Leson
ESPRI
Espri an, se dezyèm pati nan yon moun, ou paka wèl ak je ni manyen l, ni pran sant li. Men si w antrene , ou ka santi prezans li. Moun ki inisye aprann kijan pou yo wèl epi kominike ak li. Gen menm ougan ak manbo ki rive kontwole l. Espri a se li ki gen plis travay pou l fè:
Li kontwole tout fonksyonman kò a, tankou yon lojisyèl kontwole yon òdinatè.
Li ede nanm lan nan evolisyon li.
Se pati sa nan moun ki rete ap drive apre nanm lan travèse (sa nou rele lanmò a). Yo itilise l anpil nan mistik; nou rele li gede. Se yo relijyon katolik fè vin Sen. Nan vodou se yo ki gad, pwen, nanm.KÒ:
Nan twa pati ki fè moun moun, gen yon sèl ou ka wè ak je, manyen l, pran sant li, tande l si l fè bri ak goute l. Nou rele pati sa a: KÒ.
Kò a konponze de plizyè sistèm ki pèmèt li grandi, defann tèt li, bay tèt li manje epi repwodui. Moun ki etidye e aprann repare kò, loksidan rele yo medsen, Ayiti , nan vodou nou rele yo bòkò. Kò a gen yon sèl djòb: bay nanm lan yon kote pou li abite pandan pasaj li nan dimansyon fizik la.🌳Sa nou dwe konnen de "Fèy Lougawou":
Lougawou | Chòche | Mouri Leve | Ayigwe (Igwe) | Sanglou | Zèb Mal Tèt | Kalancho
Non Syantifik: Bryophilum pinnatum oswa Kalanchoe pinnata
Non Anglè: Miracle Leaf, Leaf of life
Panyòl rele l Yerba de Bruje (Sen Domeng).
- KIJAN W PLANTE L? Si w vle plante l, jis pran yon fèy kote ki genyen l, depoze l kote w vle plante l la, fèy l ap pouse plizyè ti pye. Se pou sa yo rele l mouri leve.
- TANSYON WO: Melanje fèy lougawou a ansanm ak fèy Diven jezi a, desann tansyon wo a plat, yon fwa. Se youn nan plant ki pi efikas kont ipètansyon nan Medsin Fèy Ayisyen an.
- ETOUFMAN | PALPITASYON: Toufe 3 fèy nan yon tas dlo cho, pran 1 tas si w gen etoufman, batman anòmal ou palpitasyon kè.
- TÈT FÈ MAL | MIGRÈN | DOULÈ: Se youn nan plant ki efikas kont doulè, tout kalite. Pile yon ponyen fèy lougawou mete l an konprès sou fwon w pou kwape tèt fè mal ak migrèn. Pi bon fason an se grese fèy la ak lwil maskreti epi masaje tanp yo, dèyè kou epi depoze fèy la sou fwon w. tèt fè mal la ap obeyi, ou ka bouyi 2-3 fèy epi bwè sa.
- LAFYÈV: Youn nan gwo remèd kont lafyèv sitou ki enpoze w dòmi se 1-2 tas dekoksyon fèy lougawou k ap fè w dòmi kou bebe epi kwape fyèv la.
- SIKATRIZAN: Bwè te Lougawou si w gen maleng, blese ak ilsè ki derefize fè kwout ou geri. Ou ka pile mete sou maleng nan pou sikatrize l ou panse l.
- EPILEPSI: Pile 3-5 fèy, bwè ji a san melanj pou konbat epilepsi; 1 fwa pa jou pandan 7 jou.
- FIBWÒM | MATRIS ANFLE: Èske n te konnen li te bon pou fibwòm ak kis tou? Bon wi, se yon gwo remèd. Swiv paj la (Abòne) pou aprann plis kichòy sou plant sa.
-BENY FÈY: Nou ka mete fèy l nan plizyè kalite beny sitou beny dyòk ou devenn, epi beny pou trete nenpòt nan maladi nou sitou pi wo yo.
Tretman natirèl ak sinatirèlFèy Kowosòl
Eske w te konnen fey korosol pou kisa li te bon ....
Li kalme sistèm nève, li fèw domi, li geri enfeksyon irinè, li amelyore tansyon, li amelyore kè, li bon pou moun ki pwan dròg, li amelyore prostat, anti kankè, li ogmante apeti w, li bon pou poumon, li bon pou konstipasyon, fasilte dijesyon, vreman bon pou zo
Wap jwenn vitamin C, fosfò, fib, kalsyom ladanlSi lavi an paret nwa pou ou :
wap cherche 7 zé pentad.
Wap cherche 7 kokoye.
Wap komanse reset sa premye jou dimanch nan mwa la:
1er jou an wap pran dlo kokoye an pou bouyi ze an lè w santi li kwit.
Wap mete l fret.
Wap kale ze an.
Wap kenbe l nan pla men ou wap mande tout saw vle genyen.La priyè ak Liminasyon
2) Liminasyon an kisa l ye?
Vodouyizan pa lapriyè menm jan ak lòt moun.
Nou pa resite yon ekip pawòl tou pare. Se pale nou pale ak Lwa yo.
• Nou ka fè sa nenpòt ki lè, nenpòt ki kote.
Lè nou gen bezwen yon Lwa, nou rele li epi nou chita pale avèk li.
Lè se fèt yon Lwa oubyen lè nou ap di li mèsi nou fè dans pou li. Lè sa nou envite li nan yon peristil pou nou ka resevwa li kòmsadwa, selon règleman. Nou envite lòt Lwa ki zanmi li e nou pote kado pou li tou. Se sak fè dans yo long. Paske nou dwe salye chak Lwa selon règleman li ak grad li.
Lè nap fè demand, nou fè liminasyon ki se yon sèvis espirityèl.
Liminasyon se lè nou limen lanp, balèn pou Lwa selon yon règleman espesyal. Se ladann nou fè demand ak pwomès.
Liminasyon ka fèt nenpòt ki kote, men fòk gen yon moun ki konn règleman ki pou dirije li.
Liminasyon dwe fèt jou fèt Lwa a oubyen jou Lwa a nan biwo li:
• Chak Lwa gen jou pou li resevwa demand.
• Si gen ijans ou ka mande pasaj.
Selon enpòtans sèvis la, liminasyon ka fèt avèk kèk oubyen anpil moun. Si ou aprann règleman yo, ou ka fè liminasyon
pou kont ou lakay ou.NANM
Nanm lan se li ki pati ki pi enpòtan nan moun, nan tout sa ki vivan dayè. Se poutèt li kò ak espri ekziste. Li machè ak enèkji ki fè lòt pati yo fonksyone, inisye di li tankou yon limyè men se pa sa sèlman li ye. Anpil moun di li se yon ti moso nan sa ki pèmèt linivè ekziste; sa relijyon rele kreyatè linivè a. Tout sa kap pase, ki te pase, e ki pral pase nan linivè se rezilta vwayaj li ak eksperyans li fè.Jodia mpral pale'w de yon gwo lwa ki gen anpil valè nn lavi spirityèl chak ayisyen, nan kwono katolik la lwa sa aliyen sou imaj St Expédie.
Se li menm ki papa epi chèf tout gede yo BAWON se lwa ki senbolize pasaj la vi ak lanmò,menm lè wap pran tout prekosyon pou pa mouri.
Depi premye ak 2 novanm rive ou paka pa pnse ak lanmò,gen yon pawòl ki di si kafou pa bay simityè pap jwenn,BAWON, KALFOU, GRAN BWA, SIMBI MAKAYA se 4 gwo tonton lwa ki fòme kare majik la,
Mwen ka di tou a yo 4 yo fòme yon eskòt majisyen BAWON se nonm GRANN BRIJIT ki senbolize la justice la maternité et qui supervise les morts ,non nou tande pi souvan yo se BAWON LAKWA ki senbolize kijan chak moun t viv sou ti bout tè sa epi kay etènèl yo lè yo antre nn tonb yo pou kont yo BAWON SIMITYÈ ki se premye moun ki anteren nn nenpòt simityè BAWON SIMITYÈ a tou se li menm ki anpeche mò yo soti nn simityè a e ki anpeche vivan yo antre nn simityè a nou gnyn BAWON SAMDI oubyen BAWON SANMDI or BAWON SAMADI ki se premye pitit Aganman Ibo ki se yon lwa andwojin,se li menm tou ki mèt lavi ak lanmò an mèm tan.
Nou gen BAWON KRIMINÈL ki se yon lwa vanjè ki jije ak pini mò yo,gen BAWON KARA BAWON KALFOU BAWON LENTO BAWON LORAN VYE BAWON ak yon pakèt lòt ankò,depi yon moun gen lwa sa li pap kite piman'l li pap kite wonm li atè,yo renmn manje bagay ki boukanen epi yo renmn bwè kola, jou li se lendi, vandredi, samdi, yo fete li premye ak 2 novanm ki se fête des morts nan legliz katolik la sa nou rele fête la Toussaint an, se lwa sa tou ki bay otorizasyon pou fè zonbifikasyon.
Dans la culture moderne notamment BARON apparaît dans las princesse et la grenouille non li se Doktè Facilié,avan sa tou nn ane 1973 li t parèt nn yon fim ki rele Live And Let Die ki vle di vivre et laisser mourir,janm te di a se li menm ki bay otorizasyon pou fè zonbifikasyon, daprè sa listwa rakonte siw gn yn moun ki mouri ou pata renmn malfektè pran zonbi moun sa ou dwe fè ofrann ak BAWON SAMDI pou'l ka pwoteje nanm moun sa.
Se yon lwa banbochè ki renmn plezi anpil esak fè yo defini li tou kòm symbole de la sexualité et de la fertilitéBeny Deblokaj
Ou menm ki santi chans ou lou aktivite ou bloke ebyen jis achte yon pake ten ou kon fè manje a ak yon pafen (bien être rose).
Avan ou itilize pafen sa ou dwe fè yon beny pirifikasyon dabò de kwa pou jis dezanvoute tèt ou.
W'ap jis chwazi yon jou vandredi oubyen jedi sou etwal ou.
Melanje enpe ten nan byenèt la prezante 4 fasad epi fikse lalin nan ak yon grèn etwal ki pi briye nan syèl la pale koze ou.
Mete konpozant la nan yon kwen lakay ou epi apre 7 ou 9 jou kòmanse itilize l.
Kèlkeswa liy ou ye ou ka fè l li pa gen oken kosekans negatif.Nanchon kongo fran.
Nanchon kongo enpòtan anpil, li gen plizyè regroupman ladan l tankou:
▪︎Moussoundi.
▪︎kongo bò lanmè mayombe,
▪︎bengwelo, etc...
Rad lwa kongo fèt ak 7 (koulè) twal.
Vèvè lwa kongo se yon etwal ak 5 branch ki tounen sou li menm e ki bay yon reyonman.
Bwason lwa kongo asowosi a yon grenn sèl.
Nachon vodou a sèvi pi souvan latibonit nan lakpu soukri. 2 tanbou"a kòd" ki gen nan rit sa kouvri ak po kabrit epi ki bat ak men.
Varyant kongo:
▪︎kongo mayombe.
▪︎moussoundi.
▪︎mousaï Mondong ki divize en 4 group:
•wongòl guinen.
•savann zanfò.
•mayombe.
E moussondi fè pati lwa kongo fran yo yon lòt sous mete kongo payèt kongo lazil, kongo anmin.
Lis lwa kongo yo
▪︎Choukoulout.
▪︎Bakouñou baka.
▪︎Ganba bila.
▪︎La rèn kongo.
▪︎Jan pyê mpongwe.
▪︎Grann yaya mpongwe.
▪︎La ren kongo Choukoun.
▪︎Artemiz (manbo).
▪︎Inan (manbo).
▪︎Lenba zao.
▪︎Nannan (manbo).
▪︎Choun (manbo).
▪︎Manman pemba.
▪︎Marasa kongo.
▪︎Legba kongo.
▪︎Similò gangan.
▪︎Tchikata.
▪︎Yaya mpongwe.
▪︎Zao lemba.
▪︎Zazi mpoungwe.
▪︎Zêbatè.
▪︎Nèg anba.
Lwa rit kongo se lwa ki soti nan peyi bantou ki se afrik de lwès, lwa sa yo mwens popilè ke lwa rada yo, men yo plis egzigan e yo rekonesan nan fè sakrifis yon chyen.
Lwa rit kongo
▪︎Bakoulou baka.
Lwa tèrib, pesonn pa janm oze rele l pou plezi.
▪︎Boumba
Fanmi lwa ki asimile ak simityè.
Mèt-simityè-boumba, li toujou akonpaye ak Bawon lakwa ak jan zombi.
▪︎Kita gwo lwa sosye ki soti nan vil togo ki sitiyel tou pre agwe, Yo asosye lwa ki ta yon gwoup lwa ki fò nan maji.
▪︎Mondong mousaï fanmi lwa moudong yo fe sakrifis yon chyen.Jou samdi.
Jou samdi se yon jou ki mistik anpil, se sa k fè moun ki fèt jou samdi toujou gen yon dimansyon mistik ki elve, e se jou ki pi cho pami tout 7 jou yo, se jou Petwo, jou yo fè tout sòt de wanga, se jou fanm ale nan mache, se jou fanm ale lave, se jou fanm kanpe pise, se jou pou konnen kòman dimanch ou ap ye, ebyen jodi a m pral ba nou kèk bagay ou pa dwe fè jou samdi.
☆Premye bagay pou pa fè jou samdi
Evite fè kòlè pale anpil jou samdi, jou samdi se jou konsakre w espirityèlman, se jou ou kapab pran ben-y pirifikasyon.
☆Dezyèm bagay ou pa dwe fè jou samdi.
Pa janm fè sèks ak yon moun ke w pa renmen vre jou samdi, li t ap ankò pi bon si w pa ta plimen menm jou samdi sitou pou moun ki sèvi e ki gen alyans ak Èzili Dantò yo.Legba, Mèt Kafou, Lento.
POT LA SE LEGBA !
Yon pòt se yon senbòl ki reprezante yon pasaj, yon tranzisyon, oswa yon ouvèti nan espirityalite vodou a. Yon pòt ka sèvi kòm yon pon ant mond fizik ak mond lespri, ant lavi ak lanmò, oswa ant diferan nivo nan konsyans kosmik yo. Yon pòt ka tou reprezante yon opòtinite pou chanjman, transfòmasyon, oswa evolisyon. Nan vodou a, genyen plizyè lwa ki gen rapò ak pòt yo, tankou Legba, Met Kafou, lento , sogbo nanki , badè simiwa , ak Bawon yo .
Legba se lwa ki gade pòt la ki mennen nan Ginen, mond lespri yo. Li se mèt nan kominikasyon ak langaj. Li se premye lwa ki sèvi nan yon seremoni vodou, paske se li ki gen pouvwa pou louvri pòt kosmik lan pou lòt lwa yo ka desann.
☆Legba se yon lespri limyè, li louvri pòt li sou lavi ak limyè ki klere nou chak jou. Seremoni ak rityèl legba toujou fèt lajounen soley leve.
☆Mèt Kafou se lwa ki gade pòt ki mennen nan tenèb. Li louvri pòt li sou lanmò ak tenèb, li se yon jij, Li la pou mèt lòd nan dezòd ak konfizyon. Li se lwa ki la pou bay pasaj, li louvri pòt li nan plizyè chemen ( jistis, vanjans, defans, atak, espedisyon ect ...), menm jan li la pou bay pasaj la se konsa li la pou bloke pasaj tou.
Li se lwa ki la pou kondi tout mò devan bawon. Si mèt kafou pa bay, simityè paka pran. Li se lwa ki la pou deside kiyès ki antò ak kiyès ki gen rezon. Kafou jije rezon, kafou jije tò ou rezon.
Seremoni kafou toujou fèt lannwit solèy kouche .
☆Gede yo sitou bawon yo, yo se lwa ki gade pòt ki mennen nan mond mò yo. Yo se gad simityè, se yo ki konn kiyès kap antre ak kiyès kap soti nan yon simityè. Siw antò, pa ale Devan bawon, paske saw mande a se ou lap rive anko. Si kafou pat baw pase komanw fè rive la ?
☆Sogbo nanki, ak badè simiwa, se 2 lwa jimo, wòl yo se gad djèvo, gad wonfò, gad sogbadji.
Tout peristil ak lakou dwe gen regleman sogbo ak badè .
☆Lento se yon lwa, ki gen anlèl moun anbal kabrit. Li se yon lwa difé, se yon espri malis ki gen anpil entelijans, li se lwa ki kenbe pòtay ki separe espri dlo yo ak espri dife yo!Mouchwa lwa yo
Nan moman sa ou menm k ap lave mouchwa gad yo ak mouchwa gede yo se ak kleren pou lave yo, mouchwa sa yo pa lave ak dlo, se mouchwa lwa ou lave ak dlo epi w rense l ak dlo ki gen bazilik.Sa nou dwe konnen de bò goch nan vodou.
Eske w te konnen, ou pa fouti pi mistik ke yon moun ki goche, paske bò goch ou peze lou anpil nan mond mistik, ak men goch ou ka bay anpil pwoblem, ak pye goch ou ka antre anpil kote.
Yon ti konsèy, Kèlkeswa pòt w'ap ouvè fè l ak men goch, Kèlkeswa kote wap antre fè l ak pye goch, menm nan dòmi, toujou goumen pou kouche sou bò goch, gen bagay ki pap janm rive w, tankou fenomèn peze nan dòmi, lestomak cho, e wap menm gen kapasite pou kapte rèv ou pi byen, ak anpil lòt ti detay ankò..Minis zaka mede se chef tout eskot zaka yo depi nou palew de eskòt ou deja wè se yon ansanm.
yo anpil.
Map site yo pou ou. Takou eskot la genyen:
Minis zaka mede
Zaka awombla
Odan zaka yombo
Zakasi zakala
zaka krib
zaka tonnè.
Yo di alason an salitasyon pou lwa sa yo.
Chak divinite sa yo ki nan eskot la gen yn gwo wol nan tradisyon vodou an.
Minis kouzen zaka mede se patron tout biznisman, travayè latè, peyizan kap fè elvaj. Anpil gran antreprenè asosye biznis yo tou ak minis la se pa pou san rezon nan tout mond la chak peyiod premye (mai) ou wè se gran fèt nan agrikilti a . Se bèl moman yo ekspoze sou bèl tab anpil bèl fri pou minis la nan non tout eskot yo.
Lwa sa se yn gwo lwa e yn bon lwa li ede malere ak malerez .
Li renmen travay anpil li pa janm manke manje lakay li . Fanm renmen li, Lè yn fanm kitel li di zafè demen yn lot ap vin jwen li.
Li pa fè magi pou fanm.
Pi gwo bagay ou dwe konnen .
Jou zaka yo se mèkredi vandredi ak samdi. Lè wap adrese li limen balèn vèt pote mouchwa vèt rouj li renmen plisyè koulè.
Li renmen tyaka tankou nan ofrand li. Li fimen anpil tabak li bwè kleren .
Ou menm ki ap mache ak li youn nan regleman li pou asire lakay li se makout ak tout regleman li andan li .
Li fimen nan pip tou. Toujou mete bwa pen nan makout la li sèvi ak li pou anpil bagay.
Li pret poul tandew lew fè lamp pou li tankou nan nenpot plant ki donnen nan jaden.
Kokoye
Joumou
Zaboka
Anana
Elatriye.
Se neg ki pa janm pèdi pose mezanmi wadèvè problèm ou jis metel ladann mandel edew wap sezi wè sak kap rive.
Pou ou menm ki gen difikitel pou travay kelkeswa kotew ye fè regleman sa aprew fin ranje kozew ou.
Debloke tèt ou dabò. Pran beny ou nomal .Vèvè Grann Ibo Lele !!!
Grann Ibo Lele se pi ansyen Lwa ki egziste nan Nanchon Lwa Ibo yo , li manifèste pouvwa li nan nanchon Petro ak Kongo tou !
Li fè gerizon e li ede nan fètilite se yon Espri ki kontre vyolans, li bay abondans tou !
Souvan yo konn ap konpare Grann Ibo Lele ak Nana Buruku epoutan yo diferan de lòt, se Grann Ibo Lele ki Gadyèn lanati ak ekoloji, se yon Espri ki gen anpil sekrè nan sak gen pou wè ak egzistans imanite !
Nan nanchon Ibo a genyen anpil Lwa men pifò sou dimansyon Gad e Pwen alafwa, nou ka konn tande kèk non tankou Ibo Bibi, Ibo Swaman, Iloukanman, Djakara, Zazi Kouywen, Loaka mannan elatriye…Resèt pou klou ki leve sou ou.
Si w ta gen yon klou k ap leve sou ou.
• W ap leve nan maten avan bouch ou lave, san w pa pale ak okenn moun, w ap pran dwèt pous ou w ap mete l nan bouch ou epi w ap pase l kote klou an ye li sipoze dezanfle.Beny chans pou ti bebe.
Pou mete chans sou ti bebe yo:
▪︎3 ti kokoye wole.
▪︎Yon melon.
▪︎Lèt bèf.
▪︎Poud chans.
▪︎Dlo kontre.
Mete yo nan yon kivèt blan benyen timoun nan ladan l.
Pa bliye limen balèn ou. Fè demand ou.
Tout moun ki nan lekòl sa konnen sa ki dlo kontre, m te pale de sa deja.Move Nanm
Move nanm se yon move maladi lè w trape de li tout Moun ap wè w malad dibout pou sa ki gen bon zye yo.
Yon kout move nanm sa pa trete vit li mande anpil dòz detanzantan e fòk nou pridan anpil si tout fwa nou remake nou gen yon nanm avè nou epi fizikman w ap depafini san rete.
Nanm pa kout zonbi yo ka voye 17 zonbi sou nou yon sèl moman yon ougan ka retire tout nan yon sèl jou men se diferan pou move nanm lan.
Tou aprann sa.
Lè nou viktim de koze nanm nan pa gen okenn espesyalis kòm medsen ki ka dekouvri sa pa janm jwe ak maladi sa.
Pou konbat oubyen trete yn kout nanm ki deja genyen w nan batay la.
Tankou nanm nan konn fè efè sou nou kote ke nou konn santi yon bagay ap kouri nan tout kò nou oubyen kèk pati nan kò nou konn Cho kou dife tankou do nou.
E M ap di nou sa tou nanm nan pa yon jwèt pou sa ki konnen li.
Defann tèt nou konsa.
Ebyen prepare sa yo ansanm melange yo mete yo swa nan yon boutèy.
- Yon diven oubyen yon lit byè.
- Yon tèt aransèl.
- W ap graje 3 jèn zoranj si vèt ki poko gen twòp dlo.
▪︎Pran ma jèn zoranj yo pou nou mete nan melanj lan.
▪︎N ap pran 21 tèt alimèt mete ladan l. (Svp alimèt tèt rouj.)
▪︎N ap mete 3 kiyè lwil maskreti ladan l.
▪︎N ap pile yon ponyen fèy ave ak fèy metsiyen raisin ave mete ladann.
▪︎Pile fèy la ak yon ti tafya pou nou ka pire fèy la pou nou pran ji fèy la mete nan bòtèy la.
▪︎N ap melanje yon ti poud san dife ak poud bebe mete nan melanj lan.
▪︎Pile yon tèt lay vyolèt mete ladan l.
Prepare boutèy la mete li pran 3 jou pou seren 3 jou pou solèy.
Ou ka fè l nenpòt jou sonje lè w sibi de move kou sa yo Kò vizik la dyoke ou se tanp sa yo rele giyon an.
Li bon pou dezanvoute ou dabò avan ou fè rityèl sa. Regle sa janm di nou an li trè pwisan.
NB: Lè w fini w ap bwè ladan l chak maten ak chak swa fòk ou manje avan wi sinon l ap frape w atè☆Priyè pou Mèt OLOHUM☆
Ô GranMèt OLOHUM, ou menm ki se koz nou egziste, nou menm ki fè pati de zèv ou-a e ki konsyan, n'ap mande'w limyè ak bon konprann pou nou kapab evolye e grandi pou fè'w plezi, n'ap mande'w fòs ak proteksyon, kache nou, kouvri nou anba manto'w e n'ap di'w mèsi pou lavi ou ba nou, pou sante ak lapè.
Ou menm ki se fòs nou, nou kwè nan-ou, n'ap viv nan-ou e nou se pou-ou, vide bonè ak lajwa sou nou.
AGO - AGOSI - AGOLA !Pou Moun ki gen bagay k'ap bat anndan vant yo pran.
• Fèy tabak.
• Fèy bwa kaka.
• Fèy zo devan.
• Fèy bazil.
• Luil sent.
Pou w fè yon beny 3 jou.
Bwè ji zoranj si pandan 7 jou.
Bwè te boujon fèy zonranj si pandan 7 jou.
Epi koule tèt ou ak fèy zoranj si tranpe nan dlo nan solèy pandan 7 jou.
Men manman koze a
Ou ka bouyi fèy ekaliptis pou bwè pou pròpte kò w.Remèd natirèl.
☆Lè chouchoun fi a ap gratel : pran ti bonm ak fèy sousi oubyen gate sa ak fèy pwa kongo pou fè enfizyon.
☆Katarat nan zye: lave zye w ak fèy planten apre lè w fin bouyi li.
☆Pyè nan ren: bouyi 7 grenn bwadòm ak moso kòs oliv nan yon lit dlo pou li redwi a yon ti tas bwè ajen. fè sa, chak maten pandan yon semèn.
Oubyen ou ka bwè te fèy lougawou ak koupye ak fèy zaboka san sèl.
Oubyen ou ap pran 4 fèy amwaz, 4 grenn jiwòf, 4 fèy lougawou, 4 fèy zaboka, 4 fèy gwo ten, yon branch koupye, 4 baz pwawo ak 4 baz pèsi pou fè tizàn ak yo, bwè yon ti tas maten ajen apre mete dlo sou rès la pou bwè pandan tout jounen an. Fè sa pandan 14 jou.
☆Netwaye ren nou : Ou ap pran yon zonyon, 3 bèl pye pwawo ak 3 bèl pye pèsi ak tout baz, rakèt, lave yo mete bouyi, bwè yon tas, apre fè rafrechi ak rès la pandan 3 jou.
☆Doulè rimatis: Mete yon bèl zonyon vyolèt bouyi nan yon lit dlo, bwè yon ti tas maten ajen, yon tas aswè pandan yon semèn.Remèd natirèl.
☆Lè chouchoun fi a ap gratel : pran ti bonm ak fèy sousi oubyen gate sa ak fèy pwa kongo pou fè enfizyon.
☆Katarat nan zye: lave zye w ak fèy planten apre lè w fin bouyi li.
☆Pyè nan ren: bouyi 7 grenn bwadòm ak moso kòs oliv nan yon lit dlo pou li redwi a yon ti tas bwè ajen. fè sa, chak maten pandan yon semèn.
Oubyen ou ka bwè te fèy lougawou ak koupye ak fèy zaboka san sèl.
Oubyen ou ap pran 4 fèy amwaz, 4 grenn jiwòf, 4 fèy lougawou, 4 fèy zaboka, 4 fèy gwo ten, yon branch koupye, 4 baz pwawo ak 4 baz pèsi pou fè tizàn ak yo, bwè yon ti tas maten ajen apre mete dlo sou rès la pou bwè pandan tout jounen an. Fè sa pandan 14 jou.
☆Netwaye ren nou : Ou ap pran yon zonyon, 3 bèl pye pwawo ak 3 bèl pye pèsi ak tout baz, rakèt, lave yo mete bouyi, bwè yon tas, apre fè rafrechi ak rès la pandan 3 jou.
☆Doulè rimatis: Mete yon bèl zonyon vyolèt bouyi nan yon lit dlo, bwè yon ti tas maten ajen, yon tas aswè pandan yon semèn.Beny Djòk ou beny giyon anmè:
▪︎Fèy pwa kongo.
▪︎Fèy amwaz.
▪︎Fèy pèsi.
▪︎Lalwa.
▪︎7 grenn lay.
▪︎21 grenn jiròf.
▪︎3 gout lwil maskreti ou lwil doliv.
▪︎Fèy bwa sèd.
▪︎Fèy bwakaka.
▪︎3 ponyen sèl.
▪︎Fèy kafe.
▪︎Fèy tabak.
▪︎Fèy lougarou.
▪︎Fèy kalbas.
▪︎Fèy konkonm zonbi.
▪︎Fèy malpouri(ave).
▪︎Fèy asowosi.
▪︎Fèy bwa chènn.
▪︎Fèy kapab.
▪︎Fèy 3 pawòl.
▪︎Fèy sousi.
▪︎Fèy gate sa.
▪︎Fèy vèvènn.
Ou pa oblije jwenn tout siw jwenn 7 ou 9 fèy ou plis wap bonSa nou dwe konnen.
Nan apèl yo menm jan nou konnen non lwa yo li bon pou nou konnen non bitasyon yo tou sitou lè se a distans nap rezoud problèm yo.
Vwala Yon reyalite, Ou gen yon pwoblèm, ou déplase W'ale kay yon konnen ki pou ede ou, men lè w rive pye konnen an mare menm jan ak pye pa w épi konnen di w li pa ka fè anyen pou ou sou konn bitasyon ou al fè yon pase ladann.
Wi pi gwo fòs nou ki ka ede nou rezoud tout pwoblèm nou yo, se lwa nan bitasyon nou e pi gwo ougan nou tout se lwa bitasyon nou.
Bitasyon nou yo, depi yo pa vle yon moun ede w anyen p'ap janm mache pou nou.
Lwa rasin nou yo, nou dwe toujou rete konekte ak yo nan liminasyon.
Jete dlo, limen balèn, kafe dous e amè ti kout tafia nou
Ak sa, n'ap toujou jwenn mesaj gid bitasyon yo, p'ap gen difikilte pou pale ak nou.
Mèt tèt nou e mètrès nou ap toujou ede nou rezoud Kèlkeswa pwoblèm mistik ki anvayi nou.
Moun bitasyon chwazi nou dwe konnen nou pa sipoze iniore sa se yon gwo responsabilité ..Beny Djòk ou beny giyon anmè:
▪︎Fèy pwa kongo.
▪︎Fèy amwaz.
▪︎Fèy pèsi.
▪︎Lalwa.
▪︎7 grenn lay.
▪︎21 grenn jiròf.
▪︎3 gout lwil maskreti ou lwil doliv.
▪︎Fèy bwa sèd.
▪︎Fèy bwakaka.
▪︎3 ponyen sèl.
▪︎Fèy kafe.
▪︎Fèy tabak.
▪︎Fèy lougarou.
▪︎Fèy kalbas.
▪︎Fèy konkonm zonbi.
▪︎Fèy malpouri(ave).
▪︎Fèy asowosi.
▪︎Fèy bwa chènn.
▪︎Fèy kapab.
▪︎Fèy 3 pawòl.
▪︎Fèy sousi.
▪︎Fèy gate sa.
▪︎Fèy vèvènn.
Ou pa oblije jwenn tout siw jwenn 7 ou 9 fèy ou plis wap bon.
Comentarios
Publicar un comentario