Leson
Lèw reve Ezili Freda ou dwe jwe 05 chif sa se chif abondans li ye nan Mistik yo selebwe Ezili Freda le 15 desanm 14 fevriye lè Ezili Freda bòw yon bagay li pa renmen ou gas piyel lap fache kont ou li gen maril Danmbala ki se lwa sajès agwe ki se lwa lamè ki plenn richès la li gen ogou ki se lwa lagè a li pran chak nèg sa yo pou yon bagay di feran. Ezili Freda pote twa bag nan dwèt li akoz nèg sa yo Ezili Freda lèl te jèn li te avèk papa loko li kitel lal pran chango se sa yo toujou di men pou mwen lwa yo se enèji yo ye yo pa gen rapò sa yo paske yo pa menm jan avèk nou moun sak fè yo pale konsa deyo se paske yo vle nou konnen lwa yo pi byen senbòl ki se miwa flè plant ki se bazilik avèk flè ki gen bon sant animal li se pijon blanch pwason Rose koulè li se Blanc rose gen kote ki bal ble pal tou bon pa konnen sak fè sa paske chak bitasyon sèvi jan pa yo.4 fòs kosmik.
1- Solèy leve (lès) enèji lè n ap adrese nou ak papa loko, ati sole, Mèt briz elatriye.
2- Solèy kouche (Lwès) enèji dlo.
N ap adrese nou avèk Mèt Agwe, Simbi yo byenke pa tout ki nan dlo genyen k ap viv nan gwòt, nan mòn. Lasirèn, filomiz elatriye...
3- Nò enèji Tè. N ap adrese nou avèk Kouzen Zaka, Ayizan, Èzili Dantò elatriye...
4- Solèy sid enèji Dife.
N ap adrese avèk espri ogou yo byenke genyen ki nan dlo tou elatriye...Mètrès Èzili Freda.
Se yon lwa rada. Jou prensipal li se jedi, men w ka sèvi l dimanch tou. Koulè li se woz, ble syèl ak blan.
Pou w ka rete an amoni ak Freda lè wap sèvi ak lwa sa, ou ta dwe abiye w an blan lè jedi, oubyen gen yon bagay blan sou ou kanmen m.
Èzili Freda se lwa lanmou, se lwa ki renmen amoni, e se lwa sediksyon.
Pafen li itilize se: byenèt roz, pompeia.
Li renmen lwil de woz tou.
Freda renmen bijou anpil, e se yon lwa ki trè kokèt, li toujou renmen abiye fre e bèl.
Freda manje gato woz, e li renmen tout ti bonbon ki gen roz ladan l.
Nan pla manje, ou ka kwit pou li pwason woz (san lay), ak bannann epi yanm blan, ansanm ak diri blan. Ou ka ba li tou pijon blan griye...
Nan bwason: Freda renmen bwè diven roz (men li pa gen pwoblem ak diven blan), chanpay (si li woz lap pi bon), anizèt ak siwo dòja.
Yonn nan desè prefere Freda rele "Relijyez".
Freda marye ak twa lwa: Ogou Badagri, Danmbala Wèdo epi Agwe Tawoyo.
Menm si w ka fè liminasyon pou Freda nan anana, si w ap fonksyone avèk li, evite manje fwi sa jou Jedi... Pito w manje zanmann pito w'a banm rezilta...
Gen Freda ki pale e genyen ki pa pale.
Nan manifestasyon li, w ap wè li toujou prefere konpanyi gason, kote lap bo mesye yo men fi yo se ak pwent dwèt li li salye yo, li toujou konsidere yo tankou rival li.
Yo di ke Marilyn Monroe se ak Freda li te fè pak pou l te ka toujou rete bèl e jèn.
Akoz de akwentans Freda ak anpil lòt lwa, li ka bay sèvitè li yo anpil richès men menm jan li bay la konsa li pran tou depi w pa respekte regleman l yo.
Sou tab Freda, dwe genyen yon boutèy siwo dòja, yon Vèvè li, li ka tou 2 alafwa. Mouchwa li, kèk atik de twalèt.Kisa Ki yon Lwa nan vodou?
Mo lwa a sòti nan lang fon Ki Vle Di esprit. Nan panteyon vodou a nou gen anpil anpil lwa. Gen moun ki di Di Nou gen 401 espri. Men nou p'ap janm ka fin konte konbien espri ki genyen.
Chak espri yo se yon aspè de dye.
Egal Yon lwa yo se dye an Li menm.
Egzanp: lè nou Pran Agwe se Dye Dlo, men Li gen elemantè yo la avè l ki Pou jere Dlo a Ki Pou pèmèt tè a toujou gen Dlo Pou nou viv.
Se Sak fè Mwen toujou Mande Nou Pou Nou toujou fè diferans ant lwa e gad
Lwa paka chevoche yon Moun.
Men yon gad Ka chevoche yon Moun .
Poun eksplike nou yon fason ki pi senp
Lwa ki son prensip ki vibre yon enèji, lwa ki se divinite orijinèl ki se prensip kokreyasyon an, lwa ki se yon enèji primòdyal ki vle di gon sèl Ogou sou plizyè dimansyon men ki pa mache ak tout moun menm jan e chak lakou, bitasyon, demanbre, onfò sèvi diferan men rive kay vwazin an se menm prensip Ogou ki pa vibre sou menm dimansyon e ki pa sèvi menm jan ak jan w sèvi l lakay pa w.
Gad
gad ki se yon fòs pwotektè, yon gadyen, yon defansè - ki gen plizyè sans - ou kap itilize fòs sa pou w bay yon moun yon gad pou w pwoteksyon oubyen w kap plase fòs sa nan yon lye pou w sekirize lye sa, oubyen yon gran ki te konn sèvi yon lwa aprè yon tan li devni yon gad nan fanmi sa ...
Egzanp moun sa te konn sèvi e danse Bosou ebyen depi lwa Bosou genyon mesaj pou fanmi an se sou vizaj moun nan li parèt.
Pwen
ki gen plizyè konotasyon - yon pwen kap envoke sou non yon lwa, yon pwen son wanga
lè w itilize fòs lwa pou w fè yon wanga nou rele l pwen (nap mare yon pwen), yon pwen son lyen ant mond vizib e envisib, yon lyen rankont nan pwen ou jwenn nanm tou ki sakre sou non lwa ou ki sou regleman yon lwa ak yon kondisyon byen detèmine.
Pwen an ka yon fòs kreye Egzanp w al bò yon dlo ou pran yon wòch nan dlo ou sakre l, ou ba li nanm (pou w ba li nanm - ou depoze l atè ou nan yon veso ou vide Florida, alkòl ou epi w mete dife, ou resite sa w pou w resite sou li - ou ba li non, misyon, travay, elatriye - pendan dife a sou li ou kole yon balèn ou chandèl nan dife sa e chak semèn wap limen yon balèn/chandèl sou li aprè 1 nan 1 jou li devni yon pwen.
pou m pa kreye konfizyon se pa tout moun sa yap sèvi a son lwa, se pa tout espri ki vin pale avè w nan dòmi ki se yon lwa…
Anpil nan Nou pa fè diferans ant lwa e nanm.
Lwa yo viv nan nou, yo se emosyon nou, nan Yon sans m ka di yo se Chak selil Ki nan Chak kò.
Mwen toujou di vodou se lavi
Lwa yo reprezante pa Chak sa nou kapab pèsevwa nan Nati an elatriye.
Ex:dlo, agwe
Chalè solèy lan, ti Jan
Loray agawou poun site sa yo sèlman.
Se menm jan tou yo reprezante emosyon nou, chak pati nan nou, chak selil nou.
Ex: Èzili Freda santiman nou, li se reprezantan kè nou.
Legba refleksyon nou.
Gede anis nou pou n di sa yo sèlman.
Kisa Ki yon nanm?
Nanm nan se Sa ou Ka kòmande a, lwa pa nanm, Paske ou paka kòmande lwa.
Men nan langaj popilè
Lè n ap pale de nenpòt nan yo, Nou Di lwa. Men gen yon gwo diferans ant lwa e nanm. Rele yon nanm pa Vle Di Li ka fè tout bagay Pou ou.
Non, Fòk ou gen kapasite Pou w chaje nanm Sa. Yon nanm se yon Moun Ki mouri ke fanmi yo abandone yo.
Si ou al Kay yon Ougan / Manbo Pou yo fè yon Travay Pou ou, se nanm nan yo voye al Fè l
C pa lwa yo.
Yo sèlman chèche yon kav abandone, yo reveye nanm nan, yo ofri nanm nan Sa li pa genyen
Nanm Sa Ki abandone a, Li dakò, Ougan an chaje nanm Sa, epi Li voye l, se pa lwa Li voye.
Ou pa Bezwen ni Ougan ni Manbo Pou w fè yon nanm Travay.
Depi w gen kapasite a, Wap rele nanm nan Wap chaje l lap Travay.
Ou ka chaje yon nanm, ou paka chaje yon lwa . Pou w entèpele yon lwa, fòk ou gen kapasite a.Men kijan pou fè 4 fasad yo.
Nòmalman 4 fasad la se yon salitasyon ki lye ak tout la nati jeneralman 4 eleman yo ki se lè a, dlo a, dife, epi tè a!
Se pa sèl Vodouyizan ki salye 4 fasad paske nati a pa pou Vodouyizan sèlman majorite lòt sèk mistik yo konn enpòtans tout 4 eleman yo.
Nou fè salitasyon 4 fasad lè n ap liminen se pou nou ka onore nati a ak tout espri ki ladan l yo, lè konsa nou jwenn asistans yo nan limyè a, sa pèmèt pawòl nou yo rive pi rapid nan mond envizib la.
Kèk espri nan vodou ki chita nan 4 eleman yo ke nou ka envoke nan salitasyon 4 fasad yo:
Tè a👉🏽 Grann, Ayizan velekete, Zaka, guédé yo!
Dlo a 👉🏽 Simbi Andezo, Agwe ta oyo, mètrès lasirèn, Èzili Freda!
Lè a 👉🏽 papa loko, mèt briz, Agawou !
Dife a👉🏽 rèn sole, Dambala laflanbo, Ogou Feray!Men Kèk lwa ki fè pati makaya.
1- Èzili Mapyang.
2- Kafou kat chemen.
3- Loko Atisou.
4- Loko Azanblo Gidi.
5- Lwa Mazòn.
6- Mèt kafou tengendeng.
7- Simbi Makaya.
8- Simbi Maza.
9- Simbi twa ile.
10- Simbi yanpaka.
11- Wangita.
12- Yanpaka Malò.
13- Yanpaka paka.
14- Zaka krib.
15- Zaka konobi.
16- Zazi Pannan.
Si w konnen lòt ou ka ajoute yo anba pòst la.
Men kèk senbòl moun ki ougan ou manbo makaya itilize, drapo nwa ak wouj, sèkèy madoulè, 3 boutèy, jouk makaya epi chanm makaya…
Lwa ki asosye ak regleman Makaya se kafou, Madan lenba/Dantò, Eskòt lwa Ganga, Simbi Makaya ak andezo pou site sa yo sèlman…men sa pa sifi sèlman anplis de sa, gen Gad Makaya ke se yon espri familye ak tout adèp e tout pitit Sosyete Makaya yo, Gad sa kreye a pati de yon seremoni mistik ki rele Jouke lwa sou regleman Sosyete an.
🎶🎵 Si w se ou se sa 🎵 si w pa sa rale kò w.Grann Ibolele Ou Odoudoua
Li pa bezwen Legba ba l pasaj pou l desann.
Li se gadyèn tout tradisyon, gadyèn tout koutim, gadyèn tout kilti, manman tout moun 4 Lwa ki responsab pou ouvri pòt nan 4 eleman yo.
- Eleman lè nan lès se Gede Nibo
- Eleman dlo nan lwès se Mètrès Èzili
- Eleman tè nan nò se Grann Zili
- Eleman dife nan sid se Ogou Balendjo
Administrasyon Lwayik.
Gouvènman lwayik k ap dirije pa Danmballa Wèdo ak Ayida Wèdo
Premye pitit Danmballa Wèdo ak Ayida Wèdo Se Ounsa – Wa Wongòl, la sagesse universelle, nuit de l’existence, Chèf politik,
se li ki bay Rwa pouvwa ;
- Dezyèm nan se Agawou Tonè ou Jupiter, li prezide loraj, tanpèt,
ouragan, 100 tèt, ale kote l vle, pran fòm li vle ; lajounen li se Agawou Tonè, aswè li se Mètrès Agawou ;
- Twazyèm nan se Ogou Batallah ou Obatallah papa ak gran papa tout Ogou yo kote maskilen Obatallah, kote feminen Mètrès Obatallah ;
- Katriyèm nan se Oudoudoua ki se Grann IBO LELE manman tout moun, gadyèn tout tradisyon ;
- Senkyèm nan se Oumgan Ayizan Velekete la grande purificatrice, Erzuli Venus, Madan Legba;
- Sizyèm nan se Atibon Legba ou Oumgan Ikan Legba.Men kèk senbòl moun ki ougan ou manbo makaya itilize, drapo nwa ak wouj, sèkèy madoulè, 3 boutèy, jouk makaya epi chanm makaya…
Lwa ki asosye ak regleman Makaya se kafou, Madan lenba/Dantò, Eskòt lwa Ganga, Simbi Makaya ak andezo pou site sa yo sèlman…men sa pa sifi sèlman anplis de sa, gen Gad Makaya ke se yon espri familye ak tout adèp e tout pitit Sosyete Makaya yo, Gad sa kreye a pati de yon seremoni mistik ki rele Jouke lwa sou regleman Sosyete an.
🎶🎵 Si w se ou se sa 🎵 si w pa sa rale kò w.Djò Èzili Freda.
Pa pouvwa Mètrès Èzili Freda Dawomen, Nègès Manou Lade, Nègès Freda Dawomen, Nègès Fredasi Freda, Nègès Flavodou Freda, Nègès Sisaflè-Vodou, Nègès Tabò Mangnan Voude, Nègès Sibrakan.
Ago, Agosi, Agola
Chan Ezili Freda
1) Ezili fre, li fre, li freda
Mètrès la fre li fre li freda
Èzili wo di l pa manje moun ankò
Inosan yo Bondye va gade yo
2) Zili, zili bazil o (x2)
Èzili a soti nan dlo, savalouwe
3) Plèk sou plèk, lakay manbo zili nou tande plèk sou plèk kannòt mwen sou dlo
Èzili wo konsa yo ye, m di mètrès o konsa yo ye
Plèk sou plèk kannòt mwen sou dlo.KIJAN POU FÈ LAMP POU DANTÒ ?
Anpil nan nou toujou ap fè LANP men yo toujou San repons, kijan nou dwe monte yon lanp pou MÈTRÈS DANTÒ.
1) Nou dwe gen koton avèk tout grenn se nou Ki dwe netwaye koton nou, pandan n ap netwaye l, nou dwe pale sa nou bezwen, nou dwe esplike l pwoblèm nou, paske nou konnen BONDYE KONESANS la renmen poze l sou pye koton.
2) Nou dwe Achte TI CHODYÈ nou sou demand nou, pa voye moun achte l pou nou, e pa itilize chodyè nou pou nou fè lòt travay, li dwe espesyalman pou MÈTRÈS la, ougan/manbo yo achte lòt chodyè pou n travay, Chak Premye madi nan yon mwa, nou dwe pase tè nan TI CHODYÈ nou, e nou dwe lave TICHODYÈ nou, n ap mete savon lave nan tòchon, se pa twal non, foubi TI CHODYÈ nou sou demand nou, rense l ak dlo cho sou demand nou. Siye l ak Fèy BANNANN oubyen avèk mouchwa MÈTRÈS la, si w remake lè w rele l li pa reponn rapid, siye l ak TCHYE rad ou, ou TCHYE chemiz ou, men fòk yo trè trè pwòp.
Ou dwe mete grès kochon oubyen lwil maskreti pi, si se yon bagay cho w ap mande l w ap pile pwav towo ak pwav ginen mete ladan l, w ap mete 3 ou 7 piman peyi ladan tou wouj, kèlkeswa Sa w ap fè a ou dwe fè l sou menm demand lan, se pawòl Ki fè maji, w ap jete dlo nan pa pòt la, w ap mande papa legba pasaj, w ap limen limyè temwen w pou l ka gide w kote espri yo ap alèz, men fòk ou byen gade si pa gen kourandè k ap bouje flanm lan, Si w poko konn trase vèvè, w ap fè yon sèk pou w Chita ak lanp ou, fè priyè envokasyon MÈTRÈS la pou w Koze ak MÈTRÈS la, pa voye l plizyè kote.
Comentarios
Publicar un comentario