Leson

 3 Fam Dejip. 


Gen yon zanmi ki t'ap mande m ki sa m' ka di l de 3 fam dejip yo. E byen pòs sa se pou ou.


Jodi-a nou pra l pale w de 3 fanm anpil moun konn wè k'ap kominike avèk yo nan vodou.


Anpil relijyon, sèk mistik... bay medam sa yo diferan non tankou 3 femmes d'Egypte, legliz katolik rele yo Caridad, Fé ak Esperanza.


Men nan vodou gen moun ki rele yo marasa ak plizyè lòt non.


Kisa ki koz anpil sèk ak relijyon bay fanm sa yo diferan non?


Nan mistik oubyen espirityalite tout espri yo toujou menm, ke se legliz, ke se nan masonri, ke se nan kabbal, ke se nan diferan peyi.. se toujou menm espri yo men yo pa sou menm dimansyon oubyen yo pa sou menm non.


Pa egzanp nan vodou nou gen Dantò, mason yo relel Isis, an Frans yo rele l la vierge noire, nan peyi Polòy yo rele l notre dame czestochowa ak menm sikatris yo nan vizaj li, Sodo (Ayiti) yo rele l vyèj mirak, nan relijyon Yoruba (Brezil, Cuba) yo rele l Oyá... Se pou montre nou se menm espri yo ki sou diferan non ak dimansyon.


An nou rete lakay nou, anpil moun konn wè 3 fanm sa yo ap kominike ak yo, ofri yo richès ebyen nan vodou 3 mètrès sa yo se Dantò, Freda ak Mapyang, konsa tou yo konn Dantò, Freda ak Lasirèn oubyen Filomiz.


Lè 3 mètrès sa yo ansanm yo sou yon regleman ki rele LODE.


Yo bay anpil lajan ak proteksyon men yo pa nan lanmou, kè sansib avèk ou, yo pa nan pitye. Gason ki sèvi medam sa yo toujou difisil pou viv ak fanm nan kay paske kondisyon yo difisil e strik.


Depi w fè erè se ou kap wèl.


Depi w pa gen anpil prensip ou paka sèvi yo.


Lè w'ap adrese yo se ansanm pou fè liminasyon (3 fanm, 3 bouji) ou dwe trase yon vèvè an triyang tèt anba, ou dwe tou de blan, chanm ou tou de blan...


Fanm sa yo gen lè pou yo vin manje avèk ou. Pi devan na diw plis bagay de 3 fanm sa yo.


Marinèt pye sèch. 


Marinèt pye sèch se yon lwa ki sou rit petro Bizango Nan vodou ayisyen an se youn nan lwa ki vrèman pwisan e danje. 


Nou envoke lwa sa a lè nou vrèman an danje sitou lè yo vann yon moun nan bizango nou konn rele l pou l ka trete moun sa a epi mete gad li sou moun nan pou n ka bay moun nan lavi. 


Nan tout seremoni li pa janm vin bonè li toujou vini nan ta nan sware e se pa nan tout seremoni y ap rele l paske jan li manje se yon bagay tèrib paske li boule bèt yo tou vivan (paske l renmen pran sant vyann yo k ap boukannen) pou l ap manje paske se vyann boukannen li renmen ak gro kleren ki fò epi pou l ap mache nan dife. 


Li manje Poul nwa, kochon nwa. Koulè rad li se nwa e wouj li renmen ponya tou🗡 Li fè alyans ak tijan Dantò, jou li se Samdi li mache sou Fòm bèt yo rele Chwèt la🦉 koulèv🐍 oubyen sou fòm yon zonbi ak rad nwa oubyen wouj. 


Se lwa depi l ap trete yon maladi Lè l fin trete l l ap touye malfektè kite voye maladi a, li vrèman efikas nan trete moun yo vann nan bizango epi vanjans⚰️ depi w antò yo voye Marinèt deyè w w ap mouri e si yon moun eseye sove w l ap mouri tou. 


Istwa revele li se te yon ansyen esklav revòlteMen kijan pou fè 4 fasad yo. 


Nòmalman 4 fasad la se yon salitasyon ki lye ak tout la nati jeneralman 4 eleman yo ki se lè a, dlo a, dife, epi tè a! 


Se pa sèl Vodouyizan ki salye 4 fasad paske nati a pa pou Vodouyizan sèlman majorite lòt sèk mistik yo konn enpòtans tout 4 eleman yo. 


Nou fè salitasyon 4 fasad lè n ap liminen se pou nou ka onore nati a ak tout espri ki ladan l yo lè konsa nou jwenn asistans yo nan limyè a sa pèmèt pawòl nou yo rive pi rapid nan mond envizib la. 


Kèk espri nan vodou ki chita nan 4 eleman yo ke nou ka envoke nan salitasyon 4 fasad yo: 


Tè a 👉🏽 Grann , Ayizan velekete, Zaka, guédé yo! 


Dlo a 👉🏽 Simbi Andezo, Agwe ta oyo, mètrès lasirèn, Èzili Freda! 


Lè a 👉🏽 papa loko, mèt briz, Agawou ! 


Dife a 👉🏽 rèn sole, Dambala laflanbo, Ogou Feray!Kisa ki yon ti chodyé 3 pye e Ki enpòtans chak sa ki ladan yo ? 


Ti chodyè 3 pye a fèt ak aliminyòm. 


Nou wè chodyè a kanpe Sou 3 pye. 3 pye sa yo se "Les 3 pilliers de la vie". Le passé, le présent et le futur. Jeunesse, maturité, vieillesse. 


Ou Byen si n ap ba yo non Astral yo, n ap Di Ezili Freda, Ezili Dantò e Grann Ezili. 


Sa Vle Di 3 pye sa yo kenbe prensip la vi a. 


Anndan chodyè a nou mete lwil Ki senbolize matyè, nou mete Yon Mèch Ki senbolize linyon, e nou mete dife ki senbolize espri . 


Sa vle Di nou fè koneksyon matyè a ak lespri a. Anndan chodyè a toujou nou mete Yon lyèj, Ki fè ekilib ant matyè a e lespri a. 


Kounye a lòt engredyan nou pral met ladan yo pral depan de rityèl n ap fè a, tankou pwav, piman elatriye... 


Poukisa Mwen fè pòs sa ? 

Anpil nan nou panse Depi yo limen Yon Ti chodyè tout pwoblèm yo rezoud, Non, prensip la se "être sois même". Fòk ou Konn tèt ou, pou w al chita Sou tabourè sa, Sou pilye la vi a. 


Premyèman 3 pye chodyè a, fòk yo menm longè, fòk nou Byen verifye ke Youn Pa pi long ke lòt. 

Dezyèmman fòk eta espri nou nòmal, fòk ou Konn Sou Ki branch nan prensip la vi a ou prale. 


Tankou Mwen sot Di nou, Ti chodyè 3 pye senbolize Travay. 


Fòk nou Konn sa n ap fè a, se pa annik kouri fè sa nou wè Yon lòt Moun ap fè san nou Pa konnen. 

Yon Moun Ka fin limen yon Ti chodyè 3 pye sa w tande a lavi l kòmanse boulvese. Lè sa nou pral Di se lwa, se mò Ki kenbe nou, se nou Ki mal chita Sou pilye yo.


Se konnen ki fè.📌 Kalandriye adorasyon yo

• Janvye: 


¤ Mwa espri Rada yo.

≡ 1er au 2: Kase gato.

∴ Seremoni aksyon de Gras.

≡ 6: Lèwa

∴ Seremoni chak ane ki rasanble manb onfò.

… 


• Fevriye: 


¤ Mwa espri Kongo yo.

≡ 25: Manje tèt dlo.

∴ Pelerinaj nan sous ki pwòch yo.

… 


• Mas: 


¤ Peryòd rara

≡ 19: Fèt Sen Jozèf

∴ Seremoni ki dedye ak Legba. Li dire de jou. 


• Avril: 


¤ Mwa espri Ibo yo.

≡ 29: Kase kanari.

∴ Seremoni an favè nanm ki nan pigatwa yo. 


≡ 30: Manje mò yo.

∴ Swit seremoni an, nan yo ki pase yo, ofrand pou moun ki mouri yo. 


• Me: 


¤ Mwa espri ki asosye ak latè, plant yo, ak lanati an jeneral. 


≡ 12: Adorasyon divès divinite pou lwa. 


• Jen: 


¤ Premye mwa espri Ogou yo. 


≡ 24: Fèt Sen Jan

∴ Pelerinaj nan pawas dedye ak sen an. 


≡ 28: Omaj ak à Èzili

∴ Yon tab manje prepapre nan onè l. 


• Jiyè: 


¤ Dezyèm mwa espri Ogou yo. 


≡ 16: Fèt Notre -Dame du Mont Carmel

∴ Pelerinaj nan Sodo, nan depatman Sant.

≡ 25: Fèt Sen Jak

∴ Pelerinaj nan Gran rivyè di Nò nan depatman Latibonit. 


≡ 26: Fèt Sentanm

∴ Pelerinaj nan Limonade nan depatman Nòdès.

… 


• Out: 


¤ Mwa dedye ak Damballa

≡ 25: Fèt Senlwi

∴ Tab drese nan non Ayida Wedo

… 


• Septanm: 


¤ Mwa menaj nan Woufò ak peristil yo.

≡ 29: Fèt echanj yo

∴ Yo selebre jou sa Manman Aloumandia

… 


• Oktòb: 


¤ Mwa dedye ak Ayizan

≡ 30-31: Tab kominyon

∴ Seremoni presede nan yon legliz katolik, pa yon kire. 


… 


• Novanm: 


¤ Mwa Gede yo

≡ 1er au 2: Seremomi nan non Gede yo

∴ Avan seremomi an, inisye yo dwe rann yon vizit nan simityè yo. 


≡ 25: Manje yanm

∴ Seremoni chak ane pou make rekòlt yanm yo.

… 


• Desanm: 


¤ Mwa dedye ak espri asosye chak rit Petro.

≡ 12 – 14: Manje lanmè

∴ Seremoni dedye ak Agwe

≡ 19: Lenglenssou (Jezi)

∴ Seremomi pou make nesans Jezi, epi mande lwa yo pwoteksyon kont move giyon.

≡ 24-25: Makaya

∴ « Gwo seremoni » kote patisipan yo resevwa beny chans yo.Lanp Dantò:


▪︎Grès kochon.

▪︎Lwil maskreti.

▪︎Diven Wouj.

▪︎7 piman bouk wouj.

▪︎Poud Presipite wouj. 

▪︎Vi Dajan.

▪︎poud kanèl.

▪︎3 Kalite Pwav.


Mete Lwil kochon an, limen Mèch koton an, mete Lwil maskreti a, 3 kalite pwav la, Piman epi poud kanèl la, fè lanp lan Kat fasad.


Apre sa jete 3 de gout diven, fè rekòmandasyon w.


Ou ka mete yon ti simen kontra ou bazilik ladan l tou.


Lanp dantò monte nan ti chodyè 3 pye. Pa bliye chofe ti chodyè a avan pou lanp lan pa frèt, ou ka mete yon ti Florida ladan l epi ba l dife. 


Ekri demand ou mete l anndan ti chodyè a avan ou mete engredyen yo. 


Pou kase lanp lan aprè kantite jou ou deside tankou, 3, 7, 17, 21,... w'ap itilize ponya mètrès la pou kase lanp lan. 


Pirifye kò w ak espas kote ou pral fè lanp lan. Ou ka monte l yon madi ou byen yon samdi, pa fè l si gen lapli pou l pa frèt.


Pou lanp Dantò yo kase l ak ponya pito.


Pa janm kite moun konnen ki manje w renmen, paske ak sa li kapab monte yon lanp sou non w epi l mete manje w renmen an nan lanp sa pa gen pa pran w. 


Mezanmi ban m ba nou ti konsèy sa lè n ap monte lanp Dantò si se pale nou bezwen l vin pale ak nou kòm nou pa wè l lontan nou ka monte l ak luil dou, men si se yon bagay nou genyen ki frèt nou bezwen l mache rapid n ap mete grès kochon epi luil maskreti epi piman, 3 kalite pwav.


Si se pou vanjans si yon moun ap nwi nou nou bezwen fè l rete limen l' ak grès kochok sèlman pa mete lòt luil epi w ka akonpanye l ak ponya mete ponya anba lanp lan.


Pa bliye toujou mete yon ti Wowoli nan lanp Dantò a sitou si se pou koze lajan w ap monte l, olye pou mete lòt vye poud ki sot lòt kote yo mete Wowoli, poud kanèl pito.


Souple lè n fè yon lanp n ap kase l, si se pou 3 jou lè 3 jou sa rive se pa kite lanp lan etèn pou kont li, pou kase l ou kapab bezwen yon kiyè bwa pandan l ap limen w ap bwase l ak kiyè bwa tankou se yon manje ou t ap bwase ou kapab ba l gaz pou l pi chofe lè sa espedisyon an fèt pi byen epi tank l ap monte pale pawòl ou.Men kijan pou prepare lèt pou yon Espri nan fèy papye blan. 


Pou fè yon demand men kijan pou kòmanse. 


W ap di: 


Jodi a se tèl dat ..............w ap site dat la egzanp: Jodi a se madi premye out 2023. 


W ap di Mwen rele entèl....(wap site non w e siyati w)

Egzanp: mwen rele Rosa Del Alba


W ap di mwen se pitit entèl (W ap nonmen non manman w ak papa w...)

Egzanp: Manman m rele Dantò, papa m rele Ogou. 


W ap di: Mwen sòti nan abitasyon

(W ap bay non abitasyon bò kote manman w e bò kote papa w)

Nan non Bitasyon kote manman m ak papa m sòti nan non gad Bitasyon danti Bitasyon, nan non demanbre Bitasyon. 


Nan non tout zansèt dafrik mwen yo m ap mande ouvèti e pasaj pou grann, Pou lwa Bitasyon m yo vini an espri e an verite kote mwen ye la. 


W ap di adrès ou.....kote w ap fè demand sa. 


M ap mande tout espri Bitasyon mwen yo pou yo vini asiste demand mwen an pou yo mete ansanm pou yo aji an favè mwen.


Pa pouvwa Bondye Lavi a ki mèt Tè a, Mèt Syèl la, Mèt Dlo a,

Mèt Van, Mèt Dife, pye bwa yo, twou wòch yo, lakou sakre yo map anonse tout mò bò manman m ak tout mò bò Papa m. (siw konnen non mò bò manman ak bò papa pa neglije rele yo). Pou yo vini an espri e an verite pou 

yo bay pasaj a pa pouvwa bawon samdi, bawon kriminèl, bawon lakwa, nan non bawon kay, nan non grann brijit, manman travo, k-fou simetyè, kaptenn 

simetyè sou Lobedyans Mèt Gran Chemen.


Pa pouvwa Atibon Legba, Legba Katawoulo, Legba Bwa, Legba Kay, Vye vye Legba, Papa Legba, legba bitasyon, Elegba, Alegba pou yo ouvri pòt pou mwen jodi a, pou yo banm sa mwen bezwen an.


Wap di sa ou bezwen...... evite mande twòp bagay.


Nan basen jimo sa ki nan demanbre sa ki nan basen simbi pou yo tout vini asiste avèk espri ki nan Bitasyon mwen banm Limyè, klere chemen m nan 

tout sa map fè, avèk asistans dye Lavi a ki fè Solèy Ki Klere nou Anwo a Ki fè la Tè tranble, Ki fè Lanmè monte, Ki fè Loraj Gwonde.


Proteje m nan tout sa map fè, banm Limyè e ouvè tout pòt délivrans pou mwen.


AyiboboÈzili Kenwa


Èske w te konnen yon lwa ki rele èzili kè nwa? 


Ebyen èzili sa se yon lwa ki trè danje. Nan ki sans li danje? 


Avan tou depi yo pale w de èzili yo fè referans ak fanm. 


Ebyen èzili sa ki rele kè nwa. Li danje se pou gason ki pa respekte tèt yo ki pran plezi nan fè fanm mal ansent yo bat bouda yo ale san okipe timoun sa ebyen èzili kè nwa ap baw santans ou. 


Medam ki sibi sò sa yo. Abiye timoun lan an nwa fè 4 fasad avèk li di èzili kè nwa men pitit sa papa l ban mwen l li pa vle okipe li. Èzili kè nwa ou menm ki la pou defann fanm. Ebyen si pitit sa pa pou entèl mwen remèt ou li nan plas li. Ou byen ou ka di. Mwen prezante w entèl mwen prezante w tchovi sa wa pran youn kite youn pou mwen avan w monte kabann lan ou salye latè avèk li aprè mete l kouche sou kabann lan. Maji sa pa gen okenn lòt lwa ki ka gate l si moun lan antò.


Gen yon lòt èzili ankò ki se èzili zye wouj ki barak anpil gen èzili balyann.


Men èzili kè nwa li pa jwe ak moun. Èzili kè nwa depi w vyole yon fanm, fanm sa pote èzili kè nwa plent pou li monchè ou pap chape. 


Si yon gason vyole w tou, mete w toutouni jan w te fèt la rele anmweyyy nan 4 fasad wap di nèg sa ki vyole’m lan si se nan koko li soti kòm yo di se èzili kè nwa ki ap bay piyay ebyen nèg sa se pou fè ti pa ti li pa janm kanpe ou byen pouri devan l epi mete rad nwa sou ou epi w kouche . Se lwa ki gen figi l mare ak yon twal nwa bande zye li. Depi w doute pa pote l plent pou Men non Kelke Lwa Grann Nan diferan Nanchon nan vodou a. 


Grann Alouba.

Grann Tèsi Freda.

Grann Silibo Vavoun.

Grann Tenayiz.

Grann Zakasia ki Nan eskòt Zaka yo.

Grann Adelayid ( Petwo).

Grann Èzili (Petwo).

Grann Èzili Toro (Petwo)

Grann Aloumandja (Nago).

Grann Batala majik (Nago).

Grann Batala Neji (Nago/Osany).

Grann Adja (Fanmi Bosou).

Grann Ayizan.

Grann Bosou Konblanmen.

Grann Bosin.

Grann Zin.

Grann Atyasou Youngòdò.

Grann Filomiz (ki Nan eskòt Fawo).

Grann Bòt.

Grann Adanyi Kodan.

Grann Adanyi Wèdo.

Grann Bazil (li Nan fanmi Danje/ Jozèf danje ou jwenn Grann plis Nan zone Ansavo.

Grann Brijit.

Gtann Pele (Gedevi).

Grann Ibo Lele (Sud).


Divizyon Kongo 


Grann Gènge. 

Grann Tcheleka.

Grann Nzinga.

Grann Zimba.

Gran Matoundou Meji.

Grann Yaya Mpoungwe.pa pase ou menm.Men non Kelke Lwa Grann Nan diferan Nanchon nan vodou a. 


Grann Alouba.

Grann Tèsi Freda.

Grann Silibo Vavoun.

Grann Tenayiz.

Grann Zakasia ki Nan eskòt Zaka yo.

Grann Adelayid ( Petwo).

Grann Èzili (Petwo).

Grann Èzili Toro (Petwo)

Grann Aloumandja (Nago).

Grann Batala majik (Nago).

Grann Batala Neji (Nago/Osany).

Grann Adja (Fanmi Bosou).

Grann Ayizan.

Grann Bosou Konblanmen.

Grann Bosin.

Grann Zin.

Grann Atyasou Youngòdò.

Grann Filomiz (ki Nan eskòt Fawo).

Grann Bòt.

Grann Adanyi Kodan.

Grann Adanyi Wèdo.

Grann Bazil (li Nan fanmi Danje/ Jozèf danje ou jwenn Grann plis Nan zone Ansavo.

Grann Brijit.

Gtann Pele (Gedevi).

Grann Ibo Lele (Sud).


Divizyon Kongo 


Grann Gènge. 

Grann Tcheleka.

Grann Nzinga.

Grann Zimba.

Gran Matoundou Meji.

Grann Yaya Mpoungwe.Èzili Kenwa


Èske w te konnen yon lwa ki rele èzili kè nwa? 


Ebyen èzili sa se yon lwa ki trè danje. Nan ki sans li danje? 


Avan tou depi yo pale w de èzili yo fè referans ak fanm. 


Ebyen èzili sa ki rele kè nwa. Li danje se pou gason ki pa respekte tèt yo ki pran plezi nan fè fanm mal ansent yo bat bouda yo ale san okipe timoun sa ebyen èzili kè nwa ap baw santans ou. 


Medam ki sibi sò sa yo. Abiye timoun lan an nwa fè 4 fasad avèk li di èzili kè nwa men pitit sa papa l ban mwen l li pa vle okipe li. Èzili kè nwa ou menm ki la pou defann fanm. Ebyen si pitit sa pa pou entèl mwen remèt ou li nan plas li. Ou byen ou ka di. Mwen prezante w entèl mwen prezante w tchovi sa wa pran youn kite youn pou mwen avan w monte kabann lan ou salye latè avèk li aprè mete l kouche sou kabann lan. Maji sa pa gen okenn lòt lwa ki ka gate l si moun lan antò.


Gen yon lòt èzili ankò ki se èzili zye wouj ki barak anpil gen èzili balyann.


Men èzili kè nwa li pa jwe ak moun. Èzili kè nwa depi w vyole yon fanm, fanm sa pote èzili kè nwa plent pou li monchè ou pap chape. 


Si yon gason vyole w tou, mete w toutouni jan w te fèt la rele anmweyyy nan 4 fasad wap di nèg sa ki vyole’m lan si se nan koko li soti kòm yo di se èzili kè nwa ki ap bay piyay ebyen nèg sa se pou fè ti pa ti li pa janm kanpe ou byen pouri devan l epi mete rad nwa sou ou epi w kouche . Se lwa ki gen figi l mare ak yon twal nwa bande zye li. Depi w doute pa pote l plent pou pa pase ou menm.Jodi a nou pral fè yon Ti pale de lanp.


Lè nou gen yon pwoblèm, nou Pa bezwen kouri fè tèt cho pou n kouri al chèche solisyon toupatou. Nou Ka fè lanp nou, pou n adrese nou ak divinite yo direkteman. 


Chak lanp Gen Yon gadyen. 

Menm si n ap adrese ak Dantò. 


Egzanp : Si n ap fè lanp pou travay, pou komès se nan kokoye sèch Pou w fè l.


Si w ap fè lanp pou lanmou se nan ti chodyè 3 pye. 


Si w ap fè lanp pou fè yon moun ba w talon l kitew an pè w ap fè l nan Ti chodyè 3 pye. 


Si w ap fè lanp pou siksè w ap fè l nan bòl se pa asyèt blan non mwen di. 


Si w ap fè lanp Pou w reve w ap fè l nan zoranj si.


Si w ap fè l pou lwa bitasyon w wap fè l nan kalbas.


Si w ap fè lanp pou chans w ap fè l nan asyèt blan.


Si w ap fè l pou konesans w ap fè l nan bòl blan.


Si w ap fè l pou yon Moun ki Gen move bagay sou li W ap fè l nanTi lanp tèt gridap.


Si w ap fè l Pou w vwayaje w ap fè l nan Po lanbi. 


Si w ap fè l pou Yon Moun chita nan kay tankou mari w, Pitit ou Elatriye... W ap fè l nan chodyè ak fèy kowosòl. 


Men chak gen medikaman pa yo. E chak gen gadyen Pa yo. 

E chak Gen medikaman Pa yo. 


Ayibobo

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka