Leson
Men kèk lwa nap jwenn nan rit rada.
- Danyi
- Adjehoun
- Agawou Bèt Sansan
- Agawou Konble
- Agawou Lefan
- Agawou misan wèdo
- Agawou Potokoli
- Agawou tonè
- Agawou Dam Selele
- Agasou Yangòdò
- Agasou Yèmen
- Agasou wèlo
- Agwe mede
- Alazon Pyè
- Atakwa mèdji
- Atidanyi boloko
- Atyasou Yangòdò
- Ayizan Gwèto
- Ayizan velekete
- Belekou Djòdjò
- Bosou dhlo
- Bosou kelendjo
- Danmbala pyè wedo
- Dan ayida wèdo
- Djobolo Bosou
- Dosou loko
- Èzili pyè
- Faro mèdji
- Filomiz pyè
- Gran Bosou konblamen
- Grann adanyi Kodan
- Grann Wèdo
- Grann adja
- Grann alouba
- Grann Atyasou Yangòdò
- Grann Ayizan
- Grann bòsin
- Grann silibo vavoum
- Hounfò
- Jan bazil
- Klèmezin klèmey
- Komè loko
- La balèn
- Legba atibon
- Legba avadra bowa
- Legba azouka
- Legba gran katawoulo
- Legba misègba
- Legba sanyan
- Legba ti yanyan
- Legba Zankliyan
- Legba kay
- Legba kele hounde
- Legba koloboso
- Loko djè
- Marassa Dogwe
- Marasa Dosa
- Marasa Dosou
- Marasa elou
- Marasa jimo
- Marasa kay
- Marasa kreyòl
- Marasa zensa
- Marasa zensou
- Mèt agwe taroyo
- Pyè Aleman
- Pyè Dambara
- Pyè fere.Kèk lwa ki fè pati makaya.
M te di makaya vle di fèy.
1- Èzili Mapyang
2- Kafou kat chemen
3- Loko Atisou
4- Loko Azanblo Gidi
5- Lwa Mazòn
6- Mèt kafou tengendeng
7- Simbi Makaya
8- Simbi Maza
9- Simbi twa ile
10- Simbi yanpaka
11- Wangita
12- Yanpaka Malò
13- Yanpaka paka
14- Zaka klib
15- Zaka konobi
16- Zazi Pannan.Karabela andan Vodou.
Nan Vodou an Ayiti e nan anpil Peyi nan Karayib lan ak kote gen dyaspora Ayisyen ki prezan, Rad ( Wòb, Chemiz) Karabela fè Pati de Rad Tradisyonèl e rad rityèl pou moun ki nan espirityalite ak mistik, yo plis pote ansanm avèk Rad Syanm, epi Twal Koton blan nan Regleman Vodou.
Jeneralman se 3 Rad anpil Lakou ou Bitasyon mande pou fè lè yon moun ap entwodwi tèt yo nan Vodou.
Rad Karabela adopte pa anpil Lwa nan Vodou an Ayiti, pi popilè an se eskòt lwa Zaka yo.
Gen lòt lwa ki adopte Rad Karabela pou rad regleman yo tou,
tankou Ogou, Dantò, Manbo Inan pou m site sa yo sèlman.
Karabela se yon twal koton, ki fèt ak Twal Ble klè, e yo tise ak fil ki gen koulè ble digo e fil blan, ki pa lòt bagay ke yon twal chenmbrey ki gen orijin li nan Peyi Blan meriken.
Gen lòt sous ki di Non chenmbrey lan jwenn gen orijin li nan yon zòn nan Nò Peyi Lafrans yo rele " Cambrai " kote yo te pwodwi twal sa nan 16 Syèk pou rantre nan kòmansman 17e Syèk lan.Siyifikasyon kèk rèv
Si w reve ou wè w ap plede kouri nan dòmi swa ou wè se yon moun k ap kouri dèyè w, oubyen yon bèt sa vle di ou se yon moun ki gen anpil difikilte.
Si se yon chen ou wè k ap kouri dèyè w eseye aranje w ak lwa Legba
Si se yon gwo towo bèf nwa aranje w ak lwa bosou a.
Si se yon koulèv vèt aranje w ak lwa Danmbala
Si se yon koulèv nwa gwo tèt aranje w ak lwa boran
Si se yon mesye ak yon Manchèt koulin aranje w ak lwa ogou a.
Si se yon Dam ki rale yon ponya sou ou aranje w ak lwa Ezili Dantò a.
Si se yon Dam wouj ki rale yon epe sou ou oubyen li tchuipe w li vire do l li ale aranje w ak lwa Freda.Èzili freda.
Èzili ooo kay la mande wouze èzili oooo kay la mande wouze èzili ooo kay la mande wouze si pa gen dlo wouze avè losyon an .
Nou tande byen frè m ak sèm yo, Èzili freda dawonmen renmen lè nou pwòpte kote nou rete sitou nan jou jedi, vandredi, dimanche.
Èzili sa se lwa lanmou ak richès.
Moun ke lwa sa sèvi kelkeswa koulè nou li fè nou yn fanm de klas frekantasyon pa janm rabese.
Nou menm ki sispèk lwa sa ap sèvi nou pran destin nou anmen.
Li bay richès tankou anpil lajan dekwa pou viv an fanm ki zizi.
Limisyon l fèt nan fri tankou anana, pòm, oubyen bòl blan, fèt ak losyon mélange e fèy santi bon e eleman ki bay atirans prospérité.
Lè nou ap liminen ak lwa sa
Sonje enkli klèmanzin klèmèy, la sirène, ak lovana.
Lwa sa renmen gason ki posede se pou tèt sa li gen 3 alyans an nò amourez nan dwèt li ki sinifi ke li gen lanmou pou 3 gason.
Men nan lwa gason yo li sanse kolabore ak tout freda se yon lwa ki reyèlman renmen dlo.
Nan bèl rivyè yo kote ki gen bèl basen sitou kote ki gen pye palmis ak pye siwèl sikren se repozwa lwa sa.
Èzili freda dawonmen gen tranfomasyon.
▪︎Pijon koulè blan.
▪︎Chat koulè blan.
▪︎Pwason sad nan dlo dous.
▪︎Pwason ròz nan lanmè.
Fanm kou gason lè li gen lwa sa ki devan tèt nou, Kèlkeswa jan sa ye fok nou bòne li.
Si nou pa bonè li lap fè nou gen move tit tankou nan mache pran fanm nou menm gason nan mache pran gason nou menm fanm.
Kote lwa sa chivoke yon fanm li renmen lonje do men dwat li bay gason an épi gade gason an nan zye fiks.
Sa moutre tout bon vre ki dimansyon lanmou li gen pou gason.
Nou toujou bezwen pou nou bòne lwa sa, Paske èzili freda dawonmen lwa sa bay lajan an kantite men se konsa nou depanse san gade dèyè tou.
Yn limyè pou tout moun.
Fanm ki atire fanm parey nou e gason ki atire gason parey nou nan lanmou pa akize èzili freda dawonmen nan sa yo.
Èzili se yn lwa lanmou bote richès men ki atire gason li livre kè li bay gason men se fanm .Sa nou dwe konnen.
Souvan Mwen toujou tande Moun ap Di Freda fé yo masimadi, Freda fe yo bouzin, Freda fè gason pa ka rete avèk yo, Freda fè yo pa ka ret ak fanm, Freda si , Freda la ect ...
Èske bagay sa yo se vérité?
Èske yo se manti tou?
Èzili Freda se yon lwa.
Kisa ki yon lwa?
Yon lwa se yon eneji.
Kisa ki yon eneji ?
Yon eneji se yon fòs, yon aksyon fèm, yon fòs efikas.
Yon fòs Ka byen ou mal sa depann de fason ou itilize l la .
Chak pati nan kò yon Moun se yon mas enèji.
Èzili Freda c'est l'esprit de la jeunesse. C'est le sentiment, c'est l'amour.
Freda se kè w, se santiman w genyen an. Si ou se yon gason ou gen dezi pou gason, w'ap renmen gason.
Lwa Pa dirije Moun, lwa se yon fòs. Santiman yo la, se ou ki pou dirijel. Si w renmen anpil gason, ou dirije kè w ak anpil gason, se Pa kè w ki dirije w pran yon pil gason.
Se menm jan an yo Di Freda ka fè w RICH, Si ou gen santiman pou w travay, se nòmal w'ap fè kòb, paske fòs la, ap ede w travay, w'ap gen enèji pou w travay.
Èzili Freda c'est l amour.
Fòs yo la, enèji yo la, lwa yo la. Se ou ki pou deside fason w'ap itilize fòs la. Depi ou deside fè masimadi w'ap gen fòs pou w fè l.
Lwa paka fè w fè sa w Pa vle, se ou ki deside itilize fòs la nan sa ou renmen.
Yon Moun Ki alé Kay yon Ougan, Ougan an di l Freda di l pou l fè lanmou avè l, se dezi ougan an,
men sa Pa gen rapò ak kelkeswa travay w'al fè a , si ou aksèpte se dezi pa w. Ke ou dakò, ke ou Pa dakò, sa pa ka fè travay w'al fè a bon ou Pa bon.
Freda c'est la force du sentiment qui rend efficace.
Lanmou ou genyen pou w travay, lanmou ou genyen pou w jere fwaye w, lanmou ou genyen pou fanm, lanmou ou genyen gason , lanmou ou genyen nan tout tout bagay.
Li Pa chwazi pou ou, Li se fòs Kèlkeswa sa w chwazi gen lanmou pou Li a.
Si w se yon Moun ki Pa janm fè efò nan vi w, égal ou se yon san santiman, Freda (fòs santiman an) Pa danse kole avew .
Pa Vin Di Freda fè m fé, Pa Vin di Freda fè m Pa fè.
Freda se fòs santiman se ou ki pou chwazi Moun ou vle ye a pou fòs santiman an akonpanye w .
Bilolooooo pou mètres Ezili Freda .Lwa Ti Jan
Lwa Ti Jan se yon Lwa Ginen, Ras Petro. Li renmen dife, tafya, sigarèt ak florida.
Anpil Hougan/Mambo sèvi avèk li paske li wè lwen.
Li se yon Lwa, sou rit Guédé, lè l monte nan tèt yon moun li mande pase poud nan figi l ak koton nan nen l. Li asiste Papa Gede Nibo.
Li renmen abiye an nwa, yon rad nwa byen long (poul santi li Wa), yon chapo nwa ak mouchwa mov nan kou l. (Selon lakou a).
Yo toujou di Ti Jan se pitit Dantò, se pa vre. Li se Kouzen l. Ti Jan se yon Lwa pwisan yo souvan itilize l pou vanjans, e li fè gwo tretman tou. Li rete nan bwa. Yo konsidere li tankou yon gran majisyen e yon pratikan maji ta dwe asiste pa Lwa sa.
Jou Ti Jan se Lendi, Mèkredi ak Samdi.
Madanm li se Marinèt pye sèch ou bwa sèch.
Marinèt se yon lwa ki danjere anpil, li kriyèl e enprevizib, Moun pa jwe ak fòs sila konsa, se Lwa ki plis apateni ak rit Bizango a ki se yon lòt fòm ekstrèm rit petro a.
Seremoni fanm sa fèt nan nwit byen ta, li renmen poul nwa/ chèvrèt boukannen.
Gen kèk kote yo venere papa ti Jan sou rit Zandò tou, sonje gen rit, gen nanchon, gen fanmi lwa. Nou pap melanje yo.
Anndan fanmi jan an, ou jwenn anpil jan sou plizyè rit, tankou;
▪︎Nan rit Dahomey gen : Jean Faro Danthor
▪︎Nan rit Rada gen : Jean Bazile
▪︎Nan rit Nago gen : Jean Faro, Jean Paul Nago.
▪︎Nan rit petro gen : Jean Petro, Jean Danthor, Jean Barak.
▪︎Nan rit Makaya gen: Jean Brake
▪︎Nan rit Boumba gen: Jean Boumba.
▪︎Nan rit sosyete gen : Jean Boukan.
▪︎Nan rit Kita gen : Jean Kita, Jean brital, Jean san krent danje, Ti Jean rasin.
▪︎Nan rit Zandor gen: Jean Zandor.
▪︎Nan rit Guédé gen : Jean guiyon, Jean Krab, Jean Laurent, Jean Zinga, Jan zombi, Jean Simon.
Papa tijan se lwa ki pote dife, manje dife, danse nan dife, se dife a menm.
Sonje ke sous dife menm se solèy la se sak fèm toujou di nou Gadyen eleman feu nan vodou a se Ati Sole se pa janm Ogou jan moun yo fè konprann lan.
Lwa tijan manje kochon, gen kote se bèf, pa etone. Siw ta wè yo bal bouk kabrit nan kèk lakou.Sa nou dwe konnen.
☆Premye siy ki montre w lwa bitasyon w fache avè w se lè nenpòt sa ki konn pral rive ou te konn souvan wè sa nan dòmi kounye a ou vin pa wè anyen ankò se malè sou malè k ap rive w.
☆Dezyèm siy ki montre ke lwa bitasyon w fache avè w oparavan nenpòt balèn ou limen se pou toujou reve e ou konn jwenn rezilta rapid kounye a ou fè lanp, fè dans ou pa janm wè anyen e santi anyen.
☆Twazyèm siy ki montre w espri bitasyon w abandone w oparavan lè w te konn nan konba nan dòmi ou te toujou konn wè gen yon espri ki vin defann ou, dèfwa lwa konn menm monte w kounye a ou wè w nan konba ou pa ka fè anyen, lontan lè w angaje ou konn wè w vole kounye a ou lou.
☆Katriyèm siy ki montre lwa bitasyon w abandone w oparavan ou te konn jwenn moun ap ofri w lajan, se nèg ak machin ki te konn kanpe w sou wout ou, pafwa w pa mande moun nan se li menm k ap ofri w ak anpil jantiyès ankò kounye a ou pa janm jwenn tout bagay sa yo.
☆Senkyèm siy ki montre lwa bitasyon w fache avè w lontan w te konn wè swa Dantò, freda, ogou te konn vin kouche bò kote w pale avè w sou fòm yon moun epi kounye a lè w wè yo se de lwen anpil fwa yo konn menm tchuipe w e se do yo ou wè ki prale.
☆Sizyèm siy ki montre w lwa bitasyon w fache avè w lontan lè w ap medite se dlo nan je, ou santi w gen yon fòs bò kote w kounye a w ap medite ou pa santi okenn sansasyon, e pafwa w fin medite ou vin pi mal.
☆Setyèm siy ki montre w lwa bitasyon w ba w do lontan yo te kapab tann yon poud la pou ou ou pa se sou li ou pa pran se yon lòt moun ki vin pase ki pran ladan l, yo kapab tann yon pyèj pou ou se li menm ki pran ladan l ankò oubyen yo konn vin di w nan dòmi men sa k pare pou ou kounye a ou san defans ou tankou flanm dife nenpòt ti van ki soufle w ou frape.
☆Uityèm siy ki montre lwa bitasyon w abandone w ap wè pitit ou ap tonbe malad san rezon, pafwa ou ka panse se moun k ap fè l poutan se yo menm ki nan kò l.Lwa marasa
Kèk bagay nou dwe konnen de lwa sa yo frè m' ak sèm yo. Lwa sa yo se gwo lwa nan tradisyon vodou an menm ke karakteristif yo manifèste nan sans timoun men yo se granmoun.
Yo se yon eskòt, ki donk yo se plisyè men konnen byen chak gen wòl yo ak devwa yo nan vodou an .
Yo bay jistis, yo ak legba, kalfou avandra gran chemen travay de konsè.
Lwa sa yo se yo ki bare se yo ki mare.
Yon bagay marasa mare e bare sèl yo ki pou demare sa.
Nan tout lakou bitasyon demanbre mistik w'ap toujou jwenn yo mete yo nan plas yo, tankou yo ba yo kay yo paske yo se granmoun .
Sonje byen marasa yo patou, nan gran bwa, kalfou, gran chemen, nan kay la, ebyen yo gaye kò yo byen se jis pou yo ka fè travay la an kominikasyon antre yo.
Lwa sa yo gen bon jan kominikasyon antre yo.
Banm Di nou, Marasa bwa li difisil menm ke yo ap fè yon seremoni nan lakou a pou wèl antre nan lakou a poul vin patisipe, men prensip la se al resevwa li kotel ye a, ebyen konsa tou pou marasa kay lakou a se sou kont li, li pa fasil poul kite lakou a.
Lwa sa yo respekte Saw ba yo fè a, kèk ti konsèy pou lwa sa yo. Lite pou nou rete esklav yo, ak sa yo pap janm bare nou afè nou ap toujou mache byen.
Pa janm neglije ofri yo ofrann yo, li mèt se 2 ou 3 fwa pou ane a.
▪︎Kay yo dwe toujou pwòp épi fre.
▪︎Kwi yo toujou dwe gen ti soutni kè.
▪︎Krich yo pa dwe janm manke dlo.
▪︎Amonize ak yo chak moman ki dezire ak yo
▪︎Jou dimanch profite regle koze yo melanje yo ak solèy la.
▪︎Lundi mélanje yo ak mò yo.
▪︎Madi mélanje yo ak Legba e Dantò pou tout pòt rete louvri pou nou .Lwa Ti Jan
Lwa Ti Jan se yon Lwa Ginen, Ras Petro. Li renmen dife, tafya, sigarèt ak florida.
Anpil Hougan/Mambo sèvi avèk li paske li wè lwen.
Li se yon Lwa, sou rit Guédé, lè l monte nan tèt yon moun li mande pase poud nan figi l ak koton nan nen l. Li asiste Papa Gede Nibo.
Li renmen abiye an nwa, yon rad nwa byen long (poul santi li Wa), yon chapo nwa ak mouchwa mov nan kou l. (Selon lakou a).
Yo toujou di Ti Jan se pitit Dantò, se pa vre. Li se Kouzen l. Ti Jan se yon Lwa pwisan yo souvan itilize l pou vanjans, e li fè gwo tretman tou. Li rete nan bwa. Yo konsidere li tankou yon gran majisyen e yon pratikan maji ta dwe asiste pa Lwa sa.
Jou Ti Jan se Lendi, Mèkredi ak Samdi.
Madanm li se Marinèt pye sèch ou bwa sèch.
Marinèt se yon lwa ki danjere anpil, li kriyèl e enprevizib, Moun pa jwe ak fòs sila konsa, se Lwa ki plis apateni ak rit Bizango a ki se yon lòt fòm ekstrèm rit petro a.
Seremoni fanm sa fèt nan nwit byen ta, li renmen poul nwa/ chèvrèt boukannen.
Gen kèk kote yo venere papa ti Jan sou rit Zandò tou, sonje gen rit, gen nanchon, gen fanmi lwa. Nou pap melanje yo.
Anndan fanmi jan an, ou jwenn anpil jan sou plizyè rit, tankou;
▪︎Nan rit Dahomey gen : Jean Faro Danthor
▪︎Nan rit Rada gen : Jean Bazile
▪︎Nan rit Nago gen : Jean Faro, Jean Paul Nago.
▪︎Nan rit petro gen : Jean Petro, Jean Danthor, Jean Barak.
▪︎Nan rit Makaya gen: Jean Brake
▪︎Nan rit Boumba gen: Jean Boumba.
▪︎Nan rit sosyete gen : Jean Boukan.
▪︎Nan rit Kita gen : Jean Kita, Jean brital, Jean san krent danje, Ti Jean rasin.
▪︎Nan rit Zandor gen: Jean Zandor.
▪︎Nan rit Guédé gen : Jean guiyon, Jean Krab, Jean Laurent, Jean Zinga, Jan zombi, Jean Simon.
Papa tijan se lwa ki pote dife, manje dife, danse nan dife, se dife a menm.
Sonje ke sous dife menm se solèy la se sak fèm toujou di nou Gadyen eleman feu nan vodou a se Ati Sole se pa janm Ogou jan moun yo fè konprann lan.
Lwa tijan manje kochon, gen kote se bèf, pa etone. Siw ta wè yo bal bouk kabrit nan kèk lakou.Ti jan petwo vodouivi senkretiz rele l jan batis
Ou jwenn lwa jan tout kote nan dlo nan dife nan dlo anba tè.
Lwa ti jan fe pati skot lwa fawo yo. Lwa ti jan spesyalize l nan fe spedisyon anpil anpil. Papa ti jan petwo c don petwo
Pami lwa ki nan skot jan u jwe
▪︎Jan fawo
▪︎Jan simon britis
▪︎Jan zonbi
▪︎Jan danto
▪︎Jan petwo
▪︎Jam brage
▪︎Jan bazil
Anpil nan skot lwa jan yo manje kochon. Men jan fawo manje mouton.
Le wap touye mouton jan fawo depil kriye anterel
Lwa ti jan petwo sanble ak kouzen zaka anpil fok u konn lwa pou idantifyel li fimen menm jan e li gen chapo. Gen kote yo salye tijan yo asawo
Koule ti jan c jon ak wouj
Ble ak jon
Jon ak vet
Gen lot kote c kaki ak wouj ou jon sa pral depan de regleman kote a
Lwa ti jan petwo fe tretman anpil anpil li konn bolet li byen
Li yon moun dwew li pa vle peyew u k voye ti jan al touche pou u.
Ti jan petwo byen ak ezili danto anpil gen moun ki di c kouzen ak kouzin yo ye.
Ti jan gen yon sel madanm c marinet pye sech
C sel fanm ki k kalmel lel fache
Lwa ti jan ak marinet renmen dife anpil
Jan zonbi ak jan simon britisc lwa gede yo ye yo manje tout bagay.
Ti jan bwe rhum oubyen kleren blan sa pral depan de regleman w.
Ti jan renmen bay maleng.Èzili Freda
Badè miwa zanye
Èzili Freda gen yon tan y a bezwen nou
Manman lanmou
3 mare 4 nan men nou wi
Mètrès nou pa men m tande bleng sou bleng non
Batiman nou pa lwen Chavire sou dlo
Nou konnen w pap kite nou neye
Bleng sou bleng Mètrès
Se katouch k ap pran lavi
Èzili o
Nou kriye, nou rele nou pa gen vwa ankò
Mètrès kote w ye
Kote w ye manman
Ou pa wè nou nan dlo
O Mètrès pase lakay nou
Èzili Freda fanm Dawonmen
Men nou nan men w
Èzili o
Achade Lwa nou
Nou pa manje anana, ni fimen sigarèt
Kijan lajan nou fè manke
Ago
Agosi
AgolaÈzili Freda.
Èzili FREDA Dahomen : prensès Wida. vrè non wida se Glèwè ou byen Glèhouè.
Wayòm Feda se yon lòt non pou Wayòm Wida.
Freda vle di prens oubyen prensès Kòm Wayòm Freda te vin sou kontwòl Kadya Bossou. Wida (Glèhouè) vin fè pati de peyi Dahomen.
Ann Ayiti, nou sonje Èzili kòm yon prensès nan peyi Dahomen. Se pou sa nou rele l Èzili freda Dahomen.
Fi lan Ginen, sitou prensès yo te konn dekore kò yo ak bijou ki fèt an fè, an lò ki fè nou rele prensès Ezili bleng sou bleng.
Èzili Freda se patwon afeksyon, Afeksyon tèlman enpòtan, sa sou reskonsabilite yon Lwa.
Prensès Èzili Freda rich. Rich nou di li rich la se pou montre afeksyon se richès, Afeksyon se lakòl ki kenbe yon sosyete ansanm, Se Afeksyon ki fè moun konn viv. Depi nan Ginen, nou konn viv, Se konn viv ki te pèmèt Afriken viv ansanm lan diferan nanchon yo.
Pèp Nanchon Mayombe gen yon pwovèb ki di tout bon bagay sot nan kè, Se Afeksyon ki sot nan kè n ki fè dyaspora a voye men bay moun lakay.
Se konn viv, se Afeksyon yonn pou lòt, ki fè moun al kase fèy pou sove lavi pitit, yon fanmi, yon vwazen, yon etranje.
Pawòl tankou ” depi lan Ginen Nèg rayi Nèg ” se pa pawòl ki chita sou verite. Se pawòl ki sòti lan degou moun gen pou dega ki te fèt an Afrik nan epòk komès moun kòm esklav la.
Vrèman vre, gen mechan ak arivis nan tout peyi, sou tout kontinan, pami tout pèp. Men pa ta ka gen kwayans nan Èzili si depi nan Ginen moun pa t renmen lòt tou.
Yon kapitèn abò a te konn chire vyann pou yo pataje chak ti fil vyann nan dekwa pou yo tout te ka jwenn ti kal. Konn viv se prensip enpòtan kay eritye Ginen.
Jan Èzili renmen, konsa l jalou Pou Sèvitè l, jalou li jalou a montre kijan lè moun renmen yo konn vle moun yo renmen an pou yo menm sèl, Dèske moun damou konn trayi konfyans lòt, nan desen vèvè Èzili, konn gen yon kouto k ap pike yon kè.
Vèvè fèt konsa, espre pou montre trèt pa sot lwen, Se de pre kouto ponyade. Konn gen desen kè ak kouto sou tonm moun nanchon Mayonbe.
Lapèn ki konn gen nan renmen se bagay moun lòt nasyon remake tou.
Italyen yo gen yon espri yo rele Kipid. Li se patwon Afeksyon, yo desinen l kòm yon moun k ap tire yon flèch nan kè moun ki damou.
Gen kote nan Dahomen yo rele Èzili, Minona . Minona a vle di manman. Non Èzili a, se non yon letan Dahomen. Gen yon rivyè ki gen menm non an tou nan Nijerya.
Nan de peyi sa yo, moun pwononse Èzili, kòm Azili. Sa nòmal, paske se abitid a pran plas e tankou nan chache ak chèche.
Manman se moun ki konn neglije tèt yo pou pran swen pitit. Nou ka separe Afeksyon Manman gen pou pitit ak Afeksyon moun damou gen pou lòt dekwa pou n ka konprann de bagay sa yo pi byen.
Souvan, Èzili Freda reprezante Afeksyon ant moun damou.
Èzili DANTÒ reprezante Afeksyon manman gen pou pitit. Gen yon kalite pòtre Èzili ki popilè se foto yon manman k ap bay pitit li tete.
Gen mòd estati sa yo ann Afrik ki montre manman k ap soutni tete yo ak 2 men pou alete pitit yo.
De men yo montre se ak tout kè manman pran swen pitit.Pa di ou pa t' konnen.
Si w bezwen fè yon maji pou fanm ak gason se ak Danmbala wèdo, freda, Fawo Dantò pou fè l
.
Pa di ou pa t' konnen.
Si w bezwen fè yon maji pou fanm ak gason se ak Danmbala wèdo, freda, Fawo Dantò pou fè Rit petwo.
Rit petwo koulè wouj, dife, dans rapid, Sèvis rit petwo souvan antame ak dife "Dan petwo" se chèf rit petwo a.
Non lwa petwo yo souvan an kreyol.
Rit petwo kreye 14 dawou 1791 nan seremoni bwa kay imann se Duty boukman ki kreye rit petwo a.
Tanbou pewo bat avek men.
Kek lwa ki nan tit petwo:
▪︎Azongon loko
▪︎Bakoulou baka
▪︎Bossou 3 kòn
▪︎Brize montay
▪︎Brize
▪︎Dam lave
▪︎Danbala wedo Djenke
▪︎Disponya lode
▪︎Gougoune danyon
▪︎Gran bea medji
▪︎Grann bòt
▪︎Grann ezili
▪︎Jean petwo
▪︎Jan ti bwa kento
▪︎Kafou Guidi guidi
▪︎Legba bwa
▪︎Lenglessou basen san
▪︎Lenglessou danman
▪︎Lenglessou guè
▪︎Kafou twa
▪︎Laye bwa
▪︎Lenglesou pyè
▪︎Mayi lwuiz boumba (manbo)
▪︎Manbo adelayi gwo tete
▪︎Manbo dayila
▪︎Manman yonyon
▪︎Marasa bwa
▪︎Marasa lafrik guinen
▪︎Gran bwa ile (mèt)
▪︎Lòvana metrès
▪︎Meransyèl mètrès
▪︎Mouche pyè
▪︎Ogou je wouj
▪︎Pyè danyon
▪︎Pyè makajou
▪︎Simbi afriken
▪︎Simbi ampola
▪︎Simbi DHlo
▪︎Ti jan dantò
▪︎Ti jean petwo
▪︎Zaka kwesi manyan
▪︎Zazi mazwa
▪︎Zile mpenba
▪︎Zinga bwa
▪︎Ezili dantò
▪︎Kabwatye.Rit petwo.
Rit petwo koulè wouj, dife, dans rapid, Sèvis rit petwo souvan antame ak dife "Dan petwo" se chèf rit petwo a.
Non lwa petwo yo souvan an kreyol.
Rit petwo kreye 14 dawou 1791 nan seremoni bwa kay imann se Duty boukman ki kreye rit petwo a.
Tanbou pewo bat avek men.
Kek lwa ki nan tit petwo:
▪︎Azongon loko
▪︎Bakoulou baka
▪︎Bossou 3 kòn
▪︎Brize montay
▪︎Brize
▪︎Dam lave
▪︎Danbala wedo Djenke
▪︎Disponya lode
▪︎Gougoune danyon
▪︎Gran bea medji
▪︎Grann bòt
▪︎Grann ezili
▪︎Jean petwo
▪︎Jan ti bwa kento
▪︎Kafou Guidi guidi
▪︎Legba bwa
▪︎Lenglessou basen san
▪︎Lenglessou danman
▪︎Lenglessou guè
▪︎Kafou twa
▪︎Laye bwa
▪︎Lenglesou pyè
▪︎Mayi lwuiz boumba (manbo)
▪︎Manbo adelayi gwo tete
▪︎Manbo dayila
▪︎Manman yonyon
▪︎Marasa bwa
▪︎Marasa lafrik guinen
▪︎Gran bwa ile (mèt)
▪︎Lòvana metrès
▪︎Meransyèl mètrès
▪︎Mouche pyè
▪︎Ogou je wouj
▪︎Pyè danyon
▪︎Pyè makajou
▪︎Simbi afriken
▪︎Simbi ampola
▪︎Simbi DHlo
▪︎Ti jan dantò
▪︎Ti jean petwo
▪︎Zaka kwesi manyan
▪︎Zazi mazwa
▪︎Zile mpenba
▪︎Zinga bwa
▪︎Ezili dantò
▪︎Kabwatye21 nanchon pa kòd fanmi
Se 21 tribi kote nou soti sou kontinan Kama a.
401 Lwa a se teorèm ansyen Ati Max Beauvoir te vin ak li.
Wi moun pa ka konn kantite Lwa ki genyen se vre nou dakò.
Paske gen Lwa se sèlman nan yon sèl Bitasyon w ap jwenn li, ou p ap jwenn li okenn kote ankò.
Men kounya sa w dwe konprann
Lè Max Beauvoir te di 401 Lwa a
Li vle pale de 400 Prensip ki genyenn Anndan Vodou an.
Ekzanp lè w di Ogou, sa se yon Lwa. Men! Grenn Lwa sa ki se Ogou an, Gen plizyè fasèt lakay li : Ogou Feray, Badagri, Shango, Bazaka, Osany…
Tout sa yo se diferan fasèt anndan Ogou an, diferant manifestasyon.
Menm jan pou Èzili… Dantò, Freda, Mapyang… Tout sa yo se diferan fasèt anndan Èzili an.
Se la, aprè rechèch li, Ati Max Beauvoir pral vin di nan panteyon an genyen 401 Lwa. 400 an se 400 prensip diferan li dekouvri ki genyen nan panteyon an, 1 an se pou enfini, li mete 1 an parapò ak Lwa gad yo, sa nou menm nou kreye yo.
Men malgre sa kelkeswa Lwa gad ou deside kreye a, l ap soti anndan youn nan prensip sa yo kanmenm!
Ayibobo!21 nanchon pa kòd fanmi
Se 21 tribi kote nou soti sou kontinan Kama a.
401 Lwa a se teorèm ansyen Ati Max Beauvoir te vin ak li.
Wi moun pa ka konn kantite Lwa ki genyen se vre nou dakò.
Paske gen Lwa se sèlman nan yon sèl Bitasyon w ap jwenn li, ou p ap jwenn li okenn kote ankò.
Men kounya sa w dwe konprann
Lè Max Beauvoir te di 401 Lwa a
Li vle pale de 400 Prensip ki genyenn Anndan Vodou an.
Ekzanp lè w di Ogou, sa se yon Lwa. Men! Grenn Lwa sa ki se Ogou an, Gen plizyè fasèt lakay li : Ogou Feray, Badagri, Shango, Bazaka, Osany…
Tout sa yo se diferan fasèt anndan Ogou an, diferant manifestasyon.
Menm jan pou Èzili… Dantò, Freda, Mapyang… Tout sa yo se diferan fasèt anndan Èzili an.
Se la, aprè rechèch li, Ati Max Beauvoir pral vin di nan panteyon an genyen 401 Lwa. 400 an se 400 prensip diferan li dekouvri ki genyen nan panteyon an, 1 an se pou enfini, li mete 1 an parapò ak Lwa gad yo, sa nou menm nou kreye yo.
Men malgre sa kelkeswa Lwa gad ou deside kreye a, l ap soti anndan youn nan prensip sa yo kanmenm!
Ayibobo!21 nanchon pa kòd fanmi
Se 21 tribi kote nou soti sou kontinan Kama a.
401 Lwa a se teorèm ansyen Ati Max Beauvoir te vin ak li.
Wi moun pa ka konn kantite Lwa ki genyen se vre nou dakò.
Paske gen Lwa se sèlman nan yon sèl Bitasyon w ap jwenn li, ou p ap jwenn li okenn kote ankò.
Men kounya sa w dwe konprann
Lè Max Beauvoir te di 401 Lwa a
Li vle pale de 400 Prensip ki genyenn Anndan Vodou an.
Ekzanp lè w di Ogou, sa se yon Lwa. Men! Grenn Lwa sa ki se Ogou an, Gen plizyè fasèt lakay li : Ogou Feray, Badagri, Shango, Bazaka, Osany…
Tout sa yo se diferan fasèt anndan Ogou an, diferant manifestasyon.
Menm jan pou Èzili… Dantò, Freda, Mapyang… Tout sa yo se diferan fasèt anndan Èzili an.
Se la, aprè rechèch li, Ati Max Beauvoir pral vin di nan panteyon an genyen 401 Lwa. 400 an se 400 prensip diferan li dekouvri ki genyen nan panteyon an, 1 an se pou enfini, li mete 1 an parapò ak Lwa gad yo, sa nou menm nou kreye yo.
Men malgre sa kelkeswa Lwa gad ou deside kreye a, l ap soti anndan youn nan prensip sa yo kanmenm!
Ayibobo!Lis Kèk Erzulie mwen konnen.
♡Erzulie DANTOR.
♡Erzulie Mapiann.
♡ÈZILI Boran.
♡ÈZILI Towo.
♡Erzulie yeux rouj.
♡Erzulie frize.
♡ERZULIE koukou.
♡Erzulie baliann.
♡Erzulie Seneka.
♡Erzulie kè nwè.
♡Erzulie Freda rada dahomey.
♡Erzulie la Belle Venus.
♡Erzulie Madan laweh.
◇Erzulie n’zandò.
◇ERZULI 7 kôut kouto.
♡Èzili Guinen.
♡Èzili Gouetò.
♡Èzili la flambo. (Gen Dambala la flambo, gen Aida la flambo, gen Èzili la Flambo tou).
♡Èzili Modongue.
♡Èzili Petro.
♡Èzili Sinigal.
♡Èzili Wangol.
♡Èzili Balyann.
♡Èzili Katawoulo.
♡ Èzili Kenwa.
♡Èzili Pyè.
Si ou konnen lòt toujou mete l nan kòmantè.Kisa ti chodyè 3 pye Mètrès Dantò a 👑🍍🌿🐝🗡 an senbolize ou vle di ?
Èzili Dantò di Madan Lenba pou moun Latibonit, Boran pou moun nan nò.
Li se 1 Rèn nan eskòt lwa Petwo (Gad) ki gen Dantò, Manbo Nansi, Mapiang, Balyann, Severin, Marinèt...
Koulè prensipal li se ble ak wouj, gen dimansyon li pote jòn solèy, ble syèl ak ble maren ak wouj e nwa.
Sou regleman petwo ou gad li manje kochon, sou regleman Mètrès fran li manje kabrit.
Depi w ap pale de panteyon lwa Dantò yo pami objè rityèl nou wè se ti chodyè 3 pye ak ponya, diven wouj, anana, florida.
An nou rete sou koze ti chodyè 3 pye an, kisa li senbolize ou reprezante ?
Nan chanm Èzili Dantò a travè chante sa mwen te fini pa aprann siyifikasyon senbolis chodyè 3 pye an.
Nan Tradisyon Vodou an Ayiti senbolis chodyè 3 pye reprezante Manman chodyè yo te konn kwit manje pou tout moun manje ak 3 wòch dife, ki se youn nan premye fason zansèt nou yo te konn kwit manje.Kisa ti chodyè 3 pye Mètrès Dantò a 👑🍍🌿🐝🗡 an senbolize ou vle di ?
Èzili Dantò di Madan Lenba pou moun Latibonit, Boran pou moun nan nò.
Li se 1 Rèn nan eskòt lwa Petwo (Gad) ki gen Dantò, Manbo Nansi, Mapiang, Balyann, Severin, Marinèt...
Koulè prensipal li se ble ak wouj, gen dimansyon li pote jòn solèy, ble syèl ak ble maren ak wouj e nwa.
Sou regleman petwo ou gad li manje kochon, sou regleman Mètrès fran li manje kabrit.
Depi w ap pale de panteyon lwa Dantò yo pami objè rityèl nou wè se ti chodyè 3 pye ak ponya, diven wouj, anana, florida.
An nou rete sou koze ti chodyè 3 pye an, kisa li senbolize ou reprezante ?
Nan chanm Èzili Dantò a travè chante sa mwen te fini pa aprann siyifikasyon senbolis chodyè 3 pye an.
Nan Tradisyon Vodou an Ayiti senbolis chodyè 3 pye reprezante Manman chodyè yo te konn kwit manje pou tout moun manje ak 3 wòch dife, ki se youn nan premye fason zansèt nou yo te konn kwit manje.Panteyon vodou ayisyen.
Pantewon vodou ayisyen se yon melanj de plizyè tribi afriken ki te soti an afrik ak koutim, mès, epi kwayans yo ki vinn jwenn ak taïnos ki te sou tè a, ki te gen pwòp kilti ak mès yo.
Se sa ki fè panteyon vodou ayisyen an vin gen 21 rit ou nachon ladan l. Se yon panteyon ki rich.
Chak rit sa yo gen fason yo jwe se sa ki fè divèsite vodou, se sa ki fè vodou a pratike diferant fason nan rejyon peyi a.
21 rit yo se:
▪︎dawomen.
▪︎rada.
▪︎petwo.
▪︎nago.
▪︎matinik.
▪︎Djouba.
▪︎sinika.
▪︎kaplaou-kanga.
▪︎manding.
▪︎kongo- fran.
▪︎simbi.
▪︎makaya.
▪︎boumba mazwa.
▪︎kongo savann.
▪︎moundong-mousayi.
▪︎kita.
▪︎Zandò.
▪︎Ibo.
▪︎Guede- banda.
▪︎Anmin.
▪︎Makanda-bizango.
De rit nou plis tande nan vodou ayisyen se Rada ak Petwo, se de rit ki fè pilye vodou ayisyen an.
☆Rit rada: se espri ansyen pli souvan se espri ki viv nan dlo se espri sa yo fè referans rele "lwa blan", yo rele yo konsa pou fason ak koulè prensipal rit sa ki se "blan" men ki pa fè referans ak lwa blan ki di yo pa lwa ayisyen.
☆Petwo: se yon pakèt lwa trè fougue, lwa ki trè cho ki sèvi ak dife se yon rit ki danjere souvan "lwa sa yo rele lwa kreyòl".
Rit sa kreye 14 dawout 1791 nan seremoni bwa kayiman" koulè rit sa se
wouj.
Enpòtan.
☆Rit: se kote yon lwa soti, ak fason lwa sa danse.
☆Skòt: se ansanm ki nan yon fanmi lwa.
Nb: lwa ka nan menm eskòt li pa danse sou menm rit.
Egz: eskòt lwa Èzili a, Èzili dantò a Èzili Freda freda.
▪︎Ezili Dantò danse sou rit petwo.
▪︎Ezili Freda sou rit rada.
Lè w nan koze dans ou pa di w'ap fè dans rada, Ou di wap fè dans Dawomen ou dans petwo.Panteyon vodou ayisyen.
Pantewon vodou ayisyen se yon melanj de plizyè tribi afriken ki te soti an afrik ak koutim, mès, epi kwayans yo ki vinn jwenn ak taïnos ki te sou tè a, ki te gen pwòp kilti ak mès yo.
Se sa ki fè panteyon vodou ayisyen an vin gen 21 rit ou nachon ladan l. Se yon panteyon ki rich.
Chak rit sa yo gen fason yo jwe se sa ki fè divèsite vodou, se sa ki fè vodou a pratike diferant fason nan rejyon peyi a.
21 rit yo se:
▪︎dawomen.
▪︎rada.
▪︎petwo.
▪︎nago.
▪︎matinik.
▪︎Djouba.
▪︎sinika.
▪︎kaplaou-kanga.
▪︎manding.
▪︎kongo- fran.
▪︎simbi.
▪︎makaya.
▪︎boumba mazwa.
▪︎kongo savann.
▪︎moundong-mousayi.
▪︎kita.
▪︎Zandò.
▪︎Ibo.
▪︎Guede- banda.
▪︎Anmin.
▪︎Makanda-bizango.
De rit nou plis tande nan vodou ayisyen se Rada ak Petwo, se de rit ki fè pilye vodou ayisyen an.
☆Rit rada: se espri ansyen pli souvan se espri ki viv nan dlo se espri sa yo fè referans rele "lwa blan", yo rele yo konsa pou fason ak koulè prensipal rit sa ki se "blan" men ki pa fè referans ak lwa blan ki di yo pa lwa ayisyen.
☆Petwo: se yon pakèt lwa trè fougue, lwa ki trè cho ki sèvi ak dife se yon rit ki danjere souvan "lwa sa yo rele lwa kreyòl".
Rit sa kreye 14 dawout 1791 nan seremoni bwa kayiman" koulè rit sa se
wouj.
Enpòtan.
☆Rit: se kote yon lwa soti, ak fason lwa sa danse.
☆Skòt: se ansanm ki nan yon fanmi lwa.
Nb: lwa ka nan menm eskòt li pa danse sou menm rit.
Egz: eskòt lwa Èzili a, Èzili dantò a Èzili Freda freda.
▪︎Ezili Dantò danse sou rit petwo.
▪︎Ezili Freda sou rit rada.
Lè w nan koze dans ou pa di w'ap fè dans rada, Ou di wap fè dans Dawomen ou dans petwo.Rit petwo.
Dans koulè rouj, toujou akonpaye ak dife .
Li toujou komanse après li t di "Dout, dout" repons "dans petwo".
Ki raple pase Duty boukman problableman lidè Don pèdre
Non lwa petwo souvan an kreyòl se nan dat 14 dawout 1791 rit petwo a pran nesans nan koloni Sendomeng la.
Non kek lwa Petwo.
☆Azongon loko.
☆Bakoulou baka.
☆Bosou twa kòn.
☆Briz montay.
☆Brize.
☆Don lave.
☆Danbala la flanbo.
☆Ezili boran.
☆Gougoun danyon.
☆Legba bwa.
☆Kafou guidi guidi.
☆Gran bwa ile(mèt).
☆Marasa lafrik guinen.
☆Lenglesou basin san.
☆Kafou twa.
☆Lenglesou danman.
☆Lovana (mètres).
☆Ti jan dantò.
☆Ti jan petwo.
☆Jan malè.
☆Meransyèl (mètres).
☆Zazi mazwa.
☆Zaka kwesi manyan.
☆Simbi ampola.
☆Simbi afriken.
☆Pyè dantò.
☆Mouche pyè.
☆Pyé makajou.
☆Kabwatye.
Rit petwo pa idantik de rit makaya se sa k fè souvan yo di petwo-makaya.📌 Jou yo ak lwa yo
Lendi
♆♆
Guéede
Madi
♆♆
Èzili Dantò
Mèkredi
♆♆
Ogou
Jedi
♆♆
Freda; Dambala
Vendredi
♆♆
Guede
Samdi
♆♆
BaronLOAS PYÈ
1PYÈ DAMBALAH.
2 PAPA PYÈ.
3 PYÈ FERE.
4 PYÈ ALEMAN.
5 MANBO ANAIZE.
6 PYÈ EZILI PYÈ.
7 ADYE HOUN PYÈ.
8 FILOMIZ PYE.
9 MOUCHE PYÈ.
10 HOUNDILE JEAN PYÈ.
11 KOUGWE.
12 AYI GWETO.
13 ANWE ZO.
14 FaRO DANTÒ.
15 MAHOU.
16 NANNAN BOUKAN.
17 KEBYESOU DANGLEH.
18 MANBO ADELAYI GRO TETE.
14 METRES LOVANA.
15 LENGLESOU PYÈ.Lanp Èzili Dantò.
KIJAN POU FÈ LAMP POU DANTÒ?
Anpil nan nou toujou ap fè LANP men yo toujou San repons, kijan nou dwe monte yon lanp pou MÈTRÈS DANTÒ.
1) Nou dwe gen koton avèk tout grenn se nou Ki dwe netwaye koton nou, pandan n ap netwaye l, nou dwe pale sa nou Bezwen, nou dwe esplike l pwoblèm nou, paske nou konnen BONDYE KONESANS la renmen poze l sou pye koton.
2) Nou dwe achte TI CHODYÈ nou sou demand nou, pa voye moun achte l pou nou, e pa itilize chodyè nou pou nou fè lòt travay, li dwè espesyalman pou
MÈTRÈS la, ougan/manbo yo achte lòt chodyè pou n travay.
Chak Premye madi nan yon mwa, nou dwe pase tè nan TI CHODYÈ nou, e nou dwe lavè TICHODYÈ nou, n ap mete savon lave nan tòchon, se pa twal non, foubi TI CHODYÈ nou sou demand nou, rense l ak dlo cho sou demand nou. Siye l ak Fèy BANNANN oubyen avèk mouchwa MÈTRÈS la, si w remake lè w rele l li pa reponn rapid, siye l ak TCHYE rad ou, ou TCHYE chemiz ou, men fòk yo trè trè pwòp.
Ou dwe mete grès kochon oubyen lwil maskreti pi, si se yon bagay cho wap mande l wap pile pwav toro ak pwav ginen mete ladan l, w ap mete 3 piman peyi ladan tou, kèlkeswa Sa w ap fè a ou dwe fè l sou menm demand lan, se pawòl Ki fè maji, W ap jete dlo nan pa
pòt la, wap Mande papa legba pasaj, w ap limen limyè temwen w pou l ka gide w kote espri yo ap Alèz, men fòk ou byen gade si pa gen kourandè kap bouje flam nan, Si w poko konn trase vèvè, w ap fè yon sèk pou w Chita ak
lanp ou.
Fè priyè envokasyon MÈTRÈS la pou w Koze ak MÈTRÈS la, pa
voye l plizyè kote.Liminasyon jou jedi sou dimansyon èzili
Freda dawonmen.
Sou koze liminasyon an fas a Èzili Freda Dawomen an.
Jou jedi sa kapab edew jwenn bon jan koneksyon ak lwa ginen nou yo ke nou eritye sou 3 bitasyon yo.
Bò manman, bò papa e bitasyon nesans yo.
Li bon nan jou sa pou se asyèt ou bòl blan oubyen kwi pou nou itilize pou nou fè liminasyon 7 mèch nou.
Jou jedi, sonje koze planèt jipitè a ki sa li pote, abondans, richès épi lanmou, proteksyon.
Anpil nan nou souvan ap chache bagay konsa.
Sonje nou pral aji fas a eskòt Rada yo, eskòt sa yo dou, yo blan, yo san tach.
Ebyen ou menm ou sipoze pwòpte kò ou ak kè ou dabò e mete ou an blan e menm pwòpte tout milye nou pral liminen an.
Konnen sa, rèn Rada, se mètres Èzili Freda. Nou dwe konpòte nou an karakteristik rèn nan.
Pou mete w pwòp yon senp pirifikasyon fas solèy la se bon. Sonje pou nou prezante sa nap fè a fas ak nouvo lalin nan.
Sou koze liminasyon yo, toujou chache byen metrize 4 fòs ki nan nati yo. La aaa li enpòtan pou nou sansibilize papa legba.
Èske nou wè ki gwosè lwa sa ye svp ?
Wi papa Legba se gwo lwa tout bon vre.
Ebyen papa legba se gwo lwa, li ka konekte nou sou dimansyon atisou loko a, ki ka oriante nou vè papa legba, dambala, pou nou ka gen konesans pou nou wè ki wout pou nou fè pou nou ale nan bitasyon an. (ok sa se yon bèl edikasyon).
Si dambala moutre nou wout pou nou pase ebyen ogou Badagri déjà akonpanye ou ak rèn Freda dekwa pou nou al règle afè nou .
Lè n'ap liminen fas a gran rèn sa, Se pou nou konnen lwa èzili sa, gen gwo pouvwa ebyen lè w angaje ou dwe fè apèl ak li .Èzili mapiang
Jou samdi li parèt sou ou an dife. Regleman Cho kou dife.
Nan ti chodyè 3 pye a .
Lwa èzili Mapyang lan chaje bonté lakay li.
Fanm nan anpèdisyon ou vini devan lwa sa bagay sa fini.
Fanm nan fè pitit la lougawou sòti pou manje li, ebyen ale kote bawon nan yon jou samdi pran regleman tè devan bawon épi kite yon kouto nèf devan bawon sou non mapiang sa, ebyen Kèlkeswa jan sa ye lougawou sa pral vòmi san san rete pou jiskaske Souf li koupe.
Aprè ale devan mèt gran bwa sou non Baliang nan kase fèy nan gran bwa benyen timoun sa se fini.
Sonje mande gran bwa, marasa bwa, e Simbi Makaya, pwoteje timoun sa depi menm moman wap kase féy la souple.
Nou toujou nan bonté lwa Èzili Mapiang nan.
Fanm nan ap nwi kò li nan relasyon an li pa vle chita poul fè elevasyon timoun yo ebyen se fini ak granmoun sa.
Nèg la fè timoun yo paske li pa ka itilize manman ankò li pa okipe ti moun nan, remèt sa bay gran fanm souple.
Ou fè bisnis la li ka pa bay antre nan jou avan yo men souple depi mapiang ladann li déjà konnen ki sa pou Di e fè fas ak ayizan, kouzen zaka e Dantò pou sa mache byen.
Fi a ansent men chaje pèsekisyon ou gen gwo dout nan akouchman, ebyen ok remèt sa bay mètrès Èzili Mapiang.
Bonté lwa sa anpil men mwen pa vle tèks la twò long nou oblije kanpe la.Nan eskòt lwa zili ki soti dawomen gen Èzili tankou:
Èzili Dantò.
Èzili Boran.
Èzili 7 kout kouto.
Èzili mapyang.
Èzili Balyang.
Èzili je wouj.
Yo se Petwo
Grann Èzili
Èzili Freda.
Manbo Filomiz
Manbo lovana
Anayiz
Tout sa yo se RadaKèk lwa ki bay pwen cho: Marinèt pye sèch, Danmbala laflambo, Bosou, Lenglensou, Agawou.
Lwa ogou yo plis bay gad.
Lwa ki bay pwen frèt yo se: Tijan Dantò, kouzen zaka.
Lè w mete pwen sou ou pa bliye mande ougan non pwen an.
Rezon anpil fwa yo konn ban nou pwen yo nou pa konnen yo pwen sa yo konn fè nou tounen sa n pa ta vle.
3 prensip pwen an se: Swa w gen lajan, swa w mete l sou ou pou malfektè bandi pa fè la dènye sou ou, oubyen pou travay.Lwa reklame ou, men lè w fè virewon, yo di w ou gen yon dantò ak yon ogou epi freda kap fè jalouzi sa rann gason pa ka rete ak ou, tout saw fè pa janm mache, anfen ou regle koze pou dantò ak ogou epi freda.
Ou achte regleman dantò ak freda ogou mete lakay ou, chak madi, mèkredi, jedi samdi, ou liminen nan pye lwa sa yo bagay yo vin pi mal.
Ou pa konn sa w dwe fè paske tout saw fè anyen pa mache.
Men ou bliye marasa. Marasa yo pa janm manje, marasa pa bwè. Wi reyèlman vre tout lwa yo vle ede w vre, men ti lezanj yo bare w pou regleman yo.
Banm di nou ti moun yo mèt manje 3 fwa nan yon ane yo toujou pa manje .
Marasa kay ak bwa yo sanse gen menm prensip chak rete sou teritwa yo
Ebyen konsèy m'ap ba nou tande tout lakou gen marasa yo. Pa janm neglije yo.
Toujou sonje yo nan tout sa n'ap fè. Yo se timoun granmoun. Se yo ki dirije tèt yo.
Si yo mare ou pèsonn Ougan/Manbo, bòkò, divinò, pa ka lage w. Y'ap lagew lè lide yo di yo. Nou pridan ak lwa sa yo pou yo pa gen problèm ak nou.
Kèk fwa lè lwa sa yo bloke w lap difisil pou pran responsablite ou. W'ap aji tankou ti bb. Kèk fason ou ka ye lè w gen enèji sa.
▪︎ou chita atè plat tankou ti bb.
▪︎ou ka wè dlo ap ponpe nan zye moun nan sanl pap janm pale.
▪︎marasa yo se youn nan lwa nou yo nan lakou a ki vrèman itil .
pafwa yo kon ap fè kèk move travay sou non nou yo parèt yo gate li.
Yonn nan bagay m'ap di nou kòm sèvitè, moun ki marasa bagay mal pa travèse l fasil sil pa antò.
Antouka se te yon plezi pou m te pale nou de lwa sa yo ki gen anpil enpòtans nan vodou men nou toujou bliye yo paske yo se ti moun nou souvan di yo pa ka fè anyen pou nou.Kèk lwa ki bay pwen cho: Marinèt pye sèch, Danmbala laflambo, Bosou, Lenglensou, Agawou.
Lwa ogou yo plis bay gad.
Lwa ki bay pwen frèt yo se: Tijan Dantò, kouzen zaka.
Lè w mete pwen sou ou pa bliye mande ougan non pwen an.
Rezon anpil fwa yo konn ban nou pwen yo nou pa konnen yo pwen sa yo konn fè nou tounen sa n pa ta vle.
3 prensip pwen an se: Swa w gen lajan, swa w mete l sou ou pou malfektè bandi pa fè la dènye sou ou, oubyen pou travay.Nan eskòt lwa zili ki soti dawomen gen Èzili tankou:
Èzili Dantò.
Èzili Boran.
Èzili 7 kout kouto.
Èzili mapyang.
Èzili Balyang.
Èzili je wouj.
Yo se Petwo
Grann Èzili
Èzili Freda.
Manbo Filomiz
Manbo lovana
Anayiz
Tout sa yo se Rada
Comentarios
Publicar un comentario