Leson enpòtan
Siw vle pratike vodou, kòmanse achte sa yo:
☆7 mouchwa
▪︎Yon blan.
▪︎Yon ble syèl.
▪︎Yon wouj.
▪︎Yon ble dantò.
▪︎Yon vè.
▪︎Yon nwa.
▪︎Yon jòn.
☆2 pafen
▪︎Yon hombre.
▪︎Yon rêve d’or.
▪︎Yon florida.
▪︎Yon tchatcha ou klòch.
▪︎Yon asyèt blan.
▪︎Yon bol blan.
▪︎3 gode blan.
▪︎yon kivèt blan.
▪︎2 kwiy.
▪︎Yon laye.
▪︎Yon ti Chodyè 3 pye.
▪︎Yon ponya.
▪︎Yon manchèt.
▪︎Yon pip.
▪︎Yon ti chèz.
▪︎Yon divin blan ak yon wouj.
▪︎yon wonm blan yon wouj.
▪︎Kola blan yon wouj.
▪︎yon Anizèt.
▪︎Yon boutèy siwo kann.
▪︎Yon boutèy siwo dòja.
▪︎Yon baton.
▪︎Yon makout.
▪︎L'huile acacia.
▪︎L'huile de rose.
▪︎L'huile d'olive.
▪︎koton.
▪︎Yon krich.
▪︎Yon ti bifèt.Èzili Freda
Èzili freda fè pati lwa Dawome yo, e li sòti nan fanmi Èzili yo.
▪︎Li sou rit rada.
▪︎Li se patwòn Afeksyon ak lanmou.
▪︎Li jalou anpil.
▪︎Li reprezante sou fòm yon bèl jèn fi.
▪︎Li renmen bijou anpil anpil e li zizi.
▪︎Li gen anpil richès.
▪︎Li trete sèvitè li byen depi w mache sou prensip li.
▪︎Li pa sèvi kote ki sal.
▪︎Li renmen flè.
▪︎Jou yo venere l se jou jedi.
▪︎Li manje gato woz, Diri blan, Pwason woz.
▪︎Koulè li se woz e blan.
▪︎Pafen li renmen se Byennèt e florida.
▪︎Li bwè diven blan.
▪︎Pye bwa li repoze se pye siwèl.
Lè l manifeste sou yon moun l ap fè lè epi l ap fè zizi dwèt li yo pa ka kole.
Pou monte lanp pou li w ap bezwen luil de woz oubyen balèn woz.
Sa se yon ti rezime de Mètrès Èzili Freda.ERZILIE FREDA KANWOULO
Kanwoulo se yon mo ki sòti nan mo Nkawu an kikongo.
Kanwoulo dekonpoze konsa an Nkawu + Lo. Nkawu vle di alafwa yon baton pou moun mache pou fè lachas ak yon kri pike. Lo li menm vle di wouj tankou chabon gayak.
An Kikongo, foud se Nzazi, mo nou jwenn tou nan lang ayisyen an sou non Zazi. Èzili Freda Kanwoulo se pou dekri jan foud ye menm lò li pral tonbe yon kote. Se pa nan tout mwa ou jwenn Loray kawoulo. Se sitou nan mwa dawou. Kidonk Èzili Kanwoulo se loray mwa dawou...( se yon lwa tou ki pote anpil richès, nan lòt sèk yo moun ki konnen se li menm yo venere plis pou LA richès) pou moun kap chache la richès).
Dapre rechèch kèk ‘‘ethnographiques’’ se Ezili Kanwoulo ki te mennen seremoni Bwa Kayiman nan 14 dawou 1791. E Lwa sa a fete 14 dawou. Afriken yo te toujou fete Lwa sa ansanm ak tout Nanchon Kongo yo. E se dat sa tou lakou Soukri fete tou.
🎶Se zeklè yanyan se loray mwa dawou,
se zeklè yanyan se loray mwa dawou,
M a rele kanwoulo, Èzili Freda, Kanwoulo,
O kanwoulo Mètrès kanwoulo
Djavan·nan Imanmou de
Evi Gwètò Nayinde
Èzili Doba
Èzili Freda Kanwoulo
Èzili Gwètò
Èzili Ibo Eya
Èzili Seneka
Èzili Toya
Fanm Zila
Grann Èzili Dowa
Grann Silibo Vavoun
Grann Toya
Grann Zinga
Zazi Moyo
Zazi Poungwe
Izagon-Azagon
Jeneral Klèmèy
Kong Labalèn
Kong Lasirèn
Larèn Kawolo
Grann Tòbòk
etc...☆ Dyò Èzili Dantò ☆ ...
Demand ak Mètrès Dantò pou nou jwenn asistans, ak lè nou angaje.
Limen balèn ble oubyen lanp lwil maskreti jou madi oubyen samdi.
Sèvi diven wouj, diri jòn ak pwa nwa, wonn kou kochon, poulèt poul nwa, banann peze. Gato ble.
Ti chodyè 3 pye w, lwil maskreti, poud presipite wouj, piman bouk, pwav, ou bien balèn ble.
Pa pouvwa Enèji Kreyatris la ki kreye Linivè ak 4 fòs kosmik yo.
Manman Ezili Dantò, mwen, pitit ou, ap rele ou jodi a, sou bitasyon manman kite fè manman mwen sou bitasyon papa kite fè manman mwen. Manman Ezili Dantò pitit-ou ap rele'w, ou menm ki soti sou bitasyon manman ki fè papa mwen e papa ki te fè papa mwen, panche zòrèy ou Mètrès Dantò, tande plent mwen manman, jodi-a mwen pote tout pwoblèm yo devan ou Se ou sèl mwen genyen kòm defansè depi tout tan e pou tout tan k'ap gen tan.
Pa kite mwen wont devan lènmi yo manman Dantò, pa kite pèsonn griyen dan sou mwen, mande mwen sa mwen te kwè ?
Mwen fè'w demand sa paske mwen kwè nan lanmou ou genyen pou chak pitit ou ki mache sou prensip ak règleman.
Bilolo Bilolo Bilolo...Men lwa ki maché ak tout moun alawonnbadè DANTÒ, OGOU FERAY, FREDA...
Anpil fo ougan ak fo manbo depiw rivé lakay yo yo diw fok ou mete dantò Chita, oui m konnen son manman ke li yé, se pouw amonizew ak manmanw SE enpòtan. Men anpil fwa yo toujou vle fè moun yo konprann SE lwa sa yo selman ki ka lwa mèt tèt moun nan. Selon enkanasyon ou reyenkanasyon chak moun parapò ak misyon ou lwa ki fòme trinite nan vodou a pwal dekri 3 lwa sou plan makout ki pwal lwa mèt tèt ou.
Pou amonizew ak 3 lwa sa yo pou byen akonpli misyon ou isiba, selon Jou ou fèt la e ki planèt kap dirijé Jou sa e nan Jou sa tou ki eleman ki an branl e ki group de lwa kap gouvène eleman sa parapò ak planet kap vèsé enèjil nan Jou a.
Jou ou fèt la relye ak yon planèt e chak planèt yo pwal dekri ak ki frekans vibratwa ke moun sa konekté parapò ak owoskòp li e chak owoskòp yo gen yon eleman ki senkronize ak chak grenn...Èzili Freda ak Dambala.
Aprann kou sa pou tout nan lavi nou, kèlkesya Moun ou te ye a men ki souvan ap adrese nou ak lwa sa ki se lwa dambala e ayida wèdo.
Toujou sonje se yon lwa ki pròp nan tout sans. Kèk fwa nou ka toujou manke remake presans ènèji sa bò kote nou si tout fwa nou néglijé tèt nou ak objè lwa a.
Sa konn prodwi tou, spirityèlman espri a fèb nan nou kote li kanpe lwen nou, menm wè nou pa janm wè lwa sa vizite nou menm nan somèy nou alewè li ta vibre nou.
Tout demand nou fè fas ak lwa okenn répons poutan nan tout sa wap règle se lwa ki resous nou .
Toujou fè sa, Lèw pral pale ak lwa sonje fòk nou toujou gen yon bagay pou nou ofri li men se pa dlo.
Men pito sa, Prépare sa yo nan yon gode blan.
kase 2 ou 3 grenn ze peyi lage landan ak yon grenn fig, anpe siwo kann oubyen siwo dòja ak farin frans épi lèt bat yo ansanm.
Lèw fini, Prezante li dabò sou non dambala e Èzili freda, Dépoze sa sou yon tab ki pròp byen ekipe. Èzili freda Dawonmen e danbala wedo.
Lwa sa yo lye yo gen bon alyans antre yo nou menm ki ap sèvi yo gen yon jan pou nou sèvi ak yo.
2 lwa sa yo, Nan fonksyon yo o profi nou menm ke yo chwazi tout bon vre. Nou ka trouve anpil benefis lè nap sèvi ak lwa sa yo
men tout sa ki bon nan yo pou nou.
Èzili freda
Nan sèvi ak li w'ap jwenn lanmou e l'ap ede nou trouve richès pou tèt nou e ak moun ki nan antouraj nou.
Depi nou sèvi ak mètrès sa tout bon vre selon kondisyon ki reyèl li ap difisil pou moun wè nou nan povrete spirityèlman e ekonomikman.
Lwa dambala
Nou tout konnen lwa sa se lwa ki gen anpil pouvwa, tande byen, enèji freda tèlman bèl ebyen entèlijan, pi gwo enterè freda gen nan dambala se pouvwa richès.
Dambala ede konnen anpil, pou tèt nou, e lòt moun, nan koze konesans, li se yon gid reyèl lwa sa gen anpil pouvwa pou geri.
Tankou richès lap ba nou se san mezire.
Lè w gen enèji sa ki pre nou sa ki bon pou nou fè se jis kapte yo.
Fè sa ki nan volonté yo pou yo ka fè sa ki nan volonté pa nou.
Premye kote pou ouvri bay espri sa yo abite se nan kè nou men fok kè pròp.Metrès erzili dantò , fanm vanyan , rèn petro, rèn chanpwèl la , manman zanfan , manman lavi
Maten an nou koube nou byen ba devanw
Nou konnen nou pa bon , nou pa bon pou nou intèpelew men se ou ki di lè pitit ou yo angaje ou toujou la pou lonje menw ba yo ebyen maten an nou vin devanw pou chak grenn pitit ou ki nan yon poblèm ki difisil
Nou vin devanw pou sila yo ki kouche sou Kannan lopital , pou sila yo bò lakay yo pa bon pou Sila yo ki nan prizon , pou sila yo ki pa gen okenn moun ki pou ede yo, pou sila yo ki pa wè anwo , ki pa wè anba ebyen manman cheri nap mandew pou al lonje men ba yo nan poblèm ke yo ye a, pouw al lonje men ba yo nan maladi kap sakaje yo a paske ou se yon manman bon kè ou pa janm Lage pitit ou ebyen maten an pase vizite yo manman cheri tanpri , viv vodou viv Erzulie dantor
Bilolo
Bilolo
Bilolo
⚔️🗡⚔️🗡⚔️🗡🕯🕯🕯🚬🍷🍷🍷Lwa se Yon enèji, Yon vibrasyon, li pa gen sèks menm jan avèk nou, se manifestasyon espri an ki ka feminen ou maskilen,
Lwa pa fè moun masimadi. Mwen konnen gason ke freda, dantò... danse nan tèt yo, yo pa ma66.
Sispann bay lwa yo pote chay.Siyifikasyon kèk bèt
Jodi a m pral pale nou de kèk kalite bèt lè w wè nan dòmi ou nan ki pral pèmèt ou idantifye ki espri li ye.
- Lè w wè yon chat nan dòmi, li reprezante Èzili Freda. Gen plizyè lòt animal ki reprezante Èzili Freda. Ou Kapab wè yon pijon blan, yon pwason Woz. Tout reprezante Èzili Freda.
Èzili Freda konn vini sou fòm Koulèv tou. Bèl ti koulèv klere, koulè Lò. Se konn Èzili Freda anpil fwa.
- Anpil moun panse depi yo wè koulèv, yo toujou panse se Danmbala. Gen anpil lòt lwa ki mache sou fòm koulèv tou.
Tankou...
Simbi dlo, li vini sou fòm yon koulèv Vèt.
- lwa Marasa yo konn prezante sou fòm Koulèv tou.
Lè w wè 2, 3, 4 ti koulèv ansanm se espri Marasa yo reprezante.
- Lè nou wè koulèv Jòn, li reprezante Ayizan.
Li konn reprezante Papa Loko tou.
Koulèv Jòn nan konn reprezante mèt Kafou tou.
Se Jan espri a kominike avè w nan Rèv la, selon vibrasyon li degaje ou pral wè ki espri li ye.
- Lè w wè yon bèl koulèv Akasyèl, li reprezante Ayida wèdo.
- Koulèv Mawon e nwa, li reprezante Èzili Dantò (Boran).
- Ti Jan Dantò mache sou fòm Koulèv tou.
Pou lòt Animal yo.
- Lè w wè kabrit nan dòmi, Souvan Papa Loko konn vizite nou sou fòm yon kabrit.
- Lè w wè chyen, li reprezante Papa legba, souvan nan je klè, nou konn wè chyen, Sitou le swa, k ap swiv nou, li vini akonpaye w nan wout la, paske w ap kwaze AK Danje, ke w pap menm wè. Lè w rive, ou antre Lakay, ou pa wè si chyen an monte, si l desann.
Se Gide li vini gide w, pou nou sòti nan move enpas, move Kafou, Chimen Jennen.
- Lè w wè Cheval: se Papa Ogou.
- nou konn wè Papa Ogou sou fòm yon gwo Kòk wouj tou.
- Gede yo konn prezante sou fòm Krab Ariyen, gwo Papiyon Nwa, Gèp, rat Souvan pakèt mouch konn senbolize Gede yo tou.
Ou Kapab rete ou wè, ou pa wè sa k fè mouch la, epi Kay la anvayi ak mouch. Se gede yo ki vin vizite w pou yon rezon kèlkonk.
- Lè w wè gwo Papiyon Bren, Mawon nou konn di Papiyon sa yo, pote bon mesaj,
Anyen lè nou wè Papiyon sa yo, se espri Lè Mò, youn nan Zansèt nou yo, ki konn pase vizite nou.(Paran nou, ak gran paran yo), Se lè sa n ap wè gwo Papiyon sa.
- Papa Loko konn pran fòm gwo Papiyon sa yo tou.
Koukouy; reprezante espri Lè Mò tou, AK espri Bitasyon.
Bosou, ki sa Towo, li vini nan rèv nou sou fòm Bèf.
NB: pa tiye bèt lè w konnen w sèvi. Bèt yo se pwoteksyon.
Tout moun ta dwe gen bèt lakay yo, nan lakou nou.
- gen Bawon samdi ki konn prezante sou fòm Cheval tou.ERZULIE DANTÒ SE SÈL LWA LÈL DIL KANPE DÈYÈW DEPIW PA ANMERDE MOUN MENM GAD OU PA BEZWEN GEN SOU OU YA DI SE DJAB OU YE NEBOULEMKiyès ki èzili mapyang lan? Kisa li manje e ki bwason li bwè?
Èzili mapyang se yon lwa ou jwenn nan eskòt èzili an. Depi w pale de Èzili ou fè referans ak èzili ou fè alizyon ak fanm. Men chak grenn espri ki nan eskòt sa yo gen yon misyon ki diferan.
Èzili mapyang lan li menm ki wòl li?
Èzili mapyang la pou tout fanm ki pral akouche. Depi fanm lan pa ka fè pitit ou rele mapyang rapid vit lap akouche. Men èzili mapyang sa lè l dedouble li pa mapyang ankò li rele èzili 7 kout kouto. Depi mapyang fin fè fanm lan akouche timoun sa li pote li bay dantò.
Lè mapyang vire sou 7 kout kouto se lè papa timoun lan di timoun sa pa pou li. Epi manman mete timoun sa an nwa hmm jèn gason aranje w èzili 7 kout kouto ap frennen w. Se youn nan rezon si yon gason vyole yon fanm se fanm ki ap jije nèg sa. Monchè pa gen sa ap di pou sove ou. Antouka nou pap tèlman rete sou sa.
▪︎koulè mapyang se ble. Men gen bitasyon ki ba l lòt koulè.
▪︎Èzili mapyang bwè san kochon.
▪︎ li manje ronn kou kochon nwa. E griyo sa dwe fri sèk.
▪︎li manje diri kole a pwa nwa.
▪︎li bwè diven wouj.
▪︎li sèvi ak ponya.
▪︎Jou li se jou madi
Nan jou eskòt Zili yo esepte èzili don petwo jou li se samdi paske li se rèn chanpwèl. Menm vle nou konnen tou pa gen jou ou pa pale ak lwa. Nenpòt lwa li ye a ou ka rele l nenpòt jou a men gen moun tou ki sakrifye jou madi a samdi pou eskòt èzili yo.ÈZILI FREDA ALADA DAWOMEN.
Anpil moun chwazi jedi pou enèji sa ki rele Azili ou mètrès Èzili Freda Alada Dawomen.
Anpil moun di li se yon fanm blanch, anpil moun di li se vyèj mari, Altagras, Imakile, notre Dame, anpil moun di li mache sou planèt Venis. Yo di, yo di, yo di...
Men sa m'ap di de sa, se yon sèl enèji ki vin bay yon pakèt lòt. Se sa k' fè ou jwenn, Dantò, Boran, Mapyang, Balyann, Kabotyè, Je Wouj, de Manyè, Barak, Toro, Sinigal, Zili Limba Bakayi, Zili Koki boul lò, Zila Dyaman.
Enèji sa pou peyi Dayiti a nivel nasyonal ak familyal. Gen èzili ki manifeste yon sèl fwa.
Lwa pa gen koulè, li la ni blan ni nwa, li se enèji, li se dlo, li se van, li se tè, li se dife. Lwa reprezante pa vèvè.
AYIBOBO AYIBOBO AYIBOBO
VODOUVI YOVibrasyon kèk espri.
Espri yo manifeste yo nan langaj ak sèvitè yo, wongan, manbo, mason, men kèk siy ak signification yo.
☆Vibrasyon mèt agwé, espri ki rete nan lanmè yo sitou, vibrasyon yo tankou yon kouran elektrik, lè li pase nan men ou sa vle di gen yon ti konplo sou dow, epi ou pral gen yon ti kob,
☆Èzili dantò fasil tounen yon koulèv epi parèt sou epòl ou sa vle di li ba ou grad, li ba ou yon respè devan yon enmi ou.
☆Danmbala wèdo fasil tounen yon koulèv pou lap kouri dèyè ou, osinon pike ou, sa vle di li ouvè yon nouvo pot pou ou.
☆Èzili freda fasil fè dlo koule nan jew san ou pap ri, san se pa kriye, san atann ou wè dlo ap ponpe nan je ou, sa vle di yon chans lanmou oubyen ou pral gen anpil lajan.
☆Ogou feray fèw konmande, fèw fè kolè, sa vle di ou nan konba.
bossou fè ponyèt ou anfle, ou bien l'ap bat san rete, ou bien tranble anpil.
☆La sirène ka ranmase ou depi anba monte ak kouran.
☆Gedé nibo ka fèw pran sant piman,
sen michel akanj ak anpil lot zanj ka parèt tankou yon limyè blan pwisan, li ka vlopew ,oubyen li parèt nan yon vè dlo tou jaune,
☆Lucifer ka ba ou tèt vire lè presans li tou pré ou, li parèt tou nwa....
Ayibobo, kelkeswa kote ou ye ou pa bezwen deplase pou ou konnen jan pou ou sèvi espri o.
Egzanp sa yo se pou kèk moun, pa bliye lwa yo kominike ak sèvitè yo fason sèvitè a ap ka konprann mesaj la. Sa m di yo la pa inivèsèl. Li ka konsa pou yon moun men li pa konsa pou yon lòt.Èzili BALYANG
Èzili BALYANG se yon lwa ki nan fanmi Èzili yo, men nou pa souvan tande pale de li nou plis pale de Èzili Dantò e Èzili Freda.
Èzili BALYANG abite nan Forè, ki fè pati lwa petwo yo e lwa ki asosye l se Marinèt pye sèch.
Se yon lwa ki gen anpil pouvwa e ki enpòtan tou nan kilti vodou a, li reprezante tout machann fèy yo e fanm saj yo.
Se pye Mapou ki repozwa lwa sa ki se Èzili BALYANG lan.
Menm jan Èzili boran reprezante pa yon gwo koulèv nwa ebyen Èzili BALYANG li menm li reprezante sou fòm yon gwo koulèv vèt, e li renmen lyann anpil sitou lyann panye.
Jou li manifeste se madi ak samdi tou.
Li se yon lwa ki gen anpil sekrè.
Koulè li se wouj e vè.
Lè l manifeste sou yon moun li pale tankou yon moun ki gen baboukèt nan bouch li e fòk ou jwenn anpil lyann pou mare moun sa pou mete sou moun sa e l ap manje lalwa.
Ezili BALYANG ak Marinèt te jwe yon gwo wòl tou nan endepandans peyi a.
Lè pou esklav yo t ale òganize seremoni bwa kayiman se li menm ki te di se nan raje a pou yo fè l koz blan yo te konsidere nou kòm bèt ki donk bèt se nan raje sa rete se la pou n fè l e jou swa sa anpil lapli t ap tonbe tout alantou forè a kote seremoni an t ap fèt la, sou lòd ogou Chango anpil kout loraj e zèklè t ap fèt, Rivyè yo te ankri e sa te vin fè blan yo panike e yo pa t ka mete tèt yo deyò pou te vin kontwole sa k ap pase a.Mètrès Filomiz.
Filomiz Pyè ou Filomenna, li se yon dimansyon an 3 antite. Yo konpare Filomiz ak 3 fam dejip.
Koulè l se ble syèl ak blan, li fè pati rit Rada ak eskòt Pyè yo.
Filomiz rete bò lanmè Limonad nan nòdès peyi Dayiti.
Li renmen Anizèt anpil. Li bwè kremas, siwo dòja, ak kola blan, epi tout sa ou leve jwenn bitasyon w konn ba li.
Lè Mètrès Filomiz reklame yon gason, madanm moun sa gen kòm devwa pou l' achte yon boutèy anizèt mete la pou mètrès la, pou l pèmèt enèji sa byen jere koup sa.
Li renmen flè anpil.
Li gen menm egzijans ak mètrès Freda.
Anpil fwa li parèt kòm kwa Filomèn kache dèyè idantite Dantò, Filomenna kache dèyè idantite Freda.
Mètrès Filomiz manje pwason blan.
Jou li se: madi ak vandredi.
Bag li se: ajan pyè ble syèl.
Animal sakrifisyèl li se: pijon blan, poul blan.
Li renmen lè ou vin kote l bò lanmè Limonad, li mache bonè anpil, sekrè li bay tout sèvitè l yo, li vle yo bò lanmè a avan solèy leve.
Li gen basen pou pran beny.
Li bay anpil richès, li bay travay, li wete move enèji, tankou dyòk, giyon.
Si ou bezwen vwayaje fòk ou pase pa tout dimansyon li yo.
Apre mèt Agwe se yo ki ouvri pòt vwayaj.
Li marye ak Ogou Balendjo, li se fanm Agwe taroyo sou kote.
Yo fete l nan mwa septanm 5 a 7 Septanm.
Si w'ap rive anreta kote l', limen yon balèn ble oswa blan avan w'ale, pou mande l' rete tann ou paske w'ap rive ta.Èzili Freda ak Dambala.
Aprann kou sa pou tout nan lavi nou kelkesya Moun ou te ye a men ki souvan ap adrese nou ak lwa sa ki se lwa dambala e ayida wedo.
Toujou sonje se yn lwa ki pròp nan tout sans. Kek fwa nou ka toujou manke remake presans ènègi sa bò kote nou si tout fwa nou néglijé tèt nou ak objè lwa a.
Sa kon prodwi tou, Spirityelman espri a fèb nan nou kote li kanpe lwen nou, menm wè nou pa janm wè lwa sa vizite nou menm nan somèy nou alewè li ta vibre nou.
Tout demand nou fè fas ak lwa okenn répons poutan nan tout sa wap règle se lwa ki resous nou .
Toujou fè sa, Lèw pral pale ak lwa sonje fòk nou toujou gen yon bagay pou nou ofri li men se pa dlo.
Men pito sa, Prépare sa yo nan yn gode blan.
kase 2 ou 3 gren ze peyi lage landan ak yn gren fig anpe siwo kann oubyen siwo doja ak farin frans épi lèt bat yo ansanm.
Lèw fini, Prezante li dabò sou non dambala e Èzili freda, Dépoze sa sou yn tab ki pròp byen ekipe. Èzili freda Dawonmen e danbala wedo.
Lwa sa yo lye yo gen bon alyans antre yo nou menm ki ap sèvi yo gen yn jan pou nou sèvi ak yo.
2 lwa sa yo, Nan fonksyon yo o profi nou menm ke yo chwazi tout bon vre. Nou ka trouve anpil benefis lè nap sèvi ak lwa sa yo
men tout sa ki bon nan yo pou nou.
Èzili freda
Nan sèvi ak li wap jwen lanmou e lap ede nou trouve richès pou tèt nou e ak moun ki nan antouraj nou.
Depi nou sèvi ak mètrès sa tout bon vre selon kondisyon ki reyèl li ap difisil pou moun wè nou nan povrete spirityelman e ekonomikman.
Lwa dambala
Nou tout konnen lwa sa se lwa ki gen anpil pouvwa tande byen enègi freda telman bèl ebyen entèlijan pi gwo enterè freda gen nan dambala se pouvwa richès.
Dambala ede konnen anpil pou tèt nou e lòt moun nan koze konesans li se yn gid reyèl lwa sa gen anpil pouvwa pou geri .
tankou richès lap ba nou se san mezire.
Lèw gen enègi sa ki pre nou sa ki bon pou nou fè se jis kapte yo.
Fè sa ki nan volonté yo pou yo ka fè sa ki nan volonté pa nou.
Premye kote pou ouvri bay esprit sa yo abite se nan kè nou men fok kè pròpKIJAN POU FÈ LAMP POU DANTÒ?
Anpil nan nou toujou ap fè LANP men yo toujou San repons, kijan nou dwe monte yon lanp pou MÈTRÈS DANTÒ.
1) Nou dwe gen koton avèk tout grenn se nou Ki dwe netwaye koton nou, pandan n ap netwaye l, nou dwe pale sa nou Bezwen, nou dwe esplike l pwoblèm nou, paske nou konnen BONDYE KONESANS la renmen poze l sou pye koton.
2) Nou dwe Achte TI CHODYÈ nou sou demand nou, pa voye moun achte l pou nou, e pa itilize chodyè nou pou nou fè lòt travay, li dwè espesyalman pou
MÈTRÈS la, ougan/manbo yo achte lòt chodyè pou n travay.
Chak Premye madi nan yon mwa, nou dwe pase tè nan TI CHODYÈ nou, e nou dwe lavè TICHODYÈ nou, n ap mete savon lave nan tòchon, se pa twal non, foubi TI CHODYÈ nou sou demand nou, rense l ak dlo cho sou demand nou. Siye l ak Fèy BANNANN oubyen avèk mouchwa MÈTRÈS la, si w remake lè w rele l li pa reponn rapid, siye l ak TCHYE rad ou, ou TCHYE chemiz ou, men fòk yo trè trè pwòp.
Ou dwe mete grès kochon oubyen lwil maskreti epi, si se yon bagay cho wap mande l wap pile pwav toro ak pwav ginen mete ladan l, w ap mete 3 piman peyi ladan tou, kèlkeswa Sa w ap fè a ou dwe fè l sou menm demand lan, se pawòl Ki fè maji, W ap jete dlo nan pa
pòt la, wap Mande papa legba pasaj, w ap limen limyè temwen w pou l ka gide w kote espri yo ap Alèz, men fòk ou byen gade si pa gen kourandè kap bouje flam nan, Si w poko konn trase vèvè, w ap fè yon sèk pou w Chita ak
lanp ou, fè priyè envokasyon MÈTRÈS la pou w Koze ak MÈTRÈS la, pa voye l plizyè koteÈzili Freda
Èzili freda fè pati lwa Dawome yo, e li sòti nan fanmi Èzili yo.
▪︎Li sou rit rada.
▪︎Li se patwòn Afeksyon ak lanmou.
▪︎Li jalou anpil.
▪︎Li reprezante sou fòm yon bèl jèn fi wouj.
▪︎Li renmen bijou anpil anpil e li zizi.
▪︎Li gen anpil richès.
▪︎Li trete sèvitè li byen depi w mache sou prensip li.
▪︎Li pa sèvi kote ki sal.
▪︎Li renmen flè.
▪︎Jou yo venere l se jou jedi.
▪︎Li manje gato woz
▪︎Diri blan
▪︎Pwason woz.
▪︎Koulè li se woz e blan.
▪︎Pafen li renmen se Byennèt e florida.
▪︎Li bwè diven blan.
▪︎Pye bwa li repoze se pye siwèl.
▪︎Lè l manifeste sou yon moun l ap fè lè epi l ap fè zizi dwèt li yo paka kole.
Pou monte lanp pou li w ap bezwen luil de woz oubyen balèn woz.
Sa se yon ti rezime de Mètrès Èzili Freda.Èzili mapiang.
Sa w dwe konnen de fanm sa nan jou madi ou souvan jwen dantò men samdi a se menm dantò sa ki transfome an mapiang bagay la bèl .
Mapyang, fanm sa cho kou dife li pa nan rans sou degre li ak bon regleman li saw dil se sa
Nan jou l nou ou dwe di bilolo ak ak ayibbo. ki donk li frèt li cho li rada li petro . M'ap souvan di nou sa pa jwe ak divinite. w ap travay men se kòmsi ou pa t'ap travay bagay yo alanvè pou ou. Ou fè tout viw nan jwe loto pou jwenn ti mwayen pou manje pa fè sa ankò.
Si w pa gen kob mande yon fanmi oubyen yon zanmi dènye fwa sa tande. Tande m achte:
▪︎3 gwo diven nenpòt diven rouj san.
▪︎3 ti koki lanmè.
▪︎yon balèn 7 koulè.
▪︎yn gode blan plen dlo mete fèy bazilik ak yon ti florida poud santi bon epi fèy sitronel.
Gode sa tout ap domi bò tèt ou mete l nan pati goch yo. Ou menm ki toujou vin dim ooo lwa yo pa jan vin pale ak ou map wè si se vre.
Ak sa yo sèlman kèlkeswa jan w bloke a fòk laviw chanje.
Pran diven yo vide yo nan nan kivèt blan
lage koki yo ladann.
Pran balèn 7 koulè a medite sou li yn granm maten fas ak soley la . Mande pou vi ekonomik ou chanje.
Map diw lè solèy la ap leve ak lè lap kouche se pa yn jwèt tande ok.
Prezante balèn nan 4 fasad. Balèn ou dwe toujou ret limen bò kivèt diven, lè l' fini mete yon lòt.
Epi mete balèn nan devan kivèt diven an fè prop meditasyon ou oubyen demand ou.
Fèl 6h nan maten 6h nan aswè pandan 7 jou.
Sa k pou fè jou 8 tyèm jou a a minwi boul pran kivèt diven an benyen latèt opye. pase koki yo sou tout kò nou.
Epi pran koki lanmè yo lagel nan kalfou ou fini.
Evite benyen ni frote ak moun pandan 3 jou.
Ak sa lavi pral chanje tout bagay yo pral diferan pou ou.KIJAN POU FÈ LAMP POU DANTÒ?
Anpil nan nou toujou ap fè LANP men yo toujou San repons, kijan nou dwe monte yon lanp pou MÈTRÈS DANTÒ.
1) Nou dwe gen koton avèk tout grenn se nou Ki dwe netwaye koton nou, pandan n ap netwaye l, nou dwe pale sa nou Bezwen, nou dwe esplike l pwoblèm nou, paske nou konnen BONDYE KONESANS la renmen poze l sou pye koton.
2) Nou dwe Achte TI CHODYÈ nou sou demand nou, pa voye moun achte l pou nou, e pa itilize chodyè nou pou nou fè lòt travay, li dwè espesyalman pou
MÈTRÈS la, ougan/manbo yo achte lòt chodyè pou n travay.
Chak Premye madi nan yon mwa, nou dwe pase tè nan TI CHODYÈ nou, e nou dwe lavè TICHODYÈ nou, n ap mete savon lave nan tòchon, se pa twal non, foubi TI CHODYÈ nou sou demand nou, rense l ak dlo cho sou demand nou. Siye l ak Fèy BANNANN oubyen avèk mouchwa MÈTRÈS la, si w remake lè w rele l li pa reponn rapid, siye l ak TCHYE rad ou, ou TCHYE chemiz ou, men fòk yo trè trè pwòp.
Ou dwe mete grès kochon oubyen lwil maskreti epi, si se yon bagay cho wap mande l wap pile pwav toro ak pwav ginen mete ladan l, w ap mete 3 piman peyi ladan tou, kèlkeswa Sa w ap fè a ou dwe fè l sou menm demand lan, se pawòl Ki fè maji, W ap jete dlo nan pa
pòt la, wap Mande papa legba pasaj, w ap limen limyè temwen w pou l ka gide w kote espri yo ap Alèz, men fòk ou byen gade si pa gen kourandè kap bouje flam nan, Si w poko konn trase vèvè, w ap fè yon sèk pou w Chita ak
lanp ou, fè priyè envokasyon MÈTRÈS la pou w Koze ak MÈTRÈS la, pa voye l plizyè koteÈzili mapiang.
Sa w dwe konnen de fanm sa nan jou madi ou souvan jwen dantò men samdi a se menm dantò sa ki transfome an mapiang bagay la bèl .
Mapyang, fanm sa cho kou dife li pa nan rans sou degre li ak bon regleman li saw dil se sa
Nan jou l nou ou dwe di bilolo ak ak ayibbo. ki donk li frèt li cho li rada li petro . M'ap souvan di nou sa pa jwe ak divinite. w ap travay men se kòmsi ou pa t'ap travay bagay yo alanvè pou ou. Ou fè tout viw nan jwe loto pou jwenn ti mwayen pou manje pa fè sa ankò.
Si w pa gen kob mande yon fanmi oubyen yon zanmi dènye fwa sa tande. Tande m achte:
▪︎3 gwo diven nenpòt diven rouj san.
▪︎3 ti koki lanmè.
▪︎yon balèn 7 koulè.
▪︎yn gode blan plen dlo mete fèy bazilik ak yon ti florida poud santi bon epi fèy sitronel.
Gode sa tout ap domi bò tèt ou mete l nan pati goch yo. Ou menm ki toujou vin dim ooo lwa yo pa jan vin pale ak ou map wè si se vre.
Ak sa yo sèlman kèlkeswa jan w bloke a fòk laviw chanje.
Pran diven yo vide yo nan nan kivèt blan
lage koki yo ladann.
Pran balèn 7 koulè a medite sou li yn granm maten fas ak soley la . Mande pou vi ekonomik ou chanje.
Map diw lè solèy la ap leve ak lè lap kouche se pa yn jwèt tande ok.
Prezante balèn nan 4 fasad. Balèn ou dwe toujou ret limen bò kivèt diven, lè l' fini mete yon lòt.
Epi mete balèn nan devan kivèt diven an fè prop meditasyon ou oubyen demand ou.
Fèl 6h nan maten 6h nan aswè pandan 7 jou.
Sa k pou fè jou 8 tyèm jou a a minwi boul pran kivèt diven an benyen latèt opye. pase koki yo sou tout kò nou.
Epi pran koki lanmè yo lagel nan kalfou ou fini.
Evite benyen ni frote ak moun pandan 3 jou.
Ak sa lavi pral chanje tout bagay yo pral diferan pou ou.
Comentarios
Publicar un comentario