Leson

 Èzili mapiang 


Jou samdi li parèt sou ou an dife. Regleman Cho kou dife.

Nan ti chodyè 3 pye a . 


Lwa èzili Mapyang lan chaje bonté lakay li. 


Fanm nan anpèdisyon ou vini devan lwa sa bagay sa fini. 


Fanm nan fè pitit la lougawou sòti pou manje li, ebyen ale kote bawon nan yon jou samdi pran regleman tè devan bawon épi kite yon kouto nèf devan bawon sou non mapiang sa, ebyen Kèlkeswa jan sa ye lougawou sa pral vòmi san san rete pou jiskaske Souf li koupe. 


Aprè ale devan mèt gran bwa sou non Baliang nan kase fèy nan gran bwa benyen timoun sa se fini. 


Sonje mande gran bwa, marasa bwa, e Simbi Makaya, pwoteje timoun sa depi menm moman wap kase féy la souple. 


Nou toujou nan bonté lwa Èzili Mapiang nan. 


Fanm nan ap nwi kò li nan relasyon an li pa vle chita poul fè elevasyon timoun yo ebyen se fini ak granmoun sa. 


Nèg la fè timoun yo paske li pa ka itilize manman ankò li pa okipe ti moun nan, remèt sa bay gran fanm souple. 


Ou fè bisnis la li ka pa bay antre nan jou avan yo men souple depi mapiang ladann li déjà konnen ki sa pou Di e fè fas ak ayizan, kouzen zaka e Dantò pou sa mache byen. 


Fi a ansent men chaje pèsekisyon ou gen gwo dout nan akouchman, ebyen ok remèt sa bay mètrès Èzili Mapiang. 


Bonté lwa sa anpil men mwen pa vle tèks la twò long nou oblije kanpe la.Panteyon vodou ayisyen. 


Pantewon vodou ayisyen se yon melanj de plizyè tribi afriken ki te soti an afrik ak koutim, mès, epi kwayans yo ki vinn jwenn ak taïnos ki te sou tè a, ki te gen pwòp kilti ak mès yo. 


Se sa ki fè panteyon vodou ayisyen an vin gen 21 rit ou nachon ladan l. Se yon panteyon ki rich. 


Chak rit sa yo gen fason yo jwe se sa ki fè divèsite vodou, se sa ki fè vodou a pratike diferant fason nan rejyon peyi a. 


21 rit yo se: 


▪︎dawomen.

▪︎rada.

▪︎petwo.

▪︎nago.

▪︎matinik.

▪︎Djouba.

▪︎sinika.

▪︎kaplaou-kanga.

▪︎manding.

▪︎kongo- fran.

▪︎simbi.

▪︎makaya.

▪︎boumba mazwa.

▪︎kongo savann.

▪︎moundong-mousayi.

▪︎kita.

▪︎Zandò.

▪︎Ibo.

▪︎Guede- banda.

▪︎Anmin.

▪︎Makanda-bizango. 


De rit nou plis tande nan vodou ayisyen se Rada ak Petwo, se de rit ki fè pilye vodou ayisyen an. 


☆Rit rada: se espri ansyen pli souvan se espri ki viv nan dlo se espri sa yo fè referans rele "lwa blan", yo rele yo konsa pou fason ak koulè prensipal rit sa ki se "blan" men ki pa fè referans ak lwa blan ki di yo pa lwa ayisyen. 


☆Petwo: se yon pakèt lwa trè fougue, lwa ki trè cho ki sèvi ak dife se yon rit ki danjere souvan "lwa sa yo rele lwa kreyòl". 


Rit sa kreye 14 dawout 1791 nan seremoni bwa kayiman" koulè rit sa se

wouj. 


Enpòtan.


☆Rit: se kote yon lwa soti, ak fason lwa sa danse. 


☆Skòt: se ansanm ki nan yon fanmi lwa. 


Nb: lwa ka nan menm eskòt li pa danse sou menm rit. 


Egz: eskòt lwa Èzili a, Èzili dantò a Èzili Freda freda. 


▪︎Ezili Dantò danse sou rit petwo.

▪︎Ezili Freda sou rit rada. 


Lè w nan koze dans ou pa di w'ap fè dans rada, Ou di wap fè dans Dawomen ou dans petwo.Marinèt pye sèch. 


Marinèt pye sèch se yon lwa ki sou rit petro Bizango Nan vodou ayisyen an se youn nan lwa ki vrèman pwisan e danje. 


Nou envoke lwa sa a lè nou vrèman an danje sitou lè yo vann yon moun nan bizango nou konn rele l pou l ka trete moun sa a epi mete gad li sou moun nan pou n ka bay moun nan lavi. 


Nan tout seremoni li pa janm vin bonè li toujou vini nan ta nan sware e se pa nan tout seremoni y ap rele l paske jan li manje se yon bagay tèrib paske li boule bèt yo tou vivan (paske l renmen pran sant vyann yo k ap boukannen) pou l ap manje paske se vyann boukannen li renmen ak gro kleren ki fò epi pou l ap mache nan dife. 


Li manje Poul nwa, kochon nwa.


Koulè rad li se nwa e wouj li renmen ponya tou🗡 


Li fè alyans ak tijan Dantò.


Jou li se Samdi.


Li mache sou Fòm bèt yo rele Chwèt la🦉 koulèv🐍 oubyen sou fòm yon zonbi ak rad nwa oubyen wouj. 


Se lwa depi l ap trete yon maladi Lè l fin trete l l ap touye malfektè kite voye maladi a, li vrèman efikas nan trete moun yo vann nan bizango epi vanjans⚰️ depi w antò yo voye Marinèt deyè w w ap mouri e si yon moun eseye sove w l ap mouri tou. 


Istwa revele li se te yon ansyen esklav revòlte.Kiyès ki tijan dantò e tijan petro? 


Tijan dantò ak tijan petro se 2 gwo lwa ki fè pati vodou nou an. 


Men an reyalite lwa sa yo vle di yon sèl menm ke yo sou plizyè rit. 


Tijan petro se yon lwa ke nou twouve nan rit petro a, lwa sa se lwa ki vrèman cho senbòl li se dife, si senbòl li se dife ebyen li pa dou konnen depi lwa pa dou ebyen li gen cho ak frèt sa vle di li pa jwe. 


Tijan dantò se toujou menm lwa, menm ras la, menm fanmi an, menm eskòt la, men tijan dantò twouve l nan rit rada. 


Tijan dantò a vrèman bon pou sèvi ak li nan jou madi bò papa legba ak mètrès dantò nan jou madi yo pou chèche gras ak padon devan sa ki kondane nou yo. 


Tijan petro bon pou sèvi ak li nan jou vandredi ak samdi sou dimansyon kalfou ki donk mèt lanjelis dwe konn tout bagay. 


Sèvi ak li la pou vanje sa yo fè w ki pa bon, sèvi ak li pou espedye l al chèche mennen ba w ou, sèvi ak li jan w vle. 


M ap di nou Lwa sa renmen koze sigarèt li ak kleren li nou dwe toujou prepare boutèy li mete la, Plant ki rele lanni an mete l nan boutèy li san pwoblèm l ap bwè l dous ni pike. 


Lwa sa pou ou menm ki genyen l ki mache ak ou w ap toujou wè l parèt devan w tankou yon ti tonton granmoun timoun. 


Toujou gen yon baton byen kout pou li paske pye tijan tèlman pye l kout ou ka di li pa gen pye. 


Lwa sa ou ka achte 3 mouchwa pou li:

▪︎Jòn.

▪︎Nwa.

▪︎Blan.

▪︎Wouj. 


Lè l parèt sou rit petro ak rada.

Konprann byen mezanmi 


Lwa sa yo se yon eskòt yon fanmi 

Fanmi lwa sa se fawo. 


Enèji sa se nan nò ou jwenn yo ak sidès. 


Nò se rada, sidès se petro. Men kèk nan non fanmi lwa sa yo: 


▪︎Tijan dantò.

▪︎Tijan petro.

▪︎Tijan zonbi.

▪︎Tijan krab.

▪︎Tijan brake.

▪︎Tijan fawo. 


Bonte lwa yo: 


Lè w gen lwa chans ou ogmante, afè w pap pimal pase sa, depi w ranje koze w avè l, Lwa sa li bay anpil kòb.Zafè bolèt la li souvan bay boul li klè se tankou dlo kokoye. 


Sa pou evite: 


Pa di w ap sèvi sen janbatis pou lwa tijan. 


Pa janm bliye sen se legliz yo ye yo pa janm pale. 


Konnen lwa nou yo nan van, nan dlo, nan tè a, ak nan dife a. 


Konnen byen sa ki pou nou yo ase souvan lwa n ap pale de yo a yo trè demonstratif ki donk yo souvan pale sou nou fè nou konprann byen ak mal.Reveye konsyans nou pa kite dòmi ale ak nou.Kiyès ki tijan dantò e tijan petro? 


Tijan dantò ak tijan petro se 2 gwo lwa ki fè pati vodou nou an. 


Men an reyalite lwa sa yo vle di yon sèl menm ke yo sou plizyè rit. 


Tijan petro se yon lwa ke nou twouve nan rit petro a, lwa sa se lwa ki vrèman cho senbòl li se dife, si senbòl li se dife ebyen li pa dou konnen depi lwa pa dou ebyen li gen cho ak frèt sa vle di li pa jwe. 


Tijan dantò se toujou menm lwa, menm ras la, menm fanmi an, menm eskòt la, men tijan dantò twouve l nan rit rada. 


Tijan dantò a vrèman bon pou sèvi ak li nan jou madi bò papa legba ak mètrès dantò nan jou madi yo pou chèche gras ak padon devan sa ki kondane nou yo. 


Tijan petro bon pou sèvi ak li nan jou vandredi ak samdi sou dimansyon kalfou ki donk mèt lanjelis dwe konn tout bagay. 


Sèvi ak li la pou vanje sa yo fè w ki pa bon, sèvi ak li pou espedye l al chèche mennen ba w ou, sèvi ak li jan w vle. 


M ap di nou Lwa sa renmen koze sigarèt li ak kleren li nou dwe toujou prepare boutèy li mete la, Plant ki rele lanni an mete l nan boutèy li san pwoblèm l ap bwè l dous ni pike. 


Lwa sa pou ou menm ki genyen l ki mache ak ou w ap toujou wè l parèt devan w tankou yon ti tonton granmoun timoun. 


Toujou gen yon baton byen kout pou li paske pye tijan tèlman pye l kout ou ka di li pa gen pye. 


Lwa sa ou ka achte 3 mouchwa pou li:

▪︎Jòn.

▪︎Nwa.

▪︎Blan.

▪︎Wouj. 


Lè l parèt sou rit petro ak rada.

Konprann byen mezanmi 


Lwa sa yo se yon eskòt yon fanmi 

Fanmi lwa sa se fawo. 


Enèji sa se nan nò ou jwenn yo ak sidès. 


Nò se rada, sidès se petro. Men kèk nan non fanmi lwa sa yo: 


▪︎Tijan dantò.

▪︎Tijan petro.

▪︎Tijan zonbi.

▪︎Tijan krab.

▪︎Tijan brake.

▪︎Tijan fawo. 


Bonte lwa yo: 


Lè w gen lwa chans ou ogmante, afè w pap pimal pase sa, depi w ranje koze w avè l, Lwa sa li bay anpil kòb.Zafè bolèt la li souvan bay boul li klè se tankou dlo kokoye. 


Sa pou evite: 


Pa di w ap sèvi sen janbatis pou lwa tijan. 


Pa janm bliye sen se legliz yo ye yo pa janm pale. 


Konnen lwa nou yo nan van, nan dlo, nan tè a, ak nan dife a. 


Konnen byen sa ki pou nou yo ase souvan lwa n ap pale de yo a yo trè demonstratif ki donk yo souvan pale sou nou fè nou konprann byen ak mal.Reveye konsyans nou pa kite dòmi ale ak nou.ERZILIE FREDA KANWOULO 


Kanwoulo se yon mo ki sòti nan mo Nkawu an kikongo. 


Kanwoulo dekonpoze konsa an Nkawu + Lo. Nkawu vle di alafwa yon baton pou moun mache pou fè lachas ak yon kri pike. Lo li menm vle di wouj tankou chabon gayak. 


An Kikongo, foud se Nzazi, mo nou jwenn tou nan lang ayisyen an sou non Zazi. Èzili Freda Kanwoulo se pou dekri jan foud ye menm lò li pral tonbe yon kote.


Se pa nan tout mwa ou jwenn Loray kawoulo. Se sitou nan mwa dawou. Kidonk Èzili Kanwoulo se loray mwa dawou.......( se yon lwa tou ki pote anpil richès, nan lòt sèk yo moun ki konnen se li menm venere plis pou LA richès) pou moun kap chache la richès) 


Dapre rechèch kèk ‘‘ethnographiques’’ se Ezili Kanwoulo ki te mennen seremoni Bwa Kayiman nan 14 dawou 1791. E Lwa sa a fete 14 dawou. Afriken yo te toujou nan fete Lwa sa ansanm ak tout Nanchon Kongo yo. E se dat sa tou lakou Soukri fete tou. 


🎶Se zeklè yanyan se loray mwa dawou, 

se zeklè yanyan se loray mwa dawou,

M a rele kanwoulo, Èzili Freda, Kanwoulo, 

O kanwoulo Mètrès kanwoulo 


Djavan·nan Imanmou de

Evi Gwètò Nayinde

Èzili Doba

Èzili Freda Kanwoulo

Èzili Gwètò

Èzili Ibo Eya

Èzili Seneka

Èzili Toya

Fanm Zila

Grann Èzili Dowa

Grann Silibo Vavoun

Grann Toya

Grann Zinga

Zazi Moyo

Zazi Poungwe 


Izagon-Azagon

Jeneral Klèmèy

Kong Labalèn

Kong Lasirèn

Larèn Kawolo

Grann Tòbòk

etc....Kèk tip de lanp


Lanp Jistis: 

Yon Lanp Jistis kapab monte nan yon ti Chodyè 3 Pye, nan Kalbas, nan Po Krab Blanch, ou byen nan yon Mamit. Sa k enpòtan se nan ki Lye wap monte Lanp lan, ki materyèl ou itilize, ki jan wap fè rekòmandasyon an e ki jan wap ranvwaye Lanp lan, depan de jan w vle jwenn Jistis la. 


Lanp Dantò:

Grès kochon, Lwil maskreti, Diven Wouj, 7 piman bouk wouj, Vi Dajan prespite wouj, 3 Kalite Pwav manje, mete Lwil kochon an, limen Mèch koton an, mete Lwil maskreti a, 3 kalite pwav la, Piman epi poud prespite a, fè lanp lan Kat fasad. Apre sa jete 3 de gout diven, fè rekòmandasyon w. 


Lanp Freda:

Lanp pou Mètrès sa, hmmmm. Sa mande fòk ou nan yon eta ki "pur" ak anpil prensip.


Nan yon Asyèt Blan: Mete Lwil Jasmen, Lwil Akasya, Lwil Doliv, Lwil de Wòs, 3 degout Dlo, salye 4 fasad, jete 3 gout siwo dòja ou byen anisèt, mwen toujou itilize nenpòt likè dous si m pa gen anisèt/siwo dòja, fè rekomandasyon w, kouche tann repons ou. 


Tout lanp mande pou pran San w pou fè bon demand pou kapab byen adrese Lwa yoAzaka Mede 


San Azaka Mede, pèsonn pap manje, se gras ak lwa sa ki fè yo kapab bay tout lwa yo nèt manje, se gras ak Azaka nou ka nouri fanmi nou. 


Se sa k fè yo rele li minis Zaka ou Azaka Mede paske li jwe yon gwo wòl nan Vodou a. 


Lwa sa se yon lwa ki fè anpil bèl bagay. Li fè moun fè komès byen, li fè ou travay byen. 


Nan vodou a li mache ak anpil lòt lwa ki se:


▪︎Ayizan

▪︎Dantò

▪︎Agawou

▪︎Gede...


Chak lakou sèvi lwa sa nan fason diferan e yo monte djakout li diferan fason selon regleman lakou a. 


Lwa Azaka manje tout sa ki sòti nan latè. Li renmen manje tchaka anpil (vyann sale ak pye ak anndan bèt sale.) 


Lwa sa renmen bwè bwason ki tranpe ki fèt ak tafya fòk li gen boutèy ki fèt:


▪︎Youn ak lanni.

▪︎Youn ak kòs.

▪︎Youn ak asosi.


Li remen bwè ni kafe dous ni anmè. Chokola ak lèt ki bouyi ak kanèl ak anetwale.


Si w ap fè tab pou li, fòk tab li ranje ak tout manje ki sòti nan latè, bonjan fri. 


Li renmen manje nan kwi ou byen sou fèy bannann, li renmen tout sa ki natirel. 


Li renmen djakout li fèt ak:

▪︎Mayi griye.

▪︎Wowoli. 

▪︎Pistach griye.

▪︎Chanchanm.


Epi yon ponyen:


▪︎Diri. 

▪︎Pwa.

▪︎Mayi.

▪︎Pitimi.

▪︎Ak tout sòt de angren ki kapab plante.


Azaka toujou ak djakout li byen ranje ak sèpèt li paske li toujou sou travay. Azaka pa mele ak parese. 


Li renmen pou mete:

▪︎Tabak.

▪︎Poud tabak.

▪︎Pip.

Pou li nan djakout li.


Koulè mouchwa li se:

Ble

Wouj

Vèt 


Li renmen twal:

Karabela ak abako (gro ble) Pou kouzen. Rad karabela ak rikrak, bouton bwa, epi 2 pòch devan pou kouzen. 


Kouzen ak kouzin se yo ki fè konbit ak kòve nan jaden yo

Kouzin konn rèn drapo konbit tou. 


Azaka se yon lwa ki atire pwogrè nan tout sans, li bon nan ba moun bon travay, bon biznis e li fè ou fè kòb pou fè dans pou tout lòt lwa yo. 


Li ede ou nan lavi ou tou pou pa janm pòv se sa k fè li mache ak Dantò, Ayizan. Lwa sa yo atire richès. 


Chak lakou sèvi lwa sa nan jan pa yo


Gen:

Zaka

Azaka Mede 

Azaka krib 

Azaka tonnè...Èzili yo 


Ezili yo se Antité ki bay lanmou AK proteksyon e Moun yo bay plis protection yo se fanm, ti Moun AK Moun ki plis vilnérab. 


A chak fwa ou bay proteksyon ak timoun fanm ansent , Moun ki vilnérab, ak étranje ebyen bèl aksyon sa se divinité sa ki konn vinn rekonpanse yo 


Konsèy Pam pou nenpòt gason, divinite sa pini sévèrement moun k'ap abize de fanm ak tifi, dè fwa lwa sa konn pa tann viktim nan vin mande yo jistis yo konn jis tou aji.Kèk lwa Petwo 


Koulè tradisyonèl lwa Petwo yo se wouj, Rit petwo a se sou zile a li a li pran nesans.


1.AZANGON LORO. 

2.BAKOULOU BAKA. 

3.BOSOU TWA KÒN. 

4.BRIZ MONTANY. 

5 - BRIZE.

6 DAM LAVE. 

7.DAMBALA WEDO DJENKE. 8.DISPONYA LODE. 

9. EZILI BOHAN. 

10.GOUGOUN DANYON. 

11. GRAN BWA MEDJI. 

12.GRANN BOT. 

13.GRANN EZILI. 

14.JAN PETRO.

15.JATIBWA KENTO.

16.JENERAL BRIZE. 17.KABWATYE. 

18.KAFOU GDI GHIDI.

19.KAFOU TWA. 

20 LAYE BWA. 

21 LEGBA BWA.

22.LENGLENSOU BASEN SAN.

23 LENGLENSOU DANMAN. 24.LENGLENSOU GWE. 25.LENGLENSOU PYE.

26. MAHILWEIZ BOUMBA ( manze).

27. MAMBO ADELAYID GWO TETE.

28. MAMBO DAYILA.

29. MANMAN YANGAN.

30. MARASA BWA.

31. MARASA LAFRIK GINEN. 

32. GRAN BWA ILE ( MET ). 33.LOVANA (METRES). 

34. MERANSYEL (METRES). 35.PYE (MOUCHE).

36.OGOU JE WOUJ.

37. PYE BRIZ. 

38. PYE DANTO.

39. PYÉ DANYON.

40. PYE MARAJOU.

41.SIMBI AFRIKEN. 

42.SIMBI AMPOLA. 

43.SIMBI DHLO.

44. TIJAN DANTO.

45.TI JAN PETRO. 

46. ZAKA KWESI MANYAN.

47. ZAZI MAZWA.

48.ZILE MPEMBA. 

49. ZINGA BWA. 

50. JANBE MALE.Sa nou dwe konnen.


Poukisa yo toujou di w lè w ale achte bagay pou fè yon travay mistik ou pa dwe fè pri ? 


Jan ke m toujou di nou an fè wonga ou byen fè maji kòmanse depi lè w te gen panse a fè l la, li ale jiska lè w ale achte bagay yo, e li enfini koz menm ke w fin travay wonga w te fè a toujou ap fè chimen l. 


Se pou tèt sa li enpòtan pou ou menm ki pral fè wonga pou pirifye lespri w kò w pou wonga kapab bon. 


E dezyèmman ou sipoze ale achte bagay pou fè wonga yon kote w konnen y ap ba w bon medikaman yo p'ap melanje yo, e suiv tou karakteristik moun k ap vann lan koz gen moun ki kapab vann ou yon bagay pou w ale fè yon travay, travay sa ka pa mache wi koz gen moun tout sa l melanje ladan l li gate l. 


Ou sipoze gen yon moun espesyal pou achte oubyen yon kote espesyal pa ale achte nan men ti pyè, ti jan, gen moun enèji w ale avè l. 


Nou poko rive nan vrèman sijè a ki se poukisa w pa dwe bay pri? 


M kapab di se pa medikaman vrèman ki fè yon manje gou, sinon tout moun t ap kapab konn fè manje, se menm jan se pa pil medikaman ki fè maji bon gen moun ki fè maji ak yon gode dlo, se bon enèji pou genyen. 


Rezon ki fè lè w ale achte medikaman pou fè maji pou pa bay pri l, se pa medikaman ou ale achte vre se pito enèji ou ale achte, e tande se enèji ou ale achte li pa bon pou w ap bay pri ak enèji a. 


Men ki sa pa bay pri a ye: Tankou w kapab ale achte yon ti chodyè 3 pye pou monte yon lanp pou Mètrès Dantò. 


Lè w rive w ap mande konbyen ti chodyè sa machann lan ap di w 500 goud kòm egzanp ou menm ou pap di l w ap ba l 400 goud w ap jis lonje 500 goud la ale se sa ki rele pa bay pri a. 


Pa bay pri a se pa parèt tankou moun fou pou jis lonje 1000 goud bay moun nan epi w ale.

Lòt bagay ankò nou dwe konnen lè w ale achte bagay pou fè maji ou sipoze lage yon ti kòb atè lè sa ou peye enèji a jan m di nou an, se pa medikaman nou ale achte vre se enèji ou ale achte. 


Yon lòt bagay m ap di nou kèlkeswa ougan oubyen manbo k ap fè travay pou nou an pa kite se li menm ki di nou men ki kote pou n ale achte medikaman pafwa yo gen moun pa yo pou yo fè w peye l pri l pa vo sou baz ou pap kapab bay pri. 


Souple lè n sot fè travay kay ougan yo pa di l w ale, pa kite l mete sa l ap ba w la nan sachè nwa, pa di l mèsi paske w deja peye pou leve travay la, pa gade dèyè koz tout movèz enèji yo se dèyè do w yo ye.Grann 👑👵🏿🌿✨ 


Nan Tradisyon Vodou an Grann, se pi Gwo Pyebwa a, dimansyon ki pi wo nan Panteyon Espri Metrès yo.

Grann yo existe nan tout rit, nan tout Nanchon, ki egziste nan Tradisyon Vodou yo.


Nanchon Kongo : Grann M’Pempa, Grann Tchelika, Grann Zouzi ak Simba… 


Nanchon Arada-Dawomen : Grann Silibo, Grann Ayizan, Grann Èzili, Nannan yo (Grann Nana) 


Nanchon Nago: Grann Batala, Grann Sen An, Aloumandja. 


Nanchon Ibo: Grann Ibo. 


Nanchon Gede: Grann Brigit.

Pou site sa yo sèlman, pwovèb lan di lè ou pa gen Manman ou tete Grann, se nan plas Manman Grann Sèvi paske Grann lan se yon Manman tou.


Yo se Gadyen Tradisyon an, paske yo se premye zanzèt primòdyal nan tout nanchon. Yo se Achiv e bibliyotèk Tradisyon an. Yo se lwa ke tout lwa koube devan otorite yo ak sajès (konesans) yo.


Gen yon gran, ki te aprann lè vyole prensip ak regleman Grann, ou pap jwenn gras ak merit, devan okenn lwa, ese yon sèl lwa nan Vodou an, ou ka itilize pou jwenn gras ak mizerikòd lwa Grann.Sa nou dwe konnen. 


Saint. 


Depi nou tande mo sa nou gen tan wè se Yon bagay ki pur, ki pwòp oubyen San tach. Sou menm koze sen sa gen moun k'ap poze kesyon, èske gen sen nan vodou? èske sen katolik fè pati vodou? 


R1-oui nan vodou gen sen. Yo viv Nan dlo. Pou tèlman mond sa sal, moun yo pa pur ni enteryè ni eksteryè sa rann ke yo pa an kominikasyon ak lòm. Yo pa danse nan tèt lòm menm jan ak lwa yo tankou Dantò, Ogou ect... menm Freda depi espas la sal li PAP vini. Yo kominike ak lòm nan dòmi. 


2 r- Depi sou kesyon an w'ap gen tan wè katolik pa gen rapò ak vodou. Sen katolik, se de moun ki te vécu nan enstitisyon katolik ki vin mouri, sa pral depann de nivol yo pral gradel kòm sen. Imajinew si moun sa yo te konn fè mal sou latè épi yo rann ou ap onore zansèt sa yo ankò? ou wè valè mal yo fèw? a chak fwa wap priye sen sa se entèpele ou entèpele nan sa e ou agrandi fòs legliz katolik. Nou tout déjà konnen ki valè mal ke legliz kotolik fè kòm, esklavaj. 


Ki donk genyen saint nan vodou men li pa gen anyen poul wè ak saint katolik. Imaj saint sa yo tou tan n'ap priye yo se kòmsi wap ogmante fòs esklavaj la, wap bay legliz katolik plis fòs poul domine. 


Nb: Pou moun kap Di lwa ginen konn voye yo Nan pye saint an, se pa manti men se moun ki TAP viv sou tè a ki te kolonize pa legliz katolik, ki vinn travèse ki resevwa grad lwa epi ki retounen Nan menm lakou sa pou vinn pwoteje pitit li, se menm lwa sa yo kap voyew nan pye saint an.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka