Leson enpòtan
Kèk lwa ki fè pati makaya.
M te di makaya vle di fèy.
1- Èzili Mapyang
2- Kafou kat chemen
3- Loko Atisou
4- Loko Azanblo Gidi
5- Lwa Mazòn
6- Mèt kafou tengendeng
7- Simbi Makaya
8- Simbi Maza
9- Simbi twa ile
10- Simbi yanpaka
11- Wangita
12- Yanpaka Malò
13- Yanpaka paka
14- Zaka klib
15- Zaka konobi
16- Zazi Pannan.Jou samdi.
Jou samdi se yon jou ki mistik anpil, se sa k fè moun ki fèt jou samdi toujou gen yon dimansyon mistik ki elve, e se jou ki pi cho pami tout 7 jou yo, se jou Petwo, jou yo fè tout sòt de wanga, se jou fanm ale nan mache, se jou fanm ale lave, se jou fanm kanpe pise, se jou pou konnen kòman dimanch ou ap ye, ebyen jodi a m pral ba nou kèk bagay ou pa dwe fè jou samdi.
☆Premye bagay pou pa fè jou samdi
Evite fè kòlè pale anpil jou samdi, jou samdi se jou konsakre w espirityèlman, se jou ou kapab pran ben-y pirifikasyon.
☆Dezyèm bagay ou pa dwe fè jou samdi.
Pa janm fè sèks ak yon moun ke w pa renmen vre jou samdi, li t ap ankò pi bon si w pa ta plimen menm jou samdi sitou pou moun ki sèvi e ki gen alyans ak Èzili Dantò yo.Kèk lwa kreyòl e Gad ki pi popilè.
▪︎Simbi Makaya.
▪︎Gran bwa Lilèt ou Djab kriminèl.
▪︎Lenglensou basen san.
▪︎Lenmba Zaou.
▪︎Marinèt pye sèch.
▪︎Èzili mapyang.
▪︎Ti jan pye sèch.
▪︎Wa maj yo.
▪︎Ouangòl.
▪︎Amin.
▪︎Danwezo.
▪︎Rèn kongo.
▪︎Jean Baptiste Vixamar Legrand.Gad
☆Kèk lwa kreyòl e Gad ki pi popilè.
▪︎Simbi Makaya.
▪︎Gran bwa Lilèt.
▪︎Djab kriminèl.
▪︎Lenglensou basen san.
▪︎Lenmba Zaou.
▪︎Marinèt pye sèch.
▪︎Èzili mapyang.
▪︎Ti jan pye sèch.
▪︎Wa maj yo.
▪︎Ouangòl.
▪︎Amin.
▪︎Danwezo.
▪︎Rèn kongo.
▪︎Jean Baptiste Vixamar Legrand.
Apre sa nou gen kèk lwa tankou Loas Simbi yo ki sou regleman Gad tankou.
▪︎Simbi Anpaka paka.
▪︎Simbi Anpaka Malo.
▪︎Simbi Anpaka.
▪︎Simbi Loaka.
▪︎Simbi Makaya.
▪︎Simbi Andezo.
▪︎Simbi Afriken.
▪︎Simbi Maza.
▪︎Simbi Kita.
▪︎Simbi Dlo.
▪︎Simbi 3 ile.
▪︎Simbi Anpola.
▪︎Simbi fèy.
☆Nou gen kèk Gad kafou tankou.
▪︎21 Pwen kafou Laye Bwa.
▪︎Simetyè Houndile.
▪︎Kafou 4 chemen.
▪︎Simetyè Boumba.
▪︎Kafou 3.
▪︎Kafou Gidi gidi.
▪︎Mèt Kafou Kengendeng.
▪︎Kafou toro bann.
▪︎yo tout sou dimansyon Pwen e Gad alafwa.
▪︎Simbi Kita.
Pami non kèk Gad ki Anrejistre nou genyen:
▪︎Gad Anminan.
▪︎Gad Kandelo.
▪︎San Sekou.
▪︎Kriminèl.
▪︎Twa île.
▪︎Toro Dichèn
▪︎Adogan.
▪︎Woz anfè.
▪︎Sanyile.
▪︎Nou gen Dagwe.
▪︎Amesiyòl ki sou dimansyon Gad e alafwa Lwa.
▪︎Djab andèy ki sou dimansyon Pwen alafwa.
▪︎Gran Bwa Medji.
▪︎Mèt Gran Bwa ile ki sou dimansyon Lwa alafwa.
▪︎Grann Madoudou Kedji.
▪︎Jak tibwa Kento ki sou dimansyon pwen tou.
▪︎Dam lave.
▪︎Grann Zingga.
-Manbo Layide.Rit Rada.
Rit rada soti nan tribi arada se yon rit ki pi soup li gen espri ansyen ki ladan l.
Rit rada soti anndan dawonmen se sa k fè tout espri rada jwe sou rit dawonmen.
Men kèk lwa nap jwenn nan rit rada.
- Danyi.
- Anayiz Pyè.
- Adjehoun.
- Ayizan vèlèkètè.
- Agawou Bèt Sansan.
- Agawou Konble.
- Agawou Lefan.
- Agawou misan wèdo.
- Agawou Potokoli.
- Agawou tonè.
- Agawou Dam Selele.
- Agasou Yangòdò.
- Agasou Yèmen.
- Agasou wèlo.
- Agwe mede.
- Alazon Pyè.
- Atakwa mèdji.
- Atigbon Legba.
- Atidanyi boloko.
- Atyasou Yangòdò.
- Ayizan Gwèto.
- Ayizan velekete.
- Belekou Djòdjò.
- Bosou dhlo.
- Bosou kelendjo.
- Danmbala pyè wedo.
- Dan ayida wèdo.
- Djobolo Bosou.
- Dosou loko.
- Èzili Dantò.
- Èzili pyè.
- Faro mèdji.
- Filomiz pyè.
- Gran Bosou konblamen.
- Grann adanyi Kodan.
- Grann Wèdo.
- Grann adja.
- Grann alouba.
- Grann Atyasou Yangòdò.
- Grann Ayizan.
- Grann bòsin.
- Grann silibo vavoum.
- Hounfò.
- Jan bazil.
- Klèmezin klèmey.
- Komè loko.
- La balèn.
- Legba atibon.
- Legba avadra bowa.
- Legba azouka.
- Legba gran katawoulo.
- Legba misègba.
- Legba sanyan.
- Legba ti yanyan.
- Legba Zankliyan.
- Legba kay.
- Legba kele hounde.
- Legba koloboso.
- Loko djè.
- Marassa Dogwe.
- Marasa Dosa.
- Marasa Dosou.
- Marasa elou.
- Marasa jimo.
- Marasa kay.
- Marasa kreyòl.
- Marasa zensa.
- Marasa zensou.
- Mèt agwe taroyo.
- Pyè Aleman.
- Pyè Dambara.
- Pyè fere.
- Papa loko.
Etc...Rit petwo.
Rit petwo koulè wouj, dife, dans rapid, Sèvis rit petwo souvan antame ak dife "Dan petwo" se chèf rit petwo a.
Non lwa petwo yo souvan an kreyol.
Rit petwo kreye 14 dawou 1791 nan seremoni bwa kay imann se Duty boukman ki kreye rit petwo a.
Tanbou pewo bat avek men.
Kek lwa ki nan tit petwo:
▪︎Azongon loko
▪︎Bakoulou baka
▪︎Bossou 3 kòn
▪︎Brize montay
▪︎Brize
▪︎Dam lave
▪︎Danbala wedo Djenke
▪︎Disponya lode
▪︎Gougoune danyon
▪︎Gran bea medji
▪︎Grann bòt
▪︎Grann ezili
▪︎Jean petwo
▪︎Jan ti bwa kento
▪︎Kafou Guidi guidi
▪︎Legba bwa
▪︎Lenglessou basen san
▪︎Lenglessou danman
▪︎Lenglessou guè
▪︎Kafou twa
▪︎Laye bwa
▪︎Lenglesou pyè
▪︎Mayi lwuiz boumba (manbo)
▪︎Manbo adelayi gwo tete
▪︎Manbo dayila
▪︎Manman yonyon
▪︎Marasa bwa
▪︎Marasa lafrik guinen
▪︎Gran bwa ile (mèt)
▪︎Lòvana metrès
▪︎Meransyèl mètrès
▪︎Mouche pyè
▪︎Ogou je wouj
▪︎Pyè danyon
▪︎Pyè makajou
▪︎Simbi afriken
▪︎Simbi ampola
▪︎Simbi DHlo
▪︎Ti jan dantò
▪︎Ti jean petwo
▪︎Zaka kwesi manyan
▪︎Zazi mazwa
▪︎Zile mpenba
▪︎Zinga bwa
▪︎Ezili dantò
▪︎KabwatyeRit GUEDE BANDA.
Rit asosye ak espri lanmò ki gen divinite yo, gen divès bawon ak grann brijit.
Konsidere kòm paran guede yo.
Guede konstitye pasaj ant vivan ak lanmò.
Koulè:mov nwa blan.
Manje: aran sèl, viv boukannen ak anpil piman, bobori, kafe dous ak anmè.
Ofran sakrifisyèl: bouk kabrit nwa (jean simon brutus.
Kèk gede danse sou rit petwo anpil lòt sou rit rada.
Nan lis la 5 dènye yo danse sou rit petwo.
Guede: se non yo bay nan ansyen popilasyon Dawomen nan plato dabomey.
Banda: se non yo bay yon group etnik ki tal refijye yo nan "centrafricaine" nan 18 syèk yo.
Lis lwa guede yo.
▪︎Bawon gran bwa.
▪︎Bawon kafou.
▪︎Bawon kara.
▪︎Bawon kriminel.
▪︎Bawon lakwa.
▪︎Bawon lento.
▪︎Bawon simityè.
▪︎Bawonlin lakwa.
▪︎Bawon loran.
▪︎Brav guede nibo.
▪︎Bwa landeng lakwa.
▪︎Guede drivayê.
▪︎Guede fatra.
▪︎Guede kreyol.
▪︎Guede lensou.
▪︎Guede nouvanou.
▪︎Guede loray.
▪︎Guede pikan.
▪︎Guede ranmase.
▪︎Mazaka lakwa.
▪︎Grann brijit.
▪︎Jan guiyon.
▪︎Jan krab.
▪︎Jan loran.
▪︎Jan nzinga.
▪︎Jan zonbi.
▪︎Lento fè.
▪︎Senfò yawe.
▪︎Tichal lakwa.
▪︎Trase fouye lakwa.
▪︎Vye bawon.
▪︎Guede zarenyen.
▪︎Guedevi welo.
▪︎Jan simon britis.
▪︎Kaptèn lakwa.Rit ou nachon boumba maswa
Nan mitan bambala nan kongo a, boumba de premye zanset mitik mo a siyifi lakansyèl soti nan tout basen kongo a ritm tre patikilye trè sanble ak petwo a pa koupon tanbou yo osi byen k dans la.
Lwa ki nan rit la
▪︎Eskalye boumba.
▪︎Jan boumba.
▪︎Katya bossou.
▪︎Makaya boumba.
▪︎Mariani boumba.
▪︎Simityê boumba.Nanchon kongo fran.
Nanchon kongo enpòtan anpil, li gen plizyè regroupman ladan l tankou:
▪︎Moussoundi.
▪︎kongo bò lanmè mayombe,
▪︎bengwelo, etc...
Rad lwa kongo fèt ak 7 (koulè) twal.
Vèvè lwa kongo se yon etwal ak 5 branch ki tounen sou li menm e ki bay yon reyonman.
Bwason lwa kongo asowosi a yon grenn sèl.
Nachon vodou a sèvi pi souvan latibonit nan lakpu soukri. 2 tanbou"a kòd" ki gen nan rit sa kouvri ak po kabrit epi ki bat ak men.
Varyant kongo:
▪︎kongo mayombe.
▪︎moussoundi.
▪︎mousaï Mondong ki divize en 4 group:
•wongòl guinen.
•savann zanfò.
•mayombe.
E moussondi fè pati lwa kongo fran yo yon lòt sous mete kongo payèt kongo lazil, kongo anmin.
Lis lwa kongo yo
▪︎Choukoulout.
▪︎Bakouñou baka.
▪︎Ganba bila.
▪︎La rèn kongo.
▪︎Jan pyê mpongwe.
▪︎Grann yaya mpongwe.
▪︎La ren kongo Choukoun.
▪︎Artemiz (manbo).
▪︎Inan (manbo).
▪︎Lenba zao.
▪︎Nannan (manbo).
▪︎Choun (manbo).
▪︎Manman pemba.
▪︎Marasa kongo.
▪︎Legba kongo.
▪︎Similò gangan.
▪︎Tchikata.
▪︎Yaya mpongwe.
▪︎Zao lemba.
▪︎Zazi mpoungwe.
▪︎Zêbatè.
▪︎Nèg anba.
Lwa rit kongo se lwa ki soti nan peyi bantou ki se afrik de lwès, lwa sa yo mwens popilè ke lwa rada yo, men yo plis egzigan e yo rekonesan nan fè sakrifis yon chyen.
Lwa rit kongo
▪︎Bakoulou baka.
Lwa tèrib, pesonn pa janm oze rele l pou plezi.
▪︎Boumba
Fanmi lwa ki asimile ak simityè.
Mèt-simityè-boumba, li toujou akonpaye ak Bawon lakwa ak jan zombi.
▪︎Kita gwo lwa sosye ki soti nan vil togo ki sitiyel tou pre agwe, Yo asosye lwa ki ta yon gwoup lwa ki fò nan maji.
▪︎Mondong mousaï fanmi lwa moudong yo fe sakrifis yon chyen.Rit nan Vodou.
Rit se kote lwa soti fason ak koutim li danse. Panteyon vodou Ayisyen gen 21 rit.
☆Dawomen.
☆Petwo.
☆Rada.
☆Kaplaou.
☆Kita.
☆Nago.
☆Makaya.
☆Kongo.
☆Makanda bizango.
☆Ibo.
☆Taïno.
☆Simbi.
☆Matinik djouba.
☆Manding.
☆Boumba maswa.
☆Kongo savann.
☆Zando.
☆Moudong mousay.
☆Anmin.
Nb:gen anpil nan rit yo yo fè melanj antre Dawomen ak rada. Lè w'ap fè dans ou pa di dans rada ou di dans dawomen.
Rit diferan de eskòt, eskòt se ansanm lwa ki mache ansanm nou ka nan menm eskòt nou pa nan menm rit.
Egz: Èzili Dantò ak Èzili Freda:
▪︎Danto se petwo.
▪︎Freda se rada.Rit kongo.
Espri Kongo Nou jwenn:
▪︎Kongo fran
▪︎Kongo petwo.
▪︎kongo danpetwo
▪︎San bliye Kongo Savann.
Rit Kongo se yon bèl rit ki fè w danse. Li se yon rit kote Maji ak dans mele.
Dans nan rit Kongo se Maji. Kongo danse kòm si l ap pile Pile tè Pile Fèy. Kongo danse ak Fòs.
Poukisa paske fòs Kongo chita nan vant ak nan pati seksyèl nou.
Kongo sèvi ak Dlo.
Konsa nou Simbi Lawouze. Kongo sèvi ak dife pou chofe e remanbre Kongo konsa nou jwenn Andezo, Simbi Makaya, Makaya Boumba. Rit Kongo sèvi anpil ak fèy si pa gen forè pa gen Lwa Kongo.Èzili FREDA Dahomen : prensès Wida.
Vrè non Wida se Glèwè ou byen Glèhouè.
Wayòm Feda se yon lòt non pou Wayòm Wida. Freda vle di prens oubyen prensès. Kòm Wayòm Freda te vin sou kontwòl Kadya Bossou.
Wida ( Glèhouè) vin fè pati de peyi Dahomen. Ann Ayiti, nou sonje Èzili kòm yon prensès nan peyi Dahomen. Se pou sa nou rele l Èzili freda Dahomen.
Fi nan Ginen, sitou prensès yo te konn dekore kò yo ak bijou ki fèt an fè, an lò ki fè nou rele prensès Ezili bleng sou bleng.
Èzili Freda se patwon afeksyon, afeksyon tèlman enpòtan, sa sou reskonsabilite yon Lwa.
Prensès Èzili Freda rich. Rich nou di li rich la se pou montre afeksyon se richès, Afeksyon se lakòl ki kenbe yon sosyete ansanm, Se Afeksyon ki fè moun konn viv.
Depi nan Ginen, nou konn viv, Se konn viv ki te pèmèt Afriken viv ansanm lan diferan nanchon yo, Pèp Nanchon Mayombe gen yon pwovèb ki di tout bon bagay sot lan kè, Se Afeksyon ki sot nan kè n ki fè dyaspora a voye men bay moun lakay. Se konn viv, se Afeksyon youn pou lòt, ki fè moun al kase fèy pou sove lavi pitit, yon fanmi, yon vwazen, yon etranje.
Pawòl tankou ” depi lan Ginen Nèg rayi Nèg ” se pa pawòl ki chita sou verite. Se pawòl ki sòti lan degou moun gen pou dega ki te fèt an Afrik nan epòk komès moun kòm esklav la, Vrèman vre, gen mechan ak arivis lan tout peyi, sou tout kontinan, pami tout pèp. Men pa ta ka gen kwayans lan Èzili si depi lan Ginen moun pa t renmen lòt tou.
Yon kapitèn abò a te konn chire vyann pou yo pataje chak ti fil vyann nan dekwa pou yo tout te ka jwenn ti kal.
Konn viv se prensip enpòtan kay eritye Ginen. Jan Èzili renmen, konsa l jalou Pou Sèvitè l, jalou li jalou a montre kijan lè moun renmen yo konn vle moun yo renmen a pou yo menm sèl.
Dèske moun damou konn trayi konfyans lòt, lan desen vèvè Èzili, konn gen yon kouto k ap pike yon kè. Vèvè fèt konsa, espre pou montre trèt pa sot lwen, Se de pre kouto ponyade.
Konn gen desen kè ak kouto sou tonm moun nanchon Mayonbe, Lapèn ki konn gen nan renmen se bagay moun lòt nasyon remake tou.
Italyen yo gen yon espri yo rele Kipid. Li se patwon Afeksyon, yo desinen l kòm yon moun k ap tire yon flèch lan kè moun ki damou.
Gen kote nan Dahomen yo rele Èzili, Minona. Minona a vle di manman. Non Èzili a, se non yon letan Dahomen. Gen yon rivyè ki gen menm non an tou nan Nijerya.
Nan de peyi sa yo, moun pwononse Èzili, kòm Azili. Sa nòmal paske se abitid a pran plas e tankou nan chache ak chèche, Manman se moun ki konn neglije tèt yo pou pran swen pitit. Nou ka separe Afeksyon Manman gen pou pitit ak Afeksyon moun damou gen pou lòt dekwa pou n ka konprann de bagay sa yo pi byen.
Souvan, Èzili Freda reprezante Afeksyon ant moun damou.
Èzili DANTÒ reprezante Afeksyon manman gen pou pitit. Gen yon kalite pòtre Èzili ki popilè se foto yon manman k ap bay pitit li tete.
Gen mòd estati sa yo ann Afrik ki montre manman k ap soutni tete yo ak 2 men pou alete pitit yo.
De men yo montre se ak tout kè manman pran swen pitit.Papa Pyè.
Gen yon zanmi ki t'ap mande m pou m pale de papa pyè tèks sa se pou ou.
Gen yon chan ki di
"Pyè nou pral rele pyè jou a la ye
Pyè nou pral rele pyè jou a la ye
M' p'ap kite ledmi bare mwen.
M' p'ap kite ledmi bare mwen
Nou pral rele pyè
Jou a la ye
Ti moun yo an nou rele Pyè
Jou a la ye"
Nan nò peyi Dayiti, yo rele Papa pyè papa tout espri. Papa pyè se yon espri ki trè rèspèkte e trè venere nan nò peyi a.
Papa Pyè se yon espri ki senbolize sajès ekonesans.
Li se yon dimansyon de Danmbala.
Papa pyè se yon mesaje.
Li se yon espri ki gen anpil pouvwa.
Li bwè kleren menm jan ak eskòt pyè a.
Pami lwa pyè yo nou gen.
▪︎Pyè Dambala.
▪︎Papa Pyè.
▪︎Pyè Fere.
▪︎Pyè Aleman.
▪︎Manbo Anayiz.
▪︎Pyè Èzili Pyè.
▪︎Adye Houn Pyè.
▪︎Filomiz Pyè.
▪︎Mouche Pyè.
▪︎Houndile Pyè.
▪︎Kougwe.
▪︎Ayi Gweto.
▪︎Anwezo.
▪︎Fawo Dantò.
▪︎Mawou.
▪︎Nannan Boukan.
▪︎Kebyesou Dangleh.
▪︎Manbo Adelayi Gwo Tete.
▪︎Mètrès Lovana.
▪︎Lenglensou Pyè.
Papa Pyè se yon espri tout lòt espri rèspèkte e yo adore nan pye l.
Lè ou rive nan yon seremoni nan nò, Kèlkeswa lòt espri ki monte yo di w yo adore nan pye Papa Pyè.
Ou mèt tande Jan dantò dezòd, ou mèt tande jan loran dezòd, men nan regleman nò a lè yon moun gen Papa pyè w'ap wè tout lòt espri rèspèkte l. Malgre se espri ak espri. Lè Papa pyè nan yon seremoni tout lòt lwa rèspèkte l.
Li bwè kleren kri.
Li pale de yon ton sevè.
Lè l vini nan yon seremoni li konn fè kèk rekòmandasyon, li bay enstriksyon, li met lòd nan dezòd, li bay prensip.
Li pa manifèste fasil.
Li pa manifèste nan tèt tout moun.
Gen yon kwayans ki fè kwè Papa Pyè manifèste nan tèt moun ki wo, Ti Pyè manifèste nan tèt moun ki kout. Nou p'ap antre nan lojik sa, lwa yo gran moun.
Pawòl li se lò.
Anpil lakou nan nò, tankou: lakou dereal, lakou jisou, lakou senkadòno, lakou nan kanpèch, lakou kare, elatriye... w'ap wè espri ki an chèf lakou a se Papa Pyè.
Li se yon gwo, gwo espri. Li pa konplike. Avèk yon kanari plen dlo oubyen yon krich dlo, oubyen yon danmijann kleren li benyen w tout djòk, tout pwoblèm soti sou ou.
Li se yon espri ki pa egzijan, li pa wè lajan anvan.
Gen kote li sèvi ak mouchwa vè, gen kote yo ba l pote mouchwa la sent famiy.
Gen lakou lè li vini li bwè kleren nan zòrèy li.
Li se yon gran moun ki chèlbè anpil.
Lè li mache ak yon moun, li bay moun sa anpil sajès. Moun sa ap toujou ka rezoud pwoblèm ki parèt konplike pou lòt moun.
Moun ki sèvi papa pyè dwe toujou gen yon danmijann ou byen yon boutèy kleren la pou li ak yon krich dlo.
Li sèvi ak baton.
Se yon espri ki trè toleran, men ou pa dwe betizye avè l.
Li pa renmen kote ki gen bri.
Li gen bon regleman.
Nan regleman nò a li jwe yon wòl enpòtan nan sèvis lave tèt.
Si yon sèvis bloke, Papa Pyè ap debloke l.
Li gen kle pou l ouvri nenpòt pòt tankou legba.
Lè ou vle adrese l, pran yon krich dlo ak yon chandèl jòn, bay mouchwa l pafen, limen chandèl ou pale avè l.
Li bay bòlèt.
Li fimen tabak.
Li bay pasaj, sajès ak konesans.Koman ou ka rekonèt Èzili Dantò nan yon peristile?
Se sèl lwa sa ki gen rob tradisyonèl ayisyèn ke tout fanm nan peyi dayiti kapab swiv pou yo fon ròb pou yo mete, ou santi ayisyanite a nan li lè'w wè. Tèt li mare ak mouchwa ble a.
Ki odè Dantò renmen?
Se lew pran sant bazilik, ti bonm, sitronèl, florida, rèv dò, ponpeya ou santi dantò nan kay la. Lè'w an detrès lènmi barew anro, lènmi bare'w anba, ponya ki konn nan men
manman Dantò a wap pranl ou siyale avèl 4 fasad epi wap tande vwa manman an k'ap baw direksyon, ou konn swaf ou grangou ou pa konn sa pouw fè ou pran boutèy divin rouj manman dantò a ou jete 3 kout devan pòt kay la, wap tande vwal kap pale andan’w epi swaf ou a ap pase.
Kisa Dantò manje?
Yon poulèt poul nwa, ou byen yon ronn kou kochon, duri ak pwa nwa epi djondjon, bannan peze, (poul la se sòs pou fè, wonn kou kochon an se fri ou fri li, mètrès la renmen griyo kochon) ou pa beZwen fe sévis lakay ou pouw manje manje yo, jou madi a ou levew prepare manje sa yo ou invitel vin manje ak ou epi grangouw fini. Bwè kola ak la fanmi an epi dantò ap vin bwè avèw.
Manman inivèsèl, fanm sedwizant, fanm respektyèz, fanm lanmou, fanm, sansib, fanm karesan, fanm kipa nan diskriminasyon, fanm ki renmen tout moun ou se nanm nou manman.LIMINASYON bitasyn bò Manman ak Papa.
Lwil maskreti, ti mèch swa nan po zoranj si o asyèt blan. Yon gode dlo ak bazilik poud blan, Florida yon grenn sèl ladan, yon ti kleren, ann al koze.
Nap pale ak
Marasa Ginen, Marasa bwa, Marasa kay, Marasa 3, Marasa 4, Dosou, dosa.
Èzili Freda Dahomey ak tout eskòt li
Ogou Badagri ak tout eskòt li.
Mèt Osany ak tout eskòt li.
Klemezin Klèmey ak tout eskòt li.
Lasirènn ak tout eskòt li.
Mèt Agwe ak tout eskòt li.
Avadra gran chimen ak tout eskòt.
Mèt kafou ak tout eskòt li.
Papa Legba ak tout eskòt li.
Danbala wedo tokan ak tout eskòt li.
Ayida wedo tokan ak tout eskòt li
Espri dlo yo ak tout eskòt yo
Espri van yo ak tout eskòt yo
Espri tè yo ak tout eskòt yo
Espri dife yo ak tout eskòt yo
Espri foud yo ak tout eskòt yo
Ezili Dantò, Ezili Danpetwo, Ezili jé wouj, Ezili boran , Ezili mapyang, Ezili 7 kout kouto ak tout eskòt li
Sobo naki, Sobo Badè ak tout eskòt li
Agawou misan, agawou wewe ak tout eskòt li
Zaka ak tout eskòt li
Mèt gran bwa ak tout eskòt li.
Lenglensou, Lento , neg mòn, Dyab Andèy, Kadya Bosou, Bosou 3 kòn , Bosou 4
kòn ak tout eskòt li.
Espri Gede yo ak tout eskòt yo
Bawon Samdi, Bawon lakwa, Bawon kalfou
Bawon kriminèl ak tout eskòt li.
Gede Nouvavou , Gede lakwa, tipis lakwa, Twafouye lakwa, wawe lakwa, Brav Gede aManzè Filomiz
Manzè Filomiz rete dirèkteman bodmè limonad yon vil ki twouve li nan depatman nò peyi dayiti, lakay Manzè Filomiz gen plizyè lwa ki akonpanye l tankou Mètrès Èzili Freda, Lasirèn, etc... li zanmi lwa k ap viv nan dlo yo.
Koulè Manzè Filomiz se ble syèl e blan.
Manzè Filomiz jou li se madi e vandredi.
Li fete 5 a 7 septanm.
Manzè Filomiz renmen flè anpil, se sa k fè si w pral lakay li pote flè pou li, li renmen vizit tou se sak fè lakay li pa janm manke moun.
Si Manzè Filomiz fè yon ben-y chans pou ou konnen lavi w pral chanje, li gen anpil pouvwa, li trete sèvitè li byen men fòk ou toujou respekte regleman avè l pou l pa toumante lavi w.k tout eskòt li. An nou kozé ...Manzè Filomiz
Manzè Filomiz rete dirèkteman bodmè limonad yon vil ki twouve li nan depatman nò peyi dayiti, lakay Manzè Filomiz gen plizyè lwa ki akonpanye l tankou Mètrès Èzili Freda, Lasirèn, etc... li zanmi lwa k ap viv nan dlo yo.
Koulè Manzè Filomiz se ble syèl e blan.
Manzè Filomiz jou li se madi e vandredi.
Li fete 5 a 7 septanm.
Manzè Filomiz renmen flè anpil, se sa k fè si w pral lakay li pote flè pou li, li renmen vizit tou se sak fè lakay li pa janm manke moun.
Si Manzè Filomiz fè yon ben-y chans pou ou konnen lavi w pral chanje, li gen anpil pouvwa, li trete sèvitè li byen men fòk ou toujou respekte regleman avè l pou l pa toumante lavi w.Sa nou dwe konnen.
Nan vodou a nou gen pwòp langaj pa nou, m pral pataje kèk avèk nou epi fason nou salye frè nou yo, Kòm nou venere yon lwa chak jou nan semèn nan pafwa nou itilize menm langaj lwa sa yo pou n salye youn ak lòt nan jou sa a.
▪︎Lendi: jou lèmò ak marasa ayibobo ou kwa-sengbo✝️.
▪︎Madi jou Mètrès Èzili Dantò,
Bilolo.
▪︎Mèkredi: jou Ogou yo, AWOSHENAGO🔥⚔️🛡🥃.
▪︎Jedi: jou Erzulie Freda Dahomey Ayibobo.
▪︎Vandredi Jou Kouzen Zaka, Alaso kouzen, Alaso kouzin, Alaso Minis, Bon enèji Zaka.
▪︎Samdi, Jou Bawon Yo ak Dantò, Bilolo pou Dantò, kwa-Sengbo pou tout eskòt gede yo (bawon) si w ap mete yo nan yon Fòm kontrakte w ap di (Bilo-Kwa).
Dimanch jou Damballah wèdo e Ayida Wèdo, Abobo.
Nb: Nou di Ayibobo tout tan paske avèk mo sa a nou di nou dakò ak yon bagay epi nou bay lwa yo glwa avèk li, epi pou Tijan petwo jou l se menm jou a Dantò nou di Asawo pou li.
Lòt fason nou salye moun ankò se:
▪︎Amwalaye, savalouwe, Lizay.
▪︎Hotep (se yon mo ansyen ejip) li vle di: sa w di a se sa, mwen satisfè, lapè avè w, ale anpè (pou yon moun ki mouri) nou itilize l pou n salye moun tou tankou Ayibobo, afriken yo itilize mo Hotep la anpil.
▪︎Nan maten nou di w Bon sole, Bon solèy.
▪︎Nan Midi nou di w, bon solèy cho, Bon midi.
▪︎Nan Aswè nou di w bon Mawou, Bon mawou lisa, Bon lanjelis sa se bagay katolik, Bon lalin.
▪︎Sòti depi nan 21 Novanb pou rive nan 21 janvye nou di w Bon makaya, jwaye Makaya (nou pa fete nwèl, nou fete makaya).
▪︎Pou anivèsè nou di Bon rekòt kafe, Bon konba paske lavi a se yon konba li ye.
▪︎Nou pa di batèm nou di: Andoye.
▪︎Nou rele lòt moun yo Konpè, Kòmè, Bèl Gason, Bèl Nègès, Fanm Vanyan, Gason Vanyan.
▪︎Nou rele timoun yo: tyovi, ti lèzany.
Kòm nan vodou a yo plis pale de Petro pou lwa cho yo, Tankou (Dantò, Ogou, Bawon elatriye …) epi Rada pou lwa Dlo yo oubyen Lwa blan jan konn di a nan kèk zòn ( ki se Freda, Damballah, Agwe elatriye …).
▪︎Jou nou venere Lwa cho yo nou di: Bon enèji petwo.
▪︎Jou Lwa Rada yo nou di: Bon enèji Rada.Si yon malfektè pran kilòt sal ou.
Si w ta gen yon moun ki pèdi kilòt sal li epi ki vin gen malèz.
Men kisa w ap fè;
• W ap fè li mete yon kilòt nwa sou li pandan 7 jou, sou setyèm jou a w ap fè li al monte yon lanp sou regleman Ezili MAPYANG.
Lanp sa dwe fè 3 jou l ap mete kilòt nwa anba lanp, aprè 3 jou an kase lanp lan epi lave kilòt la ak yon moso savon san sèvi, l'ap bwè premye dlo a epi l ap benyen ak rès la. Premye dlo a se san savon.Lis Kèk lwa Petwo.
Koulè tradisyonèl lwa Petwo yo se wouj, Rit petwo a se sou zile a li a li pran nesans.
1.AZANGON LORO
2.BAKOULOU BAKA
3.BOSOU TWA KÒN
4.BRIZ MONTANY
5 - BRIZE
6 DAM LAVE
7.DAMBALA WEDO DJENKE
8.DISPONYA LODE
9. EZILI BOHAN
10.GOUGOUN DANYON
11. GRAN BWA MEDJI
12.GRANN BOT
13.GRANN EZILI
14.JAN PETRO
15.JATIBWA KENTO
16.JENERAL BRIZE
17.KABWATYE
18.KAFOU GDI GHIDI
19.KAFOU TWA
20 LAYE BWA
21 LEGBA BWA
22.LENGLENSOU BASEN SAN
23 LENGLENSOU DANMAN 24.LENGLENSOU GWE
25.LENGLENSOU PYE
26. MAHILWEIZ BOUMBA ( manze)
27. MAMBO ADELAYID GWO TETE
28. MAMBO DAYILA
29. MANMAN YANGAN
30. MARASA BWA
31. MARASA LAFRIK GINEN
32. GRAN BWA ILE ( MET )
33.LOVANA ( METRES )
34. MERANSYEL ( METRES )
35.PYE ( MOUCHE )
36.OGOL JE WOUJ
37. PYE BRIZ
38. PYE DANTO
39. PYÉ DANYON
40. PYE MARAJOU
41.SIMBI AFRIKEN
42.SIMBI AMPOLA
43.SIMBI DHLO
44. TIJAN DANTO
45.TI JAN PETRO
46. ZAKA KWESI MANYAN
47. ZAZI MAZWA 48.ZILE MPEMBA
49. ZINGA BWA
50. JANBE MALE
TI JAN PETRO
▪︎Mwa li se jen (juin).
▪︎Li fò ak on karatè gèrye.
▪︎Renmen dife.
▪︎Rit petro.
▪︎Koulè jòn vèt rouj selon bitasyon ou lakou wa.
▪︎Chapo pay.
▪︎Baton.
▪︎Djakout.
▪︎Pip.
▪︎Li prèske abiye menm jan ak fanmi zaka.
▪︎Tijan travay cho e li bay bon sèvis lè yo joukel.
▪︎Li bwè lanni bonjan tafya selon bitasyon an.
▪︎Li se on enèji ki parèt dezòd strik sevè anpil.
▪︎Veye jan wap sèvi ak li poul pa met dife.
Lwa Ti Jan se yon Lwa gèrye, se yon lwa cho, se lwa nan rit petro, Li sou Gede tou. Li asiste Papa gede Nibo. Li renmen abiye li an nwa, yon rad nwa byen long (poul santi li Wa), yon chapo nwa ak mouchwa mov nan koul (Selon lakou a) pi souvan lè w reve Ti Jan petro se yon ti bout tonton nwè, do touni, ak yon ti bout pantalon sou li, pye a tè ak yon baton ki gen flam pou l klere chimen l, li konn parèt sou fòm yon koulèv vèt ak dife k ap soti nan bouch li, li renmen mache lannwit plis ke lajounnen, li toujou sou chemin an, li konn akonpanye ak Dantò, ak marinèt pye chèch, ak Avadra,li konn dèyè Chwal feray lan, li konn ak ponya nan menl tou.
Saint Jean ak Ti Jan Petro se 2 bagay diferan, paske Saint Jean se pou egregò oksidan bouwo a, Ti Jan se nan Panteyon vodou Ayisyen dafrik lan.
Menm jan mwen konn toujou di nou an, espri yo pa gen fòm se jis se sous enèji yo ye, se ou ki resipyan enèji an, se fòm ou ba li an, li pran, sa vle di ou se yon wongatè ou pa prepare lespri w ase, oubyen ou prepare lespri ou selon oksidan an, lwa yo ap pran fòm espri ou, ou ka toujou wè St Jan, nan dòmi ou, pou Ti jan petro, paske lè lwa yo manifeste nan yon moun tou, li pran plas ( âme) ki se nanm moun nan li mete nanm moun de kote, li itilize espri moun nan ak kò moun nan, moun konpoze 3 pati : espri, nanm, epi kò.Lwa Ti Jan
Lwa Ti Jan se yon Lwa Ginen, Ras Petro. Li renmen dife, tafya, sigarèt ak florida.
Anpil Hougan/Mambo sèvi avèk li paske li wè lwen.
Li se yon Lwa, sou rit Guédé, lè l monte nan tèt yon moun li mande pase poud nan figi l ak koton nan nen l. Li asiste Papa Gede Nibo.
Li renmen abiye an nwa, yon rad nwa byen long (poul santi li Wa), yon chapo nwa ak mouchwa mov nan kou l. (Selon lakou a).
Yo toujou di Ti Jan se pitit Dantò, se pa vre. Li se Kouzen l.
Ti Jan se yon Lwa pwisan yo souvan itilize l pou vanjans, e li fè gwo trètman tou. Li rete nan bwa. Yo konsidere li tankou yon gran majisyen e yon pratikan maji ta dwe asiste pa Lwa sa.
Jou Ti Jan se Lendi, Mèkredi ak Samdi.
Madanm li se Marinèt pye sèch ou bwa sèch. Marinèt se yon lwa ki danjere anpil, li kriyèl e enprevizib. Moun pa jwe ak fòs sila konsa, se Lwa ki plis apateni ak rit Bizango a ki se yon lòt fòm ekstrèm rit petro a.
Seremoni fanm sa fèt nan nwit byen ta, li renmen poul nwa/ chèvrèt boukannen.
Gen kèk kote yo venere papa ti Jan sou rit Zandò tou, sonje gen rit, gen nanchon, gen fanmi lwa.
Nou pap melanje yo.
Anndan fanmi jan an, ou jwenn anpil jan sou plizyè rit, tankou;
☆Nan rit Dahomey gen : Jean Faro Danthor.
☆Nan rit Rada gen : Jean Bazile.
☆Nan rit Nago gen : Jean Faro, Jean Paul Nago.
☆Nan rit petro gen : Jean Petro, Jean Danthor, Jean Barak.
☆Nan rit Makaya gen: Jean Brake.
☆Nan rit Boumba gen: Jean Boumba.
☆Nan rit sosyete gen : Jean Boukan.
☆Nan rit Kita gen : Jean Kita, Jean brital, Jean san krent danje, Ti Jean rasin.
☆Nan rit Zandor gen: Jean Zandor.
☆Nan rit Guédé gen : Jean guiyon, Jean Krab, Jean Laurent, Jean Zinga, Jan zombi, Jean Simon.
Papa tijan se lwa ki pote dife, manje dife, danse nan dife, se dife a menm.
Sonje ke sous dife menm se solèy la se sak fèm toujou di nou Gadyen eleman feu nan vodou a se Ati Sole, se pa janm Ogou jan moun yo fè konprann lan.
Lwa tijan manje kochon, gen kote se bèf, pa etone. Siw ta wè yo bal bouk kabrit nan kèk lakou.LWA PYÈ YO
1- PYÈ DAMBALAH
2- PAPA PYÈ
3- PYÈ FERE
4- PYÈ ALEMAN
5- MANBO ANAYIZ
6- PYÈ ÈZILI PYÈ
7- ADYE HOUN PYÈ
8- FILOMIZ PYÈ
9- MOUCHE PYÈ
10- HOUNDILE JEAN PYÈ
11- KOUGWE
12- AYI GWETO
13- ANWE ZO
14- FARO DANTÒ
15- MAHOU
16- NANNAN BOUKAN
17- KEBYESOU DANGLEH
18- MANBO ADELAYI GRO TETE
14- MÈTRÈS LOVANA
15- LENGLESOU PYÈLWA GRANN YO
1 GRANN TÈSI FREDA
2 MANBO DECHOUKE
3 1O PONYA LODE
4 GRANN BAYAKOU
5 GRANN DYALODE
6 VYE GRANN
7 GRANN ÈZILI
8 GRANN SIMBA
9 GRANN IBOLELE
1O GRANN ADJA
11 GRANN BÒT
12 GRANN SILIBO
13 GRANN VAVOUMètrès Filomiz.
Gen yon zanmi ki t'ap mande m' pou m' pale enpe de Mètrès filomiz. Pòs sa se pou ou.
Kèk bagay nou dwe konnen sou espri ki rele Filomiz la.
Pa bliye lè w pale de Bord de Mer de Limonade gen Filomiz pou Vodouvi yo epi gen Ste Philomène pou Katolik yo.
Moun ki pratike Senkreris chwazi tou 2. Anpil kote ki gen Sen ak lwa oubyen jany, lwa a oubyen jany souvan di tout moun se devan pòt legliz la w'ap jwenn li, oubyen nan yon demanbre ki nan menm zòn nan.
Ekzanp nan vil Twou Dinò St Jan Baptis andedan legliz la tandiske Jan Dantò devan Baryè legliz la, w'ap jwenn li anba pon an oubyen pèleren an dwe pran moto ou mache apye pou li ale nan yon zòn ki rele Pichon poul jwenn bèl vibrasyon ak lespri eskòt Jan an tankou Jan Nan Bahon, Jan Petro, Jan Dantor, Jan Loran, Jan Giyon, Jan Rasin, elatriye.
Poutan Filomiz kòm espri rejyonal di tout moun aklè se andedan legliz la menm li ye. Li menm di moun ki sèvi l ke li se yon lwa ki fete anivèsè l menm Jan ak sen yo.
Ki donk lè w ale Bodmè kit ou ale legliz, nan Bouchi, ou nan lakou legliz la li kapab resevwa demann ou. Pa kite kolòn wangatè k'ap di w si w pa ale tèl kote demann ou p'ap jwenn repons. Sèl bagay ki pi enpòtan se tèt ou. Si w te reve w yon kote espesifik nan Bodmè jou w prale a bay kote w te wè w la priyorite.
Lè w ale Bodmè sonje ke se sèlman si se mouri ou pral mouri ke Filomiz ap monte nan tèt moun vin pale avè w ant 10 zè nan maten jiska 4è nan apre midi. Meyè moman ou ka jwenn bon Filomiz la nan tèt yon moun nan Bodmè se 5 kè pou rive 7 tè nan di maten epi 5 kè nan aprè midi pou rive jiska byenta nan lannwit.
Bagay enpotan pou pa janm bliye. Lè Filomiz monte nan tèt yon moun se poud l'ap toujou mande avan pafen. Se Freda ki mande pafen avan poud.
Menm si w wè tout moun ap itilize pafen ponpeia pou Filomiz, meyè pafen li sèvi se Rèv dò. Pa janm bliye sa menm menm.
Filomiz menm Jan ak tout espri ka envoke nenpòt jou men meyè jou se madi ak vandredi.
Si w wè yon moun Pòtoprens ki gen lwa ap plede di w ke w gen yon Freda ki fò sou ou, si w se moun nan Nò kouri vin gade si se pa Filomiz ki fò sou ou paske anpil fwa moun Pòtoprens pa konnen ekzistans mètres sa.
Genyen yon tryang ant gran rivyè Bodmè ak Ba Lenbe. Yo pale de Filomiz, Filosya ak Filomèn.
Genyen yon gwo koneksyon ant lè w soti Bodmè w'ale Granrivyè epi w'al fini Ba Lenbe. Lè w ale Ba lenbe ou pa ale nan Boran men w'ale nan pwent Goch kibò lanmè a, si w jwenn yon granmoun lontan ki byen fè regleman an se dekabès w'ap fè nan amoni w ak espri sa yo.
Kilti nou bel. Jou nou sispann itilize espri yo pou boul bolèt sèlman n'ap konnen epi konprann yon latriye koze.Lanp pou kèk nan lwa yo.
Lanp kouzen limen nan joumou ak luil doliv.
Lanp ogou limen nan chodyè zen.
Lanp freda monte nan anana.
Lanp Dantò limen nan ti chodyè 3 pye.
Lanp Danmbala limen nan bòl blan.
Lanp mò yo limen nan lanp tèt gridap oubyen nan kui.
Lanp manzè Filomiz limen nan asyèt blan ak yon sèl grenn mèch.Èzili Dantò
Èzili dantò fanm ki proteje pitit li tout bon vre. Yon vrè Pitit lwa sa okenn malfwa, malfektè, kriminèl, lougawou paka jazi sou pitit li.
E li toujou rete aktif ak tout eskòt li yo, e eskòt ki konpayèl li ogou feray pou sèvi nou e proteje nou.
Lè w nwi kòw fas ak pitit gwo lwa, sa li ka transfòm an rèn makandal pou salaye tout elmi ki fas ak pitit li.Vibrasyon kèk espri.
Espri yo manifeste yo nan langaj ak sèvitè yo, wongan, manbo, mason, men kèk siy ak signification yo.
☆Vibrasyon mèt agwé, espri ki rete nan lanmè yo sitou, vibrasyon yo tankou yon kouran elektrik, lè li pase nan men ou sa vle di gen yon ti konplo sou dow, epi ou pral gen yon ti kob,
☆Èzili dantò fasil tounen yon koulèv epi parèt sou epòl ou sa vle di li ba ou grad, li ba ou yon respè devan yon enmi ou.
☆Danmbala wèdo fasil tounen yon koulèv pou lap kouri dèyè ou, osinon pike ou, sa vle di li ouvè yon nouvo pot pou ou.
☆Èzili freda fasil fè dlo koule nan jew san ou pap ri, san se pa kriye, san atann ou wè dlo ap ponpe nan je ou, sa vle di yon chans lanmou oubyen ou pral gen anpil lajan.
☆Ogou feray fèw konmande, fèw fè kolè, sa vle di ou nan konba.
bossou fè ponyèt ou anfle, ou bien l'ap bat san rete, ou bien tranble anpil.
☆La sirène ka ranmase ou depi anba monte ak kouran.
☆Gedé nibo ka fèw pran sant piman,
sen michel akanj ak anpil lot zanj ka parèt tankou yon limyè blan pwisan, li ka vlopew ,oubyen li parèt nan yon vè dlo tou jaune,
☆Lucifer ka ba ou tèt vire lè presans li tou pré ou, li parèt tou nwa....
Ayibobo, kelkeswa kote ou ye ou pa bezwen deplase pou ou konnen jan pou ou sèvi espri o.
Egzanp sa yo se pou kèk moun, pa bliye lwa yo kominike ak sèvitè yo fason sèvitè a ap ka konprann mesaj la. Sa m di yo la pa inivèsèl. Li ka konsa pou yon moun men li pa konsa pou yon lòt.Liminasyon bitation bò manman ak bò papa.
Papa Legba ak tout eskòt li.
Marasa ginen, marasa bwa, marasa kay, Marasa 3, marasa 4, Dosou, dosa.
Papa loko ak tout eskòt li.
Ayizan ak tout eskòt li.
Danmbala wèdo tokan ak tout eskòt li.
Ayida wèdo ak tout eskòt li.
Ogou Batala ak tout eskòt li.
Klèmezin ak tout eskòt li.
Lasirèn ak tout eskòt li.
Mèt Agwe ak tout eskòt li.
Espri dlo yo ak tout eskòt yo.
Espri van yo ak tout eskòt yo.
Espri tè yo ak tout eskòt yo.
Espri dife yo ak tout eskòt yo.
Espri foud yo ak tout eskòt yo.
Ezili Dantò, Ezili danpetro, Ezili jé wouj, Ezili boran , Ezili mapyang, Ezili 7 kout kouto, Èzili Freda, Èzili Balyann ak tout eskòt li.
Sobo naki, sobo Badè ak tout eskòt li.
Agawou misan, agawou wewe ak tout eskòt li.
Zaka ak tout eskòt li.
Mèt gran bwa ak tout eskòt li.
Lenglensou, lento , neg mòn, dyab andèy, kadya Bosou, Bosou 3 kòn , Bosou 4 kòn ak tout eskòt li.
Espri gede yo ak tout eskòt yo.
Bawon Samdi, bawon lakwa, bawon kalfou
Bawon kriminèl ak tout eskòt li.
Gede nouvavou , gede lakwa, tipis lakwa, trafouye lakwa, wawe lakwa, bwav
gede ak tout eskòt li.☆ Dyò Èzili Dantò ☆ ....
Demand ak Mètrès Dantò pou nou jwenn asistans, ak lè nou angaje.
Limen balèn ble oubyen lanp lwil maskreti jou madi oubyen samdi.
Sèvi diven wouj, diri ak pwa nwa, wonn kou kochon, poulèt poul nwa, banann peze. Gato ble.
Pa pouvwa Enèji Kreyatris la ki kreye Linivè ak 4 fòs kosmik yo.
Manman Ezili Dantò, mwen, pitit ou, ap rele ou jodi a, sou bitasyon manman kite fè manman mwen sou bitasyon papa kite fè manman mwen. Manman Ezili Dantò pitit-ou ap rele'w, ou menm ki soti sou bitasyon manman ki fè papa mwen e papa ki te fè papa mwen, panche zòrèy ou Mètrès Dantò, tande plent mwen manman, jodi-a mwen pote tout pwoblèm yo devan ou Se ou sèl mwen genyen kòm defansè depi tout tan e pou tout tan k'ap gen tan.
Pa kite mwen wont devan lènmi yo manman Dantò, pa kite pèsonn griyen dan sou mwen, mande mwen sa mwen te kwè ?
Mwen fè'w demand sa paske mwen kwè nan lanmou ou genyen pou chak pitit ou ki mache sou prensip ak règleman.
Bilolo Bilolo Bilolo...Lanp ou lanpion pou mètrès èzili freda dawonmen.
Nan jou jedi ou vandredi sou koze lanmou e prospérité.
Trè senp men ki ka gen yon rezilta positif.
Èzili freda dawonmen se yon lwa ki vrèman sansib tou ki ka ba nou do byen fasil e li ka rekonsilye ak nou tou byen fasil.
Nou fè lanp sa konsa nan yon bòl blan.
Toujou mete yon siy sakre, proteksyon, tankou vèvè mètrès la.
Nan yon fri ki dous mete 3 kalite lwil nan lanp sa, Lwil de ròz, lwil chans, e lwil akasya.
Mété 3 kalite poud ( pou chans ou damou e fleri san rete.)
Dépoze yon bwason kòm likè dous, oubyen diven blan konsa tou anizet bò lanp la pou lwa sa.
Anonse rèn nan ak tout eskòt l'ap dirije yo, dépoze ti monnen pyès lajan, dekore lanp la ak flè natirel.
Nou dwe mete kò nou ak milye lanp la dépoze a pwòp e byen santi bon, poudre kò nou.
Si relasyon nou ta riske divize lanp sa se kont pou ba nou lapè nan fwaye a.Lwa yo chita sou 4 gwo prensip
1-Prensip Danbala kise konesans.
2-prensip Èzili kise lanmou,ou dwe renmen tout sa ou jwenn nan la nati
3-Prensip Ogou kise defans, depi w atake m fòk Mwen defann Mwen.
4-Prensip AZAKA kise travay,siw pa travay ou paka manje se nan travay ou dwe kwè.Kek Erzulie mw konnen
♡Erzulie DANTOR.
♡Erzulie Mapiann.
♡ÈZILI Boran.
♡ÈZILI Towo.
♡Erzulie yeux rouj.
♡Erzulie frize.
♡ERZULIE koukou.
♡Erzulie baliann.
♡Erzulie Seneka.
♡Erzulie kè nwè.
♡Erzulie Freda rada dahomey.
♡Erzulie la Belle Venus.
♡Erzulie Madan laweh.
◇Erzulie n’zandò.
◇ERZULI 7 kôut kouto.
♡Èzili Guinen.
♡Èzili Gouetò.
♡Èzili la flambo. (Gen Dambala la flambo, gen Aida la flambo, gen Èzili la Flambo tou).
♡Èzili Modongue.
♡Èzili Petro.
♡Èzili Sinigal.
♡Èzili Wangol.
♡Èzili Balyann.
Mètrès èzili mapyang manman ki bay lavi, fanm vanyan ki kanpe devan tout matròn ou byen fanm chay ki la pou ede tout fanm akouche .Lanp Dantò:
Grès kochon, Lwil maskreti, Diven Wouj, 7 piman bouk wouj, Vi Dajan prespite wouj, 3 Kalite Pwav manje, mete Lwil kochon an, limen Mèch koton an, mete Lwil maskreti a, 3 kalite pwav la, Piman epi poud prespite a, fè lanp lan Kat fasad.
Apre sa jete 3 de gout diven, fè rekòmandasyon w. Lanp sa monte nan ti chodyè 3 pye.Kek Erzulie mw konnen
♡Erzulie DANTOR.
♡Erzulie Mapiann.
♡ÈZILI Boran.
♡ÈZILI Towo.
♡Erzulie yeux rouj.
♡Erzulie frize.
♡ERZULIE koukou.
♡Erzulie baliann.
♡Erzulie Seneka.
♡Erzulie kè nwè.
♡Erzulie Freda rada dahomey.
♡Erzulie la Belle Venus.
♡Erzulie Madan laweh.
◇Erzulie n’zandò.
◇ERZULI 7 kôut kouto.
♡Èzili Guinen.
♡Èzili Gouetò.
♡Èzili la flambo. (Gen Dambala la flambo, gen Aida la flambo, gen Èzili la Flambo tou).
♡Èzili Modongue.
♡Èzili Petro.
♡Èzili Sinigal.
♡Èzili Wangol.
♡Èzili Balyann.
Mètrès èzili mapyang manman ki bay lavi, fanm vanyan ki kanpe devan tout matròn ou byen fanm chay ki la pou ede tout fanm akouche .
Comentarios
Publicar un comentario