Leson

 Kisa Ki yon Lwa nan vodou? 


Mo lwa a sòti nan lang fon Ki Vle Di esprit. Nan panteyon vodou a nou gen anpil anpil lwa. Gen moun ki di Di Nou gen 401 espri. Men nou p'ap janm ka fin konte konbien espri ki genyen. 


Chak espri yo se yon aspè de dye.

Egal Yon lwa yo se dye an Li menm. 


Egzanp: lè nou Pran Agwe se Dye Dlo, men Li gen elemantè yo la avè l ki Pou jere Dlo a Ki Pou pèmèt tè a toujou gen Dlo Pou nou viv. 


Se Sak fè Mwen toujou Mande Nou Pou Nou toujou fè diferans ant lwa e gad

Lwa paka chevoche yon Moun. 


Men yon gad Ka chevoche yon Moun . 


Poun eksplike nou yon fason ki pi senp 


Lwa ki son prensip ki vibre yon enèji, lwa ki se divinite orijinèl ki se prensip kokreyasyon an, lwa ki se yon enèji primòdyal ki vle di gon sèl Ogou sou plizyè dimansyon men ki pa mache ak tout moun menm jan e chak lakou, bitasyon, demanbre, onfò sèvi diferan men rive kay vwazin an se menm prensip Ogou ki pa vibre sou menm dimansyon e ki pa sèvi menm jan ak jan w sèvi l lakay pa w.


Gad 

gad ki se yon fòs pwotektè, yon gadyen, yon defansè - ki gen plizyè sans - ou kap itilize fòs sa pou w bay yon moun yon gad pou w pwoteksyon oubyen w kap plase fòs sa nan yon lye pou w sekirize lye sa, oubyen yon gran ki te konn sèvi yon lwa aprè yon tan li devni yon gad nan fanmi sa ...

Egzanp moun sa te konn sèvi e danse Bosou ebyen depi lwa Bosou genyon mesaj pou fanmi an se sou vizaj moun nan li parèt. 


Pwen

ki gen plizyè konotasyon - yon pwen kap envoke sou non yon lwa, yon pwen son wanga 


lè w itilize fòs lwa pou w fè yon wanga nou rele l pwen (nap mare yon pwen), yon pwen son lyen ant mond vizib e envisib, yon lyen rankont nan pwen ou jwenn nanm tou ki sakre sou non lwa ou ki sou regleman yon lwa ak yon kondisyon byen detèmine. 


Pwen an ka yon fòs kreye Egzanp w al bò yon dlo ou pran yon wòch nan dlo ou sakre l, ou ba li nanm (pou w ba li nanm - ou depoze l atè ou nan yon veso ou vide Florida, alkòl ou epi w mete dife, ou resite sa w pou w resite sou li - ou ba li non, misyon, travay, elatriye - pendan dife a sou li ou kole yon balèn ou chandèl nan dife sa e chak semèn wap limen yon balèn/chandèl sou li aprè 1 nan 1 jou li devni yon pwen. 


pou m pa kreye konfizyon se pa tout moun sa yap sèvi a son lwa, se pa tout espri ki vin pale avè w nan dòmi ki se yon lwa… 


Anpil nan Nou pa fè diferans ant lwa e nanm. 


Lwa yo viv nan nou, yo se emosyon nou, nan Yon sans m ka di yo se Chak selil Ki nan Chak kò. 

Mwen toujou di vodou se lavi 


Lwa yo reprezante pa Chak sa nou kapab pèsevwa nan Nati an elatriye.


Ex:dlo, agwe 


Chalè solèy lan, ti Jan 


Loray agawou poun site sa yo sèlman.


Se menm jan tou yo reprezante emosyon nou, chak pati nan nou, chak selil nou. 


Ex: Èzili Freda santiman nou, li se reprezantan kè nou. 


Legba refleksyon nou. 


Gede anis nou pou n di sa yo sèlman.


Kisa Ki yon nanm? 

Nanm nan se Sa ou Ka kòmande a, lwa pa nanm, Paske ou paka kòmande lwa. 


Men nan langaj popilè 

Lè n ap pale de nenpòt nan yo, Nou Di lwa. Men gen yon gwo diferans ant lwa e nanm. Rele yon nanm pa Vle Di Li ka fè tout bagay Pou ou. 


Non, Fòk ou gen kapasite Pou w chaje nanm Sa. Yon nanm se yon Moun Ki mouri ke fanmi yo abandone yo. 


Si ou al Kay yon Ougan / Manbo Pou yo fè yon Travay Pou ou, se nanm nan yo voye al Fè l 

C pa lwa yo. 


Yo sèlman chèche yon kav abandone, yo reveye nanm nan, yo ofri nanm nan Sa li pa genyen

Nanm Sa Ki abandone a, Li dakò, Ougan an chaje nanm Sa, epi Li voye l, se pa lwa Li voye. 


Ou pa Bezwen ni Ougan ni Manbo Pou w fè yon nanm Travay. 

Depi w gen kapasite a, Wap rele nanm nan Wap chaje l lap Travay. 


Ou ka chaje yon nanm, ou paka chaje yon lwa . Pou w entèpele yon lwa, fòk ou gen kapasite a.Kisa ki dye vodouyizan yo?


Pou Yoruba yo rele dye a " Olodumare ou olorun" se li ki mèt syèl la, men pa gen okenn moun ki kapab gen aksè ak li dirèk, si w bezwen pale ak dye sa wap oblije pase pa lòt antite, lòt espri ki an kontak ak lòm, yo rele lòt espri sa yo " ORISHA. 


Pou pèp "EWE" a avèk "FON" dye pa yo a rele " Mawu" se li menm ki kreye mond lan. Rive sou zile Dayiti a dye sa yo pral chanje non tankou "Olodumare ou Olorun" nan pral rele " Gran mèt, Bondye, gen kèk rejyon yo toujou kenbe "Olorun" nan.


Pou vodouyizan yo pa gen moun ki ka pale ak dye sa, e se la yo pral vini ak mo "Lwa", se yo ki reprezante dye sa, yo nan tout sa ki egziste nan lanati tankou pye bwa yo, sous dlo yo, van, dife, tè a.


Toujou pou vodouyizan yo chak lwa yo genyon misyon.


▪︎Legba se li menm kap ouvri baryè. 

▪︎Kouzen zaka se lwa agrikilti 

▪︎Ogou se lwa lagè

▪︎Ezili Freda se lwa lanmou.

▪︎Èzili Dantò se lwa ki la pou pwoteje fanm ak timoun. 

▪︎Danmbala se lwa konesans ak sajès. Etc...Sa nou dwe konnen sou koze Basen mistik. 


Yon sekrè ki pa dwe kache pou pèson sou Koze chans. 


Pi gwo bagay ou dwe konnen de chak eleman wap itilize nan nati an. Tankou dlo ak fèy pou koze chans. 


Dlo a, wap itilize a ou dwe konnen e rete rekonesan de sa, li gen mèt li, sou bon kondisyon dlo a reprézante chwal gran papa sa vle tout petit ka pasye pye li odo chwal la.

                 

Dlo dous 


Sa nou konnen kom gran rivyè oubyen sous letan. 


Premyè rèn nan ki kole ak 2 gran mèt yo... 


▪︎Èzili freda dawomen fanm ki atire chans sou koze lanmou ak prosperite. 

▪︎Dambala toujou mennm chans la santé e prospérité.

▪︎e mèt simbi andezo ki geri e bay chans. 


Nan yon lye mistis oubyen yon basin dlo toujou divize an 3 gran lye. 


Depi basen an mistik se konsa li ye, basen sa ap gen: 


▪︎Lye simbi.

▪︎lye dambala. 

▪︎è metrès dlo a. 


Toujou chache fason pou identifié yo dékwa pou nou ka fè bon jan rekomandansyon byen. 


Byento nap vini fèw konnen nan yn grand bwa pou koze fèy yo ki antite ki an valè pou pran fèy yo.Sa nou dwe konnen sou koze Basen mistik. 


Yon sekrè ki pa dwe kache pou pèson sou Koze chans. 


Pi gwo bagay ou dwe konnen de chak eleman wap itilize nan nati an. Tankou dlo ak fèy pou koze chans. 


Dlo a, wap itilize a ou dwe konnen e rete rekonesan de sa, li gen mèt li, sou bon kondisyon dlo a reprézante chwal gran papa sa vle tout petit ka pasye pye li odo chwal la.

                 

Dlo dous 


Sa nou konnen kom gran rivyè oubyen sous letan. 


Premyè rèn nan ki kole ak 2 gran mèt yo... 


▪︎Èzili freda dawomen fanm ki atire chans sou koze lanmou ak prosperite. 

▪︎Dambala toujou mennm chans la santé e prospérité.

▪︎e mèt simbi andezo ki geri e bay chans. 


Nan yon lye mistis oubyen yon basin dlo toujou divize an 3 gran lye. 


Depi basen an mistik se konsa li ye, basen sa ap gen: 


▪︎Lye simbi.

▪︎lye dambala. 

▪︎è metrès dlo a. 


Toujou chache fason pou identifié yo dékwa pou nou ka fè bon jan rekomandansyon byen. 


Byento nap vini fèw konnen nan yn grand bwa pou koze fèy yo ki antite ki an valè pou pran fèy yo.▪︎PALMIS : Senbòl fyète, lajwa, ekilib, libète ak byennèt...repozwa Ayizan Velekete.


▪︎MONBEN BATA : Senbòl elegans, afektye e an menm tan nayif. Repozwa gwo lwa, yo souvan mare fanm ak gason ladan l. Kilòt ou kalson yo toujou jouke ladan l...e se menm Monben ki ka bay solisyon an ankò.


▪︎SIWÈL : Bèlte, pirifikasyon, tandrès. Se repozwa MÈTRÈS ÈZILI FREDA...kase makaya l pou beny sou non FREDA.


▪︎KAYIMIT : Senbòl etwal, imòtalite, rezistans. Gwo van pa fè grenn kayimit pè. Nou dwe rete djougan menm jan ak grenn kayimit devan move moman.Lèw reve Ezili Freda ou dwe jwe 05 chif sa se chif abondans li ye nan Mistik yo selebwe Ezili Freda le 15 desanm 14 fevriye lè Ezili Freda bòw yon bagay li pa renmen ou gas piyel lap fache kont ou li gen maril Danmbala ki se lwa sajès agwe ki se lwa lamè ki plenn richès la li gen ogou ki se lwa lagè a li pran chak nèg sa yo pou yon bagay di feran. Ezili Freda pote twa bag nan dwèt li akoz nèg sa yo Ezili Freda lèl te jèn li te avèk papa loko li kitel lal pran chango se sa yo toujou di men pou mwen lwa yo se enèji yo ye yo pa gen rapò sa yo paske yo pa menm jan avèk nou moun sak fè yo pale konsa deyo se paske yo vle nou konnen lwa yo pi byen senbòl ki se miwa flè plant ki se bazilik avèk flè ki gen bon sant animal li se pijon blanch pwason Rose koulè li se Blanc rose gen kote ki bal ble pal tou bon pa konnen sak fè sa paske chak bitasyon sèvi jan pa yo.Kisa ti chodyè 3 pye Mètrès Dantò a 👑🍍🌿🐝🗡 an senbolize ou vle di ?


Èzili Dantò di Madan Lenba pou moun Latibonit, Boran pou moun nan nò.

Li se 1 Rèn nan eskòt lwa Petwo (Gad) ki gen Dantò, Manbo Nansi, Mapiang, Balyann, Severin, Marinèt...


Koulè prensipal li se ble ak wouj, gen dimansyon li pote jòn solèy, ble syèl ak ble maren ak wouj e nwa.


Sou regleman petwo ou gad li manje kochon, sou regleman Mètrès fran li manje kabrit.

Depi w ap pale de panteyon lwa Dantò yo pami objè rityèl nou wè se ti chodyè 3 pye ak ponya, diven wouj, anana, florida.


An nou rete sou koze ti chodyè 3 pye an, kisa li senbolize ou reprezante ?

Nan chanm Èzili Dantò a travè chante sa mwen te fini pa aprann siyifikasyon senbolis chodyè 3 pye an.


Nan Tradisyon Vodou an Ayiti senbolis chodyè 3 pye reprezante Manman chodyè yo te konn kwit manje pou tout moun manje ak 3 wòch dife, ki se youn nan premye fason zansèt nou yo te konn kwit manje.Vinn konnen koman pouw egzile yon Malfékté Ki enpechew viv.


Yon Malfékté ki fè w pa ka fè pitit,

Ou paka pwospere, Malféktè sa depil nan zòn nan pitit ou a pa gen dwa avanse, li detounen l,

Wap moute de blók ou gen 10 zan ou pa ka, chak maten ou leve ou jwenn tout majigridi nan fondasyon kay la.


Vinn fé Malfékté sa bay zónn nan blanch pou l pa janm sonje tounen menm rad li ka pa gentan pran.


Men saw bezwen

▪︎7 priz té nan yon vye kay abandone

▪︎Pwav toro 

▪︎pwav ginen

▪︎Yon ti chodyé 3 pye

▪︎Yon moso la kochon

▪︎Poud voltije baryé

▪︎Luil doliv

▪︎Kaka bourik

▪︎Yon imaj ou vèvè danto.


W'ap leve yon jou mardi w'ap mete tout bagay yo nan ti chodyé a wap ekri non moun nan nan do imaj/vèvè dantor a 7 fwa w'ap mete imaj/vèvè a tèt anba w'ap bezwen yon mèch koton, w'ap mete lwil doliv, w'ap limen lanp ou, w'ap pale pawòl, ou adresew ak dantor di tout saw ap sibi m pa konnen yo se ou ki konnen sa moun sa ap Fè w, ki pwomés li féw, kijan li féw paka avanse kijan chak saw fè li detounen w.


Kite lanp lan limen 7 jou pa kite l eténn ajoute lwil tank li desann w'ap kite l finn boule nét, sou setyém jou a w'a banm rezilta, wap wé si moun sa ap ka rete nan zòn nan wap wé si l'ap ka kenbe chalè sa. 


Se di wa di zòn sa te gen yon malfektè ki t'ap pésekite w.


Resét nou se nou kwayans ou ak konsantrasyon wGrann 👑👵🏿🌿✨ 


Nan Tradisyon Vodou an Grann, se pi Gwo Pyebwa an, dimansyon ki pi wo nan Panteyon Espri Metrès yo.


Grann yo eksite nan tout rit, nan tout Nanchon, ki egziste nan Tradisyon Vodou yo.


Nanchon Kongo : Grann M’Pempa, Grann Tchelika, Grann Zouzi ak Simba… 


Nanchon Arada-Dawomen : Grann Silibo, Grann Ayizan, Grann Èzili, Nannan yo (Grann Nana).


Nanchon Nago: Grann Batala, Grann Sen An, Aloumandja. 


Nanchon Ibo: Grann Ibo. 


Nanchon Gede: Grann Brigit.

Pou site sa yo sèlman, pwovèb lan di lè ou pa gen Manman ou tete Grann, se nan plas Manman Grann Sèvi paske Grann lan se yon Manman tou.


Yo se Gadyen Tradisyon an, paske yo se premye zanzèt primòdyal nan tout nanchon.


Yo se Achiv e bibliyotèk Tradisyon an. Yo se lwa ke tout lwa koube devan otorite yo ak sajès (konesans) yo.


Gen yon gran, ki te aprann lè vyole prensip ak regleman Grann, ou pap jwenn gras ak merit, devan okenn lwa, ese yon sèl lwa nan Vodou an, ou ka itilize pou jwenn gras ak mizerikòd lwa Grann.


🎶🎵Sove lavi mwen ay Manman kote ou ye🎵 Pakayapaka vini wè mwen nan toumant🎵🎶Grann ooo ayyy Manman kote ou yeMen Kèk lwa ki fè pati makaya.

M te di makaya vle di fèy.


1- Èzili Mapyang. 

2- Kafou kat chemen.

3- Loko Atisou.

4- Loko Azanblo Gidi.

5- Lwa Mazòn.

6- Mèt kafou tengendeng.

7- Simbi Makaya.

8- Simbi Maza.

9- Simbi twa ile.

10- Simbi yanpaka.

11- Wangita.

12- Yanpaka Malò.

13- Yanpaka paka.

14- Zaka krib.

15- Zaka konobi.

16- Zazi Pannan.KIJAN POU FÈ LAMP POU DANTÒ? 


Anpil nan nou toujou ap fè LANP men yo toujou San repons, kijan nou dwe monte yon lanp pou MÈTRÈS DANTÒ. 


1) Nou dwe gen koton avèk tout grenn se nou Ki dwe netwaye koton nou, pandan n ap netwaye l, nou dwe pale sa nou Bezwen, nou dwe esplike l pwoblèm nou, paske nou konnen BONDYE KONESANS la renmen poze l sou pye koton. 


2) Nou dwe Achte TI CHODYÈ nou sou demand nou, pa voye moun achte l pou nou, e pa itilize chodyè nou pou nou fè lòt travay, li dwe espesyalman pou 

MÈTRÈS la, ougan/manbo yo achte lòt chodyè pou n travay.


Chak Premye madi nan yon mwa, nou dwe pase tè nan TI CHODYÈ nou, e nou dwe lave TICHODYÈ nou, n ap mete savon lave nan tòchon, se pa twal non, foubi TI CHODYÈ nou sou demand nou, rense l ak dlo cho sou demand nou. Siye l ak Fèy BANNANN oubyen avèk mouchwa MÈTRÈS la, si w remake lè w rele l li pa reponn rapid, siye l ak TCHYE rad ou, ou TCHYE chemiz ou, men fòk yo trè trè pwòp.


Ou dwe mete grès kochon oubyen lwil maskreti pi, si se yon bagay cho w ap mande l w ap pile pwav toro ak pwav ginen mete ladan l, w ap mete 3 ou 7 piman peyi ladan tou wouj, kèlkeswa Sa w ap fè a ou dwe fè l sou menm demand lan, se pawòl Ki fè maji, W ap jete dlo nan pa pòt la, wap Mande papa legba pasaj, w ap limen limyè temwen w pou l ka 

gide w kote espri yo ap Alèz, men fòk ou byen gade si pa gen kourandè k ap bouje flam nan, Si w poko konn trase vèvè, w ap fè yon sèk pou w Chita ak lanp ou, fè priyè envokasyon MÈTRÈS la pou w Koze ak MÈTRÈS la, pa voye l plizyè kote.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka