jan, nan dòmi ou, pou Ti jan petro, paske lè lwa yo manifeste nan yon moun tou, li pran plas ( âme) ki se nanm moun nan li mete nanm moun de kote, li itilize espri moun nan ak kò moun nan, moun konpoze 3 pati : espri, nanm, epi kò.Men non Kelke Lwa Grann Nan diferan Nanchon nan vodou a.
▪︎Grann Alouba.
▪︎Grann Tèsi Freda.
▪︎Grann Silibo Vavoun.
▪︎Grann Tenayiz.
▪︎Grann Zakasia ki Nan eskòt Zaka yo.
▪︎Grann Adelayid ( Petwo).
▪︎Grann Èzili (Petwo).
▪︎Grann Èzili Toro (Petwo).
▪︎Grann Aloumandja (Nago).
▪︎Grann Batala majik (Nago).
▪︎Grann Batala Neji (Nago/Osany).
▪︎Grann Adja (Fanmi Bosou).
▪︎Grann Ayizan.
▪︎Grann Bosou Konblanmen.
▪︎Grann Bosin.
▪︎Grann Zin.
▪︎Grann Atyasou Youngòdò.
▪︎Grann Filomiz (ki Nan eskòt Fawo).
▪︎Grann Bòt.
▪︎Grann Adanyi Kodan.
▪︎Grann Adanyi Wèdo.
▪︎Grann Bazil (li Nan fanmi Danje/ Jozèf danje ou jwenn ▪︎Grann plis Nan zone Ansavo.
▪︎Grann Brijit.
▪︎Grann Pele (Gedevi).
▪︎Grann Ibo Lele (Sud).
Divizyon Kongo
▪︎Grann Gènge.
▪︎Grann Tcheleka.
▪︎Grann Nzinga.
▪︎Grann Zimba.
▪︎Gran Matoundou Meji.
▪︎Grann Yaya Mpoungwe.Rasanble lwa fanmi w.
🎶Tout Fanmi Ginen yo
sanble
Hé,criòle nou la ye🎵
Nan point Ginen ankò menm
La Fanmi Ginen yo
Sanble
Hé,criole nou la ye🎵
Ayibobo 🙏🏼
Pou rasanble Lwa nan Fanmi
▪︎Pistach griyé.
▪︎mayi griye.
▪︎manje marasa.
▪︎pop kòn.
▪︎rapadou.
▪︎siwo dòja.
▪︎anizèt.
▪︎krèm kakaro.
▪︎kleren.
▪︎rhum blan.
▪︎kola blan.
▪︎kola wouj.
▪︎babankou.
▪︎yon vè lèt.
▪︎Yon vè dlo sikre.
▪︎kafé dous.
▪︎kafé anmè.
▪︎Chokola.
▪︎yon kwiy pou lenmò.
▪︎sigarèt.
▪︎Siga tabak.
Aprè ouvri 4 pòt yo ak Yon gode dlo e Yon balèn pandan nap di
AGO AGOSI AGOLA
▪︎Yon pake Bazilik.
▪︎Pafen hombre.
Ou salye:
▪︎Legba.
▪︎Mèt Kafou.
▪︎Dambalah.
▪︎Marasa.
▪︎Fréda.
▪︎La sirène.
▪︎la Balèn (ou vide siro doja Epi ou Bwè).
Ou salye
▪︎Ogou.
▪︎Kouzen Zaka.
▪︎Azaka Medeh.
▪︎Dantò.
▪︎Baron.
▪︎Gede.
Epi salye tout lot nasyon yo. (vide rhum ak kleren epi Dife e bwè).
Yon kivèt blan, Mete dlo kokoye frote Bazilik ki te nan vè dlo a Epi savon blan pou ou benyen nan demen maten Epi mandé Pou yo toujou mache avèk ou.
Salitasyon an ka varye depann de bitasyon an.Marinèt pye sèch.
Marinèt pye sèch se yon lwa ki sou rit petro Bizango Nan vodou ayisyen an se youn nan lwa ki vrèman pwisan e danje.
Nou envoke lwa sa a lè nou vrèman an danje sitou lè yo vann yon moun nan bizango nou konn rele l pou l ka trete moun sa a epi mete gad li sou moun nan pou n ka bay moun nan lavi.
Nan tout seremoni li pa janm vin bonè li toujou vini nan ta nan sware e se pa nan tout seremoni y ap rele l paske jan li manje se yon bagay tèrib paske li boule bèt yo tou vivan (paske l renmen pran sant vyann yo k ap boukannen) pou l ap manje paske se vyann boukannen li renmen ak gro kleren ki fò epi pou l ap mache nan dife.
Li manje Poul nwa, kochon nwa.
Koulè rad li se nwa e wouj li renmen ponya tou🗡
Li fè alyans ak tijan Dantò.
Jou li se Samdi.
Li mache sou Fòm bèt yo rele Chwèt la🦉 koulèv🐍 oubyen sou fòm yon zonbi ak rad nwa oubyen wouj.
Se lwa depi l ap trete yon maladi Lè l fin trete l l ap touye malfektè kite voye maladi a, li vrèman efikas nan trete moun yo vann nan bizango epi vanjans⚰️ depi w antò yo voye Marinèt deyè w w ap mouri e si yon moun eseye sove w l ap mouri tou.
Istwa revele li se te yon ansyen esklav revòlte.ERZILIE FREDA KANWOULO
Kanwoulo se yon mo ki sòti nan mo Nkawu an kikongo.
Kanwoulo dekonpoze konsa an Nkawu + Lo. Nkawu vle di alafwa yon baton pou moun mache pou fè lachas ak yon kri pike. Lo li menm vle di wouj tankou chabon gayak.
An Kikongo, foud se Nzazi, mo nou jwenn tou nan lanng ayisyen an sou non Zazi. Èzili Freda Kanwoulo se pou dekri jan foud ye menm lò li pral tonbe yon kote.
Se pa nan tout mwa ou jwenn Loray kawoulo. Se sitou nan mwa dawou. Kidonk Èzili Kanwoulo se loray mwa dawou.......( se yon lwa tout ki pote anpil richès, nan lòt sèk yo moun ki konnen se li menm venere plis pou LA richès) pou moun kap chache la richès)
Dapre rechèch kèk ‘‘ethnographiques’’ se Ezili Kanwoulo ki te mennen seremoni Bwa Kayiman nan 14 dawou 1791. E Lwa sa a fete 14 dawou. Afriken yo te toujou nan fete Lwa sa ansanm ak tout Nanchon Kongo yo. E se dat sa tou lakou Soukri fete tou.
🎶Se zeklè yanyan se loray mwa dawou,
se zeklè yanyan se loray mwa dawou,
M a rele kanwoulo, Èzili Freda, Kanwoulo,
O kanwoulo Mètrès kanwoulo
Djavan·nan Imanmou de
Evi Gwètò Nayinde
Èzili Doba
Èzili Freda Kanwoulo
Èzili Gwètò
Èzili Ibo Eya
Èzili Seneka
Èzili Toya
Fanm Zila
Grann Èzili Dowa
Grann Silibo Vavoun
Grann Toya
Grann Zinga
Zazi Moyo
Zazi Poungwe
Izagon-Azagon
Jeneral Klèmèy
Kong Labalèn
Kong Lasirèn
Larèn Kawolo
Grann Tòbòk
etc.......Kèk lwa kreyòl e Gad ki pi popilè.
Simbi Makaya
Gran bwa Lilèt ou Djab kriminèl
Lenglensou basen san
Lenmba Zaou
Marinèt pye sèch
Èzili mapyang
Ti jan pye sèch
Wa maj yo
Ouangòl
Amin
Danwezo
Rèn kongo
Jean Baptiste Vixamar Legrand.Èzili fre li fre li Freda 🎼 Feray fre li fre li Freda 🎶
Èzili oh yo pap manje moun ankò inosan yo BonDye va gade yo 🎼
Èzili Freda se rèn👸🏾eskòt Dawonmen an, li senbolize bèlte, frechè, lanmou ak richès.
Pou w sèvi Freda fòk ou gen anpil prensip, Èzili Freda se gadò trezò.
Èzili Freda pa ni fanm nwa, ni fanm blanch, li se enèji, li vibre sou fòm li vle ak sou moun li vle ou pa bezwen douko pou w gen Freda ou ka nwè Freda monte nan tètòw.
Koulè mouchwa Freda :
Nan plenn Gonayiv li pote blan, ble syèl, wouj, avèk woz
Nan depatman lwès, se woz ak blanch sèlman li pote.
Jou Freda :
Nan Pòtoprens ak kèk lòt zòn nan peyi a yo onore li jou jedi men pa gen jou w bzwen yon lwa pou w pa rele l.
Sa Freda bwè : Dlo kokoye, yon boutèy tranpe ki gen ladan seriz , ponm rezen, sa nou ka rele yon ponch, ke nou konpoze ak divès fwi selon regleman w ak madanm nan.
Freda renmen pafen avèk anpil flè Freda se yon mètrès ki trè jalouz, posesiv, fò w gen anpil prensip pou w jere fanm sa.
Abobo Vodouvi.Ki jan pou nou salye 4 fasad.
Gode dlo w nan men dwat ou ak poud, bazilik, florida yon grenn sèl.
Chandèl ou balèn ou limen nan men goch ou.
Pou kòmanse w ap mete fas sou lès kote solèy leve w ap adrese w ak enèji lè yo, tankou Papa loko, Mèt briz, agaou...
Aprè w ap vire nan lwès kote solèy la desann lan w ap adrese w ak enèji dlo yo tankou Mèt Agwe, Simbi, Danmbala...
Aprè w ap vire nan nò w ap adrese w ak enèji Tè yo tankou Èzili Dantò, Ayizan, Kouzen zaka...
Aprè w ap vire nan sid w ap adrese w ak enèji Dife yo tankou Ogou, Marinèt...Kiyès ki tijan dantò e tijan petro?
Tijan dantò ak tijan petro se 2 gwo lwa ki fè pati vodou nou an.
Men an reyalite lwa sa yo vle di yon sèl menm ke yo sou plizyè rit.
Tijan petro se yon lwa ke nou twouve nan rit petro a, lwa sa se lwa ki vrèman cho senbòl li se dife, si senbòl li se dife ebyen li pa dou konnen depi lwa pa dou ebyen li gen cho ak frèt sa vle di li pa jwe.
Tijan dantò se toujou menm lwa, menm ras la, menm fanmi an, menm eskòt la, men tijan dantò twouve l nan rit rada.
Tijan dantò a vrèman bon pou sèvi ak li nan jou madi bò papa legba ak mètrès dantò nan jou madi yo pou chèche gras ak padon devan sa ki kondane nou yo.
Tijan petro bon pou sèvi ak li nan jou vandredi ak samdi sou dimansyon kalfou ki donk mèt lanjelis dwe konn tout bagay.
Sèvi ak li la pou vanje sa yo fè w ki pa bon, sèvi ak li pou espedye l al chèche mennen ba w ou, sèvi ak li jan w vle.
M ap di nou Lwa sa renmen koze sigarèt li ak kleren li nou dwe toujou prepare boutèy li mete la, Plant ki rele lanni an mete l nan boutèy li san pwoblèm l ap bwè l dous ni pike.
Lwa sa pou ou menm ki genyen l ki mache ak ou w ap toujou wè l parèt devan w tankou yon ti tonton granmoun timoun.
Toujou gen yon baton byen kout pou li paske pye tijan tèlman pye l kout ou ka di li pa gen pye.
Lwa sa ou ka achte 3 mouchwa pou li:
▪︎Jòn.
▪︎Nwa.
▪︎Blan.
▪︎Wouj.
Lè l parèt sou rit petro ak rada.
Konprann byen mezanmi
Lwa sa yo se yon eskòt yon fanmi
Fanmi lwa sa se fawo.
Enèji sa se nan nò ou jwenn yo ak sidès.
Nò se rada, sidès se petro. Men kèk nan non fanmi lwa sa yo:
▪︎Tijan dantò.
▪︎Tijan petro.
▪︎Tijan zonbi.
▪︎Tijan krab.
▪︎Tijan brake.
▪︎Tijan fawo.
Bonte lwa yo:
Lè w gen lwa chans ou ogmante, afè w pap pimal pase sa, depi w ranje koze w avè l, Lwa sa li bay anpil kòb.Zafè bolèt la li souvan bay boul li klè se tankou dlo kokoye.
Sa pou evite:
Pa di w ap sèvi sen janbatis pou lwa tijan.
Pa janm bliye sen se legliz yo ye yo pa janm pale.
Konnen lwa nou yo nan van, nan dlo, nan tè a, ak nan dife a.
Konnen byen sa ki pou nou yo ase souvan lwa n ap pale de yo a yo trè demonstratif ki donk yo souvan pale sou nou fè nou konprann byen ak mal.Reveye konsyans nou pa kite dòmi ale ak nou.
Comentarios
Publicar un comentario