Leson enpòtan

 Djò Èzili 


PA POUVWA 

RÈNN ÈZILI DANTÒ

ÈZILI MAPIANNG

ÈZILI JE WOUJ

ÈZILI BALIANN

ÈZILI 7 KOUT KOUTO

ÈZILI KATAPLOU

ÈZILI LAFLANBO

 ki se RÈN LATÈ

Rèn Bizango 

Makanda 

Blengendeng 

Wete po mete po 

Chanje po 

Fanm ki janbe rivyè pyel pa mouyè

Fanm KAPLAWOU ki KATA KATA SEDO SEKA

Nan non 7 pik MAKAYA, Simbi MAKAYA, 

MAKAYA bonmba Eskalye bonmba

Simityè bonmba Sanmannan pwen yan 

Bilolo Bilolo Bilolo !!!Èzili Dantò. 


Èzili Se Youn Nan Lwa Ki Pi Komen Nan Vodou. Li asosye ak jistis, pwoteksyon, Biznis, Abondans, Pwosperite. Se Yon Divinité Ki Asosye Nan Relasyon Fanm Ak Gason, Nan Zafe Fetilité Li Se Yon Jeni, Pwoteksyon Timoun, Ledikasyon Ak Kòman Pou Leve Pitit. 


Yo Souvan Reprezante l Avèk Yon Tibebe Nan men Dwat Li, Avèk Yon Ponya Nan Men Goch, Ki Senbolize Pwoteksyon, Nan Zafè Jistis Yo Souvan Reprezante l Ak Yon Epé Nan Men Goch, Yon Balans Nan Men Dwat. 


Vèvè Li Reprezante Ak Yon Kè Epi Yon Ponyan Pèse Kè A, Ki Siyifi Vanjans. 


Nan Rit Bizango, Ezili Dantò Se Yon Rèn sou non JÉ WOUJ ... 


Li Se Yon Lwa Ki Manifesté Sou Eleman Tè Ak Difé. 


N'ap jwenn lwa sa sou plizye dimansyon, men divinite sa prezanté sou 3 gwo dimansyon kote yo vini nan yon sikonstans espesifik. 


▪︎Dimansyon jenn fanm, Li se ezili freda. ▪︎Dimansyon manman pitit, li se ezili dantò.

▪︎Dimansyon grann, li se grann èzili. 


Nan èskot èzili nap jwenn : 


▪︎Èzili dantò; pwoteksyon, jistis, souvan akonpanye ogou feray, ogou badagri, ogou yanmsan. 


▪︎Èzili jewouj: vanjans, rèn lagè, souvan akonpanye ogou jéwouj, ogou fè aleman, ogou misan, ogou lélé . 


▪︎Èzili balyann: gerizon, wanga fèy nan bwa souvan akonpanye mèt granbwa ilé. 


▪︎Èzili danwezo: manifestasyon pwisans dife, lwa boukan dife ak gerizon nanm, souvan akonpanye, simbi danwezo. 


▪︎Èzili danpetro: manifestasyon pwisans tè a, souvan akonpanye tijan petro, mèt brize. 


▪︎Èzili mapyangé ou mapyang: riz ak estrateji, souvan akonpanye badè-koulélé, ak sobo-naki . 


▪︎Èzili 7 kout-kouto: Rèn lagè, vanjans, souvan akonpanya, ogou balizay, ogou badagri. 


Pou'm site sa yo sèlman, nan eskòt Èzili an n'ap jwenn plizyè dimansyon ak atribisyon.Djò Èzili Dantò. 


Pa pouvwa Èzili barako, Èzili balyann, Èzili boran, Èzili dan petro, Èzili DANTHOR, premye rèn mackandal, mètrès zazi maza, mètrès salay masalay, nègès keke branke, nègès kouloumbra la vodoun, nègès mayanman vodoun, nègès kasa manbi laye, nègès dadi masa, matifouyi madyoman sa, ki sa ki sa la, ki masala e masada, Èzili je wouj, Èzili la flanbo, grann simba, jan Dantò, ti jan Dantò, Zili zili bagilo. 


bilolo bilolo bilolo.Manman Dantò. 


Pitit li yo souvan rele li manmi Dantò, se youn nan Lwa ki pi popilè ak onore nan Vodou ayisyen an. 


Li se yon manman selibatè, yon peyizan ayisyen ki gen bouch pou bay manje, li pa pral tann yon gason okipe bagay pou li. 


Malgre aparans Ezili Dantò okòmansman ak piman bouk ki pafwa tèt chaje, nan ikonografi ak nan posesyon, li se yon Lwa laswenyay ke nenpòt moun ki rantre nan Vodou pral konnen ak renmen. 


Dantò renmen pitit li yo san kondisyon epi li goumen pou yo reyisi epi ede yo chak fwa yo mande sa. Li renmen timoun an jeneral epi li se yon gadyen feròs ak pwotèktè òfelen, jèn ki malad oswa timoun ki te viktim abi.LIMINASYON BITATION BÒ MANMAN AK BÒ PAPA.


Marasa ginen, marasa bwa, marasa kay, Marasa 3, marasa 4, Dosou, dosa.

Èzili Freda Dahomey ak tout eskòt li.

Ogou Badagri ak tout eskòt li.

Mèt osany ak tout eskòt li.

Klèmezine ak tout eskòt li.

Lasirèn ak tout eskòt li.

Mèt Agwe ak tout eskòt li.

Avadra gran chimen ak tout eskòt.

Mèt kafou ak tout eskòt li.

Papa Legba ak tout eskòt li.

Danmbala wèdo tokan ak tout eskòt li.

Ayida Wèdo tokan ak tout eskòt li.

Espri dlo yo ak tout eskòt yo.

Espri van yo ak tout eskòt yo.

Espri tè yo ak tout eskòt yo.

Espri dife yo ak tout eskòt yo.

Espri foudre yo ak tout eskòt yo.


Èzili Dantò, Èzili dan petro, Èzili je wouj, Èzili boran, Ezili mapyang, Ezili 7 kout kouto ak tout eskòt li.

Sobo naki, sobo Badè ak tout eskòt li.

Agawou misan, agawou wewe ak tout eskòt li.

Zaka ak tout eskòt li.

Mèt gran bwa ak tout eskòt li.

Lenglensou, lento , nèg mòn, dyab andèy, kadya Bosou, Bosou 3 kòn, Bosou 4 

kòn ak tout eskòt li.

Espri gede yo ak tout eskòt yo.

Bawon Samdi, bawon lakwa, bawon kalfou

Bawon kriminèl ak tout eskòt li.

Gede nouvavou, gede lakwa, tipis lakwa, trafouye lakwa, wawe lakwa, brav 

gede ak tout eskòt li.Ann fè yon ti pale sou Rite RADA. 


Rit Rada li rasanble lwa ki pi ansyen et ki pi benefik yo. Rit Rada se orijin Dahome, koulè tradisyonèl yo se Blanc🤍, men Loa yo gen lot koulè espesifik tou. 


Men kèk lwa Rit Rada: 


AGWE: li se yon pwason. 


Azaka: se Lwa agrikilti e tonnè. 


Ayida Wèdo: se Lwa Sèpan, li se madanm Danmbala. 


AYIZAN: Se Lwa mache, li plis jeneralize l nan komès. 


DAMBALA WEDO: li senbolize la sante lapè ak trankilite. 


EZILI FREDA: la belle FREDA se lwa lanmou, bote. 


PAPA LEGBA: se lwa ki bay pasaj ant moun ak lwa. 


LOKO: Se lwa vegetasyon. 


LA SIRÈN: se lwa kokèt, li abite nan lanmè.Èzili Je Wouj 


Ezili je wouj se Yon Antité ki sou Dimansyon gad lwa sa vle si pou w travay avèl fòk ou jouke l sou regleman w, lwa sa yo pa vle sèvitè a lerè. 


Koulè prefere l se mouchwa wouj épi li konn mare tèt li ak mouchwa wouj épi rad li konn mande fè pou li se wouj san. 


Ezili je wouj li chita ak balans li nan men l' pou l' bay jistis a moun ki merite jistis. 


W'ap gen menm karaktè avèl zanmi m. 


Li p'ap pran nenpòt bagay nan men moun. 


Yon moun p'ap ka sou regleman je wouj épi pou l sou règleman mapyang an menm tan. Si gen Yon hougan ki sou 2 dimension fèm konnen li enposip. An nou kite rès la pou bal. 


Poukisa yo di Ezili je wouj se yon lwa ki barak? 


E kisa mo barak la vle di lan mond spirityèl la? 


Li frajil anpil. Li pa gen manman, li pa gen papa, li pa gen pitit, li pa gen fanm se respè w pou w fè. 


Yon Moun ki ret sou règleman je wouj pa gen pyès ti malfektè k'ap ka mete do w atè. Yon gason ki rete sou règleman je wouj ap difisil pou pran nan maji fanm, mwen pa di ou p'ap pran men l'ap difisil. 


Lwa sa telman pwisans Yo konn rele sevitè l pou yo pike épi se li ki parèt. Li bay anpil pwoteksyon. 


Èzili Je Wouj : se yon lwa trè pwisan ki soti nan tribi Bantou a yo sèvi sou rit zandò, kongo oswa petwo. Li reprezante fanm jalou yon gason abize. Li reprezante kolè yon fanm jalou ap fè pou lanmou. 

Yo adrese l pi souvan pou jwenn jistis, vanjans, pwoteksyon, lajan ak lanmou. 


Nenpòt fanm ke Yon nèg ta abize depi fanm sa adresse je wouj selman nèg sa tonbe nan pwoblèm. 


Ex: Yon gason ki konn ap ede w peye yon kay, ou byen li pase Yon kondisyon, épi li fin kouche fanm sa épi li pa bay sa l te promèt la ebyen fanm sa ki al adrese je wouj, li di l menm jan yo abize w la se konsa tel nèg sot abize m ebyen mw vle pou w banm jistis nou konnia touswit la.Èzili Freda 


Èzili freda fè pati lwa Dawome yo, e li sòti nan fanmi Èzili yo.


▪︎Li sou rit rada.

▪︎Li se patwòn Afeksyon ak lanmou. 

▪︎Li jalou anpil.

▪︎Li reprezante sou fòm yon bèl jèn fi.

▪︎Li renmen bijou anpil anpil e li zizi.

▪︎Li gen anpil richès. 

▪︎Li trete sèvitè li byen depi w mache sou prensip li.

▪︎Li pa sèvi kote ki sal.

▪︎Li renmen flè.

▪︎Jou yo venere l se jou jedi.

▪︎Li manje gato woz

▪︎Diri blan

▪︎Pwason woz.

▪︎Koulè li se woz e blan.

▪︎Pafen li renmen se Byennèt e florida.

▪︎Li bwè diven blan.

▪︎Pye bwa li repoze se pye siwèl. 

▪︎Lè l manifeste sou yon moun l ap fè lè epi l ap fè zizi dwèt li yo paka kole. 


Pou monte lanp pou li w ap bezwen luil de woz oubyen balèn woz. 


Sa se yon ti rezime de Mètrès Èzili FredaÈzili Mapyang 


Mètrès Èzili Mapyang, manman ki bay lavi, fanm vanyan ki kanpe devan tout matròn oubyen fanm saj, ki la pou ede tout fanm akouche. Tankou gid ou regle problem fwaye ou ekonomi, sou kesyon sante nou ou la pou pote solidarite ak nou. 


Èzili Mapiang 


Sa w dwe konnen de fanm sa nan jou madi ou souvan jwen dantò men samdi a se menm dantò sa ki transfome an mapiang bagay la bèl .

                

Mapiang, fanm sa cho kou dife li pa nan rans sou degre li ak bon règleman li saw dil se sa. 


Nan joul ki se samdi, ou dwe di bilolo ak ak ayibbo. ki donk li frèt li cho, li Rada, li Petro. 


M'ap souvan di nou sa pa jwe ak divinite sa. Li pa nan tete lang. 


Ou menm ki fè tout viw nan mande prete mande fanmi ak zammi sa fini pou ou. 


wap travay men se komsi ou pa tap travay, bagay yo alanvè pou ou. 


Ou fè tout viw nan jwe loto pou jwenn ti mwayen pou manje pa fè sa ankò. 


Siw pa gen kòb, mande yon fanmi oubyen yon zanmi dènye fwa sa tande.

tande m, achte: 


▪︎3 gwo diven nenpòt diven rouj san.

▪︎youn ou 3 ti koki lanmè. 

▪︎yon balèn 7 koulè. 


Yon gode blan plen dlo, mete fèy bazilik ak yon ti florida poud santi bon, epi fèy sitwonèl. 


Gode sa tou ap dòmi bò tèt ou mete l nan pati goch yo. 


Ou menm ki toujou vin dim ooo lwa yo pa jan vin pale ak ou m'ap wè si se vre, tande. 


Ak sa yo sèlman kelkeswa janw bloke a fòk lavi w chanje. 


Pran diven yo vide yo nan nan kivèt blan an, lage koki yo ladann. 


Pran balèn 7 koulè a medite sou li yon granm maten fas ak solèy la. Mande pou vi ekonomik ou chanje. 


Map diw lè solèy la ap leve ak lè lap kouche se pa yon jwèt tande, ok. 


Prezante balèn nan 4 fasad. Epi mete balèn nan devan kivèt diven an, fè pwòp meditasyon ou oubyen demand ou. 


Fè l 6h nan maten 6h nan aswè pandan 7 jou. 


Sa k pou fè jou 8tyèm jou a, a minwi boul, pran kivèt diven an benyen latèt opye. pase koki yo sou tout kò nou. 


Epi pran koki lanmè yo lagel nan kalfou ou fini. 


Evite benyen ni frote ak moun pandan 3 jou. 


Ak sa lavi pral chanje tout bagay yo pral diferan pou ou. Lavi pa fasil pou viv byen fòk ou fè sakrifis.Pou lanp Dantò yo kase l ak ponya pito.


Pou lanp ogou a kase l ak Manchèt koulin li an. 


Pa janm kite moun konnen ki manje w renmen, paske ak sa li kapab monte yon lanp sou non w epi l mete manje w renmen an nan lanp sa pa gen pa pran w. 


Mezanmi ban m ba nou ti konsèy sa lè n ap monte lanp Dantò si se pale nou bezwen l vin pale ak nou kòm nou pa wè l lontan nou ka monte l ak luil dou, men si se yon bagay nou genyen ki frèt nou bezwen l mache rapid n ap mete grès kochon epi luil maskreti epi piman, 3 kalite pwav.


Si se pou vanjans si yon moun ap nwi nou nou bezwen fè l rete limen ak grès kochok sèlman pa mete lòt luil epi w ka akonpanye l ak ponya mete ponya anba lanp lan.


Pa bliye toujou mete yon ti Wowoli nan lanp Dantò a sitou si se pou koze lajan w ap monte l, olye pou mete lòt vye poud ki sot lòt kote yo mete Wowoli, poud kanèl pito.


Souple lè n fè yon lanp n ap kase l, si se pou 3 jou le 3 jou sa rive se pa kite lanp lan etèn pou kont li, pou kase l ou kapab bezwen yon kiyè bwa pandan l ap limen w ap bwase l ak kiyè bwa tankou se yon manje ou t ap bwase ou kapab ba l gaz pou l pi chofe lè sa espedisyon an fèt pi byen epi tank l ap monte pale pawòl ou.PRIYÈ AVEK MÈTRÈS ÈZILI FREDA


Wap limen balènn woz ou , oubyen lanp avèk lwil oliv, mete ti huile de rose ladann, ou Byen yon anana mete huile ladann mete vèvè a anba l nan yon asyèt blan.


Wap priye konsa :


MANMAN ÈZILI FREDA se nan ou mwen mete tout konfyans mwen, pa kite mwen wont.


Ou se yon Rèn ki pa nan patipri, sove m, delivre mwen anba gwo van move lavi sa yo MANMAN, panche zòrey ou bò kote mwen, pote mwen sékou.


Mètres FREDA se ou menm ki tout espwa mwen, mwen mete tout konfyans mwen nan ou, prese vini pote mwen sekou.


MANMAN, tout Moun ki vini jwenn ou, ou toujou fe Kè yo kontan, yo toujou fè fèt.


Tout Moun ki renmen Jan ou delivre yo a, se tout tan yap di " Mètres FREDA gen gwo pouvwa "

Pou mwen menm ki se yon yon malere San sékou, Prese vini delivre mwen, se ou ki sékou mwen, se ou ki tout delivrans mwen.


Prese Mètres FREDA dawomen, Nègres mamou lade, Fredasi, Fredala, Fla vodou- FREDA

Nègres Sousa Flè-Vodou.


FREDA FREDASI FREDALA

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka