Leson
Fèy sitwonèl.
Li bon pou pwoblèm estomak, h pilory. Ilsè estomak asid, Fredi.
Si bouch ou gen movèz odè. Ou Ka toujou fè te ak li mete miel.
Si w ansent pa bwè l. Bwè li Pou 6 jou Yon fwa pa jou .Lalwa
Lalwa gen plis pase 5000 ane depi moun ap itilize l pou fè remèd.
Lalwa bon pou yon latriye bagay men ou pa dwe bwè lalwa plis pase 3 fwa nan yon semèn.
Mwen pote kèk nan byenfè lalwa pou moun ki te mande m poukisa lalwa bon.
1. Lalwa bon maladi sik kale fèy lalwa a epi pran sa ki anndan l lan bat li bwè l epi l ap desann sik lan. Kontwole sik la pou ka konn lè l monte ak lè l desann.
2. Lalwa desann tansyon ou ka bwè l oswa kale l mare l sou tèt ou kite l fè 1h tan. Apre sa al kontwole tansyon an.
3. Si ou fè kòlè oswa sezisman bwè yon fèy lalwa.
4. Si ou gen doulè ou ka kale lalwa epi depoze kote k ap fè w mal la.
5. Si ou fè maladi opresyon ou ka bwè l pou soulaje w.
6. Lalwa bon pou endijesyon kale yon fèy bwè l.
7. Lalwa bon pou enfeksyon zòrèy jis vide 2 ti gout lalwa nan zòrèy la pandan 3 fwa epi lapè.
8. Lalwa bon pou je ou ka mete 2 ti goud lwa nan je w pandan 3 jou epi ou bon.
9. Lè gèp oswa myèl pike w oswa si marengwen mòde w, kale lalwa apran jèl la pase sou li.
10. Lalwa fè cheve moun bèl ou ka pase nan cheve w kantite fwa ou vle.
11. Lalwa fè po moun bèl ou ka pase l sou kò w toutan ou kapab
12. Lè w fin fè bab oswa kale tèt oswa raze w pase lalwa pou kote a pa fè bouton.
13. Si w blese oswa boule ki twò grav bat lalwa pase sou li pou ka geri vit.
N.b. se lalwa yo rele aloe vera.
fòk ou byen lave lalwa anvan sèvi avè l. Byen kale.
Pa bliye ou pa dwe bwè lalwa plis pase 3 fwa nan yon semèn. Men ou ka pase nan cheve w oswa sou kò w kantite fwa ou vleOgou Batala
Nan Vodou Ayisyen an, Ogou Batala se yon lwa ki gen yon plas apa, paske li reprezante yon pon ant de tradisyon espirityèl enpòtan: Vodou ak tradisyon Yoruba.
Men kèk pwen kle pou konprann ki sa Ogou Batala ye:
Pouvwa ak wòl li: Ogou Batala se youn nan fòm yo nan lwa Ogou, ki se yon fanmi lwa ki lye ak lagè, fè, teknoloji, ak jistis. Ogou Batala an patikilye, souvan wè kòm yon Ogou ki pi kalm e ki gen sajès. Li gen atribi yon moun ki reflechi, ki chèche lapè, e ki gen yon gwo pwa moral.
Lyen ak tradisyon Yoruba: Non "Batala" a soti dirèkteman nan non Obatala, yon gwo Orisha (lwa) nan relijyon Yoruba. Obatala se Orisha kreyatè a, li reprezante pite, sajès, lapè, ak kreyasyon.
Nan Vodou Ayisyen an, gen moun ki wè Ogou Batala kòm entèpretasyon Ayisyen an nan Obatala, ki melanje ansanm ak enèji Ogou a.
Senbolis: Kòm yon Ogou, li toujou gen lyen ak fè (metal), men li gen yon dimansyon ki pi pasifik. Li ka reprezante vanyan sòlda ki gen sajès, ki konnen ki lè pou l goumen e ki lè pou l chèche lapè. Li anseye enpòtans pou gen fòs enteryè ak disiplin.
Koulè ak ofrann: Koulè ki asosye ak Ogou Batala souvan diferan de lòt Ogou. Pandan ke lòt Ogou ka gen wouj ak ble, Ogou Batala gen plis lyen ak blan, ki se koulè pirite ak lapè, menm jan ak Obatala nan tradisyon Yoruba. Ofrann pou li ka gen ladan yo manje ki san sèl, pou montre pwen sa a ki lye ak pite.
Nan rityèl yo, lè yo rele Ogou Batala, li montre kijan tradisyon Vodou a kapab evolye e melanje eleman diferan pou kreye yon bagay nouvo ak konplèks, ki kenbe eritaj zansèt yo pandan l ap adapte l..Ogou Batala
Nan Vodou Ayisyen an, Ogou Batala se yon lwa ki gen yon plas apa, paske li reprezante yon pon ant de tradisyon espirityèl enpòtan: Vodou ak tradisyon Yoruba.
Men kèk pwen kle pou konprann ki sa Ogou Batala ye:
Pouvwa ak wòl li: Ogou Batala se youn nan fòm yo nan lwa Ogou, ki se yon fanmi lwa ki lye ak lagè, fè, teknoloji, ak jistis. Ogou Batala an patikilye, souvan wè kòm yon Ogou ki pi kalm e ki gen sajès. Li gen atribi yon moun ki reflechi, ki chèche lapè, e ki gen yon gwo pwa moral.
Lyen ak tradisyon Yoruba: Non "Batala" a soti dirèkteman nan non Obatala, yon gwo Orisha (lwa) nan relijyon Yoruba. Obatala se Orisha kreyatè a, li reprezante pite, sajès, lapè, ak kreyasyon.
Nan Vodou Ayisyen an, gen moun ki wè Ogou Batala kòm entèpretasyon Ayisyen an nan Obatala, ki melanje ansanm ak enèji Ogou a.
Senbolis: Kòm yon Ogou, li toujou gen lyen ak fè (metal), men li gen yon dimansyon ki pi pasifik. Li ka reprezante vanyan sòlda ki gen sajès, ki konnen ki lè pou l goumen e ki lè pou l chèche lapè. Li anseye enpòtans pou gen fòs enteryè ak disiplin.
Koulè ak ofrann: Koulè ki asosye ak Ogou Batala souvan diferan de lòt Ogou. Pandan ke lòt Ogou ka gen wouj ak ble, Ogou Batala gen plis lyen ak blan, ki se koulè pirite ak lapè, menm jan ak Obatala nan tradisyon Yoruba. Ofrann pou li ka gen ladan yo manje ki san sèl, pou montre pwen sa a ki lye ak pite.
Nan rityèl yo, lè yo rele Ogou Batala, li montre kijan tradisyon Vodou a kapab evolye e melanje eleman diferan pou kreye yon bagay nouvo ak konplèks, ki kenbe eritaj zansèt yo pandan l ap adapte l.Rèv ak gato
Lè w reve gato sa vle linyon, kontantman.
▪︎Lè w reve w ap manje yon gato chokola sa vle di w reflechi twòp avan w pran desizyon.
▪︎Lè w reve w ap manje yon gato ki gen krèm blan sa vle di w gen senserite nan amitye w yo.
▪︎Lè w reve w ap pataje gato ak yon moun ke w rekonèt sa vle di moun sa pap trayi w, li vrèman se yon moun ki espesyal pou ou.
▪︎Si w reve yon gato ble sa vle di w satisfè de vi w ap viv la. Ou nan yon bon chemen.
▪︎Lè w reve yon gato plizyè koulè sa vle di nan vi pwofesyonèl ou pa gen pwoblèm Oubyen kapab pral pran pwomosyon.
▪︎Lè w reve yon gato woz sa vle di gen lanmou nan relasyon w lan.Se pa tout moun ki danse lwa ki gen konesans mistik, nou ka sezi wè gen de moun menm a lwa nan tèt li, menm yon balèn li pa ka make.
Gen lwa a se yonn, konprann li se yon lòt.
Gen moman ak sou moun lwa a desann, se danse li vin danse epi bwè tafya pou l ale.
Ou al nan vodou pou w danse, lwa a ap danse sou ou tou.
Gen de moun ki pa janm danse lwa yon jou, konesans li genyen se bagay tèt chaje.
Yon chwazi ret yon chwazi ou pa bezwen bay badè koken.Rit GUEDE BANDA.
Rit asosye ak espri lanmò ki gen divinite yo, gen divès bawon ak grann brijit.
Konsidere kòm paran guede yo.
Guede konstitye pasaj ant vivan ak lanmò.
Koulè:mov nwa blan.
Manje: aran sèl, viv boukannen ak anpil piman, bobori, kafe dous ak anmè.
Ofran sakrifisyèl: bouk kabrit nwa (jean simon brutus.
Kèk gede danse sou rit petwo anpil lòt sou rit rada.
Nan lis la 5 dènye yo danse sou rit petwo.
Guede: se non yo bay nan ansyen popilasyon Dawomen nan plato dabomey.
Banda: se non yo bay yon group etnik ki tal refijye yo nan "centrafricaine" nan 18 syèk yo.
Lis lwa guede yo.
▪︎Bawon gran bwa.
▪︎Bawon kafou.
▪︎Bawon kara.
▪︎Bawon kriminel.
▪︎Bawon lakwa.
▪︎Bawon lento.
▪︎Bawon simityè.
▪︎Bawonlin lakwa.
▪︎Bawon loran.
▪︎Brav guede nibo.
▪︎Bwa landeng lakwa.
▪︎Guede drivayê.
▪︎Guede fatra.
▪︎Guede kreyol.
▪︎Guede lensou.
▪︎Guede nouvanou.
▪︎Guede loray.
▪︎Guede pikan.
▪︎Guede ranmase.
▪︎Mazaka lakwa.
▪︎Grann brijit.
▪︎Jan guiyon.
▪︎Jan krab.
▪︎Jan loran.
▪︎Jan nzinga.
▪︎Jan zonbi.
▪︎Lento fè.
▪︎Senfò yawe.
▪︎Tichal lakwa.
▪︎Trase fouye lakwa.
▪︎Vye bawon.
▪︎Guede zarenyen.
▪︎Guedevi welo.
▪︎Jan simon britis.
▪︎Kaptèn lakwa.BENY RENESANS: Bon Pou Tout Moun
Gen beny pou tout kalite maladi, medikal ou mistik. Tout moun ka e dwe pran yon beny omwen pou kwape move enèji epi atire bon eneji. Konsa y ap netwaye Ora yo.
Beny sa bon pou tout moun pou ede w vin pi lejè, debarase vye enèji, libere ekla pa w:
Engredyan:
▪︎Bazilik.
▪︎1 ponyen sèl.
▪︎3 tèt sitwon.
▪︎3 tèt zoranj si.
▪︎21 grenn jiwòf.
▪︎3 Dan lay.
▪︎7 fèy vèvenn vyolèt.
▪︎3 ti branch semèn Kontra.
▪︎2 bout bwa medsiyen.
▪︎3 fèy lougawou.
▪︎1 ponyen pèsi.
▪︎3 gout nan 3 kalite pafen diferan.
▪︎3 gout alkòl 91% plizoumwens.
▪︎3 bouchon kleren blan (li ka vodka, Gin, rhum, tequira, nazon, tèt chòfoi 22/22).
▪︎1 moso Savon lave ki poko itilize (san lave).
PREPARASYON:
Melanje tout ansanm nan yon ti dlo lanmè (15%) ak dlo frèch (85%). Itilize moso Savon an ki deja tranpe nan beny lan pou w benyen Depi tèt desann nan pye. Savonnen Byen Savonnen ak tout melanj yo epi rense ak men dlo a.
Lè w fin beny ou ka wete ma beny lan sou ou, mete nouvo rad epi w pare pou kouche ou repoze w. Ou ka pran beny sa nenpòt jou.Rèv nan vodou.
Gen rèv ou fè ou pa eksplike Moun li ...Anpil konn pa gen rapò ak bòlèt oubyen aza, anpil Vodouyizan renmen aza koz yo gen aksesibilite ak Konesans Akachik yo.
Anpil nan Nou pa konprann tèm sa " Konesans Akachik ".
Lwa yo Pafwa konn pèsonifye Pou kominike Nou yon mesaj ki Byen kòde sou diferan fòm, Nou konn pran yo San Nou pa konnen epi Nou Jwe aza.
Rezon an senp, lè Lwa yo kominikew ak ou yo itilize anpil kòd ki fonksyone sou frekans epi vibrasyon jounen an. Se Rezon sa ki fè anpil nan Nou konn jwenn boul bòlèt.
Sa pou Nou konnen sèke rèv yo se langaj ke mond envizib lan plis Chwazi pou kominike ak Nou, sa egziste nan tout spirityalite e Nan tout relijyon.
Gen rèv ou fè ki se rèv anons, Genyen ki se prekosyon, avètisman, konsèy, aprantisaj, mesaj, rankont.
Pafwa gen rèv Nou fè Tou ki pa rèv, men se kò astral lan ki deplase sou kò fizik lan, sa koz tout sa lap viv yo lè li depase a, yo vin parèt sou fòm rèv.
Ou ka fè Yon rèv wap goumen epi li gen plizyè aspè... Sa pral depann.
Anpil Hougan AK manbo tankou mw gen posibilite pou ba ou eksplikasyon sou rèv, men se pa tout.
Gen Hougan oubyen manbo ki pa gen don pou entèprete rèv e ki pa ka konprann alegori yo Tou.
Rèv pa fèt pou Kouri eksplike nenpòt Moun San ou pa Chache konnen Kisa ki ka plis kache dèyè li avan.Rèv nan vodou.

Rèv pa fèt pou Kouri eksplike nenpòt Moun San ou pa Chache konnen Kisa ki ka plis kache dèyè li avan.SA NOU DWE KONNEN
Nou souvan itilize mo maryaj lè nou ap amonize nou ak lwa , men nou dwe konnen sa ale pi lwen ke yon senp alyans!
Ou ka itilize tout mo pou w defini li, maryaj , alyans, lyen, pak ect ! Men nou dwe konnen li se ( harmonisation l’esprit et de la matière ) ki diferan de yon ( harmonisation l’esprit et l’esprit ou âme à âme).
Sak enpòtan nou dwe konnen sou koze Sa !
Lè yon espri mande w amonizasyon, nou dwe konnen rezon an ak prensip oswa règleman amonizasyon Sa !
Si w pa konnen sou ki enèji vibrasyon ou ye chache konnen li avan !
▪︎Ou dwe konnen tou èske espri sa soti nan bitasyon bò manman oswa bò papa w !
▪︎Ou dwe konnen sou ki dimansyon espri sa vibre lè l transande w !
▪︎Ou dwe konnen tou Kòman ak ki lè ou dwe sele alyans sa ak espri a aprè l fin fèt!
▪︎Ou dwe konnen sou ki devosyon seremoni alyans lan te fèt oswa pral fèt, paske fòk enèji an pa twò ba ni twò wo pou ou !
▪︎Ou dwe konnen nan ki dwèt pou w pote bag la paske se pa tout lwa ki dakò bag li pote nan men dwat oswa gòch !
Rezon ki few dwe konnen règlement espri sa se pou w kapab konnen byen kijan w dwe sèvi avè l pou alyans Sa pa tounen yon frèt pou kale w pi devan, paske nan alyans yo gen prensip ou dwe rèspèkte selon règleman espri a ak rit li vibre a !
▪︎Ou dwe konnen tou menmsi w fè alyans ak yon espri sou yon sèl dimansyon lè w'ap rele l ou dwe rele l sou tout dimansyon oswa tout eskòt yo epi sa k atribiye ave w la ap rete lòt yo prale!Sa nou dwe konnen.
Malè a ou menm ki esplike moun rèv sa yo ke m pwal di nou la.
Gen rèv ou fè li fèt pou l rete sekrè a ou menm sèlman. E gen rèv ou fè ou esplike moun li ou ka giyonnen oubyen dejwe pou tout rès vi w.
● Premye rèv.
Piga w janm rakonte moun sa lè w reve ou wè w gen anpil lajan, oubyen w wè anpil lajan ap vide sou ou.
Lè w reve ou wè w jwenn anpil lajan atè souple pa rakonte moun rèv sa. Anpil fwa se chans ou ki konn pral vini yo montre w sa.
Gen moun ou rakonte rèv sa, l ap voye movèz enèji sou ou.
Lè w rakonte moun rèv sa ou devye sekrè ke inivè a te vin konfye w la. Lè sa w ka wè w pa janm kapab sonje rèv ou fè.
● Dezyèm rèv pou pa rakonte moun.
Se lè w reve w nan Bitasyon lakay ou epi yon moun pran w l ap pwonmennen avè w nan Bitasyon.
Dèfwa kapab menm wè l antre anndan yon pye bwa avè w. L ap mennen w vizite. Se dè sekrè ke Lwa Bitasyon an ap montre w.
Ou menm kòm bouch alèlè, ou rele yon fanmi ou di l sa. Li menm ki gen jalouzi deja paske l ta vle nan plas la, li ale chèche detounen w. W'a kite renmen pale.Resèt sa se pou moun ki gen biznis oubyen k ap vann nan mache pou batri pa rantre sou ou.
W ap bezwen yon dan mò, yon savon yo benyen mò, yon tipil flach epi koud yo nan yon titwal pote yo sou ou.Beny giyon.
Men 7 fèy nap bezwen Pou nou fèw beny giyon pi fasil.
▪︎1 bwa kaka.
▪︎2 fèy manyók amè.
▪︎3 twa zóm fó.
▪︎4 pa Janbe.
▪︎5 ave.
▪︎6 monben bata.
▪︎7 sèd.
Ajoute dlo lamè oubyen Sèl gwo grenn nan beny lan lè w finn benyen ranmase ma yo mete nan yon sachè nwa ak 21 goud Al jete nan yon kafou moun pase anpil.
Si yon moun nan yon gran lakou, w'ap benyen ou ka limen balènn blanw, ou fouye yon twou mezi pouw kanpe, ou kanpe anndan twou a ou benyen sou pawòl ou, antere tout ma yo bal tè ak pye goch pandan wap Mande ke tout move bagay ki te sou ou rete nan twou sa, Siw pa gen mwayen sa jete nan kafou🙏🏼🙏🏼🙏🏼🏃🏿♀️🏃🏿♀️Ogou
Anba Mapou Vodoun a, Vodoun se SYANS.
Vodoun se SYANS li ye tonton ou tata. Sa depan de moun ki ap li a. Tout semenn nan mwen li kèk teks sou Ogoun. Ban m di nou. Si m byen pran sans li nan lang Yoruba kote non sa a soti, mwen ta ka rele l: Puisans ou Enèji ki nan Fè. Puiske konesans (mwen pa di kwayans) Vodoun a chita sou konpreyansyon nan tout dimansyon 4 ELEMAN yo, se la pou n rive sou Ogoun a. Fè se yon alyaj eleman Dife (Sogbo/Gbadè) ak Tè (Sakpata).
Fè a sou 4 Dimansyon tou. Se sak fè nan Plenn di Nò ou jwenn Basen Sen Jak ki se Ogoun nan dimansyon Dlo. Zansèt yo te ba l non Ogoun Balendjo. Etid pèsonel mwen fè sou sit Lapòt Sen Jak la, pèmèt mwen pataje ak nou jodia sa m entèprete. Lapòt se yon falèz ki okazyone pa yon dife ki sot anlè, yon kout loray, depi sou tan Tayino yo, lontan anvan anvayisè Ewo-Kretyen te vin jenoside yo. Kidonk, yon Manman Penba kout Loray (Sogbo/Gbadè) soti anlè desann koupe mòn sa a ki se yon gwo wòch pou kont li. Kidonk, sit sa a senbolize kote Sogbo/Gbadè te rankontre ak Sakpata ki bay Ogoun.
Lapòt Sen Jak tounen yon rezèvwa Enèji sa a kote peleren al puize pou kontinye batay ak lavi a. Paske lavi a se yon konba. Yon konba ki fini lè w mouri.
Selon grandèt yo, tout moun ki fè metye ki sèvi ou itilize fè, manipile Enèji Ogoun a san l pa konsyan. Ann koumanse, nan Dahomey, Benin, yo rele fòjewon, Ogounon. Yon jeneral ki al nan lagè ki gen lavitwa yo rele l Ogounon tou. Mwen konprann, se sak fè Afriken yo ki te kontanporen Dessalines yo te ba l non Ogoun a.
Yon mekanisyen, yon bouche, yon agrikiltè, e menm yon chirijyen ak bistouri, sèvi ak Enèji Ogoun a. Depi se eleman Fè li itilize pou atenn objektif li.
Vodouizan Ayisyen reprezante Ogoun anndan kay yo ak yon boutèy Rhum + yon manchèt + yon mouchwa wouj.
Anpil nan yo fè sa akoz Lwa a konn danse nan tèt yo. Men si sèlman grandèt ki te la anvan yo te ansenye yo ki fòm rapò ak kominikasyon yo ka etabli ak Fè kòm eleman, Vodoun a pa tap folklorize nan pwen mwen wè l ap evolye nan mitan Ayisyen yo.
Kiben yo fè anpil efò pou chache konprann Vodoun a ou Santeria lè yo konprann Ogoun a plizoumwen jan m eksplike l pi wo a. Kòm Vodoun a te akonpanye Revolisyon Kastrist la, Fidel Castro te voye anpil Babalawo (houngan/mambo) al chache mete anpil bèt sou yo nan Nigeria, kote branch Vodoun a soti.
Pou m fini map di l jodia: Se pa Lwa ki danse nan tèt moun ki defini Vodoun a. Vodoun a se yon ansanm konesans yon moun koumanse ranmase depi piti, nan chante anba peristil yo, jouk rive nan grandèt. Lè w byen metrize yo, ou pale ak Lanati e Lanati OBEYI w. Ou ka fè VAN SOUFLE. Ou ka fè Lapli tonbe. Ou ka di l fè yon ti tann mwen, map regle yon bagay la wa tonbe apre. Se fòs sa yo RELIJYON retire nan nou pou di n se dyab la. Épi nou vin tounen yo pèp vid ki ap mache dèyè vòlò, anakè a bib ou a tchatcha ki ap vann nou pwomès mirak.Kiyès la ki konn dòmi yo reve bag pyè vèt 💍 sa ...???
Gen Moun ki konn wè li yo pa konn sa li vle di. M'ap eseye di nou kèk ti bagay deli. Lè w reve koulè bag pyè vèt sa se yôn espri ki rele dambala wedo 🐍 ki konn vle bay Yon Moun li renmen bag sa... Lè l bow bag la sa pa vle di espri marye avèw non bag la se Yon sin pou espri a montrew li fè yon sèl avè w li pi pròch ou.
Pou l konekte avè w bag sa se espri a k'ap diw sa pou w fè avèl. Pa fwa li konn dakò pou mete l nan dwèt ou. Konsa tou li konn fè w metel nan bifèt ou fè pou pou mete bagay lwa ou yo.. se lè espri a desann nan têt ou li konn pran bag sa li mete l.. si w mete bag sa san épa espri a ki diw metel ou ka ap chache bag sa ou pa jwenn li... bag la disparet nan dwèt ou. Vwala le espri yo mande Nou yon bag se jus li vle fè yon sèl avek Nou...Resèt pou mak pitit.
Remèd natirèl pou retire (Mak pitit) sou ou san oken efe segondè.
Anpil fanm toujou gen pwoblèm sa, yo konn wont benyen nan lanmè, tout kò yo chaje yo konn santi yo wont, jodi a nou pote yon tretman natirel pou nou.
Mak sa fè kò fi'a pa bèl e gason ki konn ap fè espò tou konn genyen yo, Men kijan'w kapab retire vèjeti yo sou ou.
▶️ sa wap bezwen kòm engredyen, Wap jis pran:
▪︎yon grenn zaboka.
▪︎yon ti siwo myèl epi.
▪︎kèlke grenn sitwon.
Wap graje grenn zaboka a, ou melanje l ak siwo myèl la epi ou pire sitwon an ladan'l.
Epi'w ap pran yon gan wap pase'l kote ou gen mak pitit yo, wap kite'l fè minimòm 20 minit aprè ou benyen ak yon dlo tyèd. Wap fè sa 3 a 4 fwa chak semèn, jis tout mak yo efase.
Konsa tou w kapab itilize yon pat Lalwa wap jis kale lalwa , epi pati blanch lan, wap pase li sou yo pandan 3 a 4 fwa nan semèn lan jis ou wè mak yo ale.
Remèd sa yo valab ni pou fi, ni pou gason gen anpil lòt medikaman natirèl ou kapab prepare pou'w trete mak pitit paske tout mounn renmen lè ti po yo swa, san tach.Lanp travay.
Ki Jan Pou yon Moun fé yon lanp pou travay ou Pou komès. Ou ka fè l tou avan w'al depoze CV, ou byen avan w'al nan interview.
W'ap bezwen yon moso twal blan, 7 aiguilles, yon moso viann bèf, siw jwen moso lake bèf la, l'ap pi bon, 2 zo bèf, yon moso la kochon, lwil doliv, 7 tèt alimèt, prespite rouj, poud chans, poud rèspèkte Kapitèn, wowoli, 7 gout lwil kasto, 7 gout lwil roz, yon kokoye, Méch koton.
Nou dwe achte yo nan men 7 Machann diferan.
W'ap louvri kokoye a pou l tounen yon bòl, w'ap pike egwi yo nan moso twal la, w'ap mete l anndan kokoye ya, w'ap vide lwil doliv la ak enpe dlo kokoye a ladann, w'ap mete tout lòt bagay yo ladan sof zo yo w'ap kwaze yo an denyè nan lanp Lan, Epi w'ap mete mèch la nan mitan zo yo.
Lanp travay se legba ki gadyen lanp sa, w'ap achte yon pachemen, w'ap ekri demand ou ladan pandan wap adrese ak legba. W'ap mete demand lan anndan lan.
W'ap fè demand ou a legba chak jou sou Lanp Lan jiska 7 jou. Fòk Nou toujou ajoute lwil doliv ladan l pou l pa etèn.
Nb : si w pa Konn Li, lanp travay p'ap Ka fè w travay kòm profesè lekòl. Si w pa chache travay ou pap jwenn.
Lè ou fin kase lanp lan ou ka antere yo."Lanp pou nou pale ak Mò
Mou Limen 3 ou byen 7 mèch koton nan yon asyèt emaye blan ak luil doliv, depoze yon tas kafe dous yon tas kafe anmè Bo kote lanp la...
Kòm chak Iwa gen lanp espesyal pa li ou ka toujou limen lanp lwa w.
Epi ou adrese demann ou an dirèkteman pou li, ekri sa ou bezwen an nan yon fèy pachemen vyèj epi mete li nan fon lanp la...Lave tèt.
Ou paka sonje rèv ou? vin aprann lave tét ou pou kò w.
Ti rév bolè yo ekate w', Si w te konn sonje rèv ou yo epi kounya sa pa fèt ankò ebyen men sa w ap bezwen.
▪︎Yon kokoye ole.
▪︎Féy amwaz.
▪︎Féy bazilik.
▪︎Yon kola blan.
▪︎Poud blan.
▪︎Yon mouchwa blan.
▪︎Florida
▪︎yon kivét blan.
Men sa w'ap fè ekri non w, dat nesans ou, mete nan kivèt la, mete dlo kokoye a sou li fwote féy amwaz la, féy bazilik la, mete poud la nan dlo a, mete tout bagay yo ansanm w'ap adrese w ak mètrès Klèmezin, (pou vodouyizan ki pratike ak sen katolik yo, w'ap adrese w ak sen klè), fè demand ou w'ap di, tout sa pou w di epi mande l pou l fè w wè klè menm jan avé l.
W'ap prezante kivèt la kat fasad, Mare tèt ou ak mouchwa blan, W'ap chita sou yon chèz w'ap kage tèt ou dèyè, vide dlo sou tét ou.
Epi, aswè limen balèn blan w dòmi ak mouchwa a nan tét ou.Pou Gonfleman.
Remèd natirèl pou gonfleman, dlo si sou estoma, lè'w rann gaz nan bouch li gen movèz odè, Baloneman, epi lè w pete li gen movèz odè:
Engredyan :
-3 fèy fobazen.
-3 fèy gwo kachiman.
-3 grenn jiwòf.
-po chadèk sèch.
- yon ti po lay violet.
Preparasyon:
Bouyi yo ansanm pandan 15 a 20 minit, mete yon ti sèl pandan l'ap bouyi a epi bwè yon ti tas pandan 3 fwa nan jounen an.
Timoun kou granmoun ka bwè l.
Comentarios
Publicar un comentario